Vini, Suiv Mwen
14–20 Septanm. 3 Nefi 8–11: “Leve epi vin jwenn mwen”


“14–20 Septanm. 3 Nefi 8–11: ‘Leve epi vin jwenn mwen,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Liv Mòmon 2020 (2020)

“14–20 Septanm. 3 Nefi 8–11,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2020

Imaj
Kris la ki parèt devan Nefit yo

Mwen se limyè mond lan, pa James Fullmer

14–20 Septanm

3 Nefi 8–11

“Leve epi vin jwenn mwen”

Nan 3 Nefi 8–11 la, pèp la te tande vwa Bondye k ap pale avèk yo. Pandan w ap li chapit sa yo, pote atansyon a sa vwa l ap di ou.

Ekri enpresyon ou

“Gade, m se Jezikri pwofèt yo te temwaye ki gen pou l vin nan mond lan” (3 Nefi 11:10). Avèk pawòl sa yo, Sovè resisite a te prezante tèt li, sa k te akonpli plis pase 600 zan pwofesi nan Liv Mòmon an. Èldè Jeffrey R. Holland te ekri: “Aparisyon sa a ak deklarasyon sa a se pwen santral la, moman siprèm nan, nan tout istwa Liv Mòmon an. Sete manifestasyon ak dekrè ki te enfòme ak enspire chak nan pwofèt Nefit yo. … Yo chak te pale de li, te selebre l avèk kantik, yo te reve li, epi yo te priye pou l te vini—men kounyeya li te la reyèlman. Gran jou a te rive! Bondye ki transfòme chak nuit sonb fè l vin tounen maten briyan an te rive” (Christ and the New Covenant [1997], 250–51).

Imaj
senbòl etid pèsonèl

Ide pou etid ekriti pèsonèl

3 Nefi 8–11

Jezikri se limyè mond lan.

Ou gen dwa remake ke tèm ki anrapò avèk tenèb ak limyè yo—ni fizik ni espirityèl—repete nan tout 3 Nephi 8–11 la. Kisa w aprann nan chapit sa yo konsènan tenèb espirityèl ak limyè? Kisa k mennen tenèb nan lavi ou? Kisa k pote limyè? Poukisa w panse Sovè a te chwazi pou l te prezante tèt li kòm “limyè ak lavi mond lan”? (3 Nefi 9:18; 11:11). Kijan Jezikri te yon limyè nan lavi ou?

3 Nefi 8–10

Si m repanti, Sovè a ap rasanble m, l ap pwoteje m epi l ap geri mwen.

Kijan w panse pèp la te santi l apre l te fin wè destriksyon ak tenèb yo dekri nan 3 Nephi 8 yo? Kijan w panse yo dwe te santi yo lè yo te tande vwa Sovè a ki t ap pale de limyè, mizèrikòd, ak redanmsyon an nan chapit 9 ak 10 yo?

Malgre Sovè a te pwoklame ke destriksyon terib sa a sete rezilta peche moun yo, li te pwomèt ke l t ap geri moun ki t ap retounen vin jwenn ni epi repanti yo (gade 3 Nefi 9:2, 13). Èldè Neil L. Andersen te remake: “Mwen emèveye pou bra mizèrikòd Sovè a ak lanmou li ki ansèkle moun ki repanti a, kèlkeswa jan peche ki padone a egoyis. Mwen temwaye ke Sovè a kapab e l vle padone peche nou” (“Repanti … pou l kapab geri nou,” Ensign oswa Liahona, Nov. 2009, 40).

Gade nan 3 Nefi 9–10 pou w ka wè prèv sou mizèrikòd Kris la ak gwo dezi li pou padone nou. Paregzanp, kisa w jwenn nan 3 Nefi 9:13–22 ak 10:1–6 la ki ede w santi amou ak mizèrikòd Sovè a? Medite sou eksperyans kote w te santi l “rasanble” ou ak “nouri” ou (gade 3 Nefi 10:4). Sonje pou w ekri eksperyans sa yo nan yon jounal oubyen pataje yo avèk moun ki chè pou ou.

3 Nefi 11:1–8

Mwen ka aprann koute ak konprann vwa Bondye.

Èske w konn gen enpresyon ke w mal pou konprann yon mesaj Bondye t ap kominike ou? Petèt eksperyans moun yo ki nan 3 Nefi 11:1–8 la ka ede w konprann kèk prensip sou tande ak konprann vwa Bondye. Ou gen dwa ekri karakteristik vwa Bondye yo moun yo te tande a ak sa yo te fè pou yo te ka pi byen konprann ni. Kijan resi sa a ka aplike a efò ou pou w tande ak rekonèt vwa Bondye nan lavi w atravè revelasyon pèsonèl?

3 Nefi 11:8–17

Jezikri envite m pou m akeri yon temwayaj pèsonèl konsènan li.

Te gen apeprè 2.500 moun ki te rasanble nan peyi Abondans lan lè Jezikri te parèt la (gade 3 Nefi 17:25). Malgre tout kantite moun sa yo, Sovè a te envite yo chak “youn pa youn” pou yo te vin touche mak klou yo nan men al ak nan pye li (3 Nefi 11:14–15). Kisa sa sigjere sou enpòtans pou nou fè eksperyans espirityèl ki bati lafwa nan Jezikri? Nan ki fason Sovè a envite ou pou w “leve epi vin jwenn ni? (3 Nefi 11:14). Ki eksperyans ki te ede w akeri yon temwayaj ke li se Sovè ou? Ou gen dwa konsidere kijan egzanp Sovè a nan vèsè sa yo ta ka enspire efò ou pou sèvi lòt moun.

Imaj
Jezi k ap montre Nefit yo mak klou nan men l yo

Youn pa youn, by Walter Rane

Imaj
senbòl etid familyal

Ide pou etid ekriti familyal ak sware familyal

Pandan w ap li ekriti yo avèk fanmi ou, Lespri a ka ede w konn ki prensip pou w souliyen ak diskite pou ka reponn bezwen manm fanmi w yo. Men kèk ide.

3 Nefi 8–9

Pou ede fanmi w imajine eksperyans yo dekri nan 3 Nefi 8–9 yo, ou gen dwa rakonte oubyen koute yon anrejistreman sou kèk pati nan chapit sa yo nan yon sal ki sonb. Diskite sou kisa sa t ap sanble pou w ta nan fènwa pandan twa jou. Apresa, ou ta ka pale de fason Jezikri se “limyè … mond la” (3 Nefi 9:18).

3 Nefi 10:1–6

Foto yon poul k ap rasanble tipoul li yo ka yon zouti pedagojik puisan pou ede timoun yo konprann karaktè Sovè a ak misyon li. Ou gen dwa li vèsè sa yo pandan fanmi an ap gade foto yon poul avèk tipoul li. Poukisa yon poul bezwen rasanble tipou l li yo? Poukisa Sovè a vle rasanble nou bò kote li? Kisa k ka rive si yon tipoul pa chwazi pou l vini lè yo rele li?

3 Nefi 11:1–17

Petèt ou ta ka li kèk nan vèsè sa yo nan yon “ti vwa” tou piti (3 Nefi 11:3). Kisa moun yo te fè pou yo te ka konprann vwa k te soti nan syèl la? Kisa nou aprann apati eksperyans yo a?

3 Nefi 11:21–38

Èske gen yon moun nan fanmi k ap prepare pou l batize? Lekti 3 Nefi 11:21–38 ta ka ede yo prepare. Kijan medite sou ansèyman Sovè a bay nan vèsè sa yo ka ede manm fanmi w ki deja batize yo?

3 Nefi 11:29–30

Kisa vèsè sa yo anseye nou sou kerèl? Kijan nou ka “abandone” kerèl nan fwaye nou? (3 Nefi 11:30).

Pou plis ide pou anseye timoun yo, gade plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primè a.

Amelyore etid pèsonèl nou

Ekri enpresyon ou. Èldè RichardG. Scott te di: “Yon konesans ki byen konsève se you konesans ki disponib nan moman bezwen. … [Ekri enpresyon espirityèl] yo ogmante chans pou w resevwa plis limyè” (“L’ acquisition de la connaissance spirituelle,” Liahona, Nov. 1993, 88).

Imaj
Kris la ki parèt devan Nefit yo

Yon Bèje, pa Howard Lyon

Enprime