Vini, Suiv Mwen
4–10 Me. Mozya 11–17: “Yon limyè … ki p ap janm ka bese”


“4–10 Me. Mozya 11–17: ‘Yon limyè … ki p ap janm ka bese,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Liv Mòmon 2020 (2020)

“4–10 Me. Mozya 11–17,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2020

Imaj
Abinadi k ap temwaye devan Wa Nowe

Abinadi devan Wa Nowe, tablo Andrew Bosley

4–10 Me

Mozya 11–17

“Yon limyè … ki p ap janm ka bese”

Medite epi priye pou w ka konnen kijan w ka itilize istwa Abinadi a ak ansèyman l yo nan Mozya 11–17 yo pou ede timoun w ap anseye yo. Ekri enpresyon w resevwa yo.

Ekri enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Mande timoun yo pou yo rakonte sa yo konnen osijè istwa Abinadi ak Wa Nowe a. Foto ki nan plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo a ka ede tou.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye doktrin nan: timoun ki pi piti yo

Mozya 11–1317

M ka defann laverite, menm lè m kanpe poukont mwen

Abinadi ak Alma te kourajezman defann laverite. Kijan w ka itilize istwa sa a pou bati kouraj timoun yo pou moman kote yo ka gen pou yo defann kwayans yo?

Aktivite posib

  • Fè rezime istwa Abinadi, Wa Nowe, ak Alma a ou jwenn nan Mozya 11–13 ak 17 la. Ou gen dwa itilize “Chapit 14: Abinadi ak Wa Nowe” a nan (Istwa Liv Mòmon yo, 38–42, oswa videyo korespondan an nan ChurchofJesusChrist.org). Envite timoun yo pou yo jwe wòl istwa a, bay chak tan pou yo jwe diferan wòl.

  • Mache anplas avèk yo pandan y ap chante yon chan ki enspire kouraj, tankou “Je serai vaillant” (Chants pour les enfants, 85). Li pawòl chan yo ansanm, epi ede yo idantifye kisa yon moun ki vanyan ak kouraje fè. Chwazi kèk vèsè nan Mozya 11–13 ak 17 pou w li avèk yo pou montre yo kijan Abinadi ak Alma te vanyan (paregzanp, gade nan Mozya 13:1–4, 9).

Mozya 12:33–36; 13:11–24

Mwen dwe obeyi Dis Kòmandman yo

Prèt Wa Nowe yo te konn kòmandman yo men yo pa t suiv yo. Pawòl Abinadi yo ka ede timoun yo konprann enpòtans pou yo obeyi kòmandman yo.

Aktivite posib

  • Envite timoun yo pou yo konte jiska 10. Oubyen ba yo 10 moso papye nimewote epi fè yo mete yo nan lòd. Eksplike yo ke Pè Selès la te ba nou Dis Kòmandman pou ede nou retounen al viv avèk li. Ede yo resite kèk nan Dis Kòmandman yo avèk ou, ke w ap jwenn nan Mozya 12:33–36 ak 13:11–24.

  • Montre yo yon foto Moyiz avèk Dis Kòmandman yo (tankou Liv Ilistrasyon Levanjil, no. 14), epi brèfman eksplike yo kijan Moyiz te resevwa kòmandman yo nan men Bondye (gade Egzòd 19–20). Apresa, montre yo yon foto Abinadi (gade plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo), epi di yo ke Abinadi te raple Wa Nowe ak prèt li yo Dis Kòmandman yo. Chwazi kèk nan kòmandman yo nan Mozya 12:33–36 ak 13:11–24 ke w santi ki patikilyèman enpòtan pou timoun w ap anseye yo, epi pale yo de benediksyon ki vini nan obeyi kòmandman yo.

  • Chante ansanm yon kantik sou kòmandman yo, tankou “Pour trouver la paix”” (Chants pour les enfants, 68-69). Poukisa nou kenbe kòmandman yo?

Mozya 14:5; 15:7–9

Pwofèt yo temwaye de Jezikri.

Abinadi te anseye Wa Nowe ak lòt moun yo sou Jezikri, menm lè sa te danjere. Kijan resi Abinadi a ka fòtifye temwayaj timoun yo konsènan pwofèt yo?

Aktivite posib

  • Pale yo de kèk nan bagay Abinadi te anseye sou Jezikri yo nan Mozya 14:5 ak 15:7–9. Ede yo konprann ke Abinadi te vle pou Wa Nowe ak pèp li a suiv Jezi pou yo te ka gen lajwa. Nan epòk pa nou an, pwofèt vivan yo anseye nou osijè Jezikri. Li yon ekstrè nan konferans jeneral, oubyen pase yon videyo sou youn nan pwofèt vivan yo k ap pataje temwayaj li konsènan Jezikri (paregzanp, gade videyo “Temwen espesyal Kris yo” nan ChurchofJesusChrist.org).

  • Montre oubyen desine foto chenn, yon prizon, ak yon dife. Anseye timoun yo ke Abinadi te dispoze pou yo te mare li, mete l nan prizon, e menm boule l nan dife pou l te ka pataje temwayaj li konsènan Jezikri a. Menmsi nou pwobableman pa p janm fè fas ak danje sa yo, kijan nou ka gen kouraj menmjan ak Abinadi pou pataje temwayaj nou nan pawòl nou ak nan chwa nou.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye doktrin nan: timoun ki pi gran yo

Mozya 11–1317

M ka defann sa ki byen, menmsi m kanpe poukont mwen.

Kijan w ka prepare timoun w ap anseye yo pou yo kourajezman kanpe pou defann sa ki byen, menmsi yo dwe kanpe poukont yo?

Aktivite posib

  • Envite yo pou yo desine diferant pati nan istwa Abinadi, Wa Nowe, ak Alma a ki nan Mozya 11–13 ak 17 la. Ede yo itilize foto yo pou rakonte istwa a ankò, oubyen itilize “Chapit 14: Abinadi ak Wa Nowe” a nan (Istwa Liv Mòmon yo, 38–42, oubyen videyo korespondan an nan ChurchofJesusChrist.org). Kijan Abinadi ak Alma te kanpe pou sa ki byen? Poukisa Wa Nowe pa t kanpe pou defann sa ki byen? (gade Mozya 17:11–12). Ede timoun yo panse a moman kote yo te defann sa ki byen.

  • Ede yo panse a kèk sitiyasyon kote yo ka kanpe pou defann sa ki byen, epi envite yo pou yo jwe wòl kèk nan sitiyasyon sa yo. Paregzanp, kisa yo ta ka fè lè yon moun ap eseye fè yo gade yon fim ki pa apwopriye oubyen lè zanmi yo ta refize kite yon moun patisipe nan jwèt y ap fè?

  • Pase videyo “Pa pè kanpe poukont ou” a nan (ChurchofJesusChrist.org). Kijan Prezidan Thomas S. Monson te menmjan ak Abinadi?

Mozya 12:33–36; 13:11–24

Mwen dwe obeyi Dis Kòmandman yo.

Abinadi te anseye Wa Nowe ak prèt mechan l yo sou Dis Kòmandman yo. Èske timoun w ap anseye yo konprann poukisa nou dwe renmen kòmandman Bondye yo ak obeyi yo?

Aktivite posib

  • Bay chak timoun tach pou li youn nan kòmandman yo nan Mozya 12:35 ak 13:11–24 yo. Ede yo panse sou fason kreyatif pou yo chak ede lòt sonje chak kòmandman yo (tankou kreye fraz ki rime, fè yon jès, oubyen chèche yon akwonim). Chan “The Commandments” la nan (Children’s Songbook, 112) ka ede tou. Bay chak timoun yo fèy papye ki koupe an fòm kè, epi envite yo pou yo ekri youn oubyen plis nan Dis Kòmandman yo sou kè yo (gade Mozya 13:11)—petèt youn yo santi yo ta dwe travay pi di pou yo obeyi.

  • Chante yon kantik sou kòmandman yo ansanm, tankou “Pour trouver la paix“ (Chants pour les enfants 68-69). Ki benediksyon nou resevwa lè nou kenbe kòmandman yo?

Imaj
yon papa ak pitit gason l k ap li ekriti yo

Ekriti yo anseye nou kòmandman Bondye yo.

Mozya 14:6; 16:4–9

Lè m peche, m pèdi; gras ak Jezikri, yo ka jwenn mwen.

Pou l te anseye sou Jezikri, Abinadi te site pwofèt Ezayi, ki te konpare nou avèk brebi pèdi. Kijan w ka itilize konparezon sa a pou anseye timoun yo sou Sovè a?

Aktivite posib

  • Envite yo pou yo pataje eksperyans kote yo te pèdi yon bagay oubyen kote yomenm yo te pèdi. Kijan yo te santi yo? Kisa yo te fè? Li Mozya 14:6 a 16:4–9 ansanm. Kijan nou pafwa “ale lwen“ Bondye? Kijan Jezikri ede nou retounen?

  • Envite timoun yo pou yo imajine yon twoupo brebi. Ki kèk rezon ki ka fè youn nan brebi yo pèdi? Ekri repons yo sou tablo a. Kijan nou menmjan ak brebi ki egare? Kijan Pè Selès la dwe santi l lè yo “jwenn“ nou atravè repantans ak Ekspyasyon Sovè a? (gade DA 18:10–13). Pataje temwayaj ou sou Sovè a ak repantans.

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje aprantisaj lakay

Envite timoun yo pou yo mande fanmi yo pou pataje avèk yo eksperyans kote yo te kanpe pou laverite, oubyen ankouraje yo pou yo pataje pwòp eksperyans pa yo.

Amelyore ansèyman nou

Repetisyon se kle aprantisaj. Timoun yo ka benefisye anpil lè yo tande yon prensip levanjil oubyen lè yo fè yon aktivite plis pase yon fwa. Eseye refè aktivite yo nan plizyè fason diferan.

Enprime