Vini, Suiv Mwen
31 Out–6 Septanm: “Bòn nouvèl ki pote gwo lajwa.”


“26 Out–1e Septanm Elaman 13–16: ‘Bòn nouvèl ki pote gwo lajwa,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Liv Mòmon 2020 (2020)

“31 Out–6 Septanm,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2020

Imaj
Samyèl, Lamanit la sou mi an

Samyèl, Lamanit la, soumi an, pa Arnold Friberg

31 Out–6 Septanm

Elaman 13-16.

“Bòn nouvèl ki pote gwo lajwa”

Pandan w ap ekri enpresyon w yo semèn sa a, reflechi sou kijan prensip ki nan Elaman 13–16 yo apiye sou lòt bagay ou aprann nan ekriti yo e ranfòse yo.

Ekri enpresyon ou

Premye fwa Samyèl, Lamanit la, te eseye pataje “bòn nouvèl” la nan Zarayemla a (Elaman 13:7), Nefit ki te gen kè di yo te rejte li epi yo te chase li. Ou gen dwa di se kòmsi yo te bati yon miray enpenetrab toutotou kè yo ki te anpeche yo resevwa mesaj Samèl la. Samyèl te konprann enpòtans mesaj li te bay la epi l te demontre lafwa kote l te suiv kòmandman Bondye te ba li “pou l te retounen pwofetize pèp la ankò” a (Elaman 13:3). Menmjan avèk li, nou tout rankontre miray lè n ap “prepare chemen Senyè a” (Elaman 14:9) ak lè n ap eseye suiv pwofèt li yo. Epi, menmjan ak Samyèl, noumenm tou nou rann temwayaj konsènan Jezikri, “ki gen pou l vini toutbon” an, epi nou envite tout moun pou yo “kwè nan non li” (Elaman 13:6; 14:13). Men se pa tout moun k ap koute nou, epi gen kèk moun ki ka menm opoze nou kareman. Men, moun ki kwè nan mesaj sa a ak lafwa nan Kris yo wè ke l se reyèlman “bòn nouvèl ki pote gwo lajwa” (Elaman 16:14).

Imaj
senbòl etid pèsonèl

Ide pou etid ekriti pèsonèl

Elaman 13

Senyè a ba nou avètisman palentèmedyè pwofèt li yo.

Nan ekriti yo, yo pafwa konpare pwofèt yo avèk santinèl sou yon mi oubyen sou yon tou k ap avèti sou danje (gade Ezayi 62:6; Ezekyèl 33:1–7).

Prezidan M. Russell Ballard te anseye: “Atravè syèk yo, pwofèt yo te ranpli tach yo kote yo te konn avèti moun yo sou danje ki te menase yo. Apot Senyè yo gen devwa pou yo veye, avèti, ak ede moun k ap chèche repons pou kesyon lavi yo” (“Bondye alatèt,” Ensign oswa Liahona, Nov. 2015, 25).

Pandan w ap etidye ak medite sou Elaman 13 la, ou gen dwa make pil avètisman Samyèl te bay yo. Paregzanp, kisa l te anseye apwopo repantans? apwopo imilite ak richès? Kijan avètisman sa yo aplike pou nou? Ki avètisman pwofèt modèn yo te bay resamman, epi kisa w santi w dwe fè apwopo avètisman sa yo?

Imaj
Prezidan Russell M. Nelson

Pwofèt la oryante nou pou n al jwenn Jezikri.

Elaman 13-15.

Senyè a gen mizèrikòd pou moun ki repanti yo.

Toudabò, yo te voye Samyèl kot Nefit yo pou l te pataje bòn nouvèl sou vini Sovè a (gade Elaman 13:7). Paske yo te rejte li, li te retounen avèti yo avèk severite sou jijman Bondye yo. Men, avètisman sa yo te konstamman enkli yon envitasyon mizèrikòdye pou yo te repanti; chèche envitasyon sa yo nan tout Elaman 13–15 la (gade espesyalman Elaman 13:6, 11; 14:15–19; 15:7–8). Kijan envitasyon sa yo aplike pou nou? Kisa w aprann nan vèsè sa yo konsènan repantans? Kilè w konn fè eksperyans avèk mizèrikòd Bondye ki vini nan repantans lan?

Elaman 14; 16:13–23

Siy ak mèvèy ka fòtifye lafwa moun ki pa andisi kè yo.

Nan Elaman 14, Samyèl eksplike rezon k fè Senyè a bay te bay siy sou nesans ak lanmò Sovè a: “Nan entansyon pou nou kwè nan non li” (Elaman 14:12). Pandan w ap etidye Elaman 14 la, note siy sou nesans Sovè a ki nan vèsè 1–8 yo ak siy sou lanmò l yo ki nan vèsè 20–28 yo. Poukisa w panse siy sa yo sete mwayen efikas pou siyifye nesans ak lanmò Jezikri?

Èske w ka panse a nenpòt siy Senyè a bay pou ede w kwè nan li? Paregzanp, pwofèt yo predi siy ki ap parèt anvan Dezyè Vini Sovè a (gade “Siy tan yo,” Gid Ekriti yo, scriptures.ChurchofJesusChrist.org). Èske gen nan siy sa yo ki deja akonpli nan epòk pa nou an? Lòt siy ki mennen nan lafwa nan Jezikri yo gen dwa pi pèsonèl ak mwens spektakilè. Pran yon ti moman pou w medite sou fason w konn wè men li nan lavi ou.

Ki avètisman yo bay sou siy ki nan Elaman 16:13–23 yo? Kijan w ka evite atitid moun yo dekri nan vèsè sa yo?

Gade Alma 30:43–52; Ronald A. Rasband, “Pa dekrè diven,” tou nan Ensign oswa Liahona, Nov. 2017, 55–57.

Elaman 16

Si nou suiv konsèy pwofèt la, sa ap fè nou rapwoche nou de Senyè a.

Èldè Neil L. Andersen te anseye: “Mwen pèsonèlman dekouvri ke si m etidye pawòl pwofèt Bondye a nan lapriyè epi, avèk swen, ak pasyans, mwen spirityèlman aliyen volonte m avèk ansèyman enspire l yo, lafwa m nan Senyè a, Jezikri, toujou ogmante. Si nou chwazi pou n mete konsèy li akote epi nou deside ke nou pi byen konnen pase li, lafwa nou soufri epi pèspektif etènèl nou bouche” (“Pwofèt Bondye a,” Ensign oswa Liahona, Me 2018, 26–27). Kijan pawòl ak aksyon Nefit yo nan Elaman 16 yo konfime sa Èldè Andersen anseye a? Ki angajman pèsonèl ou santi w ta dwe pran konsènan pwofèt Senyè a ak mesaj yo bay yo?

Imaj
senbòl etid familyal

Ide pou etid ekriti familyal ak sware familyal

Pandan w ap li ekriti yo avèk fanmi ou, Lespri a ka ede w konn ki prensip pou w souliyen ak diskite pou ka reponn bezwen manm fanmi w yo. Men kèk ide.

Elaman 13:3-4.

Kisa k enpresyone fanmi w nan reyaksyon Samèl la osijè kòmandman Senyè a nan Elaman 13:3–4 la? Pandan etid familyal ou semèn sa a, petèt ou ta ka ankouraje manm fanmi ou pou yo pataje enpresyon ki “vini nan kè [yo].”

Elaman 13:38

Ide ke nou ka jwenn bonè “nan fè inikite” a kouran nan epòk nou an. Nan ki fason viv Levanjil la pote vrè bonè?

Elaman 15:3.

Kijan koreksyon Bondye yo montre amou li pou nou? Envite manm fanmi ou pou yo enbleman mande Senyè a kisa yo ka fè pou yo amelyore.

Elaman 15: 5–8

Kisa nou aprann apwopo konvèsyon nan men Lamanit yo yo dekri nan vèsè sa yo? Kòman nou ka suiv egzanp yo?

Elaman 16:1-3.

Èske manm fanmi w ta renmen jwe wòl istwa Samyèl, Lamanit la? Lè w fin li istwa a, petèt yo ta ka kanpe sou yon chèz youn apre lòt pou yo li kèk nan pwofesi Samyèl yo pandan lòt manm fanmi yo ap fè tankou y ap tire flèch oubyen voye wòch sou yo. Sa ta ka ede fanmi ou konprann kijan Samyèl ak Nefit yo te petèt santi yo. Timoun ki pi piti yo gen dwa renmen desine foto sou istwa a tou. Kijan nou ka tankou Samyèl epi pataje levanjil la avèk lòt moun malgre nou pè?

Pou plis ide pou anseye timoun yo, gade plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primè a.

Amelyore etid pèsonèl nou

Chèche modèl. Yon modèl se yon plan oubyen yon chema nou ka itilize kòm gid pou akonpli yon tach. Nan ekriti yo, nou jwenn modèl ki montre nou kijan Senyè a akonpli travay li, tankou voye sèvitè l yo avèti pèp la.

Imaj
Samyèl, Lamanit la k ap anseye

© The Book of Mormon for Young Readers, Samyèl Lamanit la, pa Briana Shawcroft

Enprime