Scripture Stories
Chapit 12: Amlisit yo


Chapit 21

Amlisit yo

Imaj
Amlisi ak moun ka p suiv li yo

Amlisi sete yon mesye plen lariz ak mechan ki te vle vin wa Nefit yo. Li te gen anpil moun ki t ap suiv li.

Imaj
moun ka p gade Amlisi

Nefit jis yo pa t vle pou Amlisi vin wa yo. Yo te konnen li te vle detwi Legliz Bondye a.

Imaj
Nefit k ap pale

Nefit yo te fòme diferan gwoup pou yo te ka deside si Amlisi ta dwe vin wa. Pifò nan moun yo te vote kont Amlisi epi li pa t vin wa.

Imaj
Amlisi ak moun kap suiv li yo.

Amlisi ak moun ki ta p suiv li yo te vin ankòlè. Yo te kite Nefit yo, yo te chwazi Amlisi pou wa yo, epi yo te rele tèt yo Amlisit. Amlisi te ba yo lòd pou yo te konbat Nefit yo.

Imaj
Nefit yo ap prepare flèch

Nefit jis yo te prepare yo pou yo te defann tèt yo avèk lans ak flèch, epe, ak lòt zam.

Imaj
Nefit yo bat Amlisit yo

Amlisit yo te atake, epi Nefit yo, ki te dirije pa Alma epi fòtifye pa Senyè a, te touye anpil nan yo. Rès Amlisit yo te pete kouri.

Imaj
Espyon Alma yo k ap siveye Amlisit yo.

Alma te voye espyon pou siveye Amilisit yo. Espyon yo te ini yo avèk yon gwo lame Lamanit epi yo te atake Nefit ki tap viv toupre Zarayemla yo.

Imaj
Nefit yo k ap batay kont lame Lamanit-Amlisit

Nefit yo te priye, epi Bondye te ede yo ankò. Yo te touye anpil sòlda nan lame Lamanit-Amlisit la.

Imaj
Alma k ap touye Amlisi

Alma ak Amlisi te batay youn ak lòt avèk epe. Alma te priye pou lavi l te epaye, epi Bondye te ba l fòs pou l te touye Amlisi.

Imaj
batay

Nefit yo te chase Lamanit yo ak Amlisit yo ale nan dezè a. Anpil nan sa k te blese yo te mouri epi bèt sovaj te manje yo.

Imaj
Amlisit yo ap make fwon yo

Tankou Lamanit yo, Amlisit yo te make tèt yo an wouj, sa ki te akonpli yon pwofesi. Amlisit yo te separe tèt yo de benediksyon levanjil yo.

Enprime