Vini, Suiv Mwen
12–18 Oktòb. 3 Nefi 20–26: “Nou se pitit alyans lan”


“12–18 Oktòb. 3 Nefi 20–26: ‘Nou se pitit alyans lan,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Liv Mòmon 2020 (2020)

“12–18 Oktòb. 3 Nefi 20–26,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak fanmi yo: 2020

Kris la ki parèt devan Nefit yo

Ilistrasyon Kris la ki parèt devan Nefit yo

12-18 Oktòb.

3 Nefi 20–26

“Nou se pitit alyans lan”

Lè l te konn pale de ekriti yo, Jezi te souvan itilize mo sonde a (gade 3 Nefi 20:11; 23:1, 5). Lè w li 3 Nefi 20–26 la, kisa w pral chèche?

Ekri enpresyon ou

Lè w tande moun ap itilize tèm tankou kay Izrayèl la, èske w gen enpresyon ke se de oumenm y ap pale? Nefit yo ak Lamanit yo sete desandan literal Izrayèl—istwa yo menm kòmanse nan Jerizalèm—men pou kèk nan yo, Jerizalèm dwe te sanble l tankou “yon peyi byen lwen, yon peyi nou pa konnen” (Elaman 16:20). Wi, yo sete “yon branch nan pyebwa Izrayèl la,” men yo te “separe de kò li” (Alma 26:36; gade 1 Nephi 15:12) tou. Men, lè Sovè a te parèt devan yo, li te vle yo konnen ke yo pa t pèdi pou limenm. Li te di yo: “Nou konte pami kay Izrayèl la,” “epi nou konte nan alyans la” (3 Nefi 20:25). Li ta gen dwa di nou yon bagay menmjan an tou jodia, paske nou tout ki batize epi ki fè alyans avèk li yo, nou konte pami kay Izrayèl la tou,” “nou nan alyans lan,” kèlkeswa nan desandan nou soti oubyen kèleswa kote n ap viv. Otremandi, lè Jezi ap pale avèk kay Izrayèl la, se de nou l ap pale. Enstriksyon pou “tout pèp sou tè a beni” an se pou nou (3 Nefi 20:27). Envitasyon pou “reveye ankò, epi pran fòs” la se pou nou (3 Nefi 20:27). Epi pwomès presye l la ki di: “Jantiyès mwen p ap kite ou, mwen p ap retire alyans lapè m nan nonplis,” la se pou nou (3 Nefi 22:10).

senbòl etid pèsonèl

Ide pou etid ekriti pèsonèl

3 Nefi 20–22

Nan dènye jou yo, Bondye pral akonpli yon gwo travay mèveye.

Sovè a te fè miltitid moun yo kèk pwomès remakab epi l te pwofetize sou fiti pèp alyans li a—e sa enkli oumenm tou. Jan Prezidan Russell M. Nelson te di: “Nou fè pati pèp alyans Senyè a. Nou gen privilèj pou n patisipe pèsonèlman nan akonplisman pwomès sa yo. Ala yon bèl epòk n ap viv la!(“Rasanble Izrayèl dispèse a,” Ensign oswa Liahona, Nov. 2006, 79).

Chèche pwofesi konsènan dènye jou yo nan pawòl Sovè a ki nan 3 Nefi 20–22 yo. Kiyès nan pwofesi sa yo ki espesyalman eksitan pou ou? Kisa w ka fè pou ede pwofesi ki nan chapit sa yo akonpli?

Note ke 3 Nefi 21:1–7 la endike parisyon Liv Mòmon an (“bagay sa yo” nan vèsè 2 ak 3) a se siy ke pwomès Bondye yo deja kòmanse akonpli. Kisa pwomès sa yo ye, epi kijan Liv Mòmon an ede akonpli yo?

Gade Russell M. Nelson, “Espwa Izrayèl” tou (devosyon mondyal pou jèn yo, 3 Jen 2018), broadcasts.ChurchofJesusChrist.org.

3 Nefi 20:10–12; 23; 26:1–12

Sovè a vle m sonde pawòl pwofèt yo.

Pawòl Jezi yo ak aksyon l yo nan tout chapit sa yo revele nou kijan li santi l apwopo ekriti yo. Kisa w aprann apwopo ekriti yo nan 3 Nefi 20:10–12; 23; ak 26:1–12 la? Kisa w twouve nan vèsè sa yo ki enspire w pou w “sonde bagay sa yo avèk dilijans”? (3 Nefi 2:8).

3 Nefi 2224

Bondye mizèrikòdye anvè moun ki retounen al jwenn ni.

Nan 3 Nefi 22 ak 24 la, Sovè a site pawòl Ezayi ak Malachi ki ranpli ak imaj ak konparezon frapan—wòch fondasyon kolore, chabon nan dife, ajan pirifye, fenèt syèl yo. Li ta ka enteresan pou w fè yon lis sou yo. Kisa yo chak anseye ou sou relasyon Bondye avèk pèp li a? Paregzanp, 3 Nefi 22:4–8 la konpare Bondye avèk yon mari epi pèp li a avèk yon madanm. Lè w li sou konparezon sa yo, sa ka pouse w panse a pwòp relasyon ou avèk Senyè a. Kijan pwomès yo ki nan chapit sa yo akonpli nan lavi ou? (gade patikilyèman 3 Nefi 22:7–8, 10–17; 24:10–12, 17–18).

3 Nefi 27:7–8

Kè m dwe tounen sou zansèt mwen yo.

Depi dè syèk, Juif toupatou nan mond lan ap tann retou Eli a avèk enpasyans. Sen Dènye Jou yo konnen ke Eli te retounen, li te parèt devan Joseph Smith nan Tanp Kirtland nan an 1836 ( gade DA 110:13–16). Travay pou tounen kè nou vè zansèt nou yo—travay tanp ak istwa familyal—la deja byen avanse. Ki eksperyans ou te fè ki te ede tounen kè w vè zansèt ou yo?

senbòl etid familyal

Ide pou etid ekriti familyal ak sware familyal

Pandan w ap li ekriti yo avèk fanmi ou, Lespri a ka ede w konn ki prensip pou w souliyen ak diskite pou ka reponn bezwen manm fanmi w yo. Men kèk ide.

3 Nefi 22:2

Lè w fin li vèsè sa a, petèt ou ka fè yon tant avèk materyèl ou genyen epi pale sou fason Legliz la se tankou yon tant nan yon dezè. Kisa sa vledi pou nou “alonje kòd [li] yo” epi “fòtifye pye [l] yo”? Kijan nou envite lòt moun pou yo jwenn “refij” nan Legliz la? (gade videyo “Byenveni” an nan ComeUntoChrist.org).

1:17

3 Nefi 23:6–13

Si Sovè a te egzamine anal fanmi nou konpile yo, ki kesyon l ta ka poze nou? Èske gen evenman enpòtan oswa eksperyans espirityèl nou ta dwe anrejistre? Kounyeya se ka yon bon moman pou nou kreye oubyen ajoute sou anal familyal nou ansanm epi diskite sou sa pou nou mete ladan. Manm fanmi ki pi jèn yo gen dwa dekore anal sa yo avèk foto ak desen. Poukisa li enpòtan pou nou ekri eksperyans espirityèl fanmi nou yo?

3 Nefi 24:7–18

Kijan nou fè eksperyans avèk benediksyon ki gen nan peye ladim yo yo pwomèt nan vèsè sa yo? Mesaj Eldè David A. Bednar la “Fenèt syèl yo” (Ensign oswa Liahona, Nov. 2013, 17–20) ta ka ede manm fanmi w rekonèt benediksyon sa yo.

3 Nefi 27:7–8

Kijan w ap ede manm fanmi w vire kè yo sou zansèt yo? Petèt ou ta ka bay chak manm fanmi an tach pou yo aprann sou youn nan zansèt ou yo epi pataje sa yo aprann nan avèk rès fanmi an (gade FamilySearch.org). Oubyen nou gen dwa travay ansanm pou n chèche yon zansèt ki bezwen òdonans tanp epi planifye yon vwayaj nan tanp pou akonpli òdonans sa yo.

Pou plis ide pou anseye timoun yo, gade plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primè a.

Amelyore ansèyman nou

Pataje temwayaj ou. Èldè Neal A. Maxwell te anseye: “Se sa w ye ou anseye.” “Moun ap plis sonje trè karaktè ou … pase nenpòt verite patikilye nan yon leson” (“But a Few Days” [diskou adrese a Sistèm Edikatif Legliz la pou enstriktè relijyon yo, Sept. 10, 1982], 2). Si w ta renmen anseye yon prensip levanjil, fè sa w kapab pou w viv prensip sa a.

Jezi k ap li anal Nefit yo avèk Nefi

Pote anal yo vini, pa Gary L. Kapp