Vini, Suiv Mwen
29 Jen– 5 Jiyè. Alma 23–29: Yo “pa t janm kite legliz la”


“29 Jen– 5 Jiyè. Alma 23–29: ‘Yo pa t janm kite legliz la,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Liv Mòmon 2020 (2020)

“29 Jen– 5 Jiyè. Alma 23–29,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2020

Imaj
Anti-Nefi-Leyi yo k ap antere zàm yo

Anti-Nefi-Leyi yo antere zàm lagè yo, pa Jody Livingston

29 Jen– 5 Jiyè

Alma 23–29

Yo “pa t janm kite legliz la”

Pandan w ap etidye Alma 23–29 la, ki mesaj ou jwenn pou oumenm ak fanmi ou? Kisa w ka pataje nan klas ou yo nan Legliz la?

Ekri enpresyon ou

Èske w pafwa konn mande tèt ou si moun ka reyèlman chanje? Petèt w ap mande tèt ou si w ka simonte move chwa w te fè oubyen move abitid ou te devlope, oubyen petèt ou gen dwa gen menm enkyetid yo pou moun ki chè pou ou. Si wi, istwa Anti-Nefi-Leyi yo ka ede w. Moun sa yo sete enmi achane Nefit yo. Lè Amon ak frè l yo te deside pou preche yo levanjil la, Nefit yo te “pase [yo] nan betiz.” Touye Lamanit yo te parèt yon solisyon pi rezonab pase konvèti yo. (Gade Alma 26:23–25.)

Men Lamanit yo te chanje—pa mwayen pouvwa konvèsyon Senyè a. Pèp sa a yo te rekonèt yon fwa kòm “yon pèp sovaj, ki gen kè di” (Alma 17:14) a, yo te vin ka distenge yo pou devouman yo devan Bondye” (Alma 27:27). Anfèt, yo “pa t janm kite legliz la” (Alma 23:6).

Ou gen dwa petèt gen fo tradisyon pou w abandone oubyen “zàm … rebelyon” pou w depoze (Alma 23:7). Oubyen petèt ou jis bezwen vin yon tijan pi zele nan temwayaj ou ak gen mwens tandans pou w kite legliz la. Kèlkeswa chanjman ou bezwen fè a, Alma 23–29 ka ba w lespwa ke, atravè pouvwa ekspyatwa Jezikri, chanjman dirab se yon bagay ki posib.

Imaj
senbòl etid pèsonèl

Ide pou etid ekriti pèsonèl

Alma 23:1–5

Lè pitit Bondye yo aksepte levanjil la, gwo benediksyon vini.

Lè wa Lamanit yo te deklare ke pawòl Bondye a pa ta dwe “rankontre okenn obstak” pami pèp li a (gade Alma 23:1–5), li te louvri pòt pou gwo benediksyon pou yo. Pandan w ap li Alma 23–29 la, chèche benediksyon sa yo. Kijan w ka asire w ke pawòl Bondye a pa gen “okenn obstak” nan lavi w ak nan lavi fanmi ou?

Alma 23–25; 27

Konvèsyon m nan Jezikri ak nan levanjil li a chanje lavi m.

Lamanit yo Amon ak frè l yo t al vizite a pa t sanble ke yo te kandida pou konvèsyon—yo te pran nan pyèj tradisyon zansèt yo ak pwòp mechanste yo. Poutan, anpil nan yo te aksepte levanjil Jezikri a epi yo te fè chanjman fondamantal nan lavi yo. Kòm senbòl konvèsyon yo, Lamanit sa yo te rele tèt yo Anti-Nefi-Leyi. (Siyifikasyon “anti” a nan ka sa a se menm avèk siyifikasyon “anti” nan “antekris” la.)

Lè nou reflechi sou konvèsyon Lamanit sa yo, sa ka fè nou panse ak pwòp konvèsyon pa nou “nan Senyè a” (Alma 23:6). Yon fason pou etidye chapit sa yo se ta chèche idantifye kijan konvèsyon Anti-Nefi-Leyi yo te chanje lavi yo. Vèsè sa yo ka yon bon mwayen pou w kòmanse.

Pandan w ap medite sou chanjman k te fèt lakay Anti-Nefi-Leyi yo, reflechi sou kijan pwòp konvèsyon pa w nan Kris la chanje ou. Kisa w santi w ta ankò bezwen chanje pou w levanjil la ka gen pi gwo pouvwa nan lavi w?

Alma 23: 6–12

Alma 23:17–18

Alma 24:11–19

Alma 25:13–16

Alma 27:26–30

Alma 24:7–19; 26:17–22

Bondye plen mizèrikòd.

Menmsi peche Amon ak Anti-Nefi-Leyi yo te dwe simonte yo te pwobableman diferan de tout bagay nan lavi ou, nou tout depann de mizèrikòd Bondye. Kisa w jwenn nan Alma 24:7–19 ak 26:17–22 la ki ka ede w konprann mizèrikòd li? Pandan w ap li a, ou gen dwa panse ak bagay sa yo: fason yo te envite w pou w repanti, eksperyans ou avèk repantans, kijan w konn eseye pa peche ankò, ak benediksyon w resevwa atravè repantans. Lè w li vèsè yo nan fason sa a, kisa w aprann osijè mizèrikòd Bondye nan lavi w?

Alma 2629

Sèvi Senyè a pote lajwa.

Malgre eksperyans diferan yo te fè, Amon ak Alma te eksprime menm kalite santiman yo sou travay misyonè yo. Panse pou w li Alma 26 ak 29 epi konpare yo. Ki resanblans ou remake? Ki mo ak fraz ki repete ladan yo? Kisa w ka aprann nan men Amon ak Alma sou fason pou w jwenn vrè lajwa malgre pwoblèm ou? (Pou repase pwoblèm Alma te rankontre yo, gade antèt chapit Alma 5–16 la. Pou repase pwoblèm Amon ak frè l yo te rankontre yo, gade antèt chapit Alma 17–28) yo.

Alma 26: 5–7

Kisa zepi yo ak grenye yo ye?

Nan moman rekòt, yo souvan mare gren yo an pake yo rele jèb epi yo mete yo nan antrepo, ke yo pafwa rele grenye. Èldè David A. Bednar te bay yon entèpretasyon sou senbòl ki nan Alma 26:5 la: “Jèb yo nan analoji sa a reprezante manm legliz ki fèk batize yo. Grenye a se tanp sakre yo” (“Honore son nom et sa position,” Ensign oswa Liahona, Me 2009, 97). Panse a kisa analoji ki nan Alma 26:5–7 anseye w sou enpòtans alyans tanp yo.

Imaj
senbòl etid familyal

Ide pou etid ekriti familyal ak sware familyal

Pandan w ap li ekriti yo avèk fanmi ou, Lespri a ka ede w konn ki prensip pou w souliyen ak diskite pou ka reponn bezwen manm fanmi w yo. Men kèk ide.

Alma 24:6–19

Poukisa Anti-Nefi-Leyi yo te antere zam yo “byen fon nan tè a”? Alma 24:16 Petèt manm fanmi w ta kontan ekri kèk bagay yo ta renmen venk oubyen abandone sou kèk ti moso papye. Apresa, yo gen dwa fouye yon twou epi antere papye yo.

Alma 24:7–12

Etidye vèsè sa yo ka ede fanmi w konprann don mèveye repantans lan. Kisa Anti-Nefi-Leyi yo te fè pou yo te repanti pou peche yo? Kijan Senyè a te ede yo repanti? Kisa nou ka aprann nan egzanp sa a?

Alma 24:20–27

Kisa nou wè ki temwaye de verasite deklarasyon Mòmon an: “Konsa nou wè Senyè a travay nan anpil fason pou l kapab sove pèp li”? Alma 24:27

Alma 26:2

Kijan fanmi w t ap reponn kesyon Amon yo ki nan Alma 26:2 a? Petèt ou ka fè lis repons yo bay yo sou yon gwo moso papye epi kwoke l nan yon kote tout moun ka wè li. Ankouraje manm fanmi ou pou yo ajoute sou li pandan y ap panse ak lòt benediksyon Bondye “te vide sou nou.”

Alma 29:9

Ki fason Amon ak Alma te enstriman nan men Bondye? Panse pou w gade zouti oubyen enstriman ki lakay ou epi diskite sou fason yo chak itil pou fanmi ou. Kijan sa ap ede nou konprann kijan nou chak ka vin “yon enstriman nan men Bondye”?

Pou plis ide pou anseye timoun yo, gade plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primè a.

Amelyore ansèyman nou

Itilize divèsite. Varye apwòch ou yo nan etid ekriti familyal yo ka ede manm fanmi w rete enterese ak patisipe. Paregzanp, apre yon manm fanmi an fin li yon vèsè, li ka mande lòt manm nan fanmi an pou refòmile sa l fèk li a nan pwòp mo pa yo.

Imaj
Anti-Nefi-Leyi yo k ap antere zàm yo

Ilistrasyon Anti-Nefi-Leyi yo k ap antere zam yo pa Dann Burr

Enprime