Vini, Suiv Mwen
13-19 Jiyè. Alma 32–35: “Plante pawòl sa a nan kè ou”


“13-19 Jiyè. lma 32–35: “Plante pawòl sa a nan kè ou” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Liv Mòmon 2020 (2020)

“13-19 Jiyè. Alma 32–35,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2020

Imaj
semans nan men yon timoun

13-19 Jiyè.

Alma 32–35

“Plante pawòl sa a nan kè ou”

Kenbe timoun w ap anseye yo nan lespri w pandan w ap etidye Alma 32–35 la nan lapriyè. Pandan w ap fè sa, panse ak enpresyon ap vin jwenn ou sou fason pou w anseye yo. Ekri enpresyon sa yo epi suiv yo.

Ekri enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Mete non chak timoun nan yon veso. Mande yon moun pou l pran yon non, epi envite timoun sa a pou l pataje yon bagay li te aprann nan Liv Mòmon an dènyèman. Kontinye jiskaske chak moun jwenn opòtinite, men pa fòse okenn moun pou l pataje.

Imaj
senbòl pataj

Anseye doktrin nan: timoun ki pi piti yo

Alma 32:28–43

M kapab ede lafwa m nan Jezikri grandi.

Semans, pyebwa, ak fwi se bagay familye ki ka ede timoun yo konprann prensip abstrè tankou lafwa ak temwayaj yo. Reflechi sou fason w ka itilize analoji Alma a pou anseye timoun yo.

Aktivite posib

  • Rezime Alma 32:28–43; ou gen dwa itilize “Chapit 29: Alma anseye sou lafwa nan pawòl Bondye a” (Istwa Liv Mòmon yo, 81, oubyen videyo korespondan an nan ChurchofJesusChrist.org). Montre foto yon plant nan diferan etap kwasans li, epi mande timoun yo pou yo ede w mete foto yo nan lòd kòrèk la (gade foto ki nan paj aktivite semèn sa a). Eksplike yo ke lè nou viv levanjil la, temwayaj nou grandi–li kòmanse piti tankou yon semans men li ka vin gwo tankou yon pyebwa.

  • Montre timoun yo yon semans, epi li kèk nan premye liy nan Alma 32:28 la pou yo. Di yo ke pawòl Bondye a tankou yon semans. Mande yo kijan nou ede yon semans pouse. Fè yo pretann ke y ap plante yon grenn, wouze li, epi ede l grandi. Fè yo remake ke nou pa ka wè semans la lè nou fin plante l, men nou konn l la epi l ap pouse; nou pa ka wè Pè Selès la ak Jezikri nonplis, men nou konnen yo reyèl epi yo renmen nou. Ede yo panse ak kèk bagay nou ka fè pou ede lafwa nou nan Jezikri grandi.

  • Desine yon pyebwa sou tablo a, epi fè yo ajoute yon fèy oubyen yon fwi chak fwa yo panse avèk yon bagay yo ka fè pou ede lafwa yo nan Jezikri grandi. Envite yo pou yo fè kèk senp jès ki anrapò ak sa yo panse a.

Alma 33:2–11; 34:17–27

Pè Selès la tande nou m lè m priye.

Zoramit yo te priye yon fwa pa semèn sèlman, epi yo te konn itilize menm pawòl yo chak fwa (gade Alma 31:22–23). Alma ak Amilèk te anseye ke nou ka priye nenpòt lè pou nenpòt bezwen espirityèl oubyen fizik nou genyen.

Aktivite posib

  • Li fraz kèk fraz ou seleksyone nan Alma 33:4–11 la ki dekri ki kote nou ka priye, epi ede timoun yo panse ak kèk kote yo ka priye. Apresa envite yo pou yo desine tèt yo k ap priye nan kote sa yo. Temwaye ke yo ka priye tout kote, menmsi y ap priye an silans.

  • Chwazi kèk fraz nan Alma 34:17–27 la ki dekri kèk bagay nou ka priye pou yo, epi li yo pou timoun yo. Ede yo panse ak kèk bagay yo ka di Pè Selès la lè y ap priye, epi envite yo pou yo fè desen bagay sa yo. Temwaye ke yo ka pale avèk Pè Selès la sou nenpòt sa yo panse ak nenpòt sa yo santi. Pataje yon eksperyans kote Pè Selès la te tande priyè ou.

  • Chante yon chak ki anseye timoun yo sou lapriyè, tankou “La prière d’un enfant” oswa “Le front baissé” (Chants pour les enfants, 6–7, 18). Ede yo wè kisa chan an anseye sou lapriyè.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye doktrin nan: timoun ki pi gran yo

Alma 13:1–16, 27–28

Si m enb, Senyè a ka anseye m.

Alma ak Amilèk te gen siksè nan anseye Zoramit ki te enb ak pare pou yo te tande pawòl Bondye a. Reflechi sou fason w ka ankouraje timoun yo pou yo chwazi pou yo enb.

Aktivite posib

  • Mande yo kisa yo sonje nan sa yo te aprann semèn pase a sou Zoramit yo (gade Alma 31:8–24). Raple yo ke youn nan rezon k te fè Alma si enkyè pou yo konsa sete poutèt ògèy yo (gade Alma 31:24–28). Li Alma 32:1–5 la ansanm, epi mande timoun yo pou yo rezime sa k te rive Zoramit ki te pòv yo. Apresa, envite yo pou yo li vèsè 12–13 la pou yo ka wè poukisa Alma te santi ke sete yon bon bagay pou Zoramit sa yo lefètke yo te chase Zoramit sa yo nan sinagòg yo (oswa legliz yo). Ki benediksyon nou resevwa lè nou enb?

  • Ede timoun yo jwenn yon definisyon de enb oswa imilite nan Gid Ekriti yo oubyen nan yon diksyonè. Ki lòt endis yo ka jwenn sou siyifikasyon mo sa yo nan Alma 32:13–16? Envite yo pou yo panse ak kèk fason pou konplete yon fraz tankou “Mwen enb lè m .”

Alma 32:26–43

Temwayaj mwen konsènan Jezikri grandi lè m nouri li.

Ede timoun w ap anseye yo dekouvri kijan yo ka “plante” pawòl Bondye a nan kè yo.

Aktivite posib

  • Montre yo yon objè di, solid (tankou yon wòch) pou reprezante yon kè ki di oubyen ògeye ak yon bagay mou (tankou tè) pou reprezante yon kè ki enb. Fè yo touche toulède objè sa yo. Apresa montre yo yon semans pou reprezante pawòl Bondye a. Envite yo pou yo eseye fè l antre nan bagay ki di a ak bagay ki mou an. Li Alma 32:27–28 ansanm, epi pale sou siyifikasyon “fè plas” (vèsè 27) pou pawòl Bondye a nan kè nou.

  • Pandan n ap li Alma 32:26–43 la ansanm nan, fè yon ti kanpe tanzantan pou envite timoun yo pou yo fè desen semans oubyen plan y ap dekri a—paregzanp, yon semans ak yon jèn ti pous (vèsè 28), yon plant k ap grandi (vèsè 30), ak yon plant ki ap pote fwi (vèsè 37). Ankouraje yo pou yo bay desen yo non avèk referans yo pran nan Alma 32 a. Kijan nouri yon semans se tankou nouri temwayaj nou konsènan Jezikri? Kijan nou nouri temwayaj nou? Envite timoun yo pou yo panse an silans sou fason temwayaj yo ap grandi ak sou kisa yo pral fè pou nouri temwayaj yo.

Alma 33:2–11; 34:17–27

Pè Selès la tande m lè m priye.

Zoramit yo te gen yon move konsepsyon sou lapriyè, gen kèk nan konsepsyon sa yo ki toujou egziste jodia. Alma ak Amilèk te anseye kèk verite puisan pou simonte move konsepsyon sa yo.

Aktivite posib

  • Ede timoun yo chèche nan Alma 33:2–11 pou yo ka jwenn mo ak fraz enpòtan ki repete konsènan lapriyè. Kisa mo ak fraz sa yo anseye nou sou lapriyè?

  • Ede yo fè yon lis sou sitiyasyon kote yo ka priye, enkli sa yo mansyone nan Alma 33:4–10 ak 34:17–27 yo ansanm avèk sitiyasyon nan lavi yo. Mande yo pou yo panse a kèk eksperyans oubyen pataje kèk eksperyans kote yo te priye epi yo te santi Bondye te reponn priyè yo.

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje aprantisaj lakay

Si posib, bay timoun yo semans pou yo pote lakay yo pou yo plante pou raple yo po yo ede temwayaj yo konsènan Jezikri grandi. Ankouraje yo pou yo di fanmi yo sa yo te aprann sou egzèse lafwa nan Jezikri.

Amelyore ansèyman nou

Temwaye konsènan benediksyon yo pwomèt yo. Lè w ap envite timoun yo pou yo viv yon prensip levanjil, pale yo de pwomès Bondye fè moun ki respekte prensip sa a (gade Anseye nan fason Sovè a, 35).

Enprime