Vini, Suiv Mwen
24–30 Out. Elaman 7–12: “Sonje Senyè a”


“24–30 Out. Elaman 7–12: ‘Sonje Senyè a,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Liv Mòmon 2020 (2020)

“24–30 Out. Elaman 7–12,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2020

Imaj
Nefi k ap priye nan tou nan jaden an

Ilistrasyon Nefi sou tou yon jaden pa Jerry Thompson

24–30 Out.

Elaman 7–12

“Sonje Senyè a”

Nefi, Leyi, ak lòt te fè “plizyè revelasyon” (Elaman 11:23). Revelasyon tanzantan pa rezève pou pwofèt sèlman—li disponib pou ou tou. Ekri enpresyon w resevwa yo kapab ede w resevwa revelasyon pi souvan.

Ekri enpresyon ou

Papa Nefi, Elaman, te egzòte pitit gason l yo pou yo te “sonje, sonje”: li te vle yo sonje zansèt yo, pawòl pwofèt yo, epi, anwo tout bagay, sonje “Redanmtè nou an, ki se Kris la” (gade Elaman 5:5–14). Li klè ke Nefi te sonje paske se menm mesaj la li te deklare dèzane apre “san fatige” (Elaman 10:4) bay pèp la. “Kòman nou fè bliye Bondye nou an?” (Elaman 7:20), li te mande. Tout efò Nefi—preche, priye, akonpli mirak, ak mande Bondye yon famin—sete tantativ pou l te ede moun yo tounen yo vè Bondye epi sonje li. Nan anpil fason, bliye Bondye se yon pwoblèm ki pi grav pase pa konnen li, epi li fasil pou n bliye li lè espri nou distrè pa “ bagay san valè mond sa a” epi peche bouche je nou (Elaman 7:21; gade Elaman 12:2) tou. Men, jan ministè Nefi a montre a, li pa janm twò ta pou nou sonje epi “retounen … vin jwenn Senyè a, Bondye nou” (Elaman 7:17).

Imaj
senbòl etid pèsonèl

Ide pou etid ekriti pèsonèl

Elaman 7-11.

Pwofèt yo revele volonte Bondye.

Gen anpil pwofèt yo dekri nan Liv Mòmon an, men Elaman 7–11 se patikilyèman yon bon kote pou nou aprann kisa yon pwofèt ye, kisa l fè, ak kijan nou dwe resevwa pawòl li. Pandan n ap li chapit sa yo, pote atansyon a aksyon, panse, ak relasyon Nefi avèk Senyè a. Kijan ministè Nefi a ede w pi byen konprann wòl pwofèt la nan epòk pa nou an? Men kèk egzanp. Ki lòt bagay ou jwenn?

Elaman 7:17–22:Pwofèt yo kriye repantans epi yo avèti kont konsekans peche.

Elaman 7:29; 9:21–36:Atravè revelasyon Bondye ba yo, pwofèt yo konnen sa moun yo bezwen tande.

Elaman 10:7:Yo bay pwofèt yo pouvwa pou yo sele sou tè a ak nan syèl la (gade Matye 16:19; DA 132:46) tou.

Elaman 10:4–7, 11–12:

Kijan vèsè sa yo afekte fason w santi w apwopo pwofèt aktyèl la? Kisa l te anseye dènyèman? Kisa w ap fè pou w koute ak suiv direksyon l bay yo?

Elaman 9-10.

Siy ak mirak yo ede men yo pa sifi pou bati yon lafwa dirab.

Si syi ak mirak te sifi pou chanje kè yon moun, enben, tout Nefit yo t ap konvèti akoz siy remakab Nefi te bay nan Elaman 9 yo. Men, olyesa, “yon divizyon te leve nan pami pèp la” (Elaman 10:1) paske anpil nan yo te “fè kè yo di” (Elaman 10:15). Kijan mechan yo souvan reyaji devan siy ak mirak? (gade Elaman 10:12–15; gade 3 Nefi 2:1–2) tou. Ki danje ki genyen nan fè siy vin tounen fondasyon temwayaj nou? (gade “Siy,” Sijè Levanjil yo, topics.ChurchofJesusChrist.org).

Elaman 10:2-4.

Meditasyon envite revelasyon.

Si yon jou w ta santi w dekouraje, enkyè oubyen twouble, ou gen dwa aprann yon leson enpòtan nan egzanp Nefi a ki nan Elaman 10:2–4 la. Kisa l te fè lè l te santi l “afese”? (vèsè 3).

Prezidan Henry B. Eyring te anseye: “Lè nou medite, nou envite revelasyon pa Lespri. Pou mwenmenm, medite se refleksyon ak priyè m fè lè m fin li ak etidye ekriti yo avèk swen” (“Sèvi avèk Lespri a,” Ensign oswa Liahona, Nov. 2010, 60). Kijan w ka kreye abitid pou w medite? Pou w jwenn yon fason pou w medite pawòl Bondye a regilyèman, gade mesaj Frè Devin G. Durrant an “Kè m te medite sou yo kontinyèlman” (Ensign oswa Liahona, Nov. 2015, 112–15).

Gade Pwovèb 4:26; Lik 2:19; 1 Nefi 11:1; 2 Nefi 4:15–16; 3 Nefi 17:3; Mowoni 10:3; DA 88:62 tou.

Elaman 12

Senyè a vle m sonje li.

Nan Elaman 12, Mòmon, ki t ap abreje anal yo, fè rezime sou kèk leson nou ka aprann nan resi Nefi a nan chapit anvan yo. Panse pou w itilize rezime sa a kòm yon opòtinite pou w egzamine pwòp kè ou. Ou gen dwa menm fè yon lis sou sa Mòmon di ki lakoz moun yo bliye Senyè a. Kisa k ede w sonje? Ki chanjman ou santi w enspire pou w fè baze sou sa w aprann yo?

Imaj
senbòl etid familyal

Ide pou etid ekriti familyal ak sware familyal

Pandan w ap li ekriti yo avèk fanmi ou, Lespri a ka ede w konn ki prensip pou w souliyen ak diskite pou ka reponn bezwen manm fanmi w yo. Men kèk ide.

Elaman 7-9.

Ki resanblans ou wè ant sa Nefi te fè yo ak sa pwofèt yo ap fè jodia? Kisa pwofèt nou an anseye jodia? Petèt ou ta ka chwazi kèk konsèy resan pwofèt la te bay epi diskite avèk fanmi an sou fason nou ka pi byen suiv li.

Elaman 10:4–5, 11–12

Kijan Nefi te demontre ke l te chèche fè volonte Senyè a olye de volonte pa li? Kijan nou ka suiv egzanp li? Ki kèk fason fanmi w ka pi byen chèche volonte Senyè a?

Elaman 11:1-16.

Kisa Nefi te dezire epi kisa l te fè pou sa? Kisa nou aprann apwopo lapriyè nan egzanp Nefi a?

Elaman 11:17–23

Kisa nou aprann apwopo frè Nefi a, Leyi, nan Elaman 11:17–23? Kimoun nou konnen k ap mennen yon lavi dwat san l pa resevwa anpil onè?

Elaman 12:1-6.

Èske w ka panse ak yon leson objè w ta ka itilize pou ede fanmi w konprann kisa “enkonstans” ye? Paregzanp, ou gen dwa envite yon manm fanmi pou l eseye lanse yon boul sou tèt li. Apresa ou gen dwa envite manm fanmi yo pou yo gade nan Elaman 12:1–6 pou yo ka chèche rezon k fè moun yo ka enkonstan nan suiv Senyè a. Kijan nou ka rete konstan spirityèlman?

Pou plis ide pou anseye timoun yo, gade plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primè a.

Amelyore ansèyman nou

Repase. Men yon ide pou ede manm fanmi w repase ekriti yo aprann yo: Chwazi yon vèsè ou twouve k siyifikan, epi mete la nan kay la kote fanmi an ka wè l souvan. Envite lòt manm nan fanmi an pran tou pa yo pou chwazi yon ekriti pou yo afiche, epi diskite sou li lè fanmi an reyini, tankou lè manje oubyen lè priyè familyal.

Imaj
Yo dekouvri ke Seyantòm se asasen an

©Liv Mòmon pou jèn lektè yo, Seyantòm—Yo dekouvri asasen an, pa Briana Shawcroft; pa dwe kopye

Enprime