Vini, Suiv Mwen
1–7 Jen. Alma 5–7: “Èske nou te santi gwo chanjman sa a nan kè nou?”


“1–7 Jen. Alma 5–7: ‘Èske w konn santi gwo chanjman kè sa a?’” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Liv Mòmon 2020 (2020)

“1–7 Jen. Alma 5–7,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2020

Imaj
Jezi ki kenbe yon mouton

Yo pa bliye nou, pa Jon McNaughton

1–7 Jen.

Alma 5–7

“Èske w konn santi gwo chanjman kè sa a?”

Alma 5–7 ka ede w reflechi sou konvèsyon kontinyèl nou nan Jezikri. Pandan w ap li a, ekri sa Lespri a anseye ou.

Ekri enpresyon ou

Alma pa t konn anyen sou operasyon transplantasyon kadyak ki egziste jodia pou sove lavi moun nan ranplase yon kè ki malad oubyen andomaje pa yon kè ki ansante. Men, li te konn yon “chanjman kè” ki te pi mirakile (Alma 5:26)—yon chanjman kote Sovè a ba nou yon nouvo lavi spirityèl, kòmsi nou vin “fèt ankò” (gade Alma 5:14, 49). Alma te ka wè ke chanjman kè sa a sete egzakteman sa anpil nan Nefit yo te bezwen. Gen kèk ki te rich, gen lòt ki te pòv, genyen ki te ògeye, gen lòt ki te enb, genyen ki t ap pèsekite moun epi gen lòt ki t ap sibi pèsekisyon (gade Alma 4:6–15). Men yo tout te bezwen vin jwenn Jezi pou yo te ka geri—menmjan avèk nou tout. Keseswa n ap chèche simonte lògèy oubyen pou n sipòte afliksyon, mesaj Alma a se menm nan: “Vini, e pa pè” (Alma 7:15 Kite Sovè a transfòme yon kè andisi, pechè oubyen blese pou fè l vin tounen yon nouvo kè tou nèf, ki pi ak enb.

Imaj
senbòl etid pèsonèl

Ide pou etid ekriti pèsonèl

Alma 5:14–32

Mwen dwe genyen—epi kontinye santi—yon gwo chanjman nan kè m.

Kesyon pou refleksyon sa yo Alma te poze pèp Zarayemla a, ke nou jwenn nan Alma 5:14–33 yo, ka ede nou sonde nanm nou epi konprann kisa sa vledi pou n gen yon “gwo chanjman nan kè nou” pandan tout lavi nou. Prezidan M. Russell Ballard te eksplike valè kesyon sa yo: “M dwe pran tan regilyèman pou m mande tèt mwen: ‘Kijan sa ye?’ Sa se tankou w ap fè yon entèvyou prive ak pèsonèl avèk tèt ou. … Pou gide m pandan entèvyou prive ak pèsonèl sa a, m renmen li ak medite sou pawòl refleksyon ki nan senkyèm chapit Alma yo” (“Retounen epi resevwa,” Ensign oswa Liahona, Me 2017, 64).

Panse pou w li kesyon Alma yo kòmsi ou t ap entèvyouve tèt ou ak egzamine kè w. Ou gen dwa ekri repons ou jwenn pou kesyon sa yo. Kisa w santi w enspire pou w fè kòm rezilta entèvyou w la?

Gade tou Dale G. Renlund, “Konsève kè sa a ki gen yon gwo chanjman an,” Ensign oswa Liahona, Nov. 2009, 97–99.

Imaj
yon tifi k ap priye bò kot yon kabann

Chak disip Kris la dwe fè eksperyans yon “chanjman kè.”

Alma 5:33 -62

M ka akeri pwòp temwayaj pa m sou Sovè a ak levanjil li a atravè Sentespri a.

Alma te rann yon temwayaj puisan sou Sovè a ak levanjil li a, epi li te eksplike kijan l te jwenn temwayaj sa a tou. Pandan l t ap temwaye a, li pa t mansyone eksperyans li te viv kote l te wè ak tande yon zanj lan (gade Mozya 27:10–17) men, li te dekri pri l te peye pou l te ka konn verite sa a pou tèt pa l la. Kisa w aprann nan Alma 5:44–51 sou fason Alma te vin konn verite a? Kijan w ka suiv egzanp li nan efò w pou w jwenn oubyen fòtifye temwayaj pa w? Kisa w aprann sou Sovè a nan ansèyman Alma yo ki nan Alma 5:33–35, 48–50, ak 57–60 yo?

Alma 7

Obeyi avèk dilijans ap ede m rete sou “wout ki mennen nan wayòm Bondye a.”

Pèp Gideyon an pa t ap konfwonte menm pwoblèm avèk pèp Zarayemla a, konsa, Lespri a te ede Alma pèsevwa bezwen yo ak anseye yo diferaman (gade Alma 7:17, 26). Ou ka remake kèk diferans ant mesaj Alma bay nan Zarayemla yo (gade Alma 5) ak sa l bay nan Gideyon yo. Paregzanp, li te remake ke pèp Gideyon an te “nan chemen ki mennen nan wayòm Bondye a” (Alma 7:19). Pandan tout diskou l te fè yo a, Alma te anseye yo anpil bagay konsènan fason pou yo te rete sou chemen sa a (gade Alma 7). Ki konsèy li te ba yo? Kisa w ka aplike nan lavi w kounyeya?

Alma 7: 7–16

Sovè a te pran peche mwen, doulè m , ak afliksyon m yo sou tèt li.

Èske w janm konn gen enpresyon ke pèsonn pa konprann pwoblèm ak difikilte ou? Si wi, verite yo anseye nan Alma 7:7–16 yo kapab ede w. Èldè David A. Bednar te temwaye: “Pitit Gason Bondye a pafètman konnen e konprann, paske, li te santi ak pote fado chak grenn moun. Epi, gras ak sakrifis enfini ak etènèl li a (gade Alma 34:14), li gen yon konpasyon pafè epi l ka lonje bra mizèrikòd li ba nou” (“Sipòte fado yo alèz,” Ensign oswa Liahona, Me 2014, 90).

Pandan w ap li Alma 7:7–16, reflechi sou sa vèsè sa yo ede nou konprann sou bi sakrifis Sovè a. Kijan nou ka envite pouvwa li nan lavi nou? Sonje pou ekri refleksyon w yo.

Gade Ezayi 53:3–5 tou.

Imaj
senbòl etid familyal

Ide pou etid ekriti familyal ak sware familyal

Pandan w ap li ekriti yo avèk fanmi ou, Lespri a ka ede w konn ki prensip pou w souliyen ak diskite pou ka reponn bezwen manm fanmi w yo. Men kèk ide.

Alma 5: 6–13

Poukisa Alma te vle pèp li a sonje mizèrikòd Senyè a anvè zansèt li yo? Ki istwa nan istwa familyal ou ki anseye w sou mizèrikòd li? Petèt ou ka al nan familysearch.org/myfamily pou w ekri istwa sa yo.

Alma 5:14-33

Manm fanmi w ka petèt konn kijan yon moun santi l lè l prepare—oubyen pa prepare—pou yon sejou ‘camping‘, pou yon egzamen nan lekòl, oubyen yon entèvyou travay. Ki eksperyans resan yo ta ka pataje pou ilistre enpòtans pou nou prepare? Ou gen dwa envite yo pou yo li Alma 5:14–33 epi chèche kesyon Alma te poze yo pou l te prepare pèp li a pou yo te rankontre Bondye. Petèt chak manm nan fanmi a ta ka chwazi yon kesyon epi di kijan kesyon sa a ka ede nou prepare n pou n rankontre Bondye. Fanmi w gen dwa afiche plizyè nan kesyon Alma yo nan tout kay la pou chak moun ka reflechi sou yo.

Alma 6: 4–6

Pou ki rezon nou reyini antanke Sen? Kijan nou ka rann tan nou pase nan legliz la pi itil pou noumenm ak lòt moun?

Alma 7: 9–16

Kisa nou aprann nan vèsè sa yo ki ka ede nou “pa pè” (Alma 7:15) lè nou bezwen repanti ak chanje? Kisa vèsè sa yo anseye nou sou nesesite pou nou tounen vè Sovè a lè nou bezwen èd? Ki lòt bagay nou fè pou n resevwa èd li? Kijan l pote nou sekou?

Alma 7:23

Kiyès nou konnen ki se yon bon egzanp sou youn oubyen plizyè nan kalite yo ki nan vèsè sa a? Poukisa li enpòtan pou n devlope kalite sa yo?

Pou plis ide pou anseye timoun yo, gade plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primè a.

Amelyore ansèyman nou

Poze kesyon ki envite manm klas yo pou yo aji. Panse a kesyon ki ka pouse manm fanmi w reflechi sou fason yo ka viv levanjil la pi totalman. “Kesyon sa yo pa abityèlman kesyon pou diskisyon; men yo se kesyon pou refleksyon pèsonèl” (Anseye nan fason Sovè a, 31).

Imaj
Jezi abiye avèk yon rad wouj

Avoka nou, tablo Jay Bryant Ward