Vini, Suiv Mwen
15–21 Jen. Alma 13–16: “Antre nan repo Senyè a”


“15–21 Jen. Alma 13–16: ‘Antre nan repo Senyè a,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Liv Mòmon 2020 (2020)

“15–21 Jen. Alma 13–16,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2020

Imaj
Alma ak Amilèk k ap mache soti nan prizon an

Ilistrasyon Alma ak Amilèk ki delivre soti nan prizon, pa Andrew Bosley

15–21 Jen

Alma 13-16

“Antre nan repo Senyè a“

Enspirasyon w resevwa pandan w ap medite sou ekriti yo presye anpil. Ou ka ekri yo epi suiv yo pou montre ke w ba yo valè.

Ekri enpresyon ou

Nan plizyè fason, lavi nan vil Amoniya a te agreyab ni pou Amilèk ni pou Zizwòm. Amilèk sete yon moun ki te gen “bon jan repitasyon,” avèk “anpil fanmi ak zanmi” ak “anpil richès” (Alma 10:4). Zizwòm sete ”youn nan moun ki te pi ekspè” pami avoka yo epi l te gen “anpil biznis” (Alma 10:31). Epi, Alma te rive nan Amoniya avèk yon envitasyon divin pou yo te repanti epi “antre nan repo Senyè a” (Alma 13:16). Pou Amilèk, Zizwòm, ak lòt yo, aksepte envitasyon sa a te mande sakrifis e menm te mennen nan yon advèsite prèske entolerab.

Men, natirèlman, sa pa t fini la. Nan Alma 13–16, nou aprann sa k finalman rive moun ki kwè “nan pouvwa Kris la pou sali” yo (Alma 15:6). Pafwa, gen delivrans, pafwa gen gerizon—epi pafwa bagay yo pa vin pi fasil nan lavi sa a. Men, toujou, “Senyè a resevwa [pèp li] nan laglwa li” (Alma 14:11). Toujou, Senyè a ba nou “pouvwa dapre lafwa [nou] gen nan Kris la” (Alma 14:28). Epi, toujou “lafwa nan Senyè” sa a ba nou “espwa ke [nou] va resevwa lavi etènèl” (Alma 13:29). Pandan w ap li chapit sa yo, ou ka jwenn rekonfò nan pwomès sa yo, epi ou ka vin pi byen konprann kisa Alma te vledi lè l te pale de “repo Senyè a.”

Imaj
senbòl etid pèsonèl

Ide pou etid ekriti pèsonèl

Alma 13: 1–19

Òdonans Prètriz yo ede m resevwa redanmsyon atravè Jezikri.

Ou ka petèt raple w ke nan Alma 12, Alma te anseye plan redanmsyon Bondye a (gade Alma 12:24–27). Nan chapit 13 la, li te pale de prèt Bondye te òdone “pou aprann pèp la bagay sa yo” (Alma 13:1). Pawòl Alma yo revele anpil verite puisan osijè prètriz la. Petèt ou ta ka eseye idantifye omwen youn pa vèsè nan Alma 13:1–9. Men kèk ide pou ede w derape:

Vèsè 1:Prètriz la rele “Prètriz dapre lòd Pitit Gason [Bondye] a” (gade DA 107:1–4) tou.

Vèsè  2:Bondye òdone prèt pou ede pèp li a chèche redanmsyon nan Pitit Gason l lan.

Vèsè  3:Detantè prètriz yo te prepare pou responsablite yo “depi nan fondasyon mond lan.”

Ki lòt bagay ou jwenn? Kijan w santi w apwopo prètriz la pandan w ap medite sou verite sa yo? Kijan òdonans prètriz yo ede w tounen w vè Kris la pou redanmsyon?

Sa enteresan pou n note ke anpil moun pami pèp Amoniya yo sete disip Neyò (gade Alma 14:18; 15:15). Ki diferans ki te genyen ant prèt dapre lòd Neyò yo ak prèt ki te òdone “dapre lòt Pitit Gason Bondye a” (DA 107:3) Alma te dekri yo? (gade Alma 13:1–19).

Gade Dale G. Renlund, “Prètriz la ak Pouvwa Ekspyatwa Sovè a,” Ensign oswa Liahona, Nov. 2017, 64–67.

Imaj
jènjan sou tab sentsèn

Òdonans Prètriz yo ede nou gade vè Jezikri pou redanmsyon.

Alma 13:3.

Èske detantè prètriz yo se sèl moun ki “aple ak prepare depi fondasyon mond lan”?

Ansèyman Alma yo nan Alma 13:3 la fè referans spesifikman a detantè prètriz yo. Sepandan, prensip li anseye yo—ke moun te resevwa tach epi yo te prepare pou ranpli tach sa yo “depi fondasyon mond lan”—aplike pou nou tout. Prezidan Spencer W. Kimball te di: “Nan mond nou te ye anvan nou te vin isit la, fi fidèl yo te resevwa sèten tach pandan ke gason fidèl yo te preòdone pou sèten tach nan prètriz la. Malgre ke nou pa sonje tout detay yo kounyeya, sa pa chanje reyalite gloriye sa nou te aksepte yon fwa a” (Enseignements des présidents de l‘église: Spencer W. Kimball [2006], 215–16; gade DA 138:55–56) tou.

Alma 14

Pafwa Bondye kite jis yo soufri.

Alma 14 pale de moun jis ki te soufri e menm mouri poutèt kwayans yo. Ou gen dwa mande tèt ou, menmjan ak anpil lòt moun, poukisa bagay terib rive moun k ap eseye mennen yon lavi jis. Ou gen dwa pa ka jwenn tout repons pou kesyon difisil sa a nan Alma 14 la, men, gen anpil bagay pou w aprann nan fason Alma ak Amilèk te reyaji devan sitiyasyon yo te rankontre yo. Kisa pawòl yo ak aksyon yo anseye w sou rezon k fè Senyè a pafwa kite moun jis yo soufri? Kisa w aprann nan men yo konsènan afwonte pèsekisyon?

Gade Matye 5:43–44; Mak 14:55–65; Women 8:35–39; 1 Pyè 4:12–14; Doktrin ak Alyans 122:5–9.

Alma 15:16, 18

Pou yon moun disip, sa mande sakrifis.

Li ta ka enteresan pou w fè yon lis sou bagay Amilèk te renonse pou l te ka anbrase levanjil la (gade Alma 10:4–5; 15:16) epi konpare l avèk yon lis bagay li te akeri (gade Alma 15:18; 16:13–15; 34:8). Kisa w dispoze pou w sakrifye pou w ka vin yon disip ki pi fidèl?

Imaj
senbòl etid familyal

Ide pou etid ekriti familyal ak sware familyal

Pandan w ap li ekriti yo avèk fanmi ou, Lespri a ka ede w konn ki prensip pou w souliyen ak diskite pou ka reponn bezwen manm fanmi w yo. Men kèk ide.

Alma 13

Li ta bon pou fanmi w ta note chak fwa mo “repo” a parèt nan Alma 13. Ki lòt mo ak ide ki asosye avèk li? Nan ki fason sa ede nou konprann kisa “repo Senyè a” vle di? Nan ki fason l diferan de repo fizik?

Alma 13:10 -12

Pou ede fanmi w vizyalize sa vèsè sa yo anseye, petèt nou ta ka lave yon bagay ansanm—tankou lave rad blan. Kijan nou santi nou lè nou sal? Kijan nou santi nou lè nou vin pwòp ankò? Ki pwen komen ki genyen ant santiman sa yo ak sa nou santi lè nou peche epi apresa nou repanti epi nou vin pwòp ankò atravè Sakrifis Ekspyatwa Sovè a?

Alma 15: 1–12

Kisa nou aprann nan eksperyans Zizwòm nan sou pouvwa Senyè a pou fòtifye nou ak geri nou, menm lè nou fè erè? Ki wòl prètriz la ka jwe nan pèmèt nou resevwa fòs ak gerizon?

Alma 16: 1–10

Lè w fin li vèsè sa yo, ou gen dwa li Alma 9:4. Kisa nou aprann lè nou konpare fason Zoram te santi l apwopo pawòl pwofèt la avèk fason pèp Amoniya a te santi li? Kisa n ap fè pou n ka rete fidèl a pawòl pwofèt vivan nou an?

Pou plis ide pou anseye timoun yo, gade plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primè a.

Amelyore ansèyman nou

Se pou ou toujou pare. Moman sanzatann pou anseye yo pase vit, konsa, li enpòtan pou w pwofite de yo lè yo prezante. Paregzanp, yon trajedi nan mond lan ka yon okazyon pou w pale de kèk prensip nan Alma 14 yo osijè rezon k fè Senyè a pafwa kite inosan yo soufri. (Gade Anseye nan fason Sovè a, 16.)

Imaj
Alma ak Amilèk nan prizon

Alma ak Amilèk nan prizon, tablo Gary L. Kapp