Chapit 15
Alma anseye ak batize
Alma te repanti pou peche li epi li t al jwenn Nefit yo ansekrè, pou l te anseye yo mesaj Abinadi a. Alma te di moun yo pou yo gen lafwa nan Jezikri epi repanti.
Pandan lajounen Alma te kache nan yon touf pyebwa ki te toupre yon letan ki te rele Dlo Mòmon yo.
Moun ki te kwè nan ansèyman Alma yo te ale nan Dlo Mòmom yo epi l te batize yo. Alma te batize 204 moun antre nan Legliz Kris la.
Alma te òdone prèt pou anseye moun yo. Li te di prèt yo pou anseye repantans ak lafwa nan Jezikri. Li te di yo tou pou yo pa t fè dispit men pou yo te ini.
Pèp Alma a te renmen epi sèvi youn lòt. Yo te pataje tout bagay yo te genyen epi yo te rekonesan pou yo te aprann konsènan Jezikri, Redanmtè yo a.
Sèvitè Wa Nowe yo te wè Alma ap anseye moun yo. Wa a te di Alma ta p soulve Nefit yo kont li, konsa li te voye yon lame pou touye yo.
Bondye te avèti Alma ke lame Wa Nowe a t ap vini. Moun yo te rasanble fanmi yo, bèt yo, ak lòt byen yo epi yo te kouri ale nan dezè a.
Bondye te bay pèp Alma a fòs pou pou yo te ka chape anba lame Wa Nowe a. Lame a te chèche yo men l pa t janm jwenn yo.
Apre yo te fin vwayaj nan dezè a pandan yuit jou, pèp Alma a te rive nan yon bèl zòn ki te gen dlo pwòp ki ta p koule. La yo te plante epi yo te bati kay.
Moun yo te vle pou Alma vini wa yo, men Alma te di Bondye pa t vle yo gen yon wa. Bondye te vle yo rete lib.