“25–31 Me. Mozya 29–Alma 4: ‘Yo te fèm ak inebranlab,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Liv Mòmon 2020 (2020)
“25–21 Me. Mozya 29–Alma 4,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2020
25–31 Me.
Mozya 29–Alma 4
“Yo te fèm ak inebranlab”
Lè w li ekriti yo, sa envite revelasyon. Se pou w pare pou w resevwa mesaj Senyè a vle ba ou.
Ekri enpresyon ou
Gen moun ki gen dwa wè pwopozisyon Wa Mozya pou ranplase wa yo pa jij ki eli yo kòm yon refòm politik saj. Men, pou Nefit yo, espesyalman sa k t ap viv sou mechan Wa Nowe yo, chanjman sa a te gen yon siyifikasyon espirityèl tou. Yo te wè kijan yon wa enjis te lakoz “inikite” ak “gwo destriksyon” nan mitan pèp li (Mozya 29:17), epi yo te “ekstrèmeman anvi” libere yo anba yon enfliyans konsa. Chanjman sa a ta pral pèmèt yo responsab pwòp ladwati pa yo epi “reponn pou pwòp peche [yo]” (Mozya 29:38; gade DA 101:78) tou.
Natirèlman, fen rèy wa yo pa t vledi fen pwoblèm nan sosyete Nefit la. Kèk moun rize tankou Neyò ak Amlici te repann anpil fo ide, enkwayan yo te pèsekite Sen yo, epi anpil manm Legliz la te vin tonbe nan lògèy epi yo te tonbe. Men, “enb disip Bondye yo” te kenbe “tennfas san vire gade dèyè” malgre tout sa k t ap pase bò kote yo (Alma 1:25). Epi, gras ak chanjman Mozya te fè a, yo te ka “bay dizon yo” pou enfliyanse sosyete yo a pou byen (Alma 2:6).
Ide pou etid ekriti pèsonèl
M ka gen yon enfliyans pozitif nan kominote mwen.
Senkan sèlman apre rèy jij yo, yon kriz te leve, ki ta pral teste deklarasyon Mozya a ki te di vwa pèp la t ap abityèlman chwazi sa k te jis la (gade Mozya 29:26). Pwoblèm libète relijye a te enplike: yon mesye k te rele Amlisi t ap chèche “wete dwa ak privilèj legliz la nan men [pèp la] ” (Alma 2:4). Èske w konn wè dwa relijye menase nan peyi ou oubyen nan kominote ou? Kisa w aprann nan fason Nefit yo te reyaji devan menas sa a? (gade Alma 2:1–7).
Siman gen anpil pwoblèm enpòtan kominote w la ap konfwonte. Kijan, tankou Nefit yo, ou ka asire w ke vwa w enkli nan “vwa pèp la”? Petèt w ap viv nan yon zòn kote vwa pèp la gen enfliyans limite sou gouvènman an; si se sa, èske gen lòt fason ou ka pote yon enfliyans pozitif nan kominote ou?
M ka rekonèt fos doktrin ak rejte yo.
Malgre Neyò te finalman konfese ke sa l t ap anseye yo te fo, ansèyman l yo te kontinye enfliyanse Nefit yo pandan dèzane (gade Alma 1:15–16; 2:1–2; 14:14–18; 15:15; 21:4; 24:28). Poukisa moun yo te twouve ansèyman Neyò yo atiran? Pandan w ap li Alma 1:2–4 a, chèche wè si w ka jwenn mansonj ki nan ansèyman Neyò yo; w ap siman remake ke yo anseye yo ansanm ak kèk moso verite.
Jideyon te reprimande Neyò “avèk pawòl Bondye” (Alma 1:7, 9). Èske w konn kèk ekriti ki demanti mansonj Neyò yo? Men kèk ladan yo, men, gen anpil lòt toujou: Matye 7:21–23; 2 Nefi 26:29–31; Mozya 18:24–26; ak Elaman 12:25–26. Kijan ekriti sa yo ka ede w demanti mansonj y ap anseye yo jodia?
Yon lòt fason pou apwoche etid Alma 1 an se konpare Neyò ak disip li yo (vèsè 3–9, 16–20) avèk “pèp Bondye a” (vèsè 25–30; gade 2 Nefi 26:29–31) tou. Kijan w ka vin pi plis menmjan ak pèp Bondye a? Èske w remake kèk “entrig” nan sèvis ou?
Vrè disip Jezikri yo pa mete kè yo nan richès.
Chapit 1 ak 4 nan Alma yo dekri peryòd kote Legliz la te pwospere, men manm Legliz yo te reyaji diferaman devan pwosperite sa a nan chak ka. Ki diferans ou remake? Baze sou sa w jwenn yo, kijan w t ap dekri atitid “disip Bondye k te gen imilite yo” (Alma 4:15) devan richès ak pwosperite? Kisa w santi w enspire pou w chanje nan pwòp atitid pa w?
“Pawòl Bondye” a ak yon “temwayaj pi” kapab chanje kè moun.
Kisa k te fè Alma “gen lapenn” (Alma 4:15) nan Alma 4 la? Gen moun ki ka di ke ofis jij anchèf la t ap mete Alma nan pi bon pozisyon pou l te rezoud pwoblèm li te wè nan pami pèp li yo. Men Alma te santi te gen yon pi bon fason pou l te fè sa. Kisa k enpresyone w nan metòd li itilize pou ede pèp li a? Etid ou kapab enspire w kèk panse sou fason w ka egzèse yon bon enfliyans sou moun bò kote ou; si se sa, aplike ide sa yo.
Ide pou etid ekriti familyal ak sware familyal
Pandan w ap li ekriti yo avèk fanmi ou, Lespri a ka ede w konn ki prensip pou w souliyen ak diskite pou ka reponn bezwen manm fanmi w yo. Men kèk ide.
Alma 1:19 -25
Fanmi w ka benefisye nan idantifye diferant fason manm Legliz yo te reponn a pèsekisyon yo nan vèsè sa yo. Petèt li ta bon pou w ta fè pratik sou pi bon fason pou w reyaji lè lòt moun atake kwayans ou. Videyo nan ChurchofJesusChrist.org/religious-freedom/examples yo ka ede.
Alma 3:4.
Ki mesaj Amalisit yo te vle kominike lè yo te “mete yon mak wouj sou fwon yo” a? (gade Alma 3:4, 13). Ki mesaj nou ka voye—entansyonèlman oubyen san nou pa rann nou kont—avèk aparans nou? Sa gen dwa se yon bon moman pou repase “Abiman ak Aparans” nan bwochi Pou fòs jèn yo (2011), 6–8.
Alma 4: 2–3
Ki bagay oswa eksperyans ki konn “fè [nou] sonje devwa [nou]” anvè Bondye? (Alma 4:3). Petèt li ta bon pou w ta pataje vèsè sa yo lè w fin reveye fanmi w le maten. Apresa, nou ta gen dwa diskite kijan pwoblèm pou nou reveye fizikman yo ede nou konprann pwoblèm pou n reveye spirityèlman yo.
Alma 45:10 -11
Kijan nou ka evite vin tounen “yon gwo pyèdachopman pou moun ki fè pati legliz la”? (Alma 4:10). Sa ta bon tou si w ta pale de fason nou ka asire nou ke aksyon lòt moun, patikilyèman manm Legliz parèy nou, pa vin tounen pyèdachopman pou pwogresyon espirityèl nou.
Alma 4:19
Pou ede fanmi w konprann pouvwa yon temwayaj genyen, ou ka mande yo pou yo panse sou yon okazyon kote yo te pwofondeman touche pa temwayaj yon moun. Poukisa Alma te chwazi pou l te itilize temwayaj li ak pawòl Bondye a pou touche kè pèp la? (gade Alma 31:5) tou. Poukisa metòd sa a pi efikas pase lòt metòd moun ta ka itilize pou pèsyade lòt moun pou yo chanje? Èske gen moun ou ta ka fòtifye lafwa yo nan rann yo temwayaj ou?
Pou plis ide pou anseye timoun yo, gade plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primè a.