Vini, Suiv Mwen
21–27 Septanm. 3 Nefi 12–16: “Mwen se lwa a, ak limyè a”


21–27 Septanm. 3 Nefi 12–16: ‘Mwen se lwa a, ak limyè a’” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Liv Mòmon 2020 (2020)

“21–27 Septanm. 3 Nefi 12–16,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2020

Imaj
Jezi k ap montre Douz Apot yo

Twazyèm Nefi: Douz mwen chwazi yo pa Gary L. Kapp

21-27 Septanm

3 Nefi 12–16

“Gade, m se lalwa a, ak limyè a”

Pandan w ap etidye 3 Nefi 12–16 la, chèche verite ki ap touche timoun w ap anseye yo. Plan leson sa a sigjere kèk verite, men Lespri a ka fè w jwenn kèk lòt.

Ekri enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Pase yon foto Jezi youn bay lòt. Fè timoun yo pran tou pou yo chak kenbe foto a epi di yon bagay Jezi te anseye, tankou yon bagay yo te aprann lakay yo semèn sa a.

Imaj
senbòl pataj

Anseye doktrin nan: timoun ki pi piti yo

3 Nefi 12:14–16

M ka yon bon egzanp pou lòt moun.

Pafwa timoun yo gen dwa pa reyalize konbyen egzanp yo ka beni lòt moun. Itilize vèsè sa yo pou ankouraje yo pou yo kite limyè yo briye.

Aktivite posib

  • Di yo ke 3 Nefi 12:14–16 la pale de yo, epi apresa li l fò pou yo. Chak fwa w li “oumenm“ oubyen “pa w”, montre timoun yo, epi mande yo pou yo lonje dwèt sou tèt yo.

  • Montre yo yon flach, epi mande youn ladan yo pou limen li. Eksplike ke lè nou suiv Sovè a, se kòmsi nou limen yon limyè ki ka ede lòt moun suiv li tou. Apresa kouvri limyè a oubyen kache li, epi mande yo pou yo di kèk bagay yo ka fè pou yo ka yon bon egzanp pou lòt moun. Chak fwa yo fè sa, fè yo dekouvri limyè a (gade paj aktivite semèn sa a tou).

  • Chante yon chan ki ankouraje timoun yo pou yo briye tankou yon limyè, tankou “Vois l’étoile au ciel” oswa “Petite est la lumière, en moi” (Chants pour les enfants, 84, 96). Di yo ke w wè limyè nan yo lè yo fè “bon zèv,” epi eksplike yo kijan limyè yo ak egzanp yo ede lòt moun epi enspire w pou w fè bon zèv tou.

3 Nefi 14:7

Papa nou ki nan syèl la reponn priyè m.

Vèsè sa a ka ede timoun yo konprann ke Bondye ap tande priyè yo epi l ap reponn yo.

Aktivite posib

  • Pandan w ap li 3 Nefi 14:7 la, envite yo pou yo fè kèk jès ki reprezante chak nan envitasyon Sovè a bay yo nan vèsè sa a. Paregzanp, yo gen dwa leve men yo (mande), fè men yo tankou linèt (chèche), oubyen fè tankou y ap frape nan yon pòt (frape). Ede yo panse a kèk bagay yo ka di ak mande nan priyè yo. Eksplike yo ke nou ka di Pè Selès la tout bagay, epi l ap koute paske l renmen nou.

  • Envite yo pou yo montre w kisa yo fè avèk men yo, je yo, ak tèt yo lè y ap priye. Itilize yon kantik tankou “Le front baissé” pou ede (Chants pour les enfants, 188). A kiyès n ap pale lè n ap priye? Rann temwayaj ou ke Pè Selès la tande priyè nou.

3 Nefi 14:24–27

Sovè a vle m tande ak fè sa l anseye.

Si nou sèlman koute pawòl Sovè a di yo, sa pa ase. Se sèlman moun ki mete ansèyman l yo an pratik yo k ap ka kanpe devan tanpèt lavi yo.

Aktivite posib

  • Chante “Le sage et le fou” (Chants pour les enfants, 132), oubyen li 3 Nefi 14:24–27 Ede timoun yo ranplase “moun saj la” pa non yo pandan y ap chante a. Poukisa kay mesye saj la rete kanpe pandan tanpèt la? Repase vèsè 24 la pou souliyen ke li te tande sa Sovè a te di epi l te aplike yo.

  • Montre yo yon wòch ak enpe sann. Mande yo pou yo montre wòch la lè w ap dekri yon chwa pou suiv Sovè a epi montre sann nan lè w ap dekri yon chwa pou pa suiv li. Temwaye ke lè nou fè sa Sovè a di, nou solid tankou yon kay ki bati sou wòch.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye doktrin nan: timoun ki pi gran yo

3 Nefi 12:6

Mwen dwe grangou ak swaf pou lajistis.

Nou tout konn kisa grangou ak swaf vledi; Sovè a te pale de santiman sa yo pou l te anseye nou kijan nou dwe san nou nan rechèch lajistis nou.

Aktivite posib

  • San lòt timoun yo pa konnen, mande youn ladan yo pou l pretann ke l ap manje oubyen bwè, epi fè lòt timoun yo devine kisa l ap fè a. Kijan nou santi nou apre nou fin manje yon bon manje oubyen nou fin bwè yon bon dlo fre. Kijan nou nouri lespri nou? Mande timoun yo pou yo li 3 Nefi 12:6 pou yo ka wè pou ki bagay Sovè a vle nou “grangou ak swaf.” Kijan nou ka montre ke nou vle lajistis menmjan nou vle manje ak dlo?

  • Pote foto manje ak bwazon, epi bay yo chak yon referans ekriti kòm tit, tankou Som 119:103; Jan 6:35; 2 Nefi 32:3; Enòs 1:4; oswa 3 Nefi 20:8. Mande timoun yo pou yo li ekriti yo epi dekri sa yo anseye sou sa nou ka fè pou nou montre ke nou grangou ak swaf pou lajistis. Pataje eksperyans kote w konn santi w “ranpli ak Sentespri a” epi envite yo pou yo pataje eksperyans pa yo.

3 Nefi 13:1–8 16–18

Mwen dwe fè sa ki jis pou bòn rezon yo.

Vèsè sa yo endike ke bon zèv pa ase—zèv nou dwe enspire pa lanmou pou Bondye ak yon dezi pou sèvi li.

Aktivite posib

  • Mande chak timoun pou gade nan 3 Nefi 13:1–4, 5–8, oswa 16–18 epi idantifye bon zèv yo mansyone nan vèsè sa yo (eksplike ke fè “charite” vledi bay pòv yo). Poukisa Sovè a te di pou nou pa menmjan ak kèk moun k ap fè bagay sa yo?

  • Bay chak timoun yon moso papye ki gen yon bon aksyon ekri sou li (oubyen kite yo panse ak pwòp egzanp pa yo). Mande yo pou yo panse ak bon rezon ak move rezon pou fè bagay sa yo. Ankouraje yo pou yo toujou fè bon bagay pou bon rezon yo.

3 Nefi 14:21–27; 15:1

Sekirite spirityèl vini lè nou tande ak fè sa Sovè a anseye.

“Lapli” ak “inondasyon” vini nan lavi nou tout, men nou ka siviv eprèv yo si nou tande ak fè sa Jezi anseye nou.

Aktivite posib

  • Ansanm nan klas la, li 3 Nefi 14:21–27 ak 15:1, epi mande timoun yo pou yo kanpe chak fwa w li mo “fè” a. Poukisa Sovè a mete aksan nan fè sa l di, non pa jis tande oubyen sonje yo? Emvote timoun yo pou yo desine yon foto sou vèsè 24–25 yo epi ekri “Jezi” sou wòch la avèk yon bagay li te anseye nou pou nou fè. Chante “Le sage et le fou” ansanm (Chants pour les enfants, 132).

  • Envite yo pou yo kanpe, epi mande yo pou yo imajine ke youn nan janm yo reprezante koute pawòl Sovè a epi lòt janm nan reprezante mete pawòl la an pratik. Mande yo pou yo leve janm “mete an pratik” la epi pran ekilib sou janm “koute” a. Kisa k t ap rive si yon van vyolan ta soufle nan sal la? Itilize egzanp sa a pou ilistre poukisa li pi bon pou nou sa Sovè a di e non pa jis tande pawòl li.

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje aprantisaj lakay

Mande timoun yo pou yo chwazi yon bagay yo te aprann sou ansèyman Jezi yo jodia epi pou yo deside kijan yo pral aplike li. Kijan aksyon yo pral ede yo rete yon limyè pou fanmi yo ak zanmi yo?

Amelyore ansèyman nou

Adapte aktivite yo pou reponn bezwen yo. Pa konsidere plan sa yo kòm enstriksyon ke w oblije suiv lè w ap anseye. Olyesa, ou gen dwa itilize yo kòm ide pou deklanche pwòp enspirasyon pa w pandan w ap reflechi sou bezwen timoun w ap anseye yo. Nan kèk ka, ou gen dwa santi w enspire pou w fè kèk chanjman nan yon aktivite pou timoun piti yo pou w ka anseye timoun ki pi gran yo, oubyen vice versa.

Enprime