Vini, Suiv Mwen
18–24 Me. Mozya 25–28: “Yo te rele yo pèp Bondye”


“18–24 Me. 25–28: ‘Mozya 25–28: “Yo te rele yo pèp Bondye,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Liv Mòmon 2020 (2020)

“Me 18–24. Mozya 25–28,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2020

Imaj
yon zanj parèt devan Alma ak pitit gason Mozya yo

Konvèsyon Alma, pitit la, tablo Gary L. Kapp

Me 18–24

Mozya 25–28

“Yo te rele yo pèp Bondye”

Pè Selès la konnen timoun ki nan klas ou yo bezwen aprann epi l konn ki fason pou atenn yo. Chèche gidans li pandan w ap li Mozya 25–28 la epi repase plan leson sa a.

Ekri enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Montre foto ki nan plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo a, epi envite timoun yo pou yo dekri sa k ap pase nan foto a. Si yo abitye avèk istwa Alma, pitit la, ak pitit gason Mozya yo, fè yo di sa yo konnen.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye doktrin nan: timoun ki pi piti yo

Mozya 26: 30–31

Senyè a vle m padone.

Senyè a te anseye Alma ke l padone moun ki repanti yo liberalman. Nou dwe suiv egzanp li pou nou padone moun ki peche kont nou.

Aktivite posib

  • Li fraz sa a ki nan Mozya 26:31 an pou timoun yo: “Se pou nou youn padone lòt tou.” Fè yo fè pratik pou yo repete “m padone ou” plizyè fwa, epi gade si yo konprann kisa padone vledi. Pataje yon eksperyans nan lavi w kote w te padone yon moun oubyen yon moun te padone w.

  • Ede yo jwe wòl pou youn padone lòt. Mande youn ladan yo pou l pretann ke l fè yon bagay ki blese oubyen ofanse yon lòt timoun. Kisa lòt timoun nan ka di oubyen fè pou montre ke l padone.

  • Envite timoun yo pou yo desine yon vizaj tris sou yon bò ak yon vizaj souriyan sou lòt bò a. Mande yo pou yo kenbe vizaj tris la pandan y ap rakonte yon eksperyans kote yon frè oswa yon sè oswa yon zanmi te fè yo fache. Fè yo kenbe vizaj souriyan an pandan y ap rakonte kijan yo te padone oubyen yo pral padone moun sa a.

Mozya 27:8–37

Levanjil la ede moun chanje pou yo vin plis tankou Jezi.

Konvèsyon Alma, pitit la, ak pitit gason Mozya yo demontre ke, gras ak Jezikri ak levanjil li a, tout moun ka chanje pou yo vin plis menmjan ak Jezi.

Aktivite posib

  • Brèfman rakonte konvèsyon Alma, pitit la, ak pitit gason Mozya yo, jan yo dekri nan Mozya 27:8–37 la. Si w bezwen èd, gade nan “Chapit 18: Alma, pitit la, repanti” a nan (Istwa Liv Mòmon yo, 49–52, oswa videyo korespondan an nan ChurchofJesusChrist.org). Apresa, rakonte yo istwa a ankò, pandan w ap mande yo pou yo pataje detay yo sonje. Fè yo mime istwa a, epi ede yo wè diferans ant sa Alma ak pitit gason Mozya yo te ye anvan yo te repanti ak aprè yo fin repanti.

  • Ede yo itilize paj aktivite semèn sa a pou rakonte istwa Alma ak pitit gason Mozya yo. Li Mozya 27:24, epi ede yo konprann ke Alma ak pitit gason Mozya yo te chanje paske yo te repanti pou peche yo epi yo te aksepte levanjil Jezikri a.

    Imaj
    Yo te pote Alma, pitit la, al lakay papa l.

    Papa l te kontan, pa Walter Rane

Mozya 28: 1–8

M ka pataje levanjil la.

Apre konvèsyon yo a, pitit gason Mozya yo te prese pou yo te pataje levanjil la avèk tout moun, enkli enmi yo, Lamanit yo.

Aktivite posib

  • Itilize Mozya 28:1–8 pou di timoun yo kijan pitit gason Mozya yo te deside al preche Lamanit yo levanjil la. Si w bezwen èd, gade nan “Chapit 19: Pitit gason Mozya yo vin misyonè” a nan (Istwa Liv Mòmon yo, 53, oswa videyo korespondan an nan ChurchofJesusChrist.org). Poukisa yo te vle pataje levanjil la? (gade vèsè 3).

  • Ede chak timoun panse ak yon moun ki bezwen konn plis sou levanjil la. Ede yo planifye kisa yo pral fè pou moun yo panse a.

  • Chante yon kantik sou pataje levanjil la ansanm avèk yo, tankou “Je voudrais déjà partir en mission” (Chants pour les enfants, 90). Fè yo remake fraz nan kantik la ki sigjere kijan nou ka pataje levanjil la avèk lòt moun.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye doktrin nan: timoun ki pi gran yo

Mozya 26:22–23, 29–30; 27:8–37

Bondye padone moun ki repanti yo liberalman.

Si yon moun nan klas la ta mande si l ka vrèman jwenn padon, pawòl Bondye te di Alma, papa a, ak eksperyans Alma, pitit la, ka ede l.

Aktivite posib

  • Mande timoun yo pou yo pretann y ap pale avèk yon moun ki panse ke Bondye p ap janm padone li. Envite yo pou yo repase pawòl Bondye te di Alma, papa a, nan Mozya 26:22–23, 29–30 yo. Kisa yo jwenn ki ta ka ede moun sa a?

  • Anvan klas la, mande youn nan timoun yo pou li istwa konvèsyon Alma, pitit la, ki nan Mozya 27:8–37 la, epi vini prepare pou l rakonte klas la istwa a kòmsi l sete Alma, pitit la. (Si nesesè, sigjere l pou l mande paran l èd. Pandan timoun nan ap rakonte istwa a, poze kesyon tankou “Kisa w te santi pandan … ?” oswa “Kisa k te pase nan apre?”

  • Envite yo pou yo fè yon lis pawòl ki nan Mozya 27:8–10 ki dekri kisa konpòtman Alma ak pitit gason Mozya yo anvan konvèsyon yo. Apresa, fè yon lòt lis apati pawòl ki nan Mozya 27:32–37 yo ki dekri konpòtman yo nan apre. Selon vèsè 24–29 yo, kisa k te lakoz gwo chanjman sa a nan Alma?

Mozya 26:29–31

Pou m jwenn padon, m dwe padone.

Ede timoun yo wè koneksyon ant padon yo akòde lòt moun ak padon yo espere resevwa.

Aktivite posib

  • Envite yo pou yo li Mozya 26:29–31 epi konte konbyen fwa mo “padone” a parèt. Kisa vèsè sa yo anseye nou sou padone lòt moun? Ki fason padon ede ni moun ki mal aji a ni moun ki padone a?

  • Mande yon timoun pou l desine yon pon sou tablo a, epi li deklarasyon sa a Prezidan Thomas S. Monson te fè: “Yon moun ki pa padone lòt moun, li kraze pon ki pou pèmèt limenm li pase pou l al nan syèl la, paske tout moun bezwen padon” (George Herbert, site nan “Hidden Wedges,” Ensign, Me 2002, 19). Efase yon pati nan pon an, epi mande yo pou yo ede w rebati li, moso pa moso, pandan y ap di ki fason yo ka padone lòt moun. Envite yo pou yo panse ak yon moun yo bezwen padone.

Mozya 27:8–24

M ka priye ak jene pou Bondye beni moun ki chè pou mwen yo.

Reflechi sou fason w ka ede timoun yo konprann ke jèn ka fòtifye lafwa yo lè y ap priye pou moun ki chè pou yo.

Aktivite posib

  • Li Mozya 27:8–24 ansanm, epi mande timoun yo pou idantifye kisa Alma ak pèp li a te fè pou yo te ede Alma, pitit la. Pataje yon eksperyans kote w te jene ak priye pou yon moun, epi ankouraje yo pou yo pataje pwòp eksperyans pa yo.

  • Envite yo pou yo panse ak yon moun yo konnen ki bezwen èd Bondye nan lavi li. Rann temwayaj ou ke timoun yo ka priye epi jene avèk lafwa pou Bondye ka beni moun sa a. Envite yo pou yo priye pou moun yo panse yo epi, si yo kapab, jene pou yo tou.

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje aprantisaj lakay

Mande yo pou yo chwazi yon bagay yo te aprann nan eksperyans Alma, pitit la, ak pitit gason Mozya yo ke yo ta renmen pataje avèk fanmi yo.

Amelyore ansèyman nou

Soutni paran yo “Paran yo se enstriktè levanjil ki pi enpòtan pou pitit yo—yo gen responsablite prensipal ak pi gwo pouvwa pou enfliyanse pitit yo (gade Detewonòm 6:6–7). Lè w ap anseye timoun yo nan legliz la, chèche nan lapriyè pou w konn ki fason pou soutni paran yo nan wòl esansyèl yo a.” (Anseye nan fason Sovè a, 25).

Enprime