Vini, Suiv Mwen
11–17 Me. Mozya 18–24: “Nou te rantre nan yon alyans avèk li”


“11–17 Me. Mozya 18–24: ‘Nou te antre nan yon alyans avèk li,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Liv Mòmon 2020 (2020)

“11–17 Me. Mozya 18–24,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2020

Imaj
pèp Limi an chape

Minerva K. Teichert (1888-1976), Lafuit Wa Limi ak pèp li a, 1949-1951, penti aluil sou masonite, 35 7/8 x 48 pous. Mize Atistik Inivèsite Brigham Young, 1969.

11–17 Me.

Mozya 18–24

Nou te antre nan yon alyans avèk li

Pandan w ap li Mozya 18–24, panse a timoun w ap anseye yo. Sentespri a ka ede w idantifye verite ki ap anrapò avèk yo.

Ekri enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Montre foto yon moun k ap batize, epi envite timoun yo pou yo di yon bagay yo konnen sou batèm. Yo gen dwa pataje yon bagay yo te aprann pandan yo t ap li Mozya 18–24 la avèk fanmi yo, pandan yo t ap asiste yon batèm, oubyen nan yon lòt kontèks.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye doktrin nan: timoun ki pi piti yo

Mozya 18:7–16

Lè m batize, mwen fè yon alyans avèk Bondye.

Youn nan fason ki pi enpòtan pou ede timoun yo prepare yo pou batèm se anseye yo sou alyans yo pral fè lè yo batize a.

Aktivite posib

  • Repase istwa Alma ak pèp li a nan Dlo Mòmon yo pandan w ap itilize Mozya 18:7–16 oswa “Chapit 15: Alma k ap anseye ak batize” a (Istwa Liv Mòmon yo, 43–44, oubyen videyo korespondan an nan ChurchofJesusChrist.org). Montre foto ki nan plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo a, epi mande timoun yo pou yo di w yon bagay yo konnen osijè istwa a.

  • Pandan w ap itilize Mozya 18:8–10 la kòm ide, nan pwòp mo pa ou, anseye timoun yo kèk nan bagay yo pral pwomèt pou yo fè lè yo batize. Paregzanp, yo pral pwomèt pou yo suiv Pè Selès la ak Jezi nan rekonfòte moun ki tris. Pataje yon istwa sou fason oumenm oubyen yon moun ou konnen konn kenbe pwomès sa yo. (Gade tou D&A 20:77, 79; Carole M. Stephens, “Nou gen gwo rezon pou nou rejwi,” Ensign oswa Liahona, Nov. 2013, 115–17.)

  • Eksplike yo ke lè nou batize, Pè Selès la fè nou pwomès tou. Li pwomès sa yo pou yo, jan yo dekri nan Mozya 18:9–10 la.

Mozya 18:17–28

Lè m batize, mwen vin manm Legliz Jezikri a.

Ede yo konprann kisa sa vledi pou n vin manm Legliz la atravè batèm ak konfimasyon.

Aktivite posib

  • Envite yon moun ki fèk sot batize pou l pataje eksperyans li. Li Mozya 18:17, epi eksplike ke lè nou batize, nou vin manm Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo epi nou pwomèt pou nou suiv Jezikri.

  • Montre timoun yo foto ki reprezante sa yo dekri nan Mozya 18:17–28 yo. Paregzanp, foto Òdinasyon nan Prètriz la (Liv Ilistrasyon Levanjil la, no. 106) gen dwa reprezante vèsè 18 la, epi foto Peman ladim nan (Liv Ilistrasyon Levanjil la, no. 113) ka reprezante vèsè 27–28 yo. Fè timoun yo dekri sa yo wè nan foto yo, epi itilize foto yo ak vèsè yo pou ede yo wè kisa savledi pou yon moun se yon manm Legliz la.

Imaj
batèm nan lanmè

Nou fè yon alyans avèk Bondye lè nou batize.

Mozya 24:8–17

Bondye ka fè fado m yo vin lejè.

Kilè Bondye te fè fado w vin lejè? Panse sou fason w ka pataje eksperyans ou ak temwayaj nou avèk timoun yo.

Aktivite posib

  • Ede yo panse a jès senp yo ka fè pandan w ap rakonte yo sa k te rive pèp Alma a nan Mozya 24:8–17. Fè yo remake ke, paske Alma te chwazi pou l te suiv ansèyman Abinadi sou Jezi yo, limenm ak pèp li a te sibi move tretman, men yo pa t janm sispann kwè nan Jezi.

  • Li Mozya 24:14–15 pou yo. Ranpli yon valiz avèk bagay ki lou (pou reprezante fado), epi envite yon timoun pou l kenbe valiz la. Eksplike ke lè nou tris, nou malad, oubyen nou gen lòt pwoblèm, nou ka santi n tankou n ap pote yon bagay lou. Envite yo pou yo chak pran tan pou ede timoun nan pote valiz la pou l ka vin lejè. Di yo ke Pè Selès ka fè fado nou yo vin lejè lè nou chèche èd li atravè priyè, sèvi lòt moun, elatriye.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye doktrin nan: timoun ki pi gran yo

Mozya 18:7–16

Lè m batize, mwen fè yon alyans avèk Bondye.

Kijan w ka ede timoun w ap anseye yo konprann alyans nou fè nan batèm nan?

Aktivite posib

  • Bay chak timoun yon moso papye. Li Mozya 18:8–10, epi envite timoun yo pou yo ekri oubyen desine sou yon bò papye a pwomès nou fè nan batèm yo, epi, sou lòtbò a, mete benediksyon Pè Selès la pwomèt nou yo. Fè yo pataje sa yo jwenn avèk klas la. Pandan y ap pataje a, poze kesyon tankou sa yo: Kijan nou ka “kriye avèk moun k ap kriye“? Kisa savle di pou n yon temwen Bondye “tout kote“? (v>sè9 ). Kisa nou ka fè pou kenbe alyans nou yo?

  • Envite plizyè timoun ki deja batize pou yo di kisa yo sonje sou eksperyans yo a. Kisa k te fè jou sa a spesyal? Kijan yo te santi yo? Eksplike yo ke chak Dimanch, yo renouvle alyans batèm yo lè yo pran sentsèn. Ede yo konpare alyans batèm yo dekri nan Mozya 18:8–10yo avèk priyè sentsèn yo (gade D&A 20:77, 79). Kijan nou ka fè sentsèn nan vin yon moman espesayl plen reverans, menmjan batèm nou te ye a?

  • Mande yon moun ki fèk konvèti pou l di kijan l te fè jwenn Legliz la ak kijan l te santi l lè l te batize. Kite timoun yo poze kesyon, tankou kisa k te ede moun sa a anvi fè pwomès ki nan Mozya 18:7–16 yo.

Mozya 18:17–28

Mwen se manm Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo.

Kijan w ka ankouraje yo pou yo rekonesan pou benediksyon ki genyen dèske yo se manm Legliz la?

Aktivite posib

  • Envite yo pou yo li Mozya 18:17–28, pou yo chèche ansèyman Legliz Kris la nan epòk Alma a ki menm avèk sa nou genyen nan epòk pa nou yo. Ekri repons yo sou kèk blòk oswa vè plastik, epi fè yo itilize yo pou yo bati yon konstriksyon ki reprezante Legliz Jezikri a.

  • Chante oubyen li pawòl nan kantik “L‘église de Jésud-Christ” a nan (Chants pour les enfants, 77), epi envite yo pou yo koute kisa nou pwomèt pou nou fè antanke manm Legliz la. Ede yo panse a fason yo ka kenbe pwomès sa yo.

Mozya 21:1–5, 13–16; 22:1–11; 24:8–22

Bondye ka rann fado m pi lejè.

Istwa pèp Alma a ka montre timoun yo ke pafwa èd nou resevwa nan men Bondye se fòs pou nou sipòte eprèv nou yo olye ke l retire yo. Kijan w ka ede yo aprann youn nan men lòt?

Aktivite posib

  • Ede yo idantifye evenman prensipal yo nan istwa pèp Limi an ki nan Mozya 21:1–5, 13–16; ak 22:1–11 a ak pèp Alma a nan Mozya 24:8–22. Apresa, mande chak timoun pou desine youn nan evenman sa yo. Envite yo pou yo mete desen yo nan lòt kòrèk pou yo ka rakonte istwa a. Pandan y ap fè sa, souliyen pou yo ke Bondye te ede pèp la pote fado yo.

  • Envite yo pou yo li Mozya 21:14–15 ak 24:13–14. Kijan Senyè a te reponn priyè pèp Limi an ak pèp Alma a? Mande timoun yo pou yo pale de moman kote yo te priye pou yo te jwenn èd pandan yon eprèv epi Pè Selès la te ede yo, oubyen rakonte yo pwòp eksperyans pa w.

Imaj
Senbòl ansèyman

Ankouraje aprantisaj lakay

Envite yo pou yo eksplike yon moun kisa yo pral pwomèt oubyen yo te pwomèt pou yo fè kòm yon pati nan alyans batèm yo a.

Amelyore ansèyman nou

Pote atansyon a timoun yo. Si yo pa sanble yo enterese, petèt se moman pou w eseye yon lòt aktivite oubyen pou w fè yon ti pwomnad an silans avèk yo. Yon lòtbò, si yo atantif epi y ap aprann, pa santi w oblije kouri avèk leson an jis pou w ka kouvri tout sa k ladan.

Enprime