Vini, Suiv Mwen
8–14 Jen. Alma 8–12: “Jezikri ap vini pou rachte pèp li a”


“8–14 Jen. Alma 8–12: ‘Jezikri ap vini pou rachte pèp li a,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Liv Mòmon 2020 (2020)

“8–14 Jen. Alma 8–12,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2020

Imaj
Alma ap preche

Anseye vrè doktrin nan, tablo Michael T. Malm

8–14 Jen

Alma 8–12

Jezikri ap vini pou rachte pèp li a

Pandan w ap li sa Alma ak Amilèk te anseye pèp Amoniya a, kisa w santi ki patikilyèman enpòtan pou timoun w ap anseye yo?

Ekri enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Envite timoun yo pou yo dekri kisa misyonè yo fè epi pou yo pale w de yon moun yo konnen ki ap sèvi yon misyon. Kisa misyonè yo anseye moun yo? Ede yo wè ke Alma ak Amilèk sete misyonè ki te pataje levanjil la avèk pèp Amoniya a.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye doktrin nan: timoun ki pi piti yo

Alma 8

M ka pataje levanjil la.

Alma te vwayaje al nan tout peyi a pou l te preche levanjil la, epi Amilèk te preche zanmi l ak vwazen ki te nan peyi pa l yo. Kijan w ka pouse timoun yo suiv egzanp moun sa yo epi pataje levanjil la avèk lòt moun?

Aktivite posib

  • Li premye mwatye “Chaptit 22: Misyon Alma nan Amoniya” a nan (Istwa Liv Mòmon yo, 58–63; gade videyo korespondan an nan ChurchofJesusChrist.org) tou. Envite timoun yo pou yo mete yo de pa de, bra yo mete ansanm epi pou yo pretann ke yo se Amilèk ak Alma k ap anseye levanjil la ansanm, pandan y ap chante yon chan sou travay misyonè, tankou “Je veux déjà partir en mission” (Chants pour les enfants, 90).

  • Ede yo repete yon verite levanjil plizyè fwa, tankou “Liv Mòmon an temwaye de Kris la” oubyen “M konnen Jezi renmen m.” Apresa, envite chak timoun pou fè pratik pou pataje verite sa a avèk yon lòt moun nan klas la. Kòm yon pati nan aktivite a, ou gen dwa ede yo konplete paj aktivite pou semèn sa a.

  • Mand eyo pou yo rakonte w yon bagay yo te pataje avèk yon manm fanmi yo oubyen yon zanmi—tankou yon jwèt oubyen yon sirèt. Ede yo fè lis kèk bagay enpòtan nou ka pataje avèk lòt moun osijè Jezikri. Eksplike yo ke, paske levanjil la osi enpòtan, Alma t al pataje l avèk moun nan plizyè lòt vil pou yo te ka aprann kijan pou yo gen kè kontan.

Alma 8:18 -22

M ka yon bon zanmi.

Sèvis Amilèk te rann Alma a se yon bon egzanp pou timoun yo sou fason yo ka renmen ak sèvi lòt moun.

Aktivite posib

  • Envite youn nan yo pou pretann ke l se Amilèk epi yon lòt pou l pretann li se Alma pandan w ap rakonte istwa ki nan Alma 8:18–22 la. Mande timoun yo pou yo ede w rakonte istwa a, epi envite diferan timoun pou yo jwe wòl Alma ak Amilèk. Nan ki fason Amilèk te yon bon zanmi pou Alma? Mande yo pou yo pale de fason yon moun te yon bon zanmi pou yo. Kijan eksperyans sa a te fè yo santi yo? Poukisa Bondye vle nou bon zanmi pou lòt moun?

  • Chèche oubyen desine yon foto ki reprezante amitye (tankou de moun k ap bay akolad oubyen yon kè), epi koupe l pou l fòme yon jwèt kastèt. Sou do chak moso jwèt la, ekri yon bagay Alma ak Amilèk te fè pou yo te bon zanmi oubyen sa nou ka fè pou n se yon bon zanmi. Envite timoun yo pou yo chak pran tan pou chwazi yon pyès epi ajoute l sou jwèt la pandan w ap li sa k ekri sou do l la. Ede yo panse a moun yo ka fè zanmi. Temwaye ke Jezikri se pi bon zanmi nou ka genyen.

Imaj
de tifi k ap ri

Nou ka bon zanmi pou lòt moun.

Alma 11:43 -44

Apre lanmò m, m ap resisite.

Amilèk te anseye pèp Amoniya a sou Rezirèksyon an. Kijan w ka ede timoun w ap anseye yo konprann kisa sa vledi pou n resisite?

Aktivite posib

  • Itilize men w pou reprezante yon espri, epi itilize yon gan pou reprezante yon kò. Retire men w nan gan an pou w montre timoun yo ke espri nou ak kò nou ap separe lè nou mouri. Apresa, remete men w nan gan an pou montre ke espri nou ak kò nou ap ini ansanm ankò nan Rezirèksyon an. Fè yo pran tan pou mete gan an epi retire l pandan w ap li Alma 11:43 pou yo. Montre yo foto Mari ak Jezikri resisite a nan (Liv Ilistrasyon Levanjil la, no. 59), epi temwaye ke Jezikri te rann posib pou tout moun resisite.

  • Envite yo pou yo desine zanmi yo oubyen manm fanmi yo, enkli manm fanmi elaji yo. Pandan y ap pataje desen yo a, montre chak zanmi oubyen chak manm fanmi yo te desine epi eksplike yo ke moun sa a ap resisite. Temwaye ke Jezi te rann posib pou nou avèk fanmi nou pou tout tan.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye doktrin nan: timoun ki pi gran yo

Alma 8–10

Mwen ka pataje levanjil la.

Alma ak Amilèk te pataje levanjil la, menm lè sa pa t fasil. Kijan kouraj yo ak lafwa yo ta ka enspire timoun w ap anseye yo?

Aktivite posib

  • Nan pwòp mo pa w, fè rezime evenman yo pale nan Alma 8–10 yo. Chwazi plizyè prensip nan evenman sa yo ki ta ka ede timoun yo pataje levanjil la, tankou pèseverans (gade Alma 8:8–13), temwaye de Kris la (gade Alma 9:26–27), ak gen yon konpayon (gade Alma 10:7–11). Envite yo pou yo li vèsè w chwazi yo epi di kisa yo aprann sou pataje levanjil la. Poukisa li enpòtan pou nou fè lòt moun konn levanjil la?

  • Envite timoun yo pou yo pataje eksperyans kote yo te pataje levanjil la avèk yon moun, oubyen pataje pwòp eksperyans pa w. Envite yo pou yo koute kijan yo ka prepare yo pou yo pataje levanjil la pandan y ap chante yon kantik sou travay misyonè, tankou “Proclamons la vérité” (Chants pour les enfants, 92-93). Poukisa Pè Selès la vle pou nou pataje levanjil la? Ede timoun yo planifye ki fason pou yo pataje levanjil la avèk zanmi yo, tankou bayo yon Liv Mòmon oubyen envite yo nan yon aktivite Legliz la. Ba yo tan pou yo jwe wòl konsènan sa yo ta ka di oubyen sa yo ta ka fè nan sitiyasyon sa yo.

Alma 11–12.

Plan Bondye a se yon plan redanmsyon.

Kijan w pral itilize Alma 11–12la pou “[fè] [timoun yo] konnen plan redanmsyon an”? (Alma 12:30).

Aktivite posib

  • Ekri kèk prensip konsènan plan redansyon an ke w ap jwenn nan Alma 11–12 sou tablo a, tankou Chit Adan ak Èv la, Sakrifis Ekspyatwa Jezikri a, repantans, lanmò, rezirèksyon, ak jijman. Li kèk vèsè nan Alma 11 oswa 12 ki anseye sou prensip yo, epi bay timoun yo tan pou yo desine yon bagay ki reprezante chak prensip. Ki wòl Sovè a nan plan sa a? Apresa, envite timoun yo pou yo itilize foto yo desine yo pou yo jwe wòl anseye yon zanmi sou plan Bondye a.

Alma 12:10

Si m pa andisi kè m, m ka resevwa plis nan pawòl Bondye a.

Lè se konsènan aprannn prensip espirityèl yo, kondisyon kè nou osi enpòtan ke kapasite entelektyèl nou.

Aktivite posib

  • Li Alma 12:10 ansanm, epi diskite sou kisa sa vledi pou n “andisi” kè nou. Poukisa l pi difisil pou yon kè andisi aprann nan men Bondye.

  • Pou ilistre prensip sa a, montre timoun yo yon eponj ak yon wòch epi mande yo kiyès ki ap pi byen absòbe dlo. Kijan nou ka montre Senyè a ke nou vle kè nou dou tankou yon eponj?

Imaj
Senbòl ansèyman

Ankouraje aprantisaj lakay

Mande timoun yo pou yo chèche opòtinite pou yo pataje levanjil la oubyen pou yo ede yon moun semèn sa a.

Amelyore ansèyman nou

Rann temwayaj ou pou klas la. Yon temwayaj ka osi senp ka “M konnen Pè Selès la renmen nou chak” oubyen “M santi m byen lè m aprann apwopo Jezikri.” (Gade Anseye nan Fason Sovè a, 11 tou.)