Vini, Suiv Mwen
28 Septanm–11 Oktòb. 3 Nefi 17–19: “Gade, lajwa m total”


“28 Septanm–11 Oktòb. 3 Nefi 17–19: ‘Gade, lajwa m total’” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Liv Mòmon 2020 (2020)

“28 Septanm–11 Oktòb. 3 Nefi 17–19,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2020

Imaj
Kris la parèt devan Nefit yo

Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Liv Mòmon 2020 pa Gary L. Kapp

28 Septanm–11 Oktòb.

3 Nefi 17–19

“Gade, lajwa m total”

Pandan w ap li 3 Nefi 17–19 la, reflechi sou ekriti, eksperyans, aktivite, ak istwa ki ap ka ede timoun yo konprann verite ki nan chapit sa yo.

Ekri enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Montre yon foto Sovè a, epi envite timoun yo pou yo di kijan yo t ap santi yo si l t ap vin vizite yo menmjan l te vizite Nefit yo.

Imaj
senbòl pataj

Anseye doktrin nan: timoun ki pi piti yo

3 Nefi 17:7,20-25

Sovè a renmen chak nan pitit Pè Selès yo.

Jezi te montre amou l pou timoun yo lè l te beni yo ak priye pou yo a. Kijan w ka ede timoun w ap anseye yo santi amou li pou yo?

Aktivite posib

  • Fè rezime istwa nan 3 Nefi 17 la pandan w ap montre yon imaj tankou sa k nan plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo a. Oubyen, ou gen dwa itilize “Chapit 44: Jezikri beni timoun yo” a nan (Istwa Liv Mòmon yo, 124–25, oswa videyo korespondan an nan ChurchofJesusChrist.org Li fraz oubyen vèsè nan 3 Nefi 17 yo ki mete aksan sou amou Sovè a pou moun yo (tankou vèsè 7 ak 20–25 yo). Fè timoun yo pran tou pa yo pou kenbe foto a epi di kisa Jezi te fè paske l te renmen moun yo.

  • Itilize paj aktivite semèn sa a pou ede timoun yo desine yon foto yomenm avèk Jezi. Pandan y ap fè sa, ede yo panse a kèk fason Jezi montre amou l pou yo.

    Imaj
    Jezi beni timoun Nefit yo

    Gade timoun piti nou yo, pa Gary L. Kapp

3 Nefi 18:1–12

Mwen ka panse avèk Jezi lè m ap pran sentsèn.

Gen anpil bagay ki ka distrè yon timoun pandan sentsèn. Kijan w ka ede timoun nan klas ou yo konprann enpòtans pou yo panse avèk Sovè a ak amou li pou yo pandan òdonans sakre sa a?

Aktivite posib

  • Mande timoun yo pou yo di w sa k ap pase pandan sentsèn nan. Li vèsè nan istwa Jezi k ap administre sentsèn pou Nefit yo (gade 3 Nefi 18:1–12), epi mande timoun yo pou yo kanpe lè yo tande yon bagay ki sanble ak sa nou fè pandan sentsèn nan. Kisa Jezikri vle nou “sonje” oubyen panse pandan sentsèn nan? (gade 3 Nefi 18:7, 11).

  • Fredone, chante, oubyen jwe yon kantik oubyen yon chan Primè pandan y ap kolore foto ki ka ede yo sonje Sovè a pandan sentsèn nan (gade nan paj aktivite semèn sa a). Ankouraje yo pou yo gade foto sa yo pou ede yo sonje Jezi lè y ap pran sentsèn.

3 Nefi 18:15, 20–21, 24; 19:16–17, 30

Jezi anseye m kijan pou m priye.

Kisa nou aprann sou lapriyè pandan n ap etidye 3 Nefi 17–19 la? Kijan w ta ka itilize sa w aprann yo pou w anseye timoun yo kijan pou yo priye?

Aktivite posib

  • Montre foto moun k ap priye (tankou moun ki nan “Chapit 46: Jezikri anseye e l priye avèk Nefit yo” nan Istwa Liv Mòmon yo, 128–30). Envite timoun yo pou yo montre detay nan foto yo ki montre ke moun yo ap priye yo. Li 3 Nefi 19:16–17 pou eksplike ke Jezi te anseye nou kijan pou nou priye. Fè yo di w kijan yo santi yo lè y ap priye.

  • Li 3 Nefi 18:21, epi envite yo pou yo desine tèt yo oubyen fanmi yo k ap priye. Ankouraje yo pou yo envite fanmi yo priye avèk yo.

  • Chante ansanm yon chan sou lapriyè, tankou “La prière d‘un enfant” (Chants pour les enfants, 6–7). Mande yo pou yo rakonte kisa yo aprann sou lapriyè nan chan an. Pataje temwayaj ou sou lapriyè.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye doktrin nan: timoun ki pi gran yo

3 Nefi 17

Sovè a renmen pitit Pè Selès yo.

Prezidan Ezra Taft Benson te anseye: “Mwen pwomèt nou, chè timoun mwen yo, ke zanj ap sèvi nou tou. Nou gen dwa pa wè yo, men y ap la pou ede nou, epi n ap santi prezans yo” (“Aux enfants de l’église,” Liahona, Juillet 1989, p. 77).

Aktivite posib

  • Li kèk vèsè nan 3 Nefi 17 la ke w santi ki ka enpòtan pou timoun w ap anseye yo. Pandan w ap li chak vèsè, mande timoun yo pou yo chwazi yon mo oubyen yon fraz yo panse k enpòtan epi apresa di poukisa mo sa yo enpòtan pou yo. Temwaye ke Jezi renmen timoun yo anpil, epi se poutèt sa li te beni yo epi l te priye avèk yo.

  • Envite yo pou yo di kisa yo panse yo t ap santi si yo te pami timoun Senyè a te beni yo. Si posib, pase videyo “Lajwa m total” la (ChurchofJesusChrist.org) pou ede yo imajine evenman sa a. Kisa Sovè a te fè pou l te montre mou li? Kisa nou ka fè pou prepare tèt nou pou n avèk li lè l vini ankò?

3 Nefi 18:1–12

Lè m pran sentsèn nan, m ka ranpli ak Sentespri a.

Nou ka aprann nan 3 Nefi 18 kijan sentsèn nan enpòtan pou Sovè a. Kijan w ka ede timoun yo santi ke l enpòtan pou yo?

Aktivite posib

  • Ede yo li 3 Nefi 18:1–12. Kisa yo aprann osijè sentèn nan nan vèsè sa yo? Ede yo li priyè sentsèn yo ki nan Doktrin ak Alyans 20:77 ak 79 yo epi chèche mo ak fraz nan priyè sa yo ke n ap jwenn nan 3 Nefi 18:1–12 tou. Kisa mo ak fraz sa yo vledi? Kijan nou ka prepare nou pou n pran sentsèn nan? Kisa nou pwomèt, oubyen fè alyans, pou nou fè lè nou pran sentsèn.

  • Chante ansanm yon kantik sou reverans, tankou “Humblement, calmement” (Chants pour les enfants, 11). Kijan pran sentsèn nan avèk reverans ka ede nou santi Lespri a? Kijan sa ede nou fè bon chwa?

3 Nefi 18:15–24; 19:6–9, 15–36

Priye ap ede m santi m pi pre Pè Selès la.

Nou ka santi prezans Pè Selès la atravè lapriyè. Ki mesaj sou lapriyè nan 3 Nefi 18–19 a k ap ede timoun w ap anseye yo amelyore priyè yo?

Aktivite posib

  • Ekri referans ekriti sa yo sou kèk moso papye, epi bay chak timoun oubyen ti gwoup timoun yo: 3 Nefi 18:15; 3 Nefi 18:20; 3 Nefi 18:21; 3 Nefi 19:19; ak 3 Nefi 19:24. Envite yo pou yo li ekriti yo, pandan y ap chèche kisa Jezikri oubyen disip li yo anseye sou lapriyè. Mande yo pou yo di klas la sa yo aprann.

  • Sou tablo a, ekri M remèsye w pou . Bayo yon minit pou yo panse a otan bagay yo kapab pou ranpli espas blanch lan. Poukisa li bon pou nou eksprime gratitid nou pou Pè Selès la? Apresa, ekri M mande ou sou tablo a, epi li ansanm 3 Nefi 18:18–21 ak 19:9, 23, pandan w ap chèche ide sou sa nou dwe mande nan priyè nou.

  • Rann temwayaj ou oubyen pataje yon eksperyans pèsonèl sou pouvwa lapriyè, epi ankouraje timoun yo pou yo pataje temwayaj yo oubyen eksperyans yo.

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje aprantisaj lakay

Ankouraje timoun yo pou yo pataje avèk paran yo oubyen lòt manm fanmi yo kèk fason yo ka fè yon eksperyans pi siyifikan avèk sentsèn nan Dimanch pwochen.

Amelyore ansèyman nou

Ede timoun ki pi piti yo aprann nan ekriti yo. Pou ede timoun ki pi piti yo aprann nan ekriti yo, konsantre sou yon grenn vèsè ekriti oubyen sou yon fraz kle. Ou gen dwa envite yo pou yo kanpe lè yo tande yon mo oubyen yon fraz espesifik.

Enprime