Vini, Suiv Mwen
11–17 Me. Mozya 18–24: “Nou te rantre nan yon alyans avèk li”


“11–17 Me. Mozya 18–24: ‘Nou antre nan yon alyans avèk li,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Liv Mòmon 2020 (2020)

“11–17 Me. Mozya 18–24,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2020

Imaj
pèp Limi an chape

Minerva K. Teichert (1888-1976), Sove Wa Limi ak pèp li a, 1949-1951, penti aluil sou masonite, 35 7/8 x 48 pous. Mize Atistik Inivèsite Brigham Young, 1969.

11–17 Me.

Mozya 18–24

Nou te rantre nan yon alyans avèk li

Prezidan Thomas S. Monson te anseye: “Pandan n ap li ak medite sou ekriti yo, n ap santi enspirasyon dous Lespri yo nan nanm nou” (“Nou pa janm mache poukont nou,” Ensign oswa Liahona, Nov. 2013, 122).

Ekri enpresyon ou

Istwa Alma ak pèp li a nan Mozya 18; 23–24 la montre kisa sa vle di pou n “antre nan twoupo Bondye a” (Mozya 18:8). Lè yo te batize, yo te fè alyans avèk Bondye pou yo te “ sèvi l e respekte kòmandman l yo” (Mozya 18:10). Pandan ke sete yon angajman grandman pèsonèl, li te gen pou wè avèk fason nou youn trete lòt tou. Men, vwayaj pou retounen al jwenn Pè Selès la se yon vwayaj pèsonèl ak endividyèl, epi, okenn moun pa ka kenbe alyans nou yo pou nou, men sa pa vledi ke nou poukont nou. Nou youn bezwen lòt. Antanke manm Legliz Kris la, nou fè alyans pou n sèvi Bondye nan ede ak sèvi youn lòt sou chemen an, “pandan youn ap pote fado lòt” (Mozya 18:8–10). Pèp Alma a te definitivman gen fado pou yo te pote, menmjan ak nou tout. Epi, yon fason Senyè a ede nou “pote fado [nou] yo alèz” (Mozya 24:15) se banou yon kominote Sen ki pwomèt pou yo kriye avèk nou ak konsole nou, menmjan nou pwomèt pou n fè pou yo tou.

Imaj
senbòl etid pèsonèl

Ide pou etid ekriti pèsonèl

Mozya 18:1–17

Batèm enkli yon alyans pou n sèvi Bondye epi pou n kanpe kòm temwen li.

Mozya 18:8–10 gen ansèyman Alma bay sou alyans batèm nan, oubyen pwomès nou fè Bondye nan batèm. Pandan w ap li vèsè sa yo, medite sou kesyon sa yo:

  • Kisa w aprann nan vèsè sa yo sou pwomès ou fè nan batèm yo? Kisa Bondye pwomèt ou?

  • Kijan alyans pou sèvi Bondye a (gade vèsè 10gen rapò avèk efò nou pou youn pran swen lòt la? (gade vèsè 8–9).

  • Kisa w fè pou kenbe pwomès ou yo?

  • Ki fason kenbe alyans batèm ou ede w pou w “ranpli avèk Lespri”? (Mozya 18:14). Kijan Lespri a ede w kenbe alyans ou?

Imaj
batèm nan oseyan

Lè m fè alyans avèk Bondye, mwen resevwa benediksyon li.

Resi sa a revele bon fason pou batize a tou. Kisa w aprann nan vèsè 14–17 yo sou fason batèm dwe akonpli? Ki lòt bagay ou aprann nan Matye 3:16; Women 6:3–5; 3 Nefi 11:21–28; ak Doktrin ak Alyans 20:72–74?

Gade Doktrin ak Alyans 20:37, 77, 79 tou.

Mozya 18:17–30

Pèp Bondye a dwe ini.

Jan Alma ak pèp li a te dekouvri, suiv Jezikri pafwa vledi kite yon mòd devi familye pou yon bagay ki nouvo ak diferan. Men pèp Alma a te jwenn fòs youn nan lòt kòm manm “legliz Kris la” (Mozya 18:17). Kijan ansèyman nan Mozya 18:17–30 yo enspire w pou w vin yon pi bon manm Legliz la? Kisa w ka fè pou ede manm pawas oswa branch nou “makonnen ansanm nan inite ak lanmou”?? (M(ozya 18:21).

Gade Henry B. tou Eyring, “Nos coeurs enlacés dans l‘unité,” Ensign oswa Liahona, Nov. 2008, 68–71.

Mozya 19–20

Pawòl pwofèt yo te akonpli.

Abinadi te fè kèk pwofesi byen spesifik sou sa k ta pral rive Wa Nowe ak pèp li a si yo te refize repanti. Men, pou kèk moun, pwofesi sa yo te parèt enkwayab (gade Mozya 12:1–8, 14–15), espesyalman depi Nefit yo te defann tèt yo kont Lamanit yo pandan prèske 50 tan an (gade Mozya 9:16–18; 11:19). Men, tout pawòl pwofèt yo te akonpli—nan epòk nou an osibyen ke nan epòk Abinadi a.

Kisa w jwenn nan Mozya 19–20 ki t ap fè Gideyon deklare ke pwomès Abinadi yo te akonpli? (gade Mozya 20:21). Kijan resi sa a fòtifye lafwa w nan avètisman ak konsèy pwofèt Bondye yo ak angajman w pou w suiv pawòl yo? Nan ki okazyon w konn wè pawòl yon pwofèt akonpli nan epòk nou an?

Mozya 21-24

Bondye ka fè fado m yo vin lejè.

Pèp Limi an ak pèp Alma a te tonbe nan esklavaj, malgre se pou dè rezon diferan ak nan sikonstans diferan. Kisa w ka aprann nan konpare istwa pèp Limi a nan Mozya 19–22 ak pèp Alma a nan Mozya 18; 23–24? Ou gen dwa note kijan chak nan gwoup sa yo reyaji devan kaptivite oubyen kijan yo chak te finalman delivre. Pandan w ap fè sa, chèche mesaj ki aplike ak lavi ou. Paregzanp, kisa w aprann nan istwa sa yo k ap ede w pote fado ou?

Mozya 23:21–24; 24:8–17

M ka mete konfyans nan Senyè a.

Menmsi yo te repanti pou peche yo, Alma ak pèp li a te toujou twouve yo nan esklavaj. Eksperyans yo montre ke mete konfyans nan Senyè a ak viv alyans nou yo pa toujou anpeche pwoblèm, men yo ede nou simonte yo. Pandan w ap li Mozya 23:21–24 ak 24:8–17 la, note pawòl ak fraz ki ka ede w aprann mete konfyans nan Bondye, kèlkeswa sikonstans ou.

Gade Thomas S. Monson, “M pa p janm bliye w, m p ap janm abandone w,” Ensign oswa Liahona, Nov. 2013, 85–87.

Imaj
senbòl etid familyal

Ide pou etid ekriti familyal ak sware familyal

Pandan w ap li ekriti yo avèk fanmi ou, Lespri a ka ede w konn ki prensip pou w souliyen ak diskite pou ka reponn bezwen manm fanmi w yo. Men kèk ide.

Mozya 18:1–4

Gen yon pwovèb ki di ou ka konte grenn ki nan yon pòm, men, ou pa ka konte konbyen pòm ki soti nan yon sèl grenn. Se yon moun sèlman ki te pote atansyon a temwayaj Abinadi a, men moun sa a—Alma—te enfliyanse dè jenerasyon Nefit. Petèt ou ta ka itilize yon fwi avèk grenn pou demontre prensip sa a. Kijan mesaj sa a aplike pou fanmi ou? Kisa nou ka fè pou pataje temwayaj nou avèk lòt moun?

Mozya 18:8–10

Kisa nou ka aprann sou alyans batèm nou nan vèsè sa yo? (gade D&A 20:73, 77–79) tou. Kisa n ap fè pou prepare nou pou nou fè alyans batèm oubyen pou n kenbe li?

Mozya 18:30

Ki kote ki gen yon siyifikasyon espesyal pou nou akoz eksperyans espirityèl nou te fè ladan?

Mozya 21:11–16; 24:10–15

Kisa nou aprann lè nou konpare kaptivite pèp Alma a avèk pa pèp Limi an?

Mozya 21:15; 24:11–15

Kisa vèsè sa yo anseye nou sou kèk nan fason Senyè a reponn priyè nou?

Pou plis ide pou anseye timoun yo, gade plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primè a.

Amelyore etid pèsonèl ou

Chèche yon lè ki konvnab pou ou. Li souvan pi fasil pou w aprann lè w ka etidye ekriti yo san moun pa entèwonp ou. Chèche yon lè ki konvnab pou ou, epi fè tout sa w kapab pou w etidye regilyèman a lè sa a chak jou.

Imaj
moun k ap batize

Dlo Mòmon yo, tablo Jorge Cocco

Enprime