Vini, Suiv Mwen
27 Avril–3 Me. Mozya 7–10: “Nan fòs Senyè a”


“27 Avril–3 Me. Mozya 7–10: ‘Nan fòs Senyè a,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Liv Mòmon 2020 (2020)

“27 Avril–3 Me. Mozya 7–10,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2020

Amon k ap anseye Wa Limi

Minerva K. Teichert (1888-1976), Amon devan Wa Limi, 1949-1951, luil sou masonite, 35 15/16 x 48 pous. Mize Atistik Inivèsite Brigham Young, 1969.

27 Avril–3 Me.

Mozya 7–10

“Nan fòs Senyè a”

Pandan w ap li, Lespri a ka atire atansyon w sou kèk fraz oubyen kèk pasaj. Ekri kijan w santi pasaj sa yo aplike pou ou.

Ekri enpresyon ou

Pandan ke pèp Wa Mozya a t ap jwi “yon lapè nètalkole” nan Zarayhemla (Mozya 7:1), panse yo te sou vire vè yon lòt gwoup Nefit, ki te pati dèzane anvan pou yo t al abite nan peyi Leyi-Nefi a. Dè jenerasyon te pase, epi pèp Mozya a pa t gen okenn nouvèl de yo. Konsa, Mozya te mande Amon pou l te alatèt yon gwoup ki t ap pral chèche jwenn Nefit sa yo ki te pati a. Ekip rechèch la te dekouvri ke, “akoz inikite” (Mozya 7:24), Nefit sa yo te anba esklavaj nan men Lamanit yo. Men, lè Amon ak frè l yo te rive, sa te toudenkou ba yo espwa ke yo t ap delivre.

Pafwa nou menmjan ak Nefit nan esklavaj sa yo, n ap soufri akoz peche nou, pandan n ap mande tèt nou si n ap janm ka jwenn lapè ankò. Pafwa, nou tankou Amon, nou santi n pouse pou n lonje lamen bay lòt moun epi nou dekouvri nan apre ke efò nou te enspire yo pou yo “leve tèt [yo] e rejwi, epi mete konfyans [yo] nan Bondye” (Mozya 7:19). Kèlkeswa sikonstans nou, nou tout bezwen repanti epi “tounen vin jwenn Senyè a ak tout kè nou, ” avèk lafwa ke “l ap … delivre [nou]” (Mozya 7:33).

senbòl etid pèsonèl

Ide pou etid ekriti pèsonèl

Mozya 7:14–33

Si m tounen vè Senyè a, epi m mete konfyans nan li, epi m sèvi li, l ap delivre mwen.

Rankont avèk Amon an, ki sete yon Nefit ki te soti Zarayemla, te bay Wa Limi yon etensèl espwa, epi l te anvi transmèt pèp li a espwa sa a. Pandan w ap li Mozya 7:14–33, note sa Limi te di pèp li a pou l te ankouraje yo, fòtifye lafwa yo, ak ba yo espwa ke Bondye t ap ede yo. Menmsi w ka pa koupab pou menm peche avèk pèp Limi an, kijan pawòl li yo ka ede w tounen vè Senyè a? Pareganp, w ap wè ke Limi te raple pèp la istwa pase sou delivrans Bondye yo (gade vèsè 18–20). Kijan resi sa yo, ansanm avèk lòt istwa nan ekriti yo oubyen eksperyans pèsonèl, ka ede w mete konfyans ou nan Bondye?

Mozya 8: 5–12

Ki 24 plak sa yo pèp Limi an te jwenn nan?

Pandan yon ti gwoup nan pèp Limi an t ap chèche peyi Zarayemla a, yo te jwenn 24 plak lò ki te gen yon lang enkoni grave sou yo. Plak sa yo, ke Wa Mozya te vin tradui nan apre, te pale de yon pèp nou rekonèt sou non Jaredit, ki te vin nan tè pwomiz la soti nan Toudebabèl la epi ki te finalman detwi (gade Mozya 28:11–19). Nan apre, Mowoni te fè rezime plak sa yo (gade Etè 1:1–2), ke nou te vin konnen sou non Liv Etè a. Nan Mozya 28:18 la, note efè anal sa yo te fè sou pèp Mozya a.

Mozya 8:12–19

Senyè a bay pwofèt, vwayan ak revelatè pou benefis limanite.

Lè Limi te tande temwayaj Amon ki te fè konnen Senyè a te prepare yon vwayan an, Limi “te rejwi anpil, epi l te di Bondye mèsi” (Mozya 8:19). Poukisa w panse l te santi l fason sa a? Kisa w aprann sou vwayan nan pawòl Amon yo ki nan Mozya 8:13–19 la? Nan epòk pa nou an, “Premye Prezidans lan ak Konsèy Douz Apot yo soutni kòm pwofèt, vwayan, ak revelatè” (Diksyonè Bib la, “Vwayan”). Ki dènye fwa w te medite sou benediksyon pou n gen pwofèt, vwayan, ak revelatè sou tè a? Petèt ou ka ekri kijan pwofèt, vwayan, ak revelatè yo te yon “gwo benefis” pou ou (Mozya 8:18).

Pwofèt Joseph Smith se gwan vwayan ki kanpe alatèt dispansasyon nou an (gade D&A 21:1; 124:125; Joseph Smith—Istwa 1:62). Kijan l te egzanp sou deskripsyon Amon te fè sou yon vwayan an pandan ministè li?

Mozya 9-10

M ka fè fas ak pwoblèm mwen yo “nan fòs Senyè a.”

Zenif te admèt ke l te fè erè. Li te fè eksè pafwa, epi l te mete pèp li a—zansèt pèp Limi yo—nan yon sitiyasyon difisil kote l te fè yon move akò avèk Wa Laman. Men, nan apre, li t al batay kont Lamanit yo, li te ede pèp li a fè fas ak pwoblèm yo ak lafwa. Pandan w ap li Mozya 9–10 la, chèche kisa pèp Zenif la te fè pou yo te montre lafwa yo. Kijan Bondye te fòtifye yo? Kisa sa vle di pou n avanse “nan fòs Senyè a”?? (Mozya 9:17; 10:10–11).

Mozya 10:11–17

Chwa m yo ka enfliyanse dè jenerasyon.

Selon Mozya 10:11–17, kijan aksyon ak atitid zansèt Lamanit yo te anpeche yo konn laverite? Kijan chwa zansèt Lamanit yo te afekte jenerasyon fiti yo? Panse a moun ki ta ka enfliyanse pa kwayans ou ak chwa w yo; kisa w ap fè pou ede yo pi totalman gen lafwa nan Kris la?

senbòl etid familyal

Ide pou etid ekriti familyal ak sware familyal

Pandan w ap li ekriti yo avèk fanmi ou, Lespri a ka ede w konn ki prensip pou w souliyen ak diskite pou ka reponn bezwen manm fanmi w yo. Men kèk ide.

Mozya 7:19–20

Note egzanp Limi te itilize pou l te ankouraje pèp li a pou yo gen lafwa. Ki egzanp nan ekriti yo ki enspire nou pou n “kwè nan Bondye”? Kisa sa vledi pou n mete konfyans nou nan Bondye? (gade Mozya 9:17; 10:19) tou. Ki istwa nan lavi nou oubyen nan lavi zansèt nou yo nou ka pataje pou enspire pi gwo konfyans nan Bondye?

Mozya 7:26–27

Kisa nou aprann apwopo Sovè a nan vèsè sa yo? (gade D&A 130:22). Poukisa nou rekonesandèske nou konn bagay sa yo?

Mozya 8:13–18

Pou ede manm fanmi yo konprann kisa yon vwayan ye, petèt ou te ka montre yo foto kèk zouti ki ede nou wè bagay nou pa ka wè otreman, tankou jimèl, yon teleskòp, oubyen yon mikwoskòp. Nan kisa zouti sa yo sanble ak yon vwayan? (gade Moyiz 6:35–36). Kisa vwayan yo wè ke nou pa ka wè? Ki prèv nou genyen ke Joseph Smith sete yon vwayan?

Ou gen dwa montre foto pwofèt, vwayan, ak revelatè vivan yo epi mande fanmi w sa yo konnen osijè yo. Kijan nou suiv yo?

Mozya 9:14–18; 10:1–10

Lè Lamanit yo te atake, pèp Nefi a te fizikman ak spirityèlman pare. Kisa nou ka aprann nan men Zenif ak pèp li a sou prepare nou pou pwoblèm?

Pou plis ide pou anseye timoun yo, gade plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primè a a.

Amelyore etid pèsonèl nou

Chèche pwòp enpresyon espirityèl pa w. Plan leson sa a sigjere pasaj ak prensip pou w konsantre, men pa kite sigjesyon sa yo limite etid ou. Ou gen dwa touche pa kèk vèsè oubyen dekouvri kèk prensip ki pa mansyone la a. Kite Lespri a gide w.

Joseph Smith avèk Mowoni

Vizyon Joseph Smith la, tablo Clark Kelley Price