Vini, Suiv Mwen
28 Septanm–11 Oktòb. 3 Nefi 17–19: “Gade, lajwa m total”


“28 Septanm–11 Oktòb. 3 Nefi 17–19: ‘Gade, lajwa m total,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Liv Mòmon 2020 (2020)

“24 Fevriye1 Mas. 2Nefi 26–30,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2020

Imaj
Jezi parèt devan Nefit yo

Limyè vizaj li te briye sou yo, pa Gary L. Kapp

28 Septanm–11 Oktòb.

3 Nefi 17–19

“Gade, lajwa m te total”

Pandan ke chapit anvan yo nan 3 Nefi a te konsantre prensipalman sou pawòl Sovè a, chapit 17–19 yo dekri ministè li ak ansèyman l pami pèp la. Pandan w ap li chapit sa yo, kisa Lespri a anseye w sou Sovè a?

Ekri enpresyon ou

Jezikri te fèk fin pase jounen an ap sèvi nan peyi Abondans lan, ap anseye levanjil la, ap bay pèp la yon chans pou yo wè ak touche mak klou yo nan kò resisite li, epi ap temwaye ke li sete Sovè yo te pwomèt yo a. Epi kounyeya li te lè pou l te ale. Li te gen pou l retounen al jwenn Papa li, epi l te konnen ke moun yo te bezwen tan pou yo te medite sou sa l te anseye yo. Konsa, li te pwomèt yo ke l t ap retounen nan demen, epi li te voye foul moun nan lakay yo. Men pèsonn pa t ale. Yo pa t di l sa yo te santi, men Jezi te ka devine sa: yo te espere ke l t ap “rete yon ti jan pi lontan avèk yo” (3 Nefi 17:5). Li te gen bagay enpòtan pou l te fè, men opòtinite pou montre konpasyon an pa toujou prezante nan moman ki konvnab pou nou an, konsa, Jezi te rete avèk moun yo yon ti jan pi lontan. Sa k te suiv la sete petèt moman sèvis ki pi touchan ki nan ekriti yo. Moun ki te la yo te ka sèlman di ke l te endeskriptib (gade 3 Nefi 17:16–17). Jezi limenm te rezime devèsman spirityèl sanzatann sa a nan pawòl sa yo: “Kounyeya, gade, lajwa m total (3 Nefi 17:20).

Imaj
senbòl etid pèsonèl

Ide pou etid ekriti pèsonèl

3 Nefi 17

Sovè a se egzanp pafè nou sou sèvis.

Nou konnen ke te gen apeprè 2.500 moun (gade 3 Nefi 17:25) ki te temwen premye vizit Kris la, jan sa ekri nan 3 Nefi 11–18 la. Men, Sovè a te jwenn yon mwayen pou l te sèvi yo youn pa youn. Kisa w aprann sou sèvis nan egzanp Sovè a nan chapit sa a? Ki bezwen l te satisfè? Reflechi sou fason egzanp li kapab ede w sèvi lòt moun.

Imaj
Jezi ap beni timoun Nefit yo

Gade timoun piti nou yo, pa Gary L. Kapp

3 Nefi 17:13–22; 18:15–25; 19:6–9, 15–36

Sovè a te anseye nou kijan pou nou priye.

Imajine kisa sa t ap sanble pou w te tande Sovè a ap priye pou ou. Kisa l t ap mande pou ou? Ansèyman l yo ak priyè l yo nan chapit sa yo ka ba w yon ide. Pandan w ap etidye, kisa w aprann nan egzanp Kris la ki ka fè priyè w yo vin pi siyifikan? Ki benediksyon ou resevwa nan lavi w gras ak lapriyè.

3 Nefi 18:1–12

M ka spirityèlman ranpli lè m pran sentsèn nan.

Pandan w ap li 3 Nefi 18:1–12 la, medite sou fason sentsèn ka ede w pou w spirityèlman “ranpli” (3 Nefi 18:3–5, 9; gade 3 Nefi 20:1–9) tou. Paregzanp, ou gen dwa fè yon lis kesyon ki pouse w fè releksyon pèsonèl lè w ap pran sentsèn nan, tankou “Kijan m santi m apwopo Sovè a ak sakrifis li a pou mwen?” “Kijan sakrifis li a enfliyanse lavi chak jou mwen?” oubyen “Kisa m ap fè byen antanke disip, e nan ki domèn m bezwen amelyore?”

Pawòl sa yo Prezidan Henry B. Eyring te di yo ka ede w medite sou yon fason sentsèn nan ka ede w santi w ranpli spirityèlman: “Pandan n ap egzamine lavi nou pandan òdonans sentsèn nan, m swete panse nou santre non sèlman sou sa nou te fè ki pa t bon men sou sa nou te fè ki bon tou—moman kote nou te santi Papa nou ki nan Syèl la ak Sovè a te kontan avèk nou. Nou kapab menm pran yon moman pandan sentsèn nan pou mande Bondye pou ede nou wè bagay sa yo. … Lè m fè sa, Lespri a ban m asirans ke menmsi m ankò lwen pèfeksyon, mwen pi bon jodi a pase jan mwen te ye yè. Epi sa ban m konfyans ke, gras ak Sovè a, mwen kapab pi bon toujou demen.” (“Toujou sonje li,” Ensign, Fev. 2018, 5).

3 Nefi 18:36–37; 19:6–22

Disip Jezikri yo chèche don Sentespri a.

Panse sou yon priyè ou te fè resamman. Kisa priyè w yo anseye w sou dezi ki pi pwofon ou? Apre yo te vin pase yon jounen nan prezans Sovè a, miltitid la “te priye pou sa yo te bezwen pi plis la”—don Sentespri a (3 Nefi 19:9). Pandan w ap li pasaj sa yo, reflechi sou pwòp dezi pa w pou w gen konpayi Sentespri a. Kisa w aprann sou chèche konpayi Sentespri a?

Imaj
senbòl etid familyal

Ide pou etid ekriti familyal ak sware familyal

Pandan w ap li ekriti yo avèk fanmi ou, Lespri a ka ede w konn ki prensip pou w souliyen ak diskite pou ka reponn bezwen manm fanmi w yo. Men kèk ide.

3 Nefi 17

Pandan w ap li chapit sa a avèk fanmi ou, panse pou fè yon ti poz tanzantan pou envite fanmi an pou yo imajine ke yo t ap viv evenman sa yo yomenm. Pargezanp, ou gen dwa poze kesyon tankou “Ki afliksyon w ta renmen prezante devan Sovè a pou l ta geri w anba yo?” “Kisa w t ap vle l mande pou ou nan lapriyè li?” oubyen “Kimoun ki chè pou ou ou ta renmen l beni?” Lekti chapit sa a ka pouse w pou w priye pou manm fanmi ou, youn pa youn, jan Jezi te fè a.

3 Nefi 18:1–12

Kisa savle di “rasazye” nan pran sentsèn nan, epi kijan sa manifeste l? Kisa nou aprann nan vèsè 5–7 yo sou rezon k te fè Jezi te ba nou òdonans sentsèn nan?

3 Nefi 18:17–21

Kisa nou aprann nan vèsè sa yo apwopo objektif lapriyè? Kijan nou ka amelyore pouvwa espirityèl priyè nou yo, endividyèlman e antanke fanmi?

3 Nefi 18:25; 19:1–3

Ki bagay fanmi nou te fè eksperyans gras avèk levanjil la ke nou ta renmen pou moun ki bò kote nou ta viv? Kijan nou ka suiv egzanp moun yo nan vèsè sa yo epi “travay tout nuit la” (3 Nefi 19:3) pou mennen lòt moun bay Kris la, pou ke yo menm tou yo te ka “gade ak touche” (3 Nefi 18:25) sa nou jwenn nan levanjil la?

Pou plis ide pou anseye timoun yo, gade plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primè a.

Amelyore etid pèsonèl nou

Kite Lespri a gide etid ou. Sentespri a ka gide w vè bagay ou bezwen aprann chak jou yo. Se pou w atantif a chichotman l yo, menmsi yo sanble y ap sigjere w pou w li yon lòt sijè oubyen pou w etidye nan yon lòt fason diferan de sa w konn fè dabitid la. Paregzanp, pandan w ap etidye sou sentsèn nan 3 Nefi 18 la, Lespri a gen dwa pouse w pou w pase plis tan nan sijè sa a pase jan w te planifye.

Imaj
zanj ki antoure Jezi ak timoun Nefit yo

Yo te wè syèl yo louvri, pa Walter Rane

Enprime