Vini, Suiv Mwen
13-19 Jiyè. Alma 32–35: “Plante pawòl la nan kè ou”


“13–19 Jiyè. Alma 32–35: ‘Plante pawòl la nan kè ou,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Liv Mòmon 2020 (2020)

“13–19 Jiyè. Alma 32–35,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2020

Imaj
semans nan men yon timoun

13-19 Jiyè

Alma 32–35

“Plante pawòl la nan kè ou”

Ekri enpresyon espirityèl ou resevwa pandan w ap etidye Alma 32–35 la. Kisa w santi w enspire pou w fè akoz sa w aprann yo?

Ekri enpresyon ou

Pou Zoramit yo, lapriyè sete yon pratik woutin, santre sou tèt yo, ki te fèt yon fwa pa semèn sèlman. Sete vin kanpe kote tout moun te ka wè yo epi repete mo initil ki montre ke yo satisfè ak tèt yo. Sa k te petèt pi mal, sèke Zoramit yo te manke lafwa nan Jezikri—yo te menm niye egzistans li—epi yo t ap pèsekite pòv yo (gade Alma 31:9–25). Pa kontras, Alma ak Amilèk te bravman anseye ke lapriyè gen plis pou wè avèk sa k ap pase nan kè nou olye de kanpe sou yon estrad piblik. Epi, si l pa mennen nan konpasyon pou moun ki nan bezwen, li “anven, epi li p ap itil … anyen” (Alma 34:28). Pi enpòtan toujou, se yon ekspresyon lafwa nan Jezikri, ki ofri redanmsyon atravè “sakrifis enfini ak etènèl” li a (Alma 34:10). Alma eksplike ke, yon lafwa konsa soti nan imilite ak yon “dezi pou kwè” (Alma 32:27). Li grandi gradyèlman, tankou yon pyebwa, epi li mande nourisman konstan. Pandan w ap li Alma 32–35 la, ou gen dwa reflechi sou pwòp lafwa ak priyè pa ou; èske w konn pafwa santi kèk nan atitid ki sanble ak pa Zoramit yo ap antre ladan yo? Kijan w pral nouri lafwa w nan Jezikri pou l ka vin tankou “yon plant k ap devlope pou lavi etènèl.”? (Alma 32:41).

Imaj
senbòl etid pèsonèl

Ide pou etid ekriti pèsonèl

Alma 32:1–16

M ka chwazi pou m enb.

Alma te wè ke Zoramit ki te pòv yo te enb epi “prepare pou yo tande pawòl la” (Alma 32:6). Pandan w ap li Alma 32:1–16 la, panse a kijan w pral prepare w pou w koute pawòl Bondye a.

Ki eksperyans ki te fè w vin enb? Kisa w fè pou w ka vin pi enb? Vèsè sa yo ka anseye w kijan pou w chwazi imilite olye ke w yo fòse w pou w vin enb. Paregzanp, ki diferans ki genyen ant “pòv dapre bagay materyèl” ak gen “imilite nan kè”? (vèsè 3). Kisa sa vledi “[ou] gen imilite poutèt pawòl la”? (vèsè 14).

Gade Humilité,”Sujets de l’évangile, topics.ChurchofJesusChrist.org

Alma 32:17–43; 33–34

Mwen egzèse lafwa nan Jezikri nan plante ak nouri pawòl li a nan kè mwen.

Poukisa w panse Alma te pale de plante yon semans kòm repons pou kesyon Zoramit yo osijè adore a? Ki semans Alma t ap pale a? (gade Alma 32:28; 33:22–23). Pandan w ap li Alma 32:17–43 a, ekri mo ak fraz ki ede w konprann kijan pou w egzèse lafwa nan Jezikri ak nan pawòl li yo. Kisa w aprann osijè sa lafwa ye ak sa l pa ye? Apresa, pandan w ap li chapit 33–34 la, chèche repons pou kesyon Zoramit yo konsènan “fason [nou] plante semans la?” (Alma .33:1).

Men yon lòt fason pou w etidye Alma 32–34 la: Desine bagay ki reprezante diferant faz kwasans yon semans. Apresa, make chak desen avèk mo nan Alma 32:28–43 la ki ka ede w konprann kijan pou w plante ak nouri pawòl la nan kè ou.

Gade Matye 13:3–8, 18–23; Ebre 11; Neil L. Andersen, “Lafoi n’est pas le fruit du hasard, mais de choix,” Ensign oswa Liahona, Nov. 2015, 65–68; “Lafwa nan Jezikri,” Gospel Topics, topics.ChurchofJesusChrist.org.

Alma 33:2–11; 34:17–29

Mwen ka adore Bondye nan lapriyè, nenpòt moman ak nenpòt kote.

Konsèy Alma ak Amilèk te bay sou adorasyon ak lapriyè yo sete pou pote koreksyon sou bagay Zoramit yo pa t konprann yo (gade Alma 31:13–23). Men, verite yo anseye yo ka ede nenpòt nan nou konprann lapriyè ak adorasyon pi byen. Petèt ou ka fè yon lis sou verite ki anrapò ak lapriyè yo ki nan Alma 33:2–11 ak 34:17–29 yo. Apre lis sa a, fè yon lis sou mezentèpretasyon sou lapriyè ke verite sa yo korije (gade Alma 31:12–23). Kijan bagay ou aprann nan vèsè sa yo pral afekte fason ou priye ak adore?

Alma 33:3–17

Kiyès Zenòs ak Zenòk te ye?

Zenòs ak Zenòk sete pwofèt ki te temwaye de Jezikri pandan epòk Ansyen Testaman an, men nou pa jwenn ansèyman yo nan Ansyen Testaman an. Nefit yo te gen aksè nan ansèyman pwofèt sa yo, pwobableman paske yo te enkli nan plak eren Nefi te pran nan man Laban yo. Yo mansyone yo nan 1 Nefi 19:10–12; Jakòb 5:1; ak Elaman 8:19–20 tou.

Alma 34: 30-41

“Lavi sa a se moman … pou nou prepare nou pou n al rankontre Bondye.”

Pandan w ap li Alma 34:30–41 an, reflechi sou fason w ta ka “pi byen itilize tan [ou] pandan w nan lavi sa a” (vèsè 33). Kijan repantans ak pasyans ka ede w prepare pou w rankontre Bondye? Èske gen chanjman w bezwen fè ke w ranvwaye pou pita? Asire w ke w aji selon nenpòt enpresyon espirityèl ou resevwa.

Gade Alma 12:24; Larry R. Lawrence, “What Lack I Yet?” tou. Ensign oswa Liahona, Nov. 2017, 60–63.

Imaj
senbòl etid familyal

Ide pou etid ekriti familyal ak sware familyal

Pandan w ap li ekriti yo avèk fanmi ou, Lespri a ka ede w konn ki prensip pou w souliyen ak diskite pou ka reponn bezwen manm fanmi w yo. Men kèk ide.

Alma 32:9–11; 33:2–11; 34:38–39

Kijan nou t ap santi nou si yo ta otorize nou pou n adore ak priyè jou Dimanch sèlman? Pandan w ap li vèsè sa yo ansanm, manm fanmi an ta ka diskite sou fason yo ka adore chak jou ak pou ki rezon yo rekonesan dèske yo kapab fè sa.

Alma 32:28–43

Gen foto yon pyebwa ki akonpaye plan leson sa a; ou gen dwa itilize l pou ilistre pawòl Alma yo ki nan vèsè sa yo. Oubyen fanmi an ta ka al fè yon ti mache pou chèche plant ki nan nivo kwasans diferan epi li vèsè nan Alma 32 yo ki konpare kwasans yon plan ak lafwa nou yo. Petèt chak manm fanmi an ta ka plante yon semans epi diskite sou kisa nou bezwen fè pou ede l grandi. Nan semèn k ap vini yo, ou gen dwa cheke sou semans ou yo epi youn raple lòt pou nou konstamman ap nouri temwayaj nou konsènan Jezikri.

Alma 33:2–11; 34:17–29

Kisa vèsè sa yo sigjere sou fason nou chak amelyore priyè endividyèl ak familyal nou?

Alma 34:31

Ki eksperyans ki montre nou ke lè nou repanti, nou “imedyatman” kòmanse jwi benediksyon ki nan plan redanmsyon an?

Alma 34: 33-35

Èske fanmi w konn kisa “pwokrastine” vle di? Petèt yon moun ta ka bay kèk egzanp sou pwokrastinasyon ak konsekans negatif li. Kisa sa vledi “ranvwaye jou repantans [nou]”?

Pou plis ide pou anseye timoun yo, gade plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primè a.

Amelyore ansèyman nou

Fè desen. Ou gen dwa fè manm fanmi ou fè desen sou sa yo apran nan ekriti yo. Paregzanp, yo ta gen dwa renmen desine yon semans k ap grandi vin tounen yon pyebwa pandan y ap etidye Alma 32 a.

Imaj
fwi sou yon pyebwa

“Poutèt dilijans nou ak lafwa nou ak pasyans nou pran pou nouri pawòl la, … gade, yon jou n ap rekòlte fwi a, ki presye anpil” (Alma 32:42).

Enprime