Vini, Suiv Mwen
18–24 Me. Mozya 25–28: “Yo te rele yo pèp Bondye”


“18–24 Me. Mozya 25–28: ‘Yo te rele yo pèp Bondye,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Liv Mòmon 2020 (2020)

“18–24 Me. Mozya 25–28,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2020

Imaj
yon zanj parèt devan Alma ak pitit gason Mozya yo

Konvèsyon Alma, pitit la, pa Gary L. Kapp

18–24 Me

Mozya 25–28

“Yo te rele yo pèp Bondye”

Apre “Alma te fin tande vwa Senyè a,” li te ekri sa Senyè a te di l yo “pou l te kapab genyen yo” (Mozya 26:13, 33). Kijan n ap suiv egzanp Alma a?

Ekri enpresyon ou

Apre prèske twa jenerasyon ap viv nan peyi separe, Nefit yo te vin tounen yon pèp ankò. Pèp Limi an, pèp Alma a, ak pèp Mozya a—menm pèp Zarayemla a, ki pa t desandan Nefi—tout te vin “konte nan pami Nefit yo” kounyeya (Mozya 25:13). Anpil nan yo te vle vin manm Legliz Alma te etabli a tou. Konsa, tout moun ki te “vle pran non Kris la sou yo” te batize, “epi yo te rele yo pèp Bondye” (Mozya 25:23–24). Apre plizyè ane konfli ak kaptivite, sanble Nefit yo ta pral finalman jwen yon peryòd lapè.

Men, anvan lontan, enkwayan yo te kòmanse pèsekite Sen yo. Sa k te patikilyèman tris sèke ke anpil nan enkwayan sa yo sete pwòp pitit moun ki te kwayan yo—“jenerasyon k t ap grandi a” (Mozya 26:1), enkli pitit gason Mozya yo ak youn nan pitit gason Alma yo. Apresa, te gen yon mirak ki te fèt, epi resi mirak sa a te pote espwa pou dè paran angwase pandan dè jenerasyon. Men istwa konvèsyon Alma a se pa jis pou paran ki gen timoun rebèl sèlman. Vrè konvèsyon se yon mirak ki, nan yon fason oswa yon lòt, bezwen fè nan nou tout.

Imaj
senbòl etid pèsonèl

Ide pou etid ekriti pèsonèl

Mozya 26: 1–6

Mwen responsab pwòp lafwa m ak temwayaj mwen.

Moun ki te tande diskou Wa Benjamen yo te gen yon konvèsyon ekstraòdinè (gade Mozya 5:1–7), men, konvèsyon se yon eksperyans pèsonèl ke nou pa ka transmèt bay pitit nou tankou yon eritaj. Nou tout dwe fè eksperyans pwòp konvèsyon pa nou nan levanjil Jezikri a. Pandan w ap li sa yo di sou “jenerasyon” Nefit enkwayan “ki t ap leve a” nan Mozya 26:1–6, note konsekans enkredilite yo te genyen. Ou gen dwa panse a moun ou ta renmen mennen vin jwenn Kris la tou. Pandan ke w pa ka bayo konvèsyon w lan, Lespri a ka enspire w kèk bagay ou ka fè pou ede yo jwenn lafwa. Pandan w ap li nan Mozya 25–28 sou fason Alma ak lòt manm Legliz yo te ede jenerasyon k t ap leve a, panse adisyonèl ka vin nan lespri ou.

Gade Doktrin ak Alyans 68:25–29 tou.

Mozya 26:6–39

Sèvitè fidèl Bondye yo chèche fè volonte li.

Pafwa nou gen dwa panse ke yon dirijan Legliz tankou Alma toujou konn bagay egzat la pou l fè. Nan Mozya 26 nou li apwopo yon pwoblèm nan Legliz la ke Alma pa t janm te rankontre, epi “li te pè pou l pat fè sa ki pa bon devan Bondye” (Mozya 26:13). Kisa Alma te fè nan sitiyasyon sa a? (gade Mozya 26:13–14, 33–34, 38–39). Kisa eksperyans Alma a sigjere sou fason w ka apwoche pwoblèm difisil nan fanmi ou oubyen nan sèvis ou nan Legliz la?

Li ta ka enteresan tou pou w ta fè lis verite Bondye te revele Alma yo, w ap jwenn nan Mozya 26:15–32 a. Remake ke kèk nan verite sa yo pa t yon repons dirèk pou kesyon Alma a. Kisa sa sigjere w osijè priye ak resevwa revelasyon pèsonèl?

Mozya 27:8–37

Tout gason ak tout fi dwe nedenouvo.

Sa klè ke Alma, pitit la, te bezwen yon renesans espirityèl, paske limenm ak pitit gason Mozya yo sete “pi move pechè ki te kapab egziste,” ki t ap mache “detwi Legliz Bondye a” (Mozya 28:4; 27:10). Men, byen vit apre konvèsyon li, Alma te temwaye ke konvèsyon disponib—ak esansyèl—pou tout moun; li te di:“Pa sezi paske tout limanite … dwe fèt ankò” (Mozya 27:25; italik ajoute). Natirèlman, sa enkli oumenm tou.

Pandan w ap li eksperyans Alma a ki nan Mozya 27:8–37 la, ou gen dwa mete tèt nou nan plas li. Ou p ap eseye detwi Legliz la, men ou ka sètènman panse a kèk bagay ou bezwen chanje nan oumenm. Kiyès, menmjan ak papa Alma, k ap sipòte ou ak priye pou ou “ak anpil lafwa”? Ki eksperyans ki te ede “konvenk [ou] de pouvwa ak otorite Bondye”?? (Mozya 27:14). Ki “gwo bagay” Senyè a fè pou oumenm ak fanmi w ke w ta dwe “sonje”?? (Mozya 27:16)). Kisa w aprann nan pawòl ak aksyon Alma, pitit la, sou siyifikasyon nedenouvo? Kesyon tankou sa yo ka ede w evalye pwogrè ou nan pwosesis pou nedenouvo a.

Gade Mozya 5:6–9; Alma 36; “Konvèsyon” (Sijè Levanjil yo, topics.ChurchofJesusChrist.org).

Imaj
Yo pote Alma, pitit la, lakay papa li

Papa l rejwi, tablo Walter Rane

Mozya 27:14; 19:-24

Bondye tande priyè m epi l reponn yo selon volonte li.

Petèt ou konn yon paran nan sitiyasyon Alma, papa a, ki gen yon pitit gason oswa yon pitit fi ki fè chwa destriktè. Oubyen petèt ou se paran sa a. Kisa w jwenn nan Mozya 27:14, 19–24 ki ba w espwa? Kijan vèsè sa yo enfliyanse priyè w fè pou lòt moun?

Imaj
senbòl etid familyal

Ide pou etid ekriti familyal ak sware familyal

Pandan w ap li ekriti yo avèk fanmi ou, Lespri a ka ede w konn ki prensip pou w souliyen ak diskite pou ka reponn bezwen manm fanmi w yo. Men kèk ide.

Mozya 25: 5–11

Kijan pèp Mozya a te santi l apre l te fin li rejis pèp Zenif la ak pèp Alma a pou yo? Èske fanmi w konsève anal ou ka li? Petèt ou ta ka ajoute sou rejis sa yo oubyen kòmanse fè pwòp pa w. Kisa k ta ka enkli pou ede fanmi w (ansanm ak jenerasyon fiti yo) “ranpli avèk gwo lajwa” epi pou yo aprann sou “bonte imedyat Bondye”?? (Mozya 25:8, 10).

Mozya 25:16

Poukisa l enpòtan pou pèp Limi a te sonje ke Senyè a te delivre yo anba kaptivite? Kisa Senyè a fè pou nou ke nou dwe sonje?

Mozya 26:29–31; 27:35

Selon vèsè sa yo, kisa yon moun dwe fè pou l resevwa padon?

Mozya 27:21–24

Pandan w ap li vèsè sa yo, pase a yon moun ou ka priye pou li oubyen jene pou li.

Mozya 27-28

Pou ede fanmi w vizyalize istwa ki nan chapit sa yo, ou gen dwa envite yo pou yo desine foto moun ki ladan yo epi itilize desen yo pou rakonte istwa a. Oubyen yo ka jwe wòl istwa a; kijan yo ka reprezante chanjman Alma ak pitit gason l yo te fè eksperyans lan?

Pou plis ide pou anseye timoun yo, gade plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primè a.

Amelyore ansèyman nou

Itilize bagay atistik.Liv Ilistrasyon Levanjil la ak Medyatèk Legliz la nan ChurchofJesusChrist.org gen anpil ilistrasyon ak videyo ki ka ede [fanmi w] vizyalize konsèp yo oubyen evenman yo” (Anseye nan fason Sovè a, 22).

Imaj
yon zanj parèt devan Alma, pitit la

Ilistrasyon yon zanj ki parèt devan Alma, pitit la, tablo Kevin Keele

Enprime