Vini, Suiv Mwen
15–21 Jen. Alma 13–16: “Antre nan repo Senyè a”


“15–21 Jen. :Alma 13–16: ‘Antre nan repo Senyè a,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Liv Mòmon 2020 (2020)

“15–21 Jen. Alma 13–16,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2020

Imaj
Alma ak Amilèk ap soti nan prizon an

Ilistrasyon Alma ak Amilèk ki delivre soti nan prizon, tablo Andrew Bosley.

15–21 Jen.

Alma 13–16

“Antre nan repo Senyè a”

Se pou yon ti bout tan sèlman w ansanm avèk timoun nan klas ou yo chak semèn. W ap beni lavi yo pwofondeman si w ka enspire yo pou yo kontinye aprann nan Liv Mòmon an lè yo pa nan klas la—espesyalman avèk fanmi yo.

Ekri enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Bayo opòtinite pou yo pataje sa yo te deja konnen sou istwa yo ki nan Alma 13–16 la. Pou ede yo, montre yo foto tankou sa ki nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo oswa “Chapit 22: Misyon Alma nan Amoniya” a nan (Istwa Liv Mòmon yo, 58–63).

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye doktrin nan: timoun ki pi piti yo

Alma 13:1–2, 6,16

Prètriz la ede m vin jwenn Kris la.

Nan lapriyè, panse a sa timoun nan klas ou yo bezwen konprann nan sa Alma te anseye sou prètriz la nan vèsè sa yo.

Aktivite posib

  • Mande yo pou yo repete avèk ou yon senp definisyon sou prètriz la, tankou “prètriz la se pouvwa Bondye.”

  • Louvri ekriti ou nan Alma 13:2, epi di yo ke Bondye aple detantè prètriz “pou pèp la kapab … tann Pitit Gason l lan.” Pou ilistre kijan detantè prètriz yo fè sa, montre yo foto sou fason detantè prètriz yo sèvi (gade Liv Ilistrasyon Levanjil la, nos. 38–41, 103–9), epi apresa, rakonte yo istwa sou fason Jezi te sèvi (gade Matye 26:26–28; Mak 5:22–24, 35–43).

  • Ale nan Alma 13:6, epi eksplike yo ke detantè prètriz yo “anseye pitit lèzòm yo kòmandman [Bondye] yo.” Ede yo panse ak kèk detantè prètriz yo konnen. Kijan yo anseye kòmandman yo? Envite yo pou yo desine foto yon detantè prètriz yo konnen k ap anseye yon moun kòmandman Bondye yo.

Imaj
jènjan sou tab sentsèn nan

Òdonans prètriz yo ede nou tounen vè Jezikri pou redanmsyon nou.

Alma 14:18 -29

Pè Selès la fòtifye m selon lafwa mwen.

Istwa Alma ak Amilèk ki delivre soti nan prizon an kapab enspire timoun yo pou yo tounen vè Senyè a lè yo bezwen èd.

Aktivite posib

  • Montre foto Alma ak Amilèk ki nan paj aktivite semèn sa a pandan w ap rakonte yo istwa a ki nan Alma 14:18–29 la. Ou gen dwa fè referans ak “Chapit 22: Misyon Alma nan Amoniya” a nan (Istwa Liv Mòmon yo, 58–63, oubyen videyo korespondan an nan ChurchofJesusChrist.org). Fè timoun yo pran tan pou yo itilize foto yo pou yo rakonte istwa a. Souliyen ke Alma ak Amilèk te resevwa fòs pou yo te delivre nan prizon an “selon lafwa [yo] ki te nan Kris la” (Alma 14:26).

  • Ede yo imajine kijan Alma ak Amilèk dwe te santi yo pandan yo te nan prizon an, epi envite yo pou yo mime santiman sa yo (gade vèsè 22). Eksplike yo ke Alma te mande Senyè a èd (gade vèsè 26). Temwaye ke Bondye ap fòtifye nou lè nou priye ak lafwa.

  • Itilize paj aktivite semèn sa a pou anseye timoun yo sou kèk nan fason Bondye fòtifye moun ki gen lafwa yo. Pandan y ap kolore paj aktivite a, pale yo de yon lè kote Bondye te ba w fòs.

Alma 16: 1–8

Mwen beni lè m chwazi pou m suiv pwofèt la.

Zoram, kapitèn anchèf lame Nefit la, te konnen Alma sete yon pwofèt epi l te chèche konsèy nan men li. Gras avèk sa, Zoram te reyisi.

Aktivite posib

  • Nan pwòp mo pa ou, rakonte yo istwa a ki nan Alma 16:1–8 la. Souliyen ke, paske Zoram ak lame Nefit yo te suiv pwofèt Alma, Nefit yo te vin gen posiblite pou yo te sekouri zanmi yo ki te prizonye anba men Lamanit yo. Pataje yon eksperyans kote w te beni paske w te suiv pwofèt la.

  • Montre foto Prezidan Legliz la, epi di yo kèk bagay li te anseye nou pou nou fè. Ede timoun yo panse sou fason yo ka suiv Jezi nan fè sa pwofèt li a anseye nou.

  • Montre yo kèk foto pwofèt (gade Liv Ilistrasyon Levanjil la, nos. 6–9, 14, 18, 26–27) pandan w ap chante yon kantik sou pwofèt avèk yo, tankou “Suis les prophètes” (Chants pour les enfants, 58–59). Aksantye sou fraz nan kantik la ki anseye poukisa nou suiv pwofèt la.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye doktrin nan: timoun ki pi gran yo

Alma 13: 1–19

Prètriz la ede m vin jwenn Kris la.

Pandan w ap li Alma 13:1–19 la, kisa w jwenn ki apwofondi reverans ou pou prètriz la? Kisa w santi w enspire pou w pataje avèk timoun w ap anseye yo? Ide sa yo kapab ede.

Aktivite posib

  • Li Alma 13:10 ak 13 avèk timoun yo, pandan w ap chèche karakteristik yon detantè prètriz dwe genyen. Mande yo pou yo panse ak moun yo konnen ki se bon egzanp karakteristik sa yo.

  • Ede yo fè yon lis sou òdonans nou resevwa atravè prètriz la (gade “Òdonans” nan Ankre nan lafwa, 109–10). Mande yon moun pou l li Alma 13:16. Kijan òdonans sa yo ede nou “tounen nou vè [Jezikri] pou n ka jwenn remisyon pou peche [nou]”?

  • Mande yo si yo konn ki kote non Prètriz Mèlkesedèk la soti. Ede yo jwenn repons la nan Alma 13:14–19 ak Doktrin ak Alyans 107:1–4. Kisa nou aprann nan men Mèlkisedèk sou fason nou dwe itilize prètriz la?

Alma 14:18 -29

Pè Selès la fòtifye m selon lafwa mwen.

Alma ak Amilèk te nan prizon pandan plizyè jou anvan Senyè a te libere yo. Istwa sa a ka ede timoun yo aprann ke eprèv yo gen dwa pa rezoud rapidman ni fasilman, men, Senyè a ap fòtifye yo “selon lafwa [yo]” (Alma 14:26).

Aktivite posib

  • Ekri kèk kesyon sou tablo a pou ede yo chèche kèk detay nan Alma 14:18–29 la, tankou Kisa jij yo te fè Alma ak Amilèk nan prizon an? oubyen Kijan yo te montre lafwa yo nan Jezikri? Bay chak timoun yon vèsè oubyen de pou l li, pou l chèche repons kesyon yo.

  • Envite yo pou yo desine kèk sèn nan Alma 14:18–29 la, epi apresa fè yo itilize foto yo desine a pou yo rakonte istwa a. Kijan nou ka tankou Alma ak Amilèk?

  • Pataje yon eksperyans kote w te montre lafwa w nan Senyè a epi l te ba w fòs pou w te simonte oubyen andire yon eprèv. Ankouraje timoun yo pou yo pataje menm kalite eksperyans la si yo genyen.

Alma 15:3–12

Levanjil la ka chanje kè nou.

Zizwòm te opoze aktivman a Alma ak Amilèk toudabò, men temwayaj yo te touche kè l epi te enspire l pou l te repanti. Pandan w ap etidye vèsè sa yo, reflechi sou fason eksperyans Zizwòm nan ka enspire timoun w ap anseye yo.

Aktivite posib

  • Repase sa yo te aprann semèn pase a sou Zizwòm. Li Alma 15:3–12 ansanm pou nou ka dekouvri kijan l te chanje.

  • Envite yo pou yo imajine ke yo te rankontre Zizwòm anvan l te repanti. Kisa yo t ap di pou te ede l kwè nan levanjil la? Yo te ka konpare sa yo t ap di a avèk sa Alma ak Amilèk te anseye Zizwòm yo (gade Alma 11:40–46; 15:6–11). Nan ki fason konnen verite sa yo ta ka ede yon moun pou l fè l anvi chanje?

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje aprantisaj lakay

Envite timoun yo pou yo panse ak yon bagay yo ka fè semèn sa a pou montre lafwa yo nan Senyè a. Ankouraje yo pou pataje plan yo ak eksperyans yo avèk fanmi yo.

Amelyore ansèyman nou

Aprann rekonèt revelasyon. “Revelasyon souvan vini ‘liy apre liy’ (2 Nefi 28:30 non pa tout alafwa. … Pandan w ap medite sou kijan prensip levanjil w ap anseye yo pral beni manm klas ou yo, ide ak enpresyon ap vini nan lavi kotidyèn ou—pandan w pral nan travay ou, pandan w ap fè travay nan kay la, oubyen pandan w ap pale avèk fanmi ak zanmi.” (Anseye nan fason Sovè a, 12).

Enprime