Vini, Suiv Mwen
20-26 Jiyè. Alma 36–38: “Gade Bondye epi viv”


“20–26 Jiyè. Jakòb 36–38: ‘Gade Bondye epi viv,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Liv Mòmon 2020 (2020)

“20–26 Jiyè. Alma 36–38,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2020

Imaj
yon mesye k ap priye

Ilistrasyon pa Joshua Dennis

20-26 Jiyè

Alma 36–38:

“Gade Bondye epi viv”

“Pandan w ap santi lajwa ki vini nan konprann levanjil la, w ap vin gen dezi pou w aplike sa w ap aprann yo” (Preche Levanjil Mwen an [2004], 19). Ekri panse w ak enpresyon ou sou fason pou w aplike verite w ap aprann yo.

Ekri enpresyon ou

Lè Alma te wè mechanste ki te antoure l yo, li te santi gwo “lapenn,” “tribilasyon,” ak “doulè nan nanm ni” (Alma 8:14). “Mechanste pami pèp sa a,” li te di Zoramit yo, “fè nanm mwen lapenn” (Alma 31:30). Li te santi yon bagay konsa tou apre l te fin retounen sot nan misyon l bò kot Zoramit yo—li te obsève ke “kè pèp la te kòmanse vin di, epi yo te kòmanse ofanse poutèt pawòl la te dirèk,” epi sa te fè “ kè l te plen avèk chagren” (Alma 35:15). Kòman Alma te reyaji devan sa l te wè ak sa l te santi yo? Li pa t senpleman tonbe nan dekourajman ni vin sinik devan eta mond lan. Olyesa, “li te fè pitit li yo rasanble ansanm” epi l te anseye yo “responsablite pa yo, nan afè lajistis” (Alma 35:16). Li te anseye yo ke “pa gen okenn lòt chemen oubyen mwayen ki kapab sove lèzòm, sèlman nan Kris la. … Gade, li se pawòl verite ak lajistis” (Alma 38:9).

Imaj
senbòl etid pèsonèl

Ide pou etid ekriti pèsonèl

Alma 36

M ka fèt nan Bondye si m enb ak repantan.

Se pa tout moun ki ap kapab fè eksperyans osi spektakilè tankou konvèsyon Alma a. Men nou tout kapab aprann apati prensip yo ki nan eksperyans li a epi aplike yo, paske tout moun dwe “fèt nan Bondye” (Alma 36:23). Pandan w ap li Alma 36 la, chèche ki prensip ou ka mete an pratik. Paregzanp, kijan yon moun ki fèt nan Bondye santi l apwopo peche? apwopo Jezikri? Ou gen dwa chèche wè chanjman w atann ke w pral wè yo nan kwayans ak aksyon yon moun ki fèt nan Bondye.

Gade Mozya 5:7; 27:25–26; Alma 5:14; 22:15; Elaman 3:35; “Konvèsyon,” Gospel Topics, topics.ChurchofJesusChrist.org tou.

Alma 36

Jezikri te ekspye pou peche mond lan.

Ou gen dwa remake kèk repetisyon nan resi Alma a apwopo konvèsyon l lan nan chapit sa a tou. Se paske Alma 36 se yon gwo egzanp sou yon fòm pwezi ebrayik ki rele chiasme, kote yo prezante mo oubyen ide yo nan yon sèten lòd, ki mennen nan yon ide prensipal, epi ki repete an sans envès nan apre. Nan Alma 36, ide nan vèsè 3 a repete nan vèsè 27, ide nan vèsè 5 la repete nan vèsè 26 la, epi sa kontinye. Ide santral la se mesaj ki pi enpòtan an nan chiasme la. Gade si w ka jwenn ide santral ki nan vèsè 17–18 yo. Remake kijan “kapte panse sa a” te afekte Alma epi te chanje lavi li. Ki fason verite sa a te enfliyanse w? Ki lòt ide ou wè yo repete nan pasaj sa a?

Kijan resi sa a sou repantans ak padon an enspire w pou w suiv egzanp Alma epi tounen vè Senyè a?

Pou plis enfòmasyon sou chiasme, gade Manyèl Etidyan Liv Mòmon an (manyèl Sistèm Edikatif Legliz la [2009], 232–33).

Alma 37

Ekriti yo te prezève “pou yon rezon ki saj.”

Èske w janm reflechi sou yon mirak ak benediksyon sa ye pou nou gen ekriti yo jodia? Bondye “konfye [nou] bagay sa yo, ki sakre” (Alma 37:14). Pandan w ap li Alma 37, chèche ki benediksyon nou resevwa paske nou gen ekriti yo. Èske benediksyon sa yo te manifeste nan lavi ou? Kijan w ka itilize ekriti yo pou w ede “montre jenerasyon k ap vini yo pouvwa [Bondye]”? (Alma 37:18).

Nan Alma 37:38–47, Alma konpare “pawòl Kris la” avèk Lyawona a. Pandan w ap medite sou konparezon sa a, reflechi sou fason ou te eksperimante mirak ak pouvwa ansèyman Kris yo “jou apre jou” (Alma 37:40).

Gade D. Todd Christofferson, “Benediksyon ekriti yo,”tou nan Ensign oswa Liahona, Me 2010, 32–35.

Imaj
yon fanmi k ap li ekriti yo

Ekriti yo anseye nou kijan pou nou suiv Bondye.

Alma 37: 6–7

“Avèk ti bagay senp, gwo bagay fèt.”

Pafwa nou gen dwa gen enpresyon ke pwoblèm nou sitèlman gwo ak konplike ke solisyon yo dwe gwo ak konplike tou. Men, an plizyè fwa, Senyè a chwazi pou l itilize “ti bagay senp” (Alma 37:6) pou l akonpli travay li ak beni lavi pitit li yo. Pandan w ap li Alma 37:6–7, reflechi epi ekri fason w konn wè prensip sa a travay nan lavi ou. Ki kèk ti bagay senp Senyè a itilize pou l beni w ak pou akonpli travay li?

Gade Alma 37:41–46; Dallin H. Oaks, “Ti bagay senp yo,” tou nan Ensign oswa Liahona, Me 2018, 89–92.

Imaj
senbòl etid familyal

Ide pou etid ekriti familyal ak sware familyal

Pandan w ap li ekriti yo avèk fanmi ou, Lespri a ka ede w konn ki prensip pou w souliyen ak diskite pou ka reponn bezwen manm fanmi w yo. Men kèk ide.

Alma 36:5–26

Byenke eksperyans Alma a te ekstraòdinè, konvèsyon l lan ilistre plizyè prensip ki aplike a nou tout. Envite chak manm fanmi an pou yo chwazi yon vèsè nan Alma 36:5–26 la ki anseye sou “ne nan Bondye.” Kisa nou aprann nan vèsè sa yo? Petèt manm fanmi a ta ka rakonte kijan yo konn aplike prensi Alma dekri yo.

Alma 36:18-21,24

Kijan nou ka itilize vèsè sa yo pou ede yon moun wè ke repantans se yon bèl eksperyans, non pa yon bagay epouvantab? Kijan repantans ka enspire nou pou nou pataje levanjil la avèk lòt moun?

Alma 37:6-7, 38-46

Ki kèk “ti bagay piti” (Alma 37:6) ki fè gwo bagay reyalize nan lavi nou? Nan ki fason pawòl Kris la sanble avèk Lyawona? Kijan nou youn ka ede lòt etidye ekriti yo avèk plis dilijans?

Alma .37:35

Poukisa li saj pou n aprann kenbe kòmandman yo “pandan [nou] jèn”?

Alma 38:12

Èske fanmi w konn kisa yon brid ye? Petèt ou ta ka montre yo foto youn epi eksplike yo kijan yo itilize l pou kontwole yon animal. Kisa sa vledi “bride pasyon [nou]”? Kijan bride pasyon nou ede nou “ranpli ak lanmou”?

Pou plis ide pou anseye timoun yo, gade plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primè a.

Amelyore etid pèsonèl nou

Ekri enpresyon ou. Lè w ekri enpresyon espirityèl ou resevwa yo, ou montre Senyè a ke ou bay direksyon li valè, epi l ap akòde w revelasyon pi souvan. Pandan w ap etidye a, ekri panse ou. (Gade Anseye nan fason Sovè a, 1230.)

Imaj
yon zanj parèt devan Alma ak pitit gason Mozya yo

Yon zanj parèt devan Alma ak pitit gason Mozya yo, pa Clark Kelley Price

Enprime