Vini, Suiv Mwen
20-26 Jiyè. “Gade Bondye epi viv”


“20-26 Jiyè. Alma 36–38: ‘Gade Bondye epi viv,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Liv Mòmon 2020 (2020)

“20-26 Jiyè. Alma 36–38,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2020

Imaj
yon mesye k ap priye

Ilistrasyon Joshua Dennis

20-26 Jiyè.

Alma 36–38

““Gade Bondye epi viv”

Pandan w ap etidye Alma 36–38 la nan yon espri lapriyè, w ap resevwa enpresyon osijè timoun w ap anseye yo. Ekri enpresyon sa yo; yo gen dwa ba w anpil ide pou aktivite aprantisaj yo.

Ekri enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Envite tout timoun yo pou yo rakonte yon bagay paran yo te anseye yo. Mande yo si yo konn kisa Alma te anseye pitit gason l yo.

Imaj
senbòl pataj

Anseye doktrin nan: timoun ki pi piti yo

Alma 36:6, 20,24

Repantans pote lajwa pou mwen.

Si nou anseye timoun yo sou lajwa repantans lè yo piti, sa ka enspire yo pou yo repanti lè yo grandi.

Aktivite posib

  • Li Alma 36:20 pou timoun yo, epi mande yo pou yo koute kisa Alma te santi. Envite yo pou yo site kèk bagay ki pote lajwa pou yo. Montre yon foto Sovè a, epi eksplike kisa Alma te santi paske Jezikri te padone l peche l yo.

  • Bay chak timoun yon moso papye ki gen yon vizaj souriyan sou yon bò ak yon vizaj tris sou lòtbò a. Mande yo pou yo koute pandan w ap li Alma 36:6 la epi chwazi ki vizaj yo dwe montre. Eksplike yo ke Alma te repanti epi l te santi lajwa paske Jezikri te padone l dèske l te fè move chwa. Mande yo pou yo koute pandan w ap li Alma 36:24 pou yo wè bon chwa l te fè nan apre epi fè yo leve vizaj kòrèk la.

  • Chante yon chan sou Jezikri avèk yo, tankou “Il envoya son Fils aimé,” (Chants pour les enfants, 34–35 Rann temwayaj ou ke Jezi te vini sou tè a pou sove nou anba peche epi pou pote lajwa pou nou.

Alma 37: 6–7

“Avèk bti bagay senp, gwo bagay fèt;.”

Kijan nou ka anseye timoun yo pou yo rekonèt Senyè a itilize ti bagay senp pou akonpli travay li?

Aktivite posib

  • Li Alma 37:6–7, epi envite yo pou yo akwoupi atè chak fwa yo tande mo “piti” a. Montre yo kèk ti objè piti ki ka fè gwo bagay rive oubyen ki ka deplase gwo bagay, tankou yon batri oswa yon kle machin. Ki gwo bagay ki rive oubyen ki deplase gras ak ti bagay piti sa yo? Ede yo panse ak kèk ti bagay senp Bondye vle pou nou fè. Ki gwo bagay ki ka rive gras ak ti kòmandman piti oswa senp sa yo?

  • Montre yo yon foto ti bagay ki ka vin tounen gwo bagay, tankou yon ti moso zèb ak yon jaden, oubyen yon ti gout lapli ak yon lak. Temwaye ke menm ti aksyon senp yo kapab fè yon gwo diferans nan lavi nou ak nan lavi lòt moun. Ankouraje yo pou yo pale de kèk ti bagay senp yo fè chak jou, oubyen pataje pwòp egzanp pa w. Mande yo pou yo chwazi yon ti bagay senp yo ka fè semèn sa a epi pou yo desine yomenm k ap fè li. Mande yo pou yo pote desen yo a lakay yo epi pataje l avèk fanmi yo.

Alma 37:38–47

Ekiti yo ka ede nou chak jou.

Menmsi timoun piti yo poko ka li, ou ka ede yo akeri yon temwayaj sou pouvwa ekriti yo pou gide lavi chak jou yo.

Aktivite posib

  • Montre foto yon Liahona (tankou Liv Ilistrasyon Levanjil, no. 68), oubyen envite timoun yo pou yo desine youn pandan y ap rakonte kisa yo sonje apwopo li (gade 1 Nefi 16:10, 28–29). Kenbe ekriti yo epi mande yo pou yo di kijan ekriti yo se tankou Lyawona. Itilize Alma 37:38–47 ak paj aktivite semèn sa a pou w ajoute sou diskisyon an.

  • Chante ansanm yon chan sou etid ekriti, tankou “Quand je lis l’Écriture sainte” oswa “Pour sonder tes Écritures” (Chants pour les enfants, 109; Cantiques, no.163). Ki benediksyon etid ekriti yo mansyone nan chan an?

    Imaj
    yon fi k ap li ekriti yo

    Ekriti yo anseye nou kijan pou nou suiv Jezi.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye doktrin nan: timoun ki pi gran yo

Alma 36

Mwen ka “ne nan Bondye” lè m suiv Jezi epi m repanti pou peche mwen.

“Konvèsyon … se yon chanjman nan nati nou. Se yon chanjman ki sitèlman enpòtan ke Senyè a ak pwofèt yo fè referans avèk li kòm yon renesans” (“Konvèsyon,” Sijè Levanjil, topics.ChurchofJesusChrist.org).

Aktivite posib

  • Repase istwa konvèsyon Alma, pi jèn nan, ki nan Alma 36:6–21 la avèk timoun yo. Sou kèk ti moso papye, ekri mo ak fraz vèsè sa yo dekri sou kijan Alma te santi l, epi mete yo sou tablo a. Mande timoun yo pou yo klase papye yo an de kategori: sa Alma te santi anvan l te sonje sa papa l te anseye l sou Sovè a ak sa l te santi lè l te fin sonje. Li Alma 36:17–20 ansanm, epi temwaye pou timoun yo ke Jezikri padone nou lè nou repanti.

  • Ekri Ne nan Bondye ak referans ekriti sa yo sou tablo a: 1 Jan 4:7; Mozya 5:7; 27:25–26; Alma 5:14; 22:15. Ede yo li vèsè yo epi chèche fraz ki dekri kisa sa vledi pou nou ne nan Bondye. Kijan yon moun aji lè l fin ne nan Bondye? Kijan nou ka montre ke nou ne nan Bondye?

Alma 37:6–9, 38–47

“Avèk ti bagay senp, gwo bagay fèt.”

Ede timoun w ap anseye yo wè ke li ekriti yo menm pou yon ti bout tan chak jou ka pote gwo benediksyon pou yo.

Aktivite posib

  • Montre yon bokit. Konbyen gout dlo sa ap mande pou ranpli bokit la? Ede timoun yo rekonèt ke y ap bezwen anpil anpil ti gout dlo pou ranpli bokit la. Ki rapò sa genyen avèk Alma 37:6–7? Kijan li ekriti yo se tankou ajoute ti gout dlo nan yon bokit?

  • Mande timoun yo pou yo chèche nan Alma 37:6–9 pou yo ka wè benediksyon yo resevwa gras avèk “anal,” yo oswa ekriti yo. Ansanm nan klas la, fè lis sa yo jwenn yo. Kijan li ekriti yo te beni lavi w? Pataje temwayaj ou konsènan ekriti yo, epi ankouraje timoun yo pou yo fè menm bagay la tout.

  • Montre oubyen afiche foto yon Lyawona (tankou Liv Ilistrasyon Levanjil la, no. 68), epi mande timoun yo pou yo repase sa yo sonje sou Lyawona a nan 1 Nefi 16:10, 28 la. Ede yo li Alma 37:38–42. Kijan Lyawona a te mache? Kijan sa sanble avèk fason ekriti yo travay? Li vèsè 43–47 yo ansanm pou ede reponn kesyon sa a. Mande timoun yo pou yo konplete paj aktivite semèn sa a.

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje aprantisaj lakay

Ankouraje yo pou you di yon rezon k fè yo rekonesan pou ekriti yo epi pou yo envite manm fanmi yo fè menm bagay la tou.

Amelyore ansèyman nou

Ede timoun yo vin moun k ap pi byen aprann. Objektif ou nan anseye timoun yo se pa jis pou kominike yo laverite. Ou dwe ede yo devlope tou pou yo ka vin moun otonòm k ap chèche laverite. Paregzanp, olye ke w kontante w rakonte timoun yo kèk verite ki nan istwa konvèsyon Alma a, ou gen dwa planifye kèk aktivite kote yo ka dekouvri verite ki nan istwa yo poukont yo.

Enprime