Vini, Suiv Mwen
27 Avril–3 Me. Mozya 7–10: “Nan fòs Senyè a”


“27 Avril–3 Me. Mozya 7–10: ‘Avèk fòs Senyè a,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Liv Mòmon 2020 (2020)

“27 Avril–3 Me Mozya 7–10,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2020

Imaj
Amon k ap anseye Wa Limi

Minerva K. Teichert (1888-1976), Amon devan Wa Limi, 1949-1951, penti aluil sou masonite, 35 15/16 x 48 pous. Mize Atistik Inivèsite Brigham, 1969.

27 Avril–3 Me.

Mozya 7–10

“Avèk fòs Senyè a”

Nan lapriyè, li Mozya 7–10, pandan w ap medite sou enpresyon w resevwa yo. Kijan verite ki nan chapit sa yo ka ede w reponn bezwen timoun w ap anseye yo?

Ekri enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Ankouraje timoun yo pou pataje sa yo konnen apwopo evenman yo mansyone nan chapit sa yo. Ou gen dwa jwenn èd nan “Chapit 13: Zenif” la nan (Istwa Liv Mòmon yo, 36–37, oubyen videyo korespondan an nan ChurchofJesusChrist.org).

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye doktrin nan: timoun ki pi piti yo

Mozya 7:18–20, 33

Bondye te ede moun yo nan ekriti yo, e li ka ede m tou.

Pèp Limi an, ki te nan esklavaj anba men Lamanit yo, te bezwen gen lafwa ke Bondye t ap ede yo, konsa, Limi te fè yo sonje epòk kote Bondye te ede pèp li a.

Aktivite posib

  • Mande timoun yo pou yo pale de yon lè kote yo te bezwen èd. Eksplike yo ke pèp wa Limi an te nan pwoblèm, konsa, li te rakonte yo yon istwa pou l te ede yo gen lafwa. Li Mozya 7:19 pou timoun yo, epi montre yo foto pitit Izrayèl yo ki t ap travèse Lanmè Wouj la (gade Moyiz k ap separe Lanmè Wouj la, ChurchofJesusChrist.org). Repase istwa sa a ak istwa la màn nan, epi ede timoun yo mime istwa yo (gade chapit 17 ak 18 nan Istwa Ansyen Testaman yo, oubyen videyo korespondan yo nan ChurchofJesusChrist.org). Kijan Senyè a te ede pèp li a? Temwaye ke Senyè a ka ede nou tou.

  • Li Mozya 7:33 pou timoun yo, epi ede yo konprann kisa vèsè a anseye nou pou n fè pou nou ka resevwa èd nan men Senyè a. Ede yo panse ak jès pou reprezante bagay sa yo, epi repete vèsè a pandan y ap fè aksyon yo. Pou ki kèk bagay nou bezwen èd? Kijan nou ka montre ke nou fè Senyè a konfyans? Pataje yon eksperyans kote w te mete konfyans nan Senyè a epi l te ede ou.

  • Chwazi kèk kouplè nan kantik “Dans le Livre de Mormon” oswa “Le couraje de Néphi” nan (Chants pour les enfants, 62–63, 64–65) pou w chante avèk timoun yo. Ede yo idantifye kijan Senyè a te ede moun nan Liv Mòmon yo. Pataje lòt istwa nan ekriti yo ke w santi k ap ede yo aprann mete konfyans yo nan Senyè a.

Mozya 8:16–17

Bondye ba nou pwofèt, vwayan, ak revelatè.

Kijan w ka itilize Mozya 8:16–17 pou anseye timoun yo sou wòl yon pwofèt kòm vwayan?

Aktivite posib

  • Montre yo kijan pou yo mete men yo devan je yo kòmsi yo t ap gade nan linèt oubyen nan longvi. Li Mozya 8:17, epi mande timoun yo pou yo mete “linèt” yo a chak fwa yo tande mo “vwayan” an. Eksplike yo ke Bondye ba nou pwofèt epi youn nan wòl yon pwofèt se pou l yon “vwayan” paske l ka “wè” sa k apral rive. Pataje kèk egzanp sou sa pwofèt yo konn wè epi konn revele nou (enkli ekriti yo), oubyen pataje yon egzanp sou kote yon pwofèt te aji kòm vwayan (tankou nan 1 Nefi 11:20–21).

  • Fè mak pye an papye, epi desine foto bagay pwofèt yo konseye nou pou n fè sou yo. Mete yo nan yon wout toutotou sal la, epi dekri foto yo. Fè timoun yo pran tou pa yo pou aji tankou yon pwofèt epi ede lòt timoun yo suiv tras pye sa yo.

  • Montre foto ki nan plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo a, epi mande yo pou yo dekri sa yo wè a. Eksplike yo ke Pwofèt Joseph Smith sete yon vwayan. Senyè a te ba l zouti yo te rele Ourim ak Toumim nan ak yon wòch pou l te itilize nan tradiksyon Liv Mòmon an.

  • Pase yon ti ekstrè nan yon mesaj konferans resan ke Prezidan Legliz la te bay (oubyen montre yon foto li epi li yon bagay li te anseye). Rann temwayaj ke l se yon pwofèt, vwayan, ak revelatè.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye doktrin nan: timoun ki pi gran yo

Mozya 7:18–20, 33; 9:14–19; 10:6–10, 19–21

Bondye te ede moun yo nan ekriti yo, epi l ka ede m tou.

Zenif ak pèp li a, ki te enstale yo nan peyi Lamanit yo, te anba atak nan men Lamanit yo epi yo te bezwen èd Bondye. Kisa timoun yo ka aprann nan istwa sa a sou Bondye k ap ede pitit li?

Aktivite posib

  • Divize yo an twa gwoup, epi envite chak gwoup pou yo etidye youn nan istwa sa yo nan ekriti yo: Izrayelit yo k ap travèse Lanmè Wouj la (gade Egzòd 14:10–14, 21–31), fanmi Leyi k ap vwayaje nan dezè a (gade 1 Nefi 16:9–16; 17:1–6), ak pèp Zenif la ki te delivre anba Lamanit yo (gade Mozya 9:14–19; 10:6–10, 19–21). Kijan moun nan istwa sa yo te montre ke yo te gen konfyans nan Bondye? Kijan Bondye te ede yo? Kijan li ede nou lè nou mete konfyans nan li?

  • Envite twa timoun pou ekri yon eprèv oswa yon pwoblèm yo te travèse sou tablo a. Mande youn nan timoun yo pou li Mozya 7:33, epi ankouraje lòt yo pou yo efase youn nan eprèv oswa pwoblèm yo chak fwa yo tande yon bagay yo ka fè pou yo resevwa èd nan men Senyè a. Kijan lè n mete konfyans nan Senyè a sa ka ede nou simonte pwoblèm nou?

Mozya 8:12–19

Bondye bay pwofèt, vwayan, ak revelatè pou benefis limanite.

Nou soutni Premye Prezidans lan ak Douz Apot yo kòm pwofèt, vwayan, ak revelatè. Kijan w ka anseye timoun yo sou valè pwofèt yo?

Aktivite posib

  • Chwazi plizyè mo enpòtan nan Mozya 8:12–19, epi ekri yo sou tablo a. Envite yon timoun pou l li vèsè sa yo, epi mande lòt yo pou yo leve men yo lè yo tande chak mo ki sou tablo yo. Sispann li epi diskite de chak mo avèk klas la.

  • Mande yo repase Mozya 8:16–18 pou yo ka aprann kisa yon vwayan ye. Ekri fraz sa a sou tablo a: Yon vwayen se tankou . Ede yo panse sou fason yo ka konplete fraz la pou eksplike poukisa yon vwayan se yon benediksyon pou nou---paregzanp, yon vwayan se tankou yon sovtè, ki avèti nou kont danje.

  • Chwazi yon fraz nan Mozya 8:16–17 la, epi ekri l sou tablo a, pandan w ap ranplase chak mo pa yon senbòl ou envante. Bay timoun yo yon lis senbòl ak mo yo reprezante, epi fè yo dekode yo oubyen “tradui” fraz la jan vwayan yo fè. Nan ki lòt fason pwofèt, vwayan, ak revelatè yo se “yon gwo benefis” pou nou?? (Mozya 8:18).

Mozya 9:14–18; 10:10–11

Lè m fèb, Senyè a ka fòtifye m.

Lè timoun yo ap travèse pwoblèm, yo pafwa santi yo fèb e enpuisan. Itilize istwa pèp Zenif la pou anseye yo ke yo ka resevwa fòs nan men Senyè a.

Aktivite posib

  • Mande yo pou yo di ki fason yo ka vin fò fizikman. Kisa sa vle di pou n gen “fòs nan fason lèzòm”? (gade Mozya 10:11). Kisa sa vle di pou n gen “fòs Senyè a”? (gade Mozya 9:17–18; 10:10). Kijan nou ka resevwa fòs Senyè a?

  • Envite timoun yo pou yo fè desen yon moun yo santi ki gen fòs Senyè a epi di poukisa yo chwazi moun sa a.

Imaj
Senbòl ansèyman

Ankouraje aprantisaj lakay

Envite yo pou yo rakonte fanmi yo yon istwa nan ekriti yo ki enspire yo pou yo “mete konfyans [yo] nan Bondye” (Mozya 7:19).

Amelyore ansèyman nou

Poze kesyon ki enspire. Poze kesyon k ap envite timoun yo pou yo pataje temwayaj yo sou verite levanjil yo. Paregzanp, si w ap pale de pwofèt, ou gen dwa mande yo pou yo di kijan pwofèt yo se benediksyon pou yo.

Enprime