Vini, Suiv Mwen
29 Jen– 5 Jiyè Alma 23–29: Yo “pa t janm kite legliz la”


“29 Jen– 5Jiyè. Alma 23–29: Yo ‘pa t janm kite legliz la,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Liv Mòmon 2020 (2020)

“29– 5 Jiyè Alma 23–29,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2020

Imaj
Anti-Nefi-Leyi yo ap antere zàm yo

Anti-Nefi-Leyi yo ap antere zàm yo, pa Jody Livingston

29– 5 Jiyè.

Alma 23–29

Yo “pa t janm kite legliz la”

Nan lapriyè, etidye Alma 23–29 a, pandan w ap chèche enspirasyon konsènan sa timoun yo bezwen ak kijan pou w ede yo.

Ekri enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Fè desen yon vizaj souriyan sou yon moso papye, epi mande kèk timoun pou kenbe l youn apre lòt. Pandan yo kenbe papye a, envite yo pou yo site yon bagay nan sa y ap aprann nan Liv Mòmon an ki pote lajwa pou yo.

Imaj
senbòl pataj

Anseye doktrin nan: timoun ki pi piti yo

Alma 17: 6–12

Mwen beni lè m chwazi pou m kenbe pwomès mwen.

Kisa w te aprann nan etid ou sou Alma 24:6–24 la ki ka ede timoun yo konprann enpòtans pou yo kenbe yon pwomès ki jis?

Aktivite posib

  • Li kèlke vèsè oubyen fraz nan Alma 24:6–24 a pou anseye timoun yo sou Anti-Nefi_Leyi yo, sou pwomès yo te fè, ak kijan yo te kenbe pwomès la. Ou gen dwa itilize foto ki nan plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo oubyen “Chapit 26: Pèp Amon an” (Istwa Liv Mòmon yo, 73–74, oubyen videyo koresponsan an nan ChurchofJesusChrist.org).

  • Dekri kijan Anti-Nefi-Leyi yo te kenbe pwomès yo ki te fè yo te nan antere zàm yo a. Envite timoun yo pou yo desine yon epe epi apresa pretann ke y ap fouye yon twou pou yo antere epe yo a. Ede yo panse ak pwomès yo fè. Poukisa li enpòtan pou nou kenbe pwomès nou? Eksplike ke lè nou batize, nou fè pwomès avèk Bondye epi li fè nou pwomès tou. Nou rele pwomès sa yo alyans. Temwaye ke nou beni lè nou kenbe pwomès nou fè Bondye.

Alma 2629

Levanjil la pote lajwa pou mwen, e m ka pataje lafwa sa a avèk lòt moun.

Amon, ki te ede anseye Anti-Nefi_Leyi yo levanjil la, te resevwa gwo lajwa nan preche levanjil la. Alma, ki te anseye anpil moun levanjil la, te resevwa menm lajwa sa a. Nou ka jwenn menm lajwa a tou lè nou pataje temwayaj nou avèk lòt moun.

Aktivite posib

  • Chwazi kèk fraz nan Alma 26 oswa 29 ki pale de lajwa, epi li yo pou timoun yo, (gade, paregzanp, Alma 26:11, 13 oswa Alma 29:13–14). Envite yo pou yo kanpe chak fwa yo tande mo “lajwa” oubyen “rejwi” a. Ede yo konprann ke pataje levanjil la te fè Alma ak Amon gen kè kontan. Rakonte yon eksperyans kote pataje levanjil la te pote lajwa pou ou.

  • Envite yo pou yo fè desen sou kèk bagay ki pote lajwa pou yo. Envite chak timoun pou bay yon lòt timoun nan klas la desen l lan epi eksplike l li. Fè yo wè ke lè yon bagay ba nou lajwa–tankou levanjil la– lajwa nou ogmante lè nou pataje li.

  • Bay chak timoun yon Liv Mòmon, epi fè l fè tankou l ap pataje l avèk yon lòt manm nan klas la pou pratike. Ankouraje timoun yo pou yo eksplike kijan yo santi yo konsènan Liv Mòmon an. Poukisa nou pataje Liv Mòmon an avèk lòt moun?

Alma 27:20–30

M ka ede zanmi m yo viv levanjil la.

Nefit yo te pwoteje Anti-Nefi-Leyi yo kont enmi yo epi yo te ede yo kenbe alyans nou te fè avèk Senyè a.

Aktivite posib

  • Rakonte timoun yo istwa Anti-Nefi-Leyi yo ki te fè pwomès pou yo pa t goumen ankò a (gade Alma 27:20–30). Eksplike yo ka, akoz pwomès yo te fè a, yo pa t ka defann tèt yo kont enmi yo ankò. Li Alma 27:23, epi eksplike yo ke zanmi yo te genyen pami Nefit yo te deside pwoteje yo pou yo te ka kenbe pwomès yo te fè a. Kijan nou ka ede zanmi nou kenbe pwomès yo fè? Rakonte yon eksperyans kote yon zanmi te ede w kenbe pwomès ou te fè avèk Bondye.

  • Jwe wòl kèk sitiyasyon avèk timoun yo, kote, jantiman, yo ka ede lòt moun chwazi sa ki byen. Paregzanp, kisa nou ka di yon zanmi ki vle bay manti oubyen ki mechan?

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye doktrin nan: timoun ki pi gran yo

Alma 24

Alyans yo se pwomès mwen fè avèk Bondye ak pwomès li fè mwen.

Anti-Nefi-Leyi yo te antere zàm yo epi yo te pwomèt pou yo pa t touye moun ankò. Menmjan tou, timoun w ap anseye yo ka kenbe alyans yo fè.

Aktivite posib

  • Bay chak timoun yo yon ti wòch, epi mande yo pou yo ekri mo alyans la sou li. Eksplike ke yon alyans se yon pwomès ant Pè Selès la avèk pitit li. Kijan alyans nou yo rann nou fò oubyen “solid” tankou yon wòch?? (Alma 24:19). Li Alma 24:16–25 ansanm pou nou aprann ki alyans pèp Amon an te fè ak kijan yo te onore alyans yo a. Envite timoun yo pou pote wòch yo a lakay yo pou raple yo pou yo kenbe alyans yo.

  • Li Alma 24:16–19 avèk yo, epi pale de kisa Anti-Nefi_Leyi yo te fè pou yo te montre Bondye ke yo te repanti. Kisa yo te fè alyans pou yo pa t fè ankò? Eksplike ke alyans nou fè yo se “yon temwayaj bay Bondye” ke nou vle suiv kòmandman l yo (vèsè 18). Ki alyans timoun yo te fè?

  • Envite yo pou yo fè desen sou zàm Anti-Nefi-Leyi yo. Apresa, mande yo pou yo ekri yon bagay nan do zàm nan ke yo santi yo ta dwe chanje pou yo ka suiv Jezikri pi totalman. Fè yo pretann ke y ap antere zàm yo a epi fè yon plan pou yo mete sa yo te ekri a an pratik.

Alma 24:7–10; 26:23–34; 27:27–30

Paske Papa nou ki nan Syèl la plen mizèrikòd, nou ka repanti epi chanje.

Dènyèman, timoun yo te etidye konsènan Alma, Amon, ak Anti-Nefi-Leyi yo. Kijan w ka itilize istwa sa yo pou ilistre ke Pè Selès la plen mizèrikòd pou moun ki repanti sensèman yo?

Aktivite posib

  • Ekri Anvan ak Apre sou tablo a. Mande kèk nan timoun yo pou li vèsè sa yo pou yo ka wè kijan Lamanit yo te ye anvan Amon ak frè l yo t al anseye yo a : Alma 17:14–15; 26:23–24. Fè lòt timoun yo li vèsè sa yo pou yo ka wè kijan Lamanit yo te chanje: Alma 26:31–34; 27:27–30. Mande yo pou yo ekri sa yo jwenn yo anba tit ki koresponn nan. Apresa, envite yo pou yo dekouvri nan Alma 24:7–10 la, kijan Lamanit yo te fè vin kapab chanje si totalman konsa. Rann temwayaj ou sou pouvwa Bondye pou padone nou ak ede nou repanti ak chanje.

  • Mande yo pou yo li Alma 26:21–22 ansanm, pandan y ap chèche benediksyon ki vini pou moun ki repanti yo. Mande yo pou yo dekri kèk nan benediksyon sa yo nan pwòp mo pa yo.

Alma 2629

Levanjil la pote lajwa pou mwen, epi m ka pataje lajwa sa a avèk lòt moun.

Chapit sa yo ranpli ak egzanp lajwa ki vini nan viv levanjil la ak nan pataje levanjil la. Kijan w ka itilize Alma 26 ak 29 la pou enspire timoun yo pou yo chèche lajwa sa a?

Aktivite posib

  • Ede yo jwenn mo “lajwa” ak “rejwi” a nan Alma 26 ak 29. Ansanm, li kèk nan vèsè yo jwenn yo, epi diskite sou fason vèsè sa yo anseye sou lajwa. Kisa k te pote lajwa pou Amon ak Alma? Pataje yon eksperyans kote w te santi lajwa paske w te viv levanjil la oubyen w te pataje li, oubyen envite timoun yo pou pataje pwòp eksperyans pa yo.

  • Mande de timoun pou yo kanpe fasafas epi gade kiyès ki ka fè lòt la souri an premye. Ki kèk fason nou ka repann lajwa kay lòt moun? Ki fason pataje levanjil la repann lajwa? Ede timoun yo panse a kèk fason yo ka pataje lajwa levanjil la avèk zanmi yo ak fanmi yo.

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje aprantisaj lakay

Envite yo pou yo kenbe pwomès yo jan Anti-Nefi-Leyi yo te fè a.

Amelyore ansèyman nou

Aprann yon ekriti. Chwazi yon fraz oubyen yon ti pasaj ekriti ou panse k ta ka ede timoun nan klas ou yo, epi ede yo aprann ni pa kè. Èd vizyèl oubyen jès ka ede tou.

Enprime