Vini, Suiv Mwen
7–13 Septanm. 3 Nefi 1–7: “Leve tèt ou epi fè kè w kontan”


“7–13 Septanm. 3 Nefi 1–7: ‘Leve tèt ou epi fè kè w kontan,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Liv Mòmon 2020 (2020)

“7–13 Septanm. 3 Nefi 1–7,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2020

Imaj
Nefit yo temwen jounen san lannuit la

Yon jou, yon nuit, ak yon jou, pa Jorge Cocco

7–13 Septanm

3 Nefi 1–7

“Leve tèt ou e fè kè w kontan”

Si w bezwen ide adisyonèl pandan w ap prepare w pou anseye a, gade seksyon “Resous adisyonèl pou anseye timoun yo” ak “Satisfè bezwen timoun piti yo” nan kòmansman manyèl sa a.

Ekri enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Envite timoun yo pou yo di kisa yo sonje yo te aprann semèn pase a sou siy Samyèl, Lamanit la, te di ki t ap ede moun yo konnen ke Jezi te fèt la. Di yo ke jodia yo pral pale de moun ki te wè siy sa yo rive yo.

Imaj
senbòl pataj

Anseye doktrin nan: timoun ki pi piti yo

3 Nefi 1:4 -15, 19–21

Yon nouvo etwal te parèt lè Jezi te fèt.

Tout moun konn istwa Nouvo Testaman an sou nesans Sovè a, menm timoun yo. Semèn sa a se yon gwo opòtinite pou w anseye timoun nan klas ou yo sou mirak Nefit yo te temwen lè Jezi te fèt yo.

Aktivite posib

  • Anvan klas la, mete yon etwal sou mi an. Mande timoun yo pou yo chèche yon bagay sou mi an ki pa abitye la. Di yo ke Nefit yo te wè yon nouvo etwal nan syèl la lè Jezi te fèt. Fè rezime istwa a ki nan 3 Nefi 1:4–15, ak 19–21 la. Ou gen dwa itilize “Chapit 41: Siy sou nesans Kris la” tou nan (Istwa Liv Mòmon yo, 114–16, oswa videyo korespondan an nan ChurchofJesusChrist.org).

  • Montre timoun yo yon foto sou nesans Sovè a (gade Liv Ilistrasyon Levanjil la, no. 30), epi chante yon chante Nwèl avèk yo, tankou “C’est l’heureux temps” (Chants pour les enfants, 32). Ede yo konprann ke Nefit yo t ap viv byen lwen kote Jezi te fèt la, men yo te konnen li te fèt akoz siy yo te wè yo. Temwaye ke menmsi nou pa wè nesans Sovè a, Sentespri a ka ede nou konnen ke istwa nan ekriti yo apwopo nesans li yo vrè.

3 Nefi 1:20

Pawòl pwofèt yo toujou akonpli.

Senyè a te di Nefi: “M ap montre mond lan ke m ap akonpli tout sa m te fè bouch pwofèt sen m yo pale yo” (3 Nefi 1:13).

Aktivite posib

  • Montre ekriti ki dekri kijan Bondye pale atravè pwofèt yo, tankou Noe (Liv Ilistrasyon Levanjil la, nos. 78; gade Jenèz 6–7) ak Samyèl, Lamanit la (Liv Ilistrasyon Levanjil la, no. 81; gade Elaman 14:1–7). Mande timoun yo pou yo pataje sa yo konnen konsènan istwa sa yo.

  • Li 3 Nefi 1:20 pou yo, epi pataje temwayaj ou ke pawòl pwofèt yo toujou akonpli. Envite yo pou yo koute pwofèt la nan pwochen konferans jeneral la.

3 Nefi 15:13

M ka vin suiv Jezikri.

Mòmon te deklare: “Mwen se yon disip Jezikri.” Kijan w ka ede timoun w ap anseye yo konsidere tèt yo kòm disip tou?

Aktivite posib

  • Li 3 Nefi 5:13, epi envite yo pou yo repete fraz “Mwen se yon disip Jezikri” a. Anseye yo ke yon disip Jezikri eseye suiv li. Rakonte yo kèk bagay Mòmon te fè pou l te tankou Jezi, tankou anseye pawòl Bondye a ak obeyi kòmandman Bondye yo (gade 3 Nefi 5:13–18). Ede yo panse a fason yo ka disip.

  • Sou yon moso papye, ede yo trase men yo epi koupe papye a. Ekri “M se yon disip Jezikri” sou yon bò, epi envite yo pou yo desine yon bagay yo ka fè pou yo yon disip sou lòtbò a (ou gen dwa bezwen ede yo panse a kèk ide). Chante yon chan sou suiv Sovè a ansanm, tankou “Jésus-Christ est mon modèle” (Chants pour les enfants, 40–41).

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye doktrin nan: timoun ki pi gran yo

3 Nephi 1:4–21

Pwomès Bondye yo, ke l bay palentèmedyè pwofèt li yo, toujou akonpli.

Resi nan 3 Nefi 1:4–21 an ka ede bati lafwa timoun yo pou fè yo konnen Bondye toujou kenbe pwomès li.

Aktivite posib

  • Envite yo pou yo konpare pwofesi Samyèl, Lamanit la, ki nan Elaman 14:1–7 la avèk akonplisman li nan 3 Nefi 1:19–21 an. Temwaye ke pwomès Bondye fè nou palentèmedyè pwofèt li yo tou jou akonpli.

  • Li istwa ki nan 3 Nefi 1:4–10 la avèk yo. Mande yo kijan yo t ap santi yo si yo sete youn nan kwayan yo ki t ap viv nan epòk sa a. Mande yo pou yo li rès istwa a nan vèsè 11–15 epi sigjere fason pou konplete fraz sa a: “Leson ki nan istwa sa a se …” Kijan nou ka montre konfyans nou nan Bondye lè nou enkyè oubyen dekouraje?

  • Pataje yon bagay pwofèt vivan nou an pwomèt nou. Kisa nou ka fè pou montre lafwa nou ke pawòl pwofè la di yo soti nan Bondye?

3 Nefi 2:11–12; 3:13–14, 24–26

Nou pi solid lè nou reyini ansanm.

Nefit yo te rasanble yo ansanm pou yo te ka an sekirite fizikman. Kijan w ka ede timoun yo wè ke rasanble ansanm avèk bon kalite zanmi ka bayo fòs spirityèl tou.

Aktivite posib

  • Li vèsè sa yo avèk yo, epi envite yo pou yo chèche rezon k te fè Nefit yo te rasanble ansanm nan ak benediksyon yo te resevwa poutèt yo te fè sa a: 3 Nefi 2:11–12 ak 3:13–14, 24–26. Poukisa li enpòtan pou nou “rasanble” jodia nan fanmi nou ak nan legliz la? Kijan rasanble ka rann nou fò spirityèlman?

  • Itilize yon leson objè pou anseye ke nou pi solid ansanm pase lè nou separe. Paregzanp, envite timoun yo pou yo eseye kase yon tibwa epi apresa yon pake tibwa mare ansanm oubyen pou yo chire yon moso papye epi apresa eseye chire yon pil fèy papye. Nan ki fason nou menmjan ak pake tibwa a oubyen pil fèy papye a? Kijan nou youn ka fòtifye lòt lè nou reyini ansanm nan fanmi nou oubyen nan legliz la?

  • Eksplike ke Jezi ap rasanble pèp li a nan Legliz la jodia atravè travay misyonè (gade 3 Nefi 5:24–26). Mande yon misyonè aplentan oubyen yon misyonè pawas pou l pataje eksperyans ki montre kijan kèk moun te fòtifye paske yo te rasanble nan legliz la.

3 Nefi 4:30–33; 5:12–26; 6:14; 7:15–26

M se yon disip Jezikri.

Kijan w ka ede timoun yo wè tèt yo kòm disip Jezikri, jan Mòmon te wè tèt li a? (gade 3 Nefi 5:13).

Aktivite posib

  • Montre yon foto Mòmon (tankou Liv Ilistrasyon Levanjil la, no.73). Mande chak timoun pou repete youn apre lòt sa Mowoni te di nan 3 Nefi 5:13 a: “Mwen se yon disip Jezikri.” Kisa savle di pou m se yon disip Jezikri? (gade DA 41:5).

  • Divize klas la an ti gwoup, epi bay chak gwoup tach pou li youn nan egzanp sa yo konsènan disip: Lamanit ki te konvèti yo (gade 3 Nefi 4:30–33; 6:14), Mòmon (gade 3 Nefi 5:12–26), ak Nefi (gade 3 Nefi 7:15–26). Kijan moun sa yo sete vrè disip Jezikri? Kisa nou ka fè pou nou suiv egzanp yo?

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje aprantisaj lakay

Envite timoun yo pou yo panse ak yon bagay yo ka fè semèn sa a pou yo ka disip Kris la. Ankouraje yo pou ekri li epi pataje l avèk fanmi yo.

Amelyore ansèyman nou

Afiche yon ekriti. Chwazi yon vèsè w twouve k enpòtan (oubyen envite timoun yo pou yo chwazi youn), epi afiche l nan klas la kote timoun yo ka wè l souvan. Ou gen dwa kite l padan kèlke semèn epi fè referans avèk li tanzantan.

Enprime