Vini, Suiv Mwen
17–23 Out. Elaman 1–6: “Wòch Redanmtè nou an”


“17–23 Out. Elaman 1–6: ‘Wòch Redanmtè nou an,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Liv Mòmon 2020 (2020)

“17–23 Out. Elaman 1–4,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2020

Imaj
vag k ap frape sou wòch

17–23 Out.

Elaman 1-6.

“Wòch Redanmtè nou an”

Prensip yo ki nan plan leson sa a ka ede nan gide etid ou sou Elaman 1–6 la, men pa kite yo limite ou. Sentespri a ap gide w pou w jwenn verite ou bezwen aprann yo.

Ekri enpresyon ou

Liv Elaman an rakonte triyonf ak trajedi pami Nefit yo ak Lamanit yo. Li kòmanse avèk “gen yon difikilte serye nan pami pèp Nefit yo” (Elaman 1:1), epi difikilte yo kontinye vini toutolon resi a. Ladan, nou li apwopo entrig politik, bann brigan, rejè pwofèt, ak ògèy ak enkwayans nan tout peyi a. Men, nou jwenn egzanp tankou egzanp Nefi ak Leyi tou ak “pati ki pi enb nan pèp la,” ki te nonsèlman siviv men ki te pwospere espirityèlman tou (Elaman 3:34). Kijan yo te fè? Kijan yo te reyisi rete solid pandan ke sivilizasyon yo a t ap desann e tonbe a? Nan menm fason nou rete solid nan “gwo siklòn” dyab la voye vin “bat [nou]” yo—nan konstwi lavi nou “sou wòch Redanmtè nou an, ki se Kris la, Pitit Gason Bondye a, … yon fondasyon lèzòm pa kapab tonbe si yo bati sou li” (Elaman 5:12).

Imaj
senbòl etid pèsonèl

Ide pou etid ekriti pèsonèl

Elaman 1-6.

Lògèy separe m de Lespri a ak fòs Senyè a.

Pandan w ap li Elaman 1–6 la—e toutolon Liv Mòmon an—ou gen dwa remake yon chema nan konpòtman Nefit yo: Lè Nefit yo jis, Bondye beni yo epi yo pwospere. Apre yon tan, yo vin ògeye ak mechan, yo fè chwa ki mennen yo nan destriksyon ak soufrans. Apresa, yo imilye tèt yo epi yo repanti, epi Bondye beni yo yon fwa ankò. Menm chema a repete si souvan ke gen kèk moun ki rele l “chema lògèy.”

Imaj
Chema lògèy la

“Chema lògèy” la

Chèche egzanp sou chema sa a pandan w ap fè lekti a. Ou gen dwa menm make egzanp yo lè w jwenn yo. Men kèk kesyon pou ede w konprann chema sa a epi pou w wè kijan li ka aplike a oumenm:

Gade Dieter F. Uchtdorf tou, “Lògèy ak Prètriz la,” Ensign oswa Liahona, Nov. 2010, 55–58.

Elaman 3:24–35

Mwen ka sanktifye si m bay Bondye kè mwen.

Nan Elaman 3, Mòmon dekri yon epòk kote Legliz la te sitèlman pwospere ak beni ke menm dirijan yo te etone (gade vèsè 24–32). Alafen, gen kèk moun ki te vin ògeye, pandan ke gen lòt ki te “vin gen plis fòs nan imilite yo, … jistan kè yo te pirifye ak sanktifye” (Elaman 3:35). Remake nan vèsè 34–35 yo kisa moun ki te pi enb yo te fè pou yo te ka vin sanktifye. Kijan bagay sa yo ede w vin pi sanktifye? Li ta bon pou w konnen ke nan Gid Ekriti yo (scriptures.ChurchofJesusChrist.org) yo defini sanktifikasyon kòm “pwosesis pou vin libere anba peche, e vin pur, pwòp ak sen pa mwayen Ekspyasyon Jezikri a.” Kisa w santi w enspire pou w fè pou w suiv egzanp disip sa yo? Kisa w ap fè pou w bay Bondye kè ou?

Elaman 5:14–52

Lafwa m fòtifye pa “gwo prèv [mwen] resevwa yo.”

Eldè Jeffrey R. Holland te di moun ki ap lite avèk lafwa yo yon fwa: “Nou gen plis lafwa pase nou panse nou genyen gras ak sa Liv Mòmon an rele ‘gwo prèv’ yo [Elaman 5:50]. … Fwi Levanjil yo vizib nan lavi Sen Dènye Jou yo toupatou” (“Senyè, mwen kwè,” Ensign oswa Liahona, Me 2013, 94). Pandan w ap li vèsè sa yo, panse sou prèv Senyè a ba ou. Paregzanp, petèt ou pa konn tande vwa Senyè a literalman, men ou konn santi “yon chichotman” ki soti nan Sentespri a ki “pèse menm nanm ou”? (Elaman 5:30; gade DA 88:66) tou. Petèt ou te nan tenèb, ou te kriye bay Bondye pou l ba w pi gwo lafwa, epi ou te “ranpli ak yon lajwa ineksplikab” (Elaman 5:40–47). Ki lòt eksperyans ki te fòtifye lafwa ou nan Kris la ak nan levanjil li a?

Imaj
senbòl etid familyal

Ide pou etid ekriti familyal ak sware familyal

Pandan w ap li ekriti yo avèk fanmi ou, Lespri a ka ede w konn ki prensip pou w souliyen ak diskite pou ka reponn bezwen manm fanmi w yo. Men kèk ide.

Elaman 3:27–30

Lè pwofèt Mòmon t ap abreje anal sakre yo, li te konn pafwa itilize fraz tankou “konsa nou wè” pou mete aksan sou verite enpòtan yo. Kisa l vle nou wè nan Elaman 3:27–30 la? Pandan etid ou semèn sa a, ou gen dwa fè yon rete tanzantan pou w mande manm fanmi an kijan yo t ap konplete fraz ki di “epi konsa nou wè” a dapre sa yo li yo. Ki verite yo vle souliyen?

Elaman 5:6-7.

Gran papa Prezidan George Albert Smith, George A. Smith, ki te mouri, te parèt devan li nan yon rèv epi l te di li: “Mwen ta renmen konnen kisa w fè avèk non mwen” Prezidan Smith te reponn: “Mwen pa fè anyen ak non w ki pou fè w wont” (nan Enseignements des présidents de l’église: George Albert Smith [2011], xxvi). Lè w fin li Elaman 5:6–7 la, petèt ou ta ka pale avèk manm fanmi ou sou sonje ak onore non yo pote yo, enkli non Sovè a.

Elaman 5:12

Pou ede fanmi w vizyalize kisa sa vle di pou n gen “yon fondasyon asire,” petèt ou ta ka bati yon ti bagay epi mete l sou diferant kalite fondasyon. Apresa, ou gen dwa kreye yon “gwo siklòn” kote w ap itilize yon vantilatè oubyen yon sechwa pou w ka kreye van pou w voye dlo sou li. Kisa k rive sa w ta bati a selon sou fondasyon l te chita a? Kijan Jezikri se tankou yon “fondasyon asire” nan lavi nou?

Elaman 5:29–33

Ki eksperyans ou te fè kote w te rekonèt vwa Bondye nan lavi ou?

Pou plis ide pou anseye timoun yo, gade plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primè a.

Amelyore etid pèsonèl nou

Se pou w gen pasyans avèk tèt ou. Yon fondasyon lafwa se yon bagay ou bati yon ti moso alafwa. Si w ta twouve ke gen kèk pwen doktrinal ki difisil pou w konprann kounyeya, pran pasyans. Gen konfyans ke konpreyansyon an ap vini amezi w ap bati fondasyon w sou Jezikri nan egzèse lafwa ak nan etidye avèk dilijans.

Imaj
Nefi ak Leyi nan prizon

© Liv Mòmon pou jèn lektè yo, Nefi ak Leyi ki ansèkle pa yon kolòn dife, pa Briana Shawcroft; nou pa dwe kopye li

Enprime