Vini, Suiv Mwen
22–28 Jen. Alma 17–22: “M ap fè w vin yon enstriman”


“22–28 Jen. Alma 17–22: ‘M ap fè w vin yon enstriman,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Liv Mòmon 2020 (2020)

“22–28 Jen. Alma 17–22,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Liv Mòmon 2020

Imaj
Amon k ap pale avèk Wa Lamoni

Amon ak Wa Lamoni, pa Scott M. Snow

22–28 Jen

Alma 17–22

“M ap fè w vin yon enstriman”

Pandan w ap li Alma 17–22 a, ekri enpresyon ki vin nan lespri ou epi suiv yo. Lè w fè sa, ou montre Senyè a ke w pare pou w resevwa plis revelasyon pèsonèl.

Ekri enpresyon ou

Panse a tout rezon moun ta ka bay pou yo pa pataje levanjil la: “M pa konn ase” oubyen “M pa konn si y ap enterese” oubyen petèt “E si m ofanse yo?” Petèt ou konn twouve w ap panse menm kalite bagay sa yo pafwa. Nefit yo te gen yon lòt rezon pou yo pa t pataje levanjil la avèk Lamanit yo: sete “yon pèp sovaj, ki te gen kè di, epi ki te fewòs; ki te pran plèzi pou l touye Nefit yo” (Alma 17:14; gade Alma 26:23–25) tou. Men, pitit gason Mozya yo te gen yon pi gwo rezon toujou k te fè yo te santi ke yo te gen yon devwa pou yo te pataje levanjil la avèk Lamanit yo: “Yo te vle deklare sali pou tout kreyati, paske yo pa t kapab sipòte pou nanm okenn moun ta peri” (Mozya 28:3). Lanmou sa a te enspire Amon ak frè l yo ka enspire w tou pou w pataje levanjil la avèk fanmi w, zanmi, ak relasyon ou—menm sa ki gen dwa pa sanble yo pare pou aksepte l yo.

Imaj
senbòl etid pèsonèl

Ide pou etid ekriti pèsonèl

Alma 17: 1–4

Si m fòtifye pwòp lafwa m, mwen ka pataje levanjil la pi efikasman.

Èske w janm rejwenn kèk ansyen zanmi w epi w santi w fason Alma te santi l la—kontan wè ke yo te rete solid nan lafwa a? (gade Alma 17:1-2). Kisa w aprann nan men pitit gason Mozya yo sou fason pou w kenbe lafwa nan levanjil la ak nan angajman w nan li byen solid? Lè w reflechi sou fòs spirityèl pitit gason Mozya yo, kisa w santi w enspire pou w fè?

Ki efè preparasyon spirityèl pitit gason Mozya yo te genyen sou travay yo avèk Lamanit yo? Petèt ou ka itilize opòtinite sa a pou evalye pwòp efò pa w pou preche levanjil la “avèk pouvwa ak otorite Bondye” (Alma 17:3).

Alma 17: 6–12

M ka yon enstriman nan men Bondye pou pote sali bay pitit li yo.

Prezidan Thomas S. Monson te di: “M toujou vle pou Senyè a konnen ke si l bezwen yon moun fè yon travay pou li, Tom Monson apral fè l pou li” (“En mission pour le Seigneur: la vie de Thomas S. Monson,” video, ChurchofJesusChrist.org). Pandan w ap li Alma 17:6–12 la, chèche sa pitit gason Mozya yo te fè pou yo te ka vin enstriman nan men Bondye. Kijan w ka yon enstriman nan men Bondye pou beni lòt moun? Kisa w aprann nan egzanp yo ki ba w kouraj pou w fè sa Senyè a bezwen w fè?

Gade tou Dallin H. Oaks, “Pataje levanjil retabli a,”,” Ensign oswa Liahona, Nov. 2016, 57–60.

Alma 17–18

M ka ede lòt moun prepare yo pou yo resevwa levanjil la.

Lamoni sete chèf “yon pèp sovaj, ki te gen kè di, epi ki te fewòs” (Alma 17:14), men li te simonte dèzane tradisyon epi l te aksepte levanjil Jezikri a. Pandan w ap li rapò Amon avèk Lamoni an, note kisa Amon te fè ki te petèt ede Lamoni pi pare pou resevwa mesaj li a. Si panse vin nan lespri ou sou sa w ka fè pou pataje levanjil la avèk lòt moun, ekri yo.

Li ta bon tou si w ta make oubyen ekri verite Amon te anseye Lamoni yo (gade Alma 18:24–39ak verite Aawon te anseye papa Lamoni yo (gade Alma 22:1–16 Kisa vèsè sa yo sigjere w sou verite w ka pataje avèk lòt moun pou ede yo chèche gen yon temwayaj konsènan levanjil la?

Imaj
Amon sove twoupo wa a

Minerva K. Teichert (1888–1976), Amon sove twoupo Wa a, 1935–1945, penti aluil sou masonite, 35 x 48 pous. Mize Atistik Inivèsite Brigham Young

Alma 18-22

Temwayaj mwen ka gen yon enfliyans konsiderab.

Byenke istwa konvèsyon nou li nan ekriti yo souvan enplike evenman spektakilè, nan orijin yo, nou jeneralman wè dè moun ki te gen kouraj pou yo te pale epi pataje temwayaj yo avèk lòt moun. Yon fason pou w etidye evenman nan Alma 18–22 yo se chèche efè konsiderab yon grenn moun ki te pataje temwayaj li te genyen. Petèt ou ka ekri sa w jwenn yo nan yon dyagram tankou sa a:

Amon te pataje levanjil la avèk , ki te pataje l avèk , epi rezilte a sete .

Alma 19:36

Bra Senyè a lonje ap tann mwen lè m repanti.

Nan fen istwa sou konvèsyon Lamoni an, Mòmon te anseye yon bagay enpòtan sou pèsonalite Senyè a. Kisa Alma 19:36 sigjere w sou pèsonalite Senyè a? Kilè w konn santi bra Senyè a lonje pou ou? Kijan w ka ede moun ki chè pou ou yo santi mizèrikòd li?

Imaj
senbòl etid familyal

Ide pou etid ekriti familyal ak sware familyal

Pandan w ap li ekriti yo avèk fanmi ou, Lespri a ka ede w konn ki prensip pou w souliyen ak diskite pou ka reponn bezwen manm fanmi w yo. Men kèk ide.

Alma 17–19

Kijan w ka rann istwa nan chapit sa yo pi vivan pou manm fanmi ou? Ou gen dwa jwe sèn sou Amon k ap pwoteje twoupo a oubyen sou istwa Abich k ap rasanble foul moun yo pou yo te ka temwen pouvwa Bondye. Petèt manm fanmi w ta ka fè desen sou kèk pati nan istwa a epi itilize desen yo pou rakonte istwa a. Kisa fanmi w pral fè pou yo suiv egzanp Amon ak Abich yo?

Alma 18:24 -39

Petèt manm fanmi w ta ka li Alma 18:24–39 ansanm epi chèche verite Amon te anseye Lamoni yo. Poukisa w panse Amon te anseye Lamoni verite sa yo toudabò? Poukisa li enpòtan pou nou gen yon temwayaj konsènan verite sa yo?

Alma 20: 8–15

Kisa nou ka aprann nan fason Lamoni te reyaji devan papa l la? Kijan nou ka suiv egzanp Lamoni nan kanpe pou defann sa ki jis? (Pou kèk egzanp, gade videyo “Dare to Stand Alone” nan nan ChurchofJesusChrist.org.)

Alma 22:15-18

Repase Alma 20:23 pou w ka wè kisa papa Lamoni te dispoze pou l te abandone pou l te ka sove lavi li. Apresa, repase Alma 22:15 pou w ka wè kisa l te dispoze pou l te bay pou l te ka resevwa lajwa levanjil la. A kisa l te dispoze pou l te renonse pou l te ka konn Bondye? (Gade vèsè 18 Petèt chak moun nan fanmi w ta ka prepare yon plan pou yo abandone yon bagay pou yo ka konnen Bondye pi totalman.

Pou plis ide pou anseye timoun yo, gade plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primè a.

Amelyore etid pèsonèl nou

Idantifye prensip yo epi aplike yo. Byenke detay nan istwa ekriti yo pa sanble yo aplike pou ou, prensip ki nan istwa sa yo ka aplike pou ou. Pandan w ap li osijè Amon ak Aawon an, ki prensip ou jwenn sou pataje levanjil la?

Imaj
Madanm Wa Lamoni endispoze

Madanm Wa Lamoni leve kanpe, ap louwe Jezi. O, Jezi beni, tablo Walter Rane

Enprime