Vini, Suiv Mwen
19–25 Oktòb. 3 Nefi 27–4 Nefi: “Pa t ka gen pèp ki te gen plis kè kontan pase pèp sa a”


“19–25 Oktòb. 3 Nefi 27–4 Nefi: ‘Pa t ka gen pèp ki te gen plis kè kontan pase pèp sa a,’” Vini, Suiv mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo 2020 (2020)

“19-25 Oktòb. 3 Nefi 27–4 Nefi,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak fanmi yo: 2020

Imaj
Kris la ap priye avèk Nefit yo

Priyè Kris la, pa Derek Hegsted

19-25 Oktòb.

3 Nefi 274 Nefi

“Pa t gen yon pèp ki te gen plis kè kontan pase pèp sa a”

Senyè a te kòmande disip li yo pou yo ekri sa yo t ap fè eksperyans yo (gade 3 Nefi 27:23–24). Ekri eksperyans espirityèl ou fè pandan w ap etidye yo.

Ekri enpresyon ou

Ansèyman Jezikri yo se pa jis bèl filozofi pou nou medite. Yo plis pase sa—yo la pou chanje lavi nou. Liv 4 Nefi a bay yon egzanp frapan sou sa, kote l montre kijan levanjil Sovè a ka transfòme yon pèp . Apre brèf ministè Jezi a, dè syèk kontansyon ant Nefit yo ak Lamanit yo te sispann. De nasyon ki te rekonèt pou kontansyon ak ògèy yo te vin fè “youn, pitit Kris yo” (4 Nefi 1:17), epi yo te kòmanse gen “tout bagay an komen” (4 Nefi 1:3). “Lanmou Bondye … te nan kè pèp la,” epi “pa t kapab gen yon pèp ki pi kontan nan pami tout pèp Bondye te kreye” (4 Nefi 1:15–16). Se konsa ansèyman Sovè a te chanje Nefit yo ak Lamanit yo. Kijan yo chanje ou?

Imaj
senbòl etid pèsonèl

Ide pou etid ekriti pèsonèl

3 Nefi 27:1–12

Legliz Jezikri a pote non li.

Lè disip Sovè a te kòmanse etabli Legliz li a nan tout peyi a, te gen yon kesyon ki te soulve, ki, pou kèk moun, ta ka sanble l san konsekans—kijan pou Legliz la te rele? (gade 3 Nefi 27:1–3). Kisa w aprann sou enpòtans non sa a nan repons Sovè a nan 3 Nefi 27:4–12 la? An 1838, Senyè a te revele non Legliz li a (gade DA 115:4). Medite sou chak mo nan non sa a. Kijan mo sa yo ede nou konnen kiyès nou ye, kisa nou kwè, ak kijan pou nou aji?

Gade Russell  M. Nelson, “Non kòrèk Legliz la,” Ensign oswa Liahona, Nov. 2018, 87–80; M. Russell Ballard, “Enpòtans yon non,” Ensign oswa Liahona, Nov. 2011, 79–82.

3 Nefi 128:1–11

Si m pirifye dezi mwen, m ap vin yon disip pi fidèl.

Kisa w t ap di si Sovè a te mande w, jan l te mande disip li yo: “Kisa w vle nan men mwen? ” 3 Nefi 28:1 Panse sou sa pandan w ap li apwopo eksperyans disip Sovè yo nan 3 Nefi 28:1–11 la. Kisa w aprann sou dezi ki nan kè disip yo nan repons yo pou kesyon l lan? Prezidan Dallin H. Oaks te anseye: “Pou nou atenn destine etènèl nou, n ap bezwen travay pou kalite sa mande pou n vin yon èt etènèl yo … N ap bezwen vin tankou [Jezikri]” (“Dezi,” Ensign oswa Liahona, Me 2011, 44–45). Kisa w ka fè pou w fè dezi kè w vin pi jis? (Pou plis enfòmasyon sou “chanjman ki te fèt nan kò” twa disip yo, gade 3 Nefi 28:37 ak “Translated Beings,” Guide to the Scriptures, scriptures.ChurchofJesusChrist.org.)

4 Nefi 1:1–18

Konvèti nan Jezikri ak nan levanjil li a mennen nan inite ak bonè.

Èske w ka imajine kijan sa dwe te ye pou yon moun te viv nan epòk apre vizit Sovè a? Kijan moun yo te fè pou yo te kenbe lapè divin sa a pandan si lontan konsa—prèske 200 zan? Pandan w ap etidye 4 Nefi 1:1–18 la, panse pou w make oubyen ekri chwa pèp sa a te fè yo pou yo te ka fè eksperyans lavi beni sa a.

Medite sou sa w ka fè pou ede fanmi w, pawas ou, kominote ou viv nan pi gwo inite ak bonè, jan moun yo te fè nan 4 Nefi a. Ki ansèyman Jezikri ou ka aplike pi totalman pou w ka atenn objektif sa a? Kisa w ka fè pou w ede lòt moun konprann ak viv ansèyman sa yo?

4 Nefi 1:19-49.

Mechanste mennen nan divizyon ak chagren.

Malerezman, Siyon yo dekri nan 4 Nefi a (gade Moyiz 7:18) tou te echwe finalman. Pandan wap li 4 Nefi 1:19–49 an, chèche atitid ak konpòtman ki te lakoz sosyete sa a tonbe a. Èske w wè siy atitid oubyen konpòtman sa yo lakay ou?

Gade “Chapit 18: Prenez garde à l‘orgueil tou nan (Enseignements des présidents de l‘église: Ezra Taft Benson (2014], 249–40.

Imaj
senbòl etid familyal

Ide pou etid ekriti familyal ak sware familyal

Pandan w ap li ekriti yo avèk fanmi ou, Lespri a ka ede w konn ki prensip pou w souliyen ak diskite pou ka reponn bezwen manm fanmi w yo. Men kèk ide.

3 Nefi 27:13–21

Vèsè sa yo ka ede manm fanmi ou pi byen konprann kisa Sovè a te vledi lè l te pale de “levanjil mwen an.” Lè w fin li ak diskite sou vèsè sa yo, ou gen dwa mande chak manm fanmi an pou yo fè rezime sa levanjil la ye nan yon sèl fraz.

3 Nefi 27:23–26

Kijan nou ye nan ekri sa nou “tande ak wè—endividyèlman oubyen antanke fanmi? Poukisa li enpòtan pou n kenbe yon rejis sou bagay spirityèl yo?

3 Nefi 27:30–31

Pou ede manm fanmi yo konprann lajwa Sovè a yo dekri nan vèsè sa yo, ou gen dwa jwe yon jwèt kote chak manm nan fanmi an kache epi yon lòt moun eseye jwenn yo. Sa ka mennen nan yon konvèsasyon sou rezon k fè l enpòtan pou nou jwenn chak manm fanmi nou pou “okenn nan yo pa pèdi.” Kijan nou ka ede manm fanmi nou rete solid nan levanjil la oubyen retounen si yo te kite?

3 Nefi 28:17 -18, 36-40

Kisa nou ka aprann nan egzanp Mòmon an lè l pa t konprann tout bagay apwopo chanjman k te fèt nan twa disip Nefit yo. Kisa nou ka fè lè nou pa konprann tout bagay sou yon prensip levanjil? Prezidan Uchtdorf te anseye: “Bondye sousye pou nou. L ap koute epi l ap reponn kesyon pèsonèl nou yo. Repons pou priyè nou yo ap vini nan fason pa li ak nan moman li chwazi a, se poutèt sa, nou bezwen aprann koute vwa li” (“Resevwa yon temwayaj sou limyè ak laverite,” Ensign oswa Liahona, Nov. 2014, 21).

4 Nefi 1:15

Pou redui kerèl nan fwaye ou, petèt manm fanmi yo ta ka fikse yon bi pou youn pi eman anvè lòt semèn sa a. Lè semèn nan fini, repase pwogè nou ansanm epi diskite sou fason montre pi gwo lanmou te afekte fanmi ou.

Pou plis ide pou anseye timoun yo, gade plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primè a.

Amelyore etid pèsonèl nou

Chèche revelasyon pèsonèl chak jou. Revelasyon souvan vini “liy apre liy” (2 Nefi 28:30). Pandan w ap medite sou vèsè w ap etidye yo, ide ak enpresyon ka vini nan tèt ou pandan jounen an. Pa panse a etid levanjil la kòm yon bagay ou “libere tan pou” w fè men kòm yon bagay w ap fè tout tan (gade Anseye nan fason Sovè a,12).

Imaj
Jezi k ap pale avèk twa disip Nefit yo

Kris la avèk twa disip Nefit yo, pa Gary L. Kapp

Enprime