Vini, Suiv Mwen
20–26 Avril. Mozya 4–6: “Yon gwo chanjman”


“20–26 Avril. Mozya 4–6: ‘Yon gwo chanjman,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Liv Mòmon 2020 (2020)

“ 20–26 Avril. Mozya 4–6,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2020

Imaj
Wa Benjamen ap anseye pèp li a

Nan sèvis Bondye nou, tablo Walter Rane

20–26 Avril.

Mozya 4-6

“Yon gwo chanjman”

Pandan w ap li ak medite sou Mozya 4–6 la, pote atansyon a enspirasyon Sentespri yo. Ki bon bagay ou santi w enspire pou w fè? (gade Mozya 5:2).

Ekri enpresyon ou

Èske w janm konn santi w pouse pou w chanje lavi w paske w te tande yon moun pale? Petèt akoz sa w te tande a, ou te deside pou w viv yon ti jan diferan—oubyen menm trè diferan. Diskou Wa Benjamen an sete kalite diskou sa a, epi verite l te anseye yo te gen menm kalite efè sa a sou moun ki t ap tande l yo. Wa Benjamen te di pè li a sa yon zanj te anseye li—ke l te posib pou yo te resevwa benediksyon mèveye gras ak “san ekspyatwa Kris la” (Mozya 4:2). Mesaj li a te totalman chanje fason yo te wè tèt yo (gade Mozya 4:2), li te chanje dezi yo (gade Mozya 5:2), epi l te enspire yo pou yo te fè alyans avèk Bondye pou yo te toujou fè volonte li (gade Mozya 5:5). Se efè sa a pawòl Wa Benjamen yo te fè sou pèp li a. Ki efè yo fè sou ou?

Imaj
senbòl etid pèsonèl

Ide pou etid ekriti pèsonèl

Mozya 4

Gras ak Jezikri, m ka resevwa ak konsève padon pou peche mwen.

Li pa fasil pou n simonte lòm natirèl. Sa mande gwo efò pou nou vin “yon sen atravè ekspyasyon Kris, Senyè a” (Mozya 3:19). Pafwa, menm lè w santi w jwenn padon pou peche ou, li gen dwa difisil pou w kenbe santiman sa a epi rete sou chemen lajistis la. Wa Benjamen te anseye pèp li a kijan pou yo te resevwa ak kenbe padon pou peche yo epi viv kòm yon sen tout tan. Lè w ap etidye chapit 4 nan Mozya a, ou gen dwa poze tèt ou kesyon tankou sa yo:

Vèsè 1–12:Ki benediksyon remisyon peche yo te pote pou pèp Wa Benjamen an? Kisa Wa Benjamen te anseye pou l te ede yo kenbe remisyon pou peche yo a? Kisa l te anseye sou fason pou n resevwa sali? Note kisa Wa Benjamen te di nou ta dwe “toujou kenbe nan memwa nou” (vèsè 11). Kisa w santi w enspire pou w fè pou w ka sonje bagay sa yo?

Vèsè 12–16:Selon vèsè sa yo, kisa k ap pase nan lavi nou si nou fè sa yo dekri nan vèsè 11 yo? Èske w konn fè eksperyans chanjman sa yo nan lavi w? Ki rapò yo genyen avèk chanjman yo dekri nan Mozya 3:19 yo?

Vèsè 16–30:Kijan lefèt ke nou bay pòv yo ka ede nou konsève padon pou peche nou? Kijan w ka aplike vèsè 27 la a efò ou pou w vin kretyen?

Gade David A. Bednar, “Toujou kenbe padon pou peche nou,” Ensign oswa Liahona, Me 2016, 59–62; Dale G. Renlund, “Prezève gwo chanjman nan kè a,” Ensign oswa Liahona, Nov. 2009, 97–99.

Mozya 5:1–7

Lespri Senyè a ka lakoz yon gwo chanjman nan kè m.

Li pa ra pou n tande moun di “M paka chanje. Se konsa m ye.” Men, eksperyans pèp Wa Benjamen an montre nou ke Lespri Senyè a ka vrèman chanje kè nou. Prezidan Russell M. Nelson te anseye: “Nou ka chanje konpòtman nou. Dezi nou yo ka chanje. … Vrè chanjman an—yon chanjman pèmanan—ka pwodui sèlman atravè pouvwa gerisè, pirifikatè, ak abilitan Sakrifis Ekspyatwa Jezikri a. … Levanjil Jezikri a se yon levanjil chanjman!” (“Desizyon pou letènite,” Ensign oswa Liahona, Nov. 2013, 108).

Pandan w ap li sou chanjman pèp Wa Benjamen an te sibi yo, panse a fason “gwo chanjman” ki te mennen nan vrè konvèsyon an te fèt—oubyen ka fèt—nan lavi ou. Èske gen kèk “gran moman” ki te mennen chanjman nan kè w la, oubyen èsle konvèsyon w te fèt pi gradyèlman?

Gade Ezekyèl 36:26–27; Alma 5:14; David A. Bednar, “Konvèti nan Senyè a,” Ensign oswa Liahona, Nov. 2012, 106–9.

Imaj
Kris la k ap geri yon fi ki malad

Sovè a ka chanje kè nou ak lavi nou. Men gerisè, tablo Adam Abram

Mozya 5: 5–15

M pran non Kris la sou tèt mwen lè m fè alyans.

Youn nan rezon k fè Wa Benjamen te vle pale ak pèp li a sete pou l te “bay pèp sa a yon non.” Kèk nan Nefit yo ak lòt sete desandan Milèk, men se pa t non sa yo li te gen nan lespri li. Li te envite yo pou yo te pran “non Kris la” kòm pati nan alyans obeyisans yo anvè Bondye (Mozya 1:11; 5:10). Kisa w aprann nan Mozya 5:7–9 sou siyifikasyon pran non Kris la sou tèt nou an?

Èldè D. Todd Christofferson te anseye: “Sous [pouvwa moral ak espirityèl] la se Bondye. Aksè nou nan pouvwa sa a se atravè alyans nou fè avèk li yo” (“Pouvwa alyans yo,” Ensign oswa Liahona, Me 2009, 20). Pandan w ap li Mozya 5:5–15 la, fè yon lis sou benediksyon w ap resevwa nan lavi w si w kenbe alyans ou fè avèk Bondye yo. Ki fason kenbe alyans ou yo ede w kenbe “chanjman puisan” sa a ki te pwodui nan oumenm nan atravè Jezikri ak Ekspyasyon l lan?

Imaj
senbòl etid familyal

Ide pou etid ekriti familyal ak sware familyal

Pandan w ap li ekriti yo avèk fanmi ou, Lespri a ka ede w konn ki prensip pou w souliyen ak diskite pou ka reponn bezwen manm fanmi w yo. Men kèk ide.

Mozya 4:9–12

Kijan fanmi w ka pi totalman “kwè nan Bondye” (Mozya 4:9) epi “toujou sonje grandè Bondye”? (Mozya 4:11). Petèt yo ta ka li Mozya 4:9–12 epi idantifye fraz ki ede bati lafwa yo nan Bondye. Apresa, yo ka ekri fraz sa yo epi mete yo nan tout kay la kòm rapèl. Kijan souvni bagay sa yo ede nou “toujou rejwi” ak “kenbe yon remisyon pou peche [nou]”? (Mozya 4:12).

Mozya 4:14–15

Kisa nou aprann osijè goumen ak kerèl nan vèsè sa yo?

Mozya 4:16–26

Nan ki sans nou tout se mandyan? Selon vèsè sa yo, kijan nou dwe trete tout pitit Bondye? (Mozya 4:26). Kiyès ki bezwen èd nou?

Mozya 4:27

Èske fanmi w kouri pi vit pase w gen fòs? Petèt ou ta ka mande yo pou yo evalye aktivite yo pou asire w ke yo dilijan men yo saj tou.

Mozya 5: 5–15

Kisa pran non Kris la sou nou sigjere osijè relasyon nou avèk li? Sa ka itil pou w ta pale sou rezon k fè moun pafwa ekri non yo sou sa ki pou yo. Kijan nou ka montre ke nou “se pou” Sovè a?

Pou plis ide pou anseye timoun yo, gade plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primè a.

Amelyore ansèyman nou

Ankouraje yon anbyans lanmou. Fason manm fanmi w santi yo youn pou lòt ak fason youn trete lòt ka egzèse yon enfliyans pwofon sou espri ki nan fwaye a. Ede tout manm fanmi an fè pati pa yo pou etabli yon fwaye ki plen lanmou ak respè pou tout moun ka santi yo alèz pou pataje eksperyans, kesyon, ak temwayaj yo. (Gade Anseye nan fason Sovè a, 15.)

Imaj
Kris la k ap nouri ti zwazo nan yon lakou

Li veye sou nou konstamman, tablo Greg K. Olsen

Enprime