Vini, Suiv Mwen
26 Oktòb–1e Novanm Mòmon 1–6: “M ta renmen konvenk tout moun … pou yo repanti”


26 Oktòb–1e Novanm Mòmon 1–6: ‘M ta renmen konvenk tout moun … pou yo repanti,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Liv mòmon 2020 (2020)

26 Oktòb–1e Novanm Mòmon 1–6,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2020

Imaj
Nefi ap ekri sou plak lò yo

Mòmon ap fè rezime plak yo, pa Tom Lovell

26 Oktòb–1e Novanm

Mòmon 1-6

“M ta renmen konvenk tout moun … pou yo repanti”

Pandan w ap li Mòmon 1–6 la, medite sou sa w aprann nan egzanp Mòmon an. Ekri sa w santi w enspire pou w fè.

Ekri enpresyon ou

Mòmon te epanye nou “resi konplè” sou “sèn abominab” mechanste ak vèsman san l te wè pami Nefit yo (Mòmon 2:18; 5:8). Men sal li te ekri nan Mòmon 1–6 yo ase pou raple nou jiska ki pwen moun jis kapab tonbe. Nan mitan mechanste jeneralize sa a, okenn moun pa blame Mòmon dèske l te vin fatige e menm dekouraje. Poutan, atravè tout sa l te wè ak tout sa l te viv yo, li pa t janm bliye gran mizèrikòd Bondye ak konviksyon li ke repantans se mwayen pou resevwa li. Epi, byenke pwòp pèp li a te rejte envitasyon sipliyan li pou yo te repanti a, li te konnen ke l te gen yon pi gwo piblik pou l te pèsyade. Li te di: “Gade, m ekri nou, tout kwen tè a.” Otremandi, li te ekri pou ou (gade Mòmon 3:17–20). Epi, mesaj li pou ou jodia se menm mesaj ki te ka sove Nefit yo nan epòk pa yo a: “Kwè nan Jezikri. … Repanti epi prepare nou pou n kanpe devan ba jijman Kris la” (Mòmon 3:21–22).

Imaj
senbòl etid pèsonèl

Ide pou etid ekriti pèsonèl

Mòmon 1

M ka mennen yon lavi dwat malgre mechanste ki antoure m yo.

Nan kòmansman premye chapit Mòmon an, w ap remake gwo diferans ant Mòmon ak moun ki te bò kote l yo. Pandan w ap li Mòmon 1, konpare kalite ak dezi Mòmon yo avèk pa pèp li a. Note konsekans ki te vini pou limenm avèk yo (w ap jwenn yon egzanp sou sa nan vèsè 14-15 yo). Kisa w aprann ki enspire w pou w mennen yon lavi dwat nan yon mond mechan?

Pandan w ap li Mòmon 2–6 la, kontinye chèche wè kijan Mòmon te demontre lafwa li nan Pè Selès la ak nan Jezikri malgre enfliyans mal yo ki te antoure l la.

Imaj
Nefit ak Lamanit k ap batay

Batay, pa Jorge Cocco

Mòmon 2:10-15

Tristès selon Bondye mennen nan vrè chanjman dirab.

Lè Mòmon te wè chagren pèp li a, li te espere ke yo t ap repanti. Men “tristès yo pa t mennen yo nan repantans” (Mòrmon 2:13)—se pa t kalite tristès selon Bondye ki mennen nan chanjman reyèl la (gade 2 Korentyen 7:8–11). Olyesa, Nefit yo santi tristès selon mond lan (gade Mòmon 2:10–11). Pou w konprann diferans ant tristès selon Bondye ak tristès selon mond lan, panse pou w fè yon tablo kote w ka ekri sa w aprann nan Mòmon 2:10–15 sou de kalite tristès sa yo. Tablo w la gen dwa sanble ak sa a:

Tristès selon Bondye

Tristès selon mond lan

Tristès selon Bondye

vin jwenn Jezi (vèsè 14)

Tristès selon mond lan

Modi Bondye (vèsè 14)

Tristès selon Bondye

Tristès selon mond lan

Tristès selon Bondye

Tristès selon mond lan

Pandan w ap reflechi sou sa w aprann yo, panse ak kijan sa ka enfliyanse efò ou pou w simonte peche epi vin plis tankou Pè Selès la ak Sovè a.

Gade Dieter F. Uchtdorf, “Ou ka fè sa kounyea menm!Ensign oswa Liahona, Nov. 2013, 55–57.

Mormon 3:3, 9

M dwe rekonèt men Bondye nan lavi m.

Mòmon rapòte yon feblès li te wè nan Nefit yo: yo pa t vle rekonèt fason Senyè a te beni yo. Prezidan Henry B. Eyring te egzòte nou “pou nou chèche fason pou n rekonèt ak sonje bonte Bondye. … Priye, medite, poze kesyon: Èske Bondye te voye yon mesaj jis pou mwenmenm? Èske m te wè men li nan lavi m oubyen nan lavi pitit mwen yo? … Mwen temwaye ke li renmen nou epi li beni nou, plis pase pifò nan nou rekonèt” (“O sonje, sonje,” Ensign oswa Liahona, Nov. 2007, 67, 69).

Pandan w ap li Mòmon 3:3, 9 la, ou gen dwa medite sou fason w ap rekonèt enfliyans Bondye nan lavi ou. Ki benediksyon ki vini lè w rekonèt enfliyans li? Ki konsekans ki genyen nan pa rekonèt li? (gade Mòmon 2:26).

Mòmon 5:8–24; 6:16–22

Jezikri kanpe avèk bra louvri pou l resevwa mwen.

Nefit yo te rejte ansèyman Mòmon yo, men li te espere ke anal li yo t ap enfliyanse ou. Pandan w ap li Mòmon 5:8–24 ak 6:16–22 la, kisa w aprann sou konsekans peche? Kisa w aprann nan pasaj sa yo sou sa Pè Selès la ak Jezi santi pou ou, menmè w peche? Kijan w konn santi Jezikri lonje ap tann ou ak bra louvri? Kisa w santi w enspire pou w fè kòm rezilta bagay sa a?

Imaj
senbòl etid familyal

Ide pou etid ekriti familyal ak sware familyal

Pandan w ap li ekriti yo avèk fanmi ou, Lespri a ka ede w konn ki prensip pou w souliyen ak diskite pou ka reponn bezwen manm fanmi w yo. Men kèk ide.

Mòmon 1:2

Kisa sa vle di pou yon moun “rapid pou obsève”? Ou ka jwenn kèk ide nan atik Eldè David A. Bednar la “Rapid pou obsève” a nan (Ensign, Des. 2006, 30–36). Nan ki fason don rapid pou obsève a te yon benediksyon pou Mòmon? Kijan sa ka yon benediksyon pou nou?

Mòmon 1:1–6, 15; 2:1–2

Èske timoun nan fanmi w yo konprann ke yo ka devlope gwo kalite ak pouvwa espirityèl menmsi yo ankò jèn? Egzanp Mòmon an ka ede yo. Panse pou w prepare yon kwonolojik sou anfans Mòmon ak jenès li, kote w ap itilize laj ak evenman yo bay nan Mòmon 1:1–6, 15 ak 2:1–2 yo. Pandan n ap diskite sou kalite ak eksperyans Mòmon, site kalite pitit ou yo genyen ki enspire oumenm ak lòt moun bòkote yo.

Mòmon 2:18-19

Ki mo Mòmon te anplwaye pou l dekri mond kote l t ap viv la? Kijan l te fè rive kenbe espwa malgre mechanste ki te bò kote l yo? Kijan fanmi w ka fè menm bagay la tou?

Mòmon 3:12

Kijan Mòmon te santi l osijè moun ki te bò kote l yo, malgre yo te mechan? Kijan nou ka devlope kalite lanmou l te genyen an?

Mòmon 5:2

Poukisa nou ezite priye Pè Selès la lè n ap lite? Kisa nou ka fè pou n apiye nou sou Pè Selès la pi plis?

Mòmon 5:16–18

Pou ede fanmi w vizyalize kisa sa vledi pou n “chase tankou yon pay nan van an” (vèsè 16), chire yon fèy papye fè timoso epi mande manm fanmi ou pou yo soufle yo toupatou. Eksplike yo ke pay la se anvlòp ki antoure yon semans, epi li ase lejè pou l vole toupatou. Ki resanblans ki genyen ant lè yon moun “san Kris ak san Bondye nan mond lan” (vèsè 16) ak lè chase tankou pay nan van an?

Pou plis ide pou anseye timoun yo, gade plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primè a.

Amelyore ansèyman nou

Anseye senp doktrin klè. Levanjil la bèl nan senplisite li (gade DA 133:57). Olye w eseye divèti fanmi ou avèk leson ekstravagan, asire w ke sa w ap anseye yo santre sou doktrin senp ak pur la.

Imaj
Mòmon k ap gade chan batay Nefit ak Lamanit yo

Liv mirakile Mòmon an, pa Joseph Brickey

Enprime