Vini, Suiv Mwen
4–10 Me. Mozya 11–17: “Yon limyè … ki p ap janm etenn”


“4–10 Me. Mozya 11–17: ‘Yon limyè … ki p ap janm etenn,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Liv Mòmon 2020 (2020)

“4–10 Me. Mozya 11–17,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2020

Imaj
Abinadi ap temwaye devan Wa Nowe

Abinadi devan Wa Nowe, tablo Andrew Bosley

4–10

Mozya 11–17

“Yon limyè … ki p ap janm etenn”

Pawòl Abinadi yo te lakoz yon gwo chanjman nan omwen youn nan manm ki te nan lakou Wa Nowe yo (gade Mozya 17:2–4). Li Mozya 11–17 avèk yon priyè nan kè w pou w ka resevwa enpresyon sou fason w ka chanje.

Ekri enpresyon ou

Gwo dife ka kòmanse apati yon ti etensèl. Abinadi sete sèl moun ki t ap temwaye kont yon wa puisan ak lakou li. Yo te rejte pifò nan pawòl li yo, epi yo te kondane l pou l te mouri. Men, temwayaj li konsènan Jezikri, ki se “limyè … ki p ap janm etenn” nan (Mozya 16:9), te limen yon bagay andedan jèn prèt Alma. Epi etensèl konvèsyon sa a te grandi lantman pandan Alma t ap mennen anpil lòt moun nan repantans ak lafwa nan Jezikri. Flanm ki te touye Abinadi yo te etenn alafen, men dife lafwa pawòl li yo te kreye yo t ap gen yon enfliyans dirab sou Nefit yo—ak moun ki li pawòl li yo jodia. Pifò nan nou p ap janm nan pozisyon Abinadi poutèt temwayaj nou, men nou tout konn gen moman kote suiv Jezikri se yon tès sou kouraj nou ak lafwa nou. Petèt etid temwayaj Abinadi a ap chofe flanm temwayaj ak kouraj ki nan kè w la tou.

Imaj
senbòl etid pèsonèl

Ide pou etid ekriti pèsonèl

Mozya 11–1317

M ka defann laverite, menm lè m kanpe poukont mwen.

Imajine w konbyen sa te siman dekourajan pou Abinadi pou l t ap kriye repantans bay yon pèp ki pa t sanble l te enterese ditou nan chanje mechanste l yo. Yo te rejte mesaj li a san rete. Men li pa t janm lage sa.

Kilè w konn gen enpresyon ke w kanpe poukont ou pou defann laverite? Pandan w ap li Mozya 11–13 ak 17 la, kisa w aprann ki ka ede w pare lè Senyè a bezwen w kanpe pou levanjil li a? Kisa lòt prensip ou aprann nan egzanp Abinadi a?

Mozya 12:19–30

Mwen bezwen dispoze kè m pou m ka konprann pawòl Bondye a.

Prèt Wa Nowe yo te konnen pawòl Bondye a—yo te ka site pasaj ekriti yo e pretann pou anseye kòmandman yo. Men, kòmandman sa yo “pa t ekri nan kè [yo],” epi yo “pa t dispoze kè [yo] pou yo te konprannn” yo (Mozya 13:11; 12:27). Kòm rezilta, lavi yo pa t chanje.

Pandan w ap li Mozya 12:19–30 la, medite sou kisa sa vle di pou n dispoze kè nou pou n konprann pawòl Bondye a. Eske sa enspire w pou w fè kèk chanjman nan fason w abòde aprantisaj levanjil la?

Mozya 13: 1–9

Senyè a ap soutni sèvitè l yo nan travay li a.

Yon bò, eksperyans Abinadi bay anpil egzanp sou fason Senyè a soutni sèvitè l yo—ou ka jwenn plizyè nan egzanp sa yo nan Mozya 13:1–9. Yon lòt bò, Senyè a te pèmèt yo pèsekite Abinadi, mete l nan prizon, ak fè l mouri mati pou temwayaj li. Kisa w jwenn nan vèsè sa yo ki revele ke Abinadi te gen konfyans nan Senyè a. Kijan egzanp Abinadi afekte fason w wè apèl ou ak responsablite ou?

Mozya 14-15

Jezikri te soufri pou mwen.

Wa Nowe ak prèt li yo te kwè ke sali te vini sèlman atravè lwa Moyiz la. Abinadi te vle pou yo konnen ke sali vini atravè Mesi a, Jezikri. Nan Mozya 14–15, remake mo ak fraz ki dekri Sovè a ak sa l te soufri pou ou. Ki vèsè ki ede w apwofondi lanmou ou ak gratitid ou pou li?

Mozya 15: 1–12

Kijan Jezikri se Papa a ak Pitit la?

Pasaj sa yo pafwa pote konfizyon paske l sanble ke Abinadi ap anseye ke Pè Selès la ak Jezikri se menm Èt la, men nou konnen ke yo se moun separe. Kisa Abinadi te vledi? Li te anseye ke Bondye, Pitit la—se t ap Redanmtè a (gade Mozya 15:1), li t ap demere nan lachè, pou l te vin yon pati òm yon pati Bondye (vèsè 2–3). Li te totalman soumèt li anba volonte Bondye Papa a (vèsè 5–9). Akoz desa, Jezikri se alafwa Bondye Papa a ak reprezantasyon terès Bondye Papa a tou (gade Jan 14:6–10).

Abinadi te kontinye eksplike ke Jezikri se Papa a tou nan sans ke lè nou aksepte redanmsyon l lan, nou vin tounen “posterite” li (Mozya 15:11–12). Otremandi, nou vin espirityèlman nedenouvo atravè limenm (gade Mozya 5:7).

Gade Jan 5:25–27; 8:28–29; 17:20–23; “Papa a ak Pitit la,” Ensign, Avr. 2002, 12–18.

Imaj
senbòl etid familyal

Ide pou etid ekriti familyal ak sware familyal

Pandan w ap li ekriti yo avèk fanmi ou, Lespri a ka ede w konn ki prensip pou w souliyen ak diskite pou ka reponn bezwen manm fanmi w yo. Men kèk ide.

Mozya 11–1317

Abinadi ak Alma se egzanp enspiran sou lwayote anvè laverite, menm lè l pa popilè pou n fè sa. Manm fanmi w yo gen dwa ap sibi presyon sosyal pou yo ka konpwomèt prensip yo. Kisa yo ka aprann nan men Abinadi ak Alma sou defann laverite? Tablo atistik ki akonpaye plan leson sa a ka ede yo vizyalize istwa a. Lè w fin etidye chapit sa yo, panse pou w prepare kèk senaryo sou lavi reyèl pou manm fanmi w yo ka pratike ki repons y ap bay devan presyon pou konpwomèt prensip yo. Oubyen nou chak ka rakonte lòt eksperyans nou te fè avèk defann laverite.

Mozya 12:33–37; 13:11–24

Kisa sa vle di pou l kòmandman Bondye yo “ekri nan kè [nou]”? (Mozya 13:11). Petèt ou ta ka ekri kèk ide (oubyen desine foto kèk ide) sou yon gwo fèy papye an fòm kè. Poukisa kòmandman yo presye pou nou? Kijan nou ka ekri yo nan kè nou?

Imaj
papa ak pitit gason k ap li ekriti yo

Etid ekriti yo ka ede nou ekri kòmandman yo nan kè nou.

Mozya 14

Nan chapit sa a ou pral jwenn plizyè mo ak fraz ki dekri Jezikri. Petèt fanmi w ka fè lis yo pandan w ap jwenn yo. Kijan manm fanmi w santi yo osijè Sovè a pandan n ap etidye pawòl ak fraz sa yo?

Mozya 15:26–27; 16:1–13

Vèsè sa yo dekri sa k t ap rive pitit Bondye yo si Jezi pa t “vin nan mond lan” (Mozya 16:6) oubyen si yo pa t suiv li. Ki kèk bon bagay ki fèt paske l te vini epi l te ekspye pou nou? Gade videyo “Poukisa nou bezwen yon Sovè” a nan (ChurchofJesusChrist.org).

Pou plis ide pou anseye timoun yo, gade plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primè a.

Amelyore ansèyman nou

Itilize istwa ak egzanp pou anseye prensip levanjil yo. Sovè a te souvan anseye prensip levanjil yo nan itilize iswa ak parabòl. Panse sou egzanp ak istwa nan pwòp lavi pa w ki ka fè yon prensip levanjil vin vivan pou fanmi ou (gade Anseye nan fason Sovè a, 22).

Imaj
Abinadi ap temwaye devan Wa Nowe

Figi l te briye avèk yon ekla ekstrèm, tablo Jeremy Winborg

Enprime