Vini, Suiv Mwen
27 Jiyè–2 Out. Alma 39–42: “Gran plan bonè a”


“27 Jiyè–2 Out Alma 39–42: ‘Gran plan bonè a,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Liv Mòmon 2020 (2020)

“27 Jiyè–2 Out Alma 39–42,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2020

Imaj
Jezi ak Mari

Madanm, poukisa w ap kriye? pa Mark R. Pugh

27 Jiyè–2 Out

Alma 39–42

“Gran plan bonè a”

Pandan w ap etidye Alma 39–42 a, Sentespri a ka ba w ide sou bagay k ap pase nan lavi ou.

Ekri enpresyon ou

Lè yon moun nou renmen komèt yon erè ki grav, sa ka difisil pou n konn kijan pou nou reyaji. Yon pati nan sa k fè Alma 39–42 a si valab konsa sèke li revele kijan Alma—yon disip Kris la ki yon fwa te komèt kèk peche grav ke l te dwe repanti pou yo—te jere yon sitiyasyon. Pitit gason Alma a, Koryanton, te komèt peche seksyèl epi Alma, jan l te souvan konn fè, te konte sou pouvwa vrè doktrin nan pou ankouraje repantans lan (gade Alma 4:19; 31:5). Nan chapit sa yo, nou wè bravou Alma nan kondane peche ak tandrès li ak lanmou l pou Koryanton. Epi alafen, nou santi konfyans Alma ke Sovè a “ka vin efase [peche ak] deklare bòn nouvèl sali” pou moun ki repanti (Alma 39:15). Lefèt ke Koryanton te finalman retounen nan travay ministè a (gade Alma 49:30) ka ba nou lespwa pou padon ak redanmsyon lè nou santi nou “twouble” (Alma 42:29) pa peche nou oubyen peche yon moun ki chè pou nou.

Imaj
senbòl etid pèsonèl

Ide pou etid ekriti pèsonèl

Alma 39

Peche seksyèl se yon abominasyon devan je Senyè a.

Pou l te ka fè pitit gason l lan konprann gravite peche seksyèl, Alma te anseye l “bagay sa yo se yon abominasyon devan je Senyè a” (Alma 39:5). Poukisa chastete enpòtan pou ou? Poukisa li enpòtan pou Senyè a? Eksplikasyon sa a Eldè Jeffrey R. Holland te bay la ka petèt ede ou:

“Sa klè ke pami pi gwo preyokipasyon Senyè a konsènan mòtalite a, nou jwenn fason yon moun vin nan mond sa a ak fason l kite mond sa a. Li fikse limit ki trè strik nan zafè sa yo.

“… Entimite konjigal rezève pou moun ki marye paske l se senbòl siprèm inyon total la, yon inyon total ki òdone e defini pa Bondye. Maryaj fèt pou l vledi inyon total yon gason ak yon fi. … Se yon inyon ki si konplè ke nou itilize mo sele a pou endike pwomès etènèl li” (“Pite pèsonèl,” Ensign, Nov. 1998, 76).

Reflechi sou konsèy Alma te bay Koryanton an nan Alma 39:8–15 la. Kijan l ede w pi byen konprann enpòtans lwa chastete a ak kijan pou w simonte tantasyon? Ansèyman Alma yo demontre kijan Senyè a prese pou padone nou lè nou repanti epi gen espwa pou nou tout. Pandan w ap li Alma 39–42 semèn sa a, chèche prèv sou mizèrikòd Bondye. Kijan mizèrikòd Bondye beni ou?

Gade Pureté sexuelle,”Jeunes, soyez forts,35–37 tou.

Alma 40–41

M ap resisite epi m pral kanpe devan Bondye pou l jije m.

Lè Alma te wè Koryanton te gen kesyon sou Rezirèksyon an, li te anseye l sou sa k rive lè nou mouri. Ki verite Alma te anseye nan chapit 40–41 yo ki te itil pou Koryanton—ak pou tout moun ki peche—konprann? Ou gen dwa òganize sa w aprann yo nan idantifye sijè Alma adrese yo (tankou mond dèzespri a, rezirèksyon, ak restorasyon) epi apresa ekri sa Alma anseye sou yo chak. Kijan sonje verite sa yo ka ede w lè w santi w tante oubyen lè w ap chèche padon?

Alma 40

M ka chèche repons pou kesyon m genyen sou levanjil yo nan lafwa.

Pafwa nou ka panse ke pwofèt yo konn repons pou tout kesyon sou levanjil la. Men, remake ke nan tout chapit 40 la, Alma te gen plizyè kesyon san repons osijè lavi apre lanmò. Kisa l te fè pou l te ka jwenn repons? Kisa l te fè lè l pa t ka jwenn repons? Reflechi sou fason egzanp Alma a ka ede w avèk kesyon w genyen sou levanjil yo.

Imaj
Yon fi k ap priye

Lapriyè se youn nan fason nou ka jwenn repons pou kesyon levanjil yo.

Alma 42

Sakrifis Ekspyasyon Jezikri a rann plan redanmsyon an posib.

Koryanton te twouve ke l pa jis pou n pini pou peche nou (gade Alma 42:1). Men Alma te anseye ke gen yon mwayen pou n chape anba “eta mizè” peche mete nou an: repantans ak lafwa nan Ekspyasyon Jezikri a, ki alafwa mizèrikòdye ak jis (gade Alma 42:15). Pandan w ap li Alma 42 a, chèche wè kijan Ekspyasyon Sovè a rann posib pou nou resevwa mizèrikòd san nou pa “[vòlè] lajistis” (vèsè 25). Ki verite w jwenn nan chapit sa a ki ede w santi mizèrikòd li?

Imaj
senbòl etid familyal

Ide pou etid ekriti familyal ak sware familyal

Pandan w ap li ekriti yo avèk fanmi ou, Lespri a ka ede w konn ki prensip pou w souliyen ak diskite pou ka reponn bezwen manm fanmi w yo. Men kèk ide.

Alma 39:1–9

Èske fanmi w t ap benefisye nan yon diskisyon sou lwa chastete a? Si wi, panse pou w itilize resous sa yo selon bezwen fanmi an: Alma 39:1–9; “Pite seksyèl,” Pou fòs jèn yo, 35–37; “Chastete,” Gospel Topics, topics.ChurchofJesusChrist.org; overcomingpornography.org; ak videyo “Kisa m dwe fè lè m wè pònografi?” a ak “Mwen chwazi pou m pur” (ChurchofJesusChrist.org). Medite sou fason w ka ede fanmi w konprann benediksyon chastete yo ak benediksyon entimite nan maryaj yo (paregzanp, gade videyo “Kijan pou m pale avèk pitit mwen yo sou entimite” a nan ChurchofJesusChrist.org).

Alma 39:9–15

Kisa nou aprann nan vèsè sa yo sou fason pou nou evite peche?

Alma 42:4

Ou gen dwa jwe yon jwèt kote moso papye ki gen kalite Kris yo oubyen prensip levanjil yo ekri sou yo simaye nan tout sal la. Gade konbyen moso papye manm fanmi yo ka ranmase nan yon tan byen detèmine, epi apresa diskite sou fason sa k ekri sou papye yo ka ede nou vin plis sanble ak Bondye. Nan kijan “tan yo ba nou” sou tè a sanble ak tan nou bay nan jwèt sa a? Kijan nou ka itilize “tan preparasyon” nou an sou tè a pou n ka vin pi plis tankou Sovè a?

Alma 42:12-15, 22-24

Petèt ou ta ka ilistre relasyon ant jistis ak mizèrikòd la nan itilize yon desen sou yon balans senp pou diskite sou kesyon tankou sa yo: Kisa k rive a balans la lè nou peche? Kisa lajistis mande pou balans la ka balanse? Kijan Sovè a satisfè egzijans lajistis yo e rann mizèrikòd posib?

Pou plis ide pou anseye timoun yo, gade plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primè a.

Amelyore ansèyman nou

Konsantre sou prensip k ap beni fanmi w. Pandan w ap etidye pawòl Bondye a, mande tèt ou: “Kisa m jwenn la a ki ap patikilyèman enpòtan pou fanmi m?” Chèche direksyon Lespri a pandan w ap reflechi sou fason pou w ede fanmi w dekouvri verite sa yo.

Imaj
Alma ak Koryanton

Sa se pitit gason mwen, pa Elspeth Caitlin Young

Enprime