Vini, Suiv Mwen
6-12 Jiyè. Alma 30–31: “Pouvwa pawòl Bondye a”


“6–12 Jiyè. Alma 30–31: ‘Pouvwa pawòl Bondye a,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Liv Mòmon 2020 (2020)

“6–12 Jiyè. Alma 30–31,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2020

Imaj
Alma k ap anseye Koriyò

Tout bagay pwouve gen yon Bondye (Alma ak Koriyò), pa Walter Rane

6-12 Jiyè

Alma 30–31

Pouvwa pawòl Bondye a.

Alma temwaye de “gwo pouvwa” pawòl Bondye a (Alma 31:5). Pandan w ap li Alma 30–31 an, ekri enpresyon ou pandan w ap santi efè puisan pawòl Bondye a genyen sou ou.

Ekri enpresyon ou

Resi ki nan Alma 30–31 an klèman demontre pouvwa mo genyen—pou mal ak pou byen. “Mansonj” ak “pawòl flatè” yon fo enstriktè ki te rele Koriyò te menase mennen “anpil nanm nan destriksyon” (Alma 30:31, 47). Menmjan tou, ansèyman yon disidan Nefit yo te rele Zoram te lakoz yon gwoup moun toutantye tonbe “nan gwo erè” epi “kontrarye chemen Senyè a” (Alma 31:9, 11).

Alma, okontrè, te gen yon lafwa inebranlab ke pawòl Bondye a t ap gen yon “pi gwo pouvwa sou panse pèp la pase epe, oubyen pase nenpòt lòt bagay” (Alma 31:5)—enkli pawòl Koriyò ak pawòl Zoram yo. Pawòl Alma yo te eksprime verite etènèl epi yo te rale pouvwa syèl yo desann pou te fèmen bouch Koriyò (gade Alma 30:39–50), epi yo te envite benediksyon syèl yo sou moun ki te akonpaye l yo pou te mennen Zoramit yo retounen nan verite a. (gade Alma 31:31–38). Sa yo se egzanp presye pou moun k ap suiv Kris la nan epòk pa nou yo, kote “pawòl flatè” ak “gwo mansonj” gen yon efè puisan sou lespri moun yo ankò (Alma 30:31; 31:9). Men, nou ka jwenn laverite si, menmjan ak Alma, nou mete konfyans nou nan, “pouvwa pawòl Bondye a” (Alma 31:5).

Imaj
senbòl etid pèsonèl

Ide pou etid ekriti pèsonèl

Alma 30: 6–12

Kisa yon antekris ye?

Nan Alma 30:6, yo rele Koriyò “Antekris.” Yon antekris se “yon moun ki adopte aparans Kris la men ki anreyalite opoze a Kris la (1 Jan 2:18–22; 4:3–6; 2 Jan 1:7). Nan yon sans pi elabore, se nenpòt moun oubyen nenpòt bagay ki defòme levanjil vrè a oubyen plan sali a epi ki ouvètman oubyen sekrètman an opozisyon avèk Kris la” (Diksyonè Bib la, “Antekris”).

Ki “defòmasyon vrè levanjil la” ou remake nan mond lan jodia? Paregzanp, Sè Julie Beck, ansyèn Prezidant Jeneral Sosyete Sekou, te anseye: “Tout doktrin oswa prensip [nou] tande nan mond lan ki kont lafanmi, li kont Kris tou” (“Anseye doktrin sou fanmi an,” Ensign, Mas. 2011, 15).

Imaj
Koriyò k ap pale avèk Alma

Koriyò konfwonte Alma, pa Robert T. Barrett

Alma 30: 6–60

Liv Mòmon an ka ede m reziste anba enfliyans moun k ap eseye twonpe m yo.

Pandan w ap li Alma 30:6–31 an, ansèyman Koriyò yo ka parèt familye pou ou. Se paske, jan Prezidan Ezra Taft Benson te anseye a, Liv Mòmon an revele nou e ka fòtifye nou kont “objektif, strateji, ak doktrin pèvès dyab la nan epòk nou an. Tip aposta sa yo yo dekri nou nan Liv Mòmon an se menm ak kalite sa nou genyen yo jodia. Nan presyans enfini li, Bondye modle Liv Mòmon an nan yon fason pou nou ka wè erè yo e konn kijan pou nou konbat fo konsèp edikatif, politik, relijye, ak filozofik yo ki egziste nan epòk nou an” (Enseignements des présidents de l’église: Ezra Taft Benson, [2014], 132).

Panse pou w fè lis fos doktrin Koriyò te anseye yo nan Alma 30:6–31 la. Ki konsekans k ap suiv si nou kwè nan ansèyman sa yo? Paregzanp, ki rezilta sa pote si nou kwè ke “lè yon moun mouri, tout bagay fini”? (Alma 30:18). Ki fos doktrin Koriyò te anseye ki sanble ak fos doktrin nou remake nan mond lan jodia?

Si w li echanj ki te fèt ant Koriyò ak Alma a, sa ka ede w prepare w pou sitiyasyon kote lòt moun ka ap eseye twonpe w yo. Li ta bon si w ta etidye Alma 30:29–60 pou w konprann kijan Koriyò te twonpe tou (gade espesyalman vèsè 52–53). Kisa w ka aprann nan repons Alma te bay pou ansèyman Koriyò yo? (gade Alma 30:31–35).

Alma 31

Pawòl Bondye a gen pouvwa pou mennen pèp la fè sa ki jis.

Kèk moun te siman panse ke solisyon pou pwoblèm Zoramit yo ki te separe tèt yo de Nefit yo te oblije gen yon solisyon politik oswa militè (gade Alma 31:1–4). Men Alma te aprann pou l te mete konfyans nan “pouvwa pawòl Bondye a” (Alma 31:5). Kisa w aprann nan Alma 31:5 sou pouvwa pawòl Bondye a? Nan ki fason w konn wè pawòl Bondye a pouse “pèp la fè sa ki jis”? (Alma 31:5). Medite sou fason w ka “eseye” (itilize oubyen teste) pawòl Bondye a pou ede yon moun ki chè pou ou.

Pou w ka pi byen konprann metòd Alma a pou sekouri lòt moun yo, ou ka konpare atitid li, santiman li, ak aksyon li avèk pa Zoramit yo, jan yo dekri nan Alma 31 an. Yon tablo tankou sa a ta ka ede. Ki diferans ou remake? Kisa w santi w ta ka fè pou w ka plis tankou Alma?

Zoramit yo

Alma

Zoramit yo

Te kwè ke moun ki pa t fè pati gwoup yo a te kondane pou yo t al nan lanfè (Alma 31:17).

Alma

Te kwè ke Zoramit yo sete “frè” li epi nanm yo te “presye” (Alma 31:35).

Zoramit yo

Kè yo te sou richès (Alma 31:24, 28).

Alma

Te vle pote nanm bay Jezikri (Alma 31:34).

Zoramit yo

Alma

Imaj
senbòl etid familyal

Ide pou etid ekriti familyal ak sware familyal

Pandan w ap li ekriti yo avèk fanmi ou, Lespri a ka ede w konn ki prensip pou w souliyen ak diskite pou ka reponn bezwen manm fanmi w yo. Men kèk ide.

Alma 30:44

Panse pou nou li Alma 30:44 ansanm epi diskite sou li pandan n ap fè yon ti mache deyò a oubyen pandan n ap gade foto kreyasyon Bondye yo. Manm fanmi yo gen dwa pale de sa yo wè ki temwaye de Bondye. Kijan bagay sa yo—oubyen lòt eksperyans nou te fè—ede nou konnen ke Bondye reyèl?

Alma 30:56–60

Kisa nou aprann nan Alma 30:56–60 sou fason dyab la trete moun ki suiv li? Kisa k ka pwoteje fwaye nou kont enfliyans li?

Alma 31:20–38

Lè w fin li Alma 31:20–38 la avèk fanmi ou, ou ka diskite sou kesyon sa yo: Kijan priyè Alma a diferan avèk priyè Zoramit yo? Kijan nou ka suiv egzanp Alma a nan priyè pèsonèl ak familyal nou?

Jèn timoun yo gen dwa mete yon wòch anba zorye yo pou ede yo sonje pou yo priye chak maten ak chak swa. Yo gen dwa ta renmen dekore wòch yo a tou.

Alma 31:23

Kisa nou fè chak jou nan fwaye nou pou n aprann konnen Bondye a ak pale de li?

Pou plis ide pou anseye timoun yo, gade plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primè a.

Amelyore etid pèsonèl ou

Prepare anviwonman ou. “Anviwonman ou ka pwofondeman afekte kapasite w pou aprann ak santi verite a” (Anseye nan fason Sovè a,15). Eseye jwenn yon kote pou w etidye ekriti yo ki ap envite enfliyans Sentespri a. Mizik ak imaj edifyan ka envite Lespri a tou.

Imaj
Zoramit k ap priye nan Rameyanmton

Rameyanmton, pa Del Parson

Enprime