Vini, Suiv Mwen
7–13 Septanm. 3 Nefi 1–7: “Leve tèt ou epi pran kouraj”


“7–13 Septanm. 3 Nefi 1–7: ‘Leve tèt ou epi pran kouraj,’” vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Liv Mòmon 2020 (2020) (2020)

“7–13 Janvye. 3 Nefi 1–7,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2020

Imaj
Nefit yo temwen jou san nuit la

Yon jou, yon nuit, epi yon jou, pa Jorge Cocco

7-13 Septanm

3 Nefi 1–7

“Leve tèt ou epi pran kouraj”

Nefit yo te temwen siy mirakile yo, men avèk letan, yo te bliye sa yo te viv yo (gade 3 Nefi 2:1). Ekri enpresyon ou ap ede w sonje eksperyans espirityèl ou fè pandan w ap etidye 3 Nefi 1–7 la.

Ekri enpresyon ou

Nan yon sèten fason, sete yon tan eksitan pou yon moun ki te kwè nan Jezikri. Pwofesi yo t ap akonpli—gwo siy ak mirak pami pèp la te endike ke Sovè a ta pral fèt. Yon lòtbò, sete egalman yon tan enkyetan pou kwayan yo tou paske, malgre tout mirak yo, enkwayan yo te ensiste pou di ke “tan an te pase” pou Sovè a te fèt (3 Nefi 1:5). Moun sa yo te lakoz “yon gwo soulèvman nan tout peyi a” (3 Nefi 1:7) e yo te menm fikse yon dat pou yo te touye tou kwayan yo si siy Samyèl, Lamanit la, te pwofetize yo—yon nuit san fènwa—pa t parèt.

Nan sikonstans difisil sa yo, pwofèt Nefi te “rele fò nan pye Bondye l la pou pèp li a” (3 Nefi 1:11). Repons Senyè a ankourajan pou tout moun k ap fè fas ak pèsekisyon oswa dout e ki bezwen konnen ke limyè ap toujou venk fènwa: “Leve tèt ou e fè kè w kontan; … M ap akonpli tout sa m te fè bouch pwofèt sen mwen yo pale yo” (3 Nefi 1:13).

Imaj
senbòl etid pèsonèl

Ide pou etid ekriti pèsonèl

3 Nefi 1:4–21; 5:1–3

Senyè a ap akonpli tout pawòl li.

Kijan w panse w t ap santi w si w sete youn nan kwayan sa yo pandan epòk yo dekri nan 3 Nefi 1–7 la? Kisa w t ap santi, paregzanp, si w t ap tann nuit san tenèb sa a ki ta ap anonse nesans Sovè a, konesan ke yo ta pral touye ou si sa pa t rive? Pandan w ap li 3 Nefi 1:4–21 ak 5:1–3 a, chèche kisa Nefi ak lòt kwayan yo te fè pou te kenbe lafwa yo pandan moman difisil sa yo. Kijan Senyè a te beni yo? Kisa w aprann ki ka ede w lè w twouve w ap tann benediksyon Senyè a pwomèt ou?

3 Nefi 1:22; 2:1–3

Bliye eksperyans espirityèl yo rann mwen ekspoze anba tantasyon Satan.

Ou gen dwa panse ke paske w te wè yon bagay si mirakile tankou yon nuit san fènwa a, sa t ap rete avèk ou pandan lontan epi sa t ap yon ankraj pou temwayaj ou. Men, souvni siy ak mèvèy Nefit yo te temwen yo te sanble l te efase avèk letan. Kisa k te lakoz yo te bliye, epi ki rezilta oubli sa a te lakoz? (gade 3 Nefi 1:22; 2:1–3).

Kisa w ap fè pou w sonje ak renouvle temwayaj ou sou verite espirityèl yo? Paregzanp, konsidere kijan ekri eksperyans espirityèl ou yo ka ede w. Kijan w ap pataje temwayaj ou avèk moun ki pi pwòch ou yo pou ede yo kwè?

Gade Alma 5:6; Henry B. Eyring, “O Sonje, sonje,” Ensign oswa Liahona, Nov. 2007, 66–69; Neil L. Andersen, “Lafwa se pa fwi lachans, men se chwa,” Ensign oswa Liahona, Nov. 2015, 65–68.

3 Nefi 2:11–12; 3:1–26; 5:24–26

Senyè a fòtifye Sen l yo kont danje espirityèl.

Nan epòk nou an, nou jeneralman pa konn konfwonte a gwoup brigan ki fòse nou kite lakay nou pou n al reyini nan yon sèl andwa. Men, nou afwonte anpil danje espirityèl, e eksperyans Nefit yo ka gen leson ki ka ede nou. Chèche leson sa yo pandan w ap li 3 Nefi 2:11–12 ak 3:1–26 la.

Nan 3 Nefi 5:24–26 nou li konsènan rasanbleman pèp Senyè a nan dènye jou yo. Kisa vèsè sa yo anseye sou fason Senyè a ap rasanble pèp li a jodia?

Gade “Devosyon Mondyal pou jèn yo: Mesaj Prezidan Russell M. Nelson ak Sè Wendy W. Nelson,” Jen 3, 2018, ChurchofJesusChrist.org; “Izrayèl—Rasanbleman Izrayèl,” Gid Ekriti yo, scriptures.ChurchofJesusChrist.org.

3 Nefi 5:12–26; 7:15–26

M se yon disip Jezikri.

Kisa w panse sa vle di pou w se yon disip Jezikri? (gade DA 41:5). Nan 3 Nefi 5:12–26, Mòmon te sispann abreje anal Nefit yo pou l te deklare ke l sete yon disip Jezikri. Apresa, nan 3 Nefi 7:15–26, li te dekri ministè yon lòt disip—pwofèt Nefi. Kisa w wè nan pasaj sa yo ki ede w konprann kisa savle di pou w se yon disip Kris la?

Imaj
senbòl etid familyal

Ide pou etid ekriti familyal ak sware familyal

Pandan w ap li ekriti yo avèk fanmi ou, Lespri a ka ede w konn ki prensip pou w souliyen ak diskite pou ka reponn bezwen manm fanmi w yo. Men kèk ide.

3 Nefi 3:13-14; 11:25-26

Kisa Nefit yo te fè pou yo te pwoteje tèt yo kont enmi yo t ap fè fas la? Kisa w ap fè pou w fè lakay ou vin yon lye sekirite ak pwoteksyon kont mal ki nan mond lan?

3 Nefi 2:1–3; 6:15–17

Pou ede fanmi w aprann kijan Satan ka twonpe nou, desine yon kò, epi pandan y ap li 3 Nefi 2:1–3 ak 6:15–17 la, make non diferant pati kò a yon mansyone yo. Selon vèsè sa yo, ki kèk fason Satan tante nou pou fè nou bliye Bondye ak pou n fè peche?

3 Nefi 4:7–12, 30–33

Kisa Nefit yo te fè lè yo te wè vòlè Gadyanton yo ap vini? Kisa fanmi nou ka aprann nan men Nefit yo lè n ap fè fas ak sitiyasyon difisil? Kisa nou ka aprann nan pawòl Nefit yo te di lè Senyè a te fin ede yo nan moman difisil yo a?

3 Nefi 5:13; Doktrin ak Alyans 41:5

Li 3 Nefi 5:13 ak Doktrin ak Alyans 41:5, epi diskite sou kisa sa vle di pou n se yon disip Kris la. Petèt manm fanmi w yo ta ka pale de epòk kote yo chak te remake lòt k ap aji kòm disip. Si w gen timoun piti, ou gen dwa fè yon badj ki di: “M se yon disip Jezikri,” epi fè yo mete badj la chak fwa w remake y ap suiv Sovè a.

Pou plis ide pou anseye timoun yo, gade plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primè a.

Amelyore ansèyman nou

Ede fanmi w konpare ekriti yo avèk tèt yo. Nefi te di: “M te konpare tout ekriti yo avèk lavi nou, pou nou kapab pwofite ak aprann” (1 Nefi 19:23). Pou ede fanmi w konpare ekriti yo avèk tèt yo, ou gen dwa envite yo pou yo medite sou sa yo t ap fè si yo te pami kwayan yo dekri nan 3 Nefi 1:4–9 yo. (Gade nan Anseye nan fason Sovè a, 21.)

Imaj
Nefit yo temwen jou san nuit la

Yon jou, yon nuit, ak yon jou, pa Walter Rane

Enprime