Vini, Suiv Mwen
16–22 Novanm. Etè 6–11: “Pou mal la ka aboli”


“16-242 Novanm. Etè 6–11: ‘Pou mal la ka aboli,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Liv Mòmon 2020 (2020)

“16-242 Novanm. Etè 6–11,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2020

Imaj
bato Jaredit yo sou lanmè a

M ap fè w remonte soti nan pwofondè yo, pa Jonathan Arthur Clarke

16–22 Novanm.

Etè 6–11

“Pou mal la ka aboli”

Pandan l t ap pale de anal Jaredit yo, Mòmon te di ke “li nesesè pou tout moun konnen bagay ki ekri nan istwa sa a” (Mozya 28:19). Kenbe sa nan lespri ou pandan w ap li Etè 6–11 la. Poukisa bagay sa yo nesesè—oswa pwofitab—pou oumenm ak moun ki chè pou ou yo?

Ekri enpresyon ou

Dè santèn ane apre Jaredit yo te fin detwi, Nefit yo te dekouvri rès ansyen sivilizasyon yo a. Pami rès sa yo te gen yon anal misterye—plak “lò pur” ki te “ranpli ak karaktè grave sou yo” (Mozya 8:9). Wa Nefit la, Limi, te santi ke anal sa a te enpòtan. Li te di: “San dout, gen yon gwo mistè nan plak sa yo” (Mozya 8:19). Jodia nou gen yon rezime anal sa a, ki tradui nan lang ou a, e ki rele Liv Etè a. Li soti nan menm anal Nefit yo “te vle li ak tout fòs” la, epi lè yo te li li “yo te chaje ak lapenn; men li te ba yo konesans ki te fè kè yo kontan” (Mozya 28:12, 18). Lè w ap li sou elan ak chit trajik Jaredit yo, w ap wè moman k ap fè w chagren anpil. Men pa souzestime lajwa ki gen nan tire leson nan istwa sa a. Apretou, jan Mowoni te ekri a, “se dapre sajès Bondye pou nou konnen bagay sa yo” (Etè 8:23), paske si nou ka tire leson nan echèk ak siksè Jaredit yo, “mal kapab efase, epi … lè a ap rive kote Satan pa ka gen pouvwa sou kè pitit lèzòm yo ankò” (Etè 8:26).

Imaj
senbòl etid pèsonèl

Ide pou etid ekriti pèsonèl

Etè 6:1–12

Senyè a ap mennen m nan tè pwomiz la

Ou gen dwa jwenn ide espirityèl si w konpare vwayaj Jaredit yo pou travèse lanmè a avèk vwayaj ou nan mòtalite a. Paregzanp, kisa Senyè a bay ki klere wout ou menmjan ak wòch yo nan bato Jaredit yo? Kisa bato yo reprezante, oubyen van yo k ap “pouse w al nan tè pwomiz la? (Etè 6:8). Kisa w aprann nan aksyon Jaredit yo, anvan vwayaj la, pandan vwayaj la, ak apre vwayaj la? Kijan Senyè a kondui w nan tè pwomiz ou?

Imaj
Jaredit yo k ap vwayaje avèk bèt yo

Vwayaj Jaredit yo atravè Azi, pa Minerva Teichert

Etè 6:5–18, 30; 9:28–35; 10:1–2

Senyè a beni m lè m enb.

Byenke lògèy ak mechanste te sanble yo te domine istwa Jaredit yo, gen egzanp imilite nan chapit sa yo tou—espesyalman nan Etè 6:5–18, 30; 9:28–35; ak 10:1–2. Si w medite sou kesyon sa yo, sa ka ede w aprann nan egzanp sa yo: Poukisa Jaredit yo te imilye tèt yo nan sitiyasyon sa yo? Kisa yo te fè pou yo te montre imilite yo? Kòman yo te beni kòm rezilta? Remake ke nan kèk ka, sitiyasyon yo te oblije moun yo vin gen imilite. Reflechi sou sa w ka fè pou w volontèman “mache enbleman devan Senyè a” (Etè 6:17) olye ke yo fòse w pou w vin enb (gade Mozya 4:11–12; Alma 32:14–18).

Gade Imilite,”Sujets de l’évangile, topics.ChurchofJesusChrist.org

Etè 7–11

Dirijan ki jis yo se yon benediksyon pou moun y ap dirije yo.

Chapit 7–11 nan Etè a kouvri omwen 28 jenerasyon. Malgre pa gen anpil detay nan yon ti espas tan si piti konsa, gen yon chema ki parèt: dirijan jis yo mennen nan benediksyon ak pwosperite, pandan ke dirijan mechan yo mennen nan kaptivite ak destriksyon.

Anba la a gen kèk nan wa yo mansyone yo nan chapit sa yo. Li vèsè korespondan yo, epi gade kisa w ka aprann nan egzanp yo—pozitif ak negatif—sou dirije. Pandan w ap fè sa, panse sou opòtinite ou ka genyen pou w dirije oubyen enfliyanse lòt moun nan fwaye ou, nan kominote ou, nan apèl ou nan Legliz la, eksterea.

Etè 8:7-26

Kisa yon konbinezon sekrè ye?

Lè de oubyen plis moun ap konspire pou yo kache zak mechan yo sekrè, yo enplike nan yon konbinezon sekrè. Yo souvan motive pa dezi pou pouvwa ak richès. Anplis konbinezon sekrè yo dekri nan Etè 8:7–18 yo, gen lòt egzanp ou ka jwenn nan Elaman 1:9–12; 2:2–11; 6:16–30, ak Moyiz 5:29–33 tou. Nan Etè 8:18–26, Mowoni dekri konsekans konbinezon sekrè yo (gade Etè 9:4–12) tou epi li avèti nou pou nou pa sipòte yo.

Imaj
senbòl etid familyal

Ide pou etid ekriti familyal ak sware familyal

Pandan w ap li ekriti yo avèk fanmi ou, Lespri a ka ede w konn ki prensip pou w souliyen ak diskite pou ka reponn bezwen manm fanmi w yo. Men kèk ide.

Etè 6:2-12

Èske fanmi w ta renmen jwe wòl vwayaj Jaredit yo pou al nan tè pwomiz la? Petèt ou ta ka itilize yon sal fènwa kòm bato ak flach pou reprezante wòch yo k ap briye yo. Ou gen dwa di kijan Jaredit yo te montre lafwa yo nan Senyè a nan monte andedan bato yo, malgre yo te konnen ke yo ta pral “antere nan pwofondè lanmè a” (Etè 6:6). Lè w fin li vèsè 9 la, manm fanmi w yo ta ka pataje chan louwanj favori yo epi chante yo ansanm. Kijan fwaye nou ka konpare avèk bato Jaredit yo? Nan ki tè pwomiz Senyè a ap dirije fanmi ou?

Etè 6:22-23

Pandan semèn nan, fanmi an gen dwa chèche wè kijan avètisman pwofesik frè Jarèd te bay sou kapativite a akonpli. Ki avètisman dirijan Legliz yo ba nou? Nan ki fason si nou pa okipe konsèy yo, sa ka mennen nou nan kaptivite?

Etè 8:23-26

Selon vèsè sa yo, poukisa yo te kòmande Mowoni pou l te ekri “bagay sa yo” konsènan abonimasyon sekrè yo? (Etè 8:23). Kisa nou aprann nan liv Etè a ki ka ede nou jwenn benediksyon yo dekri nan vèsè 26 yo?

Etè 9:11

Kijan dezi nou ka afekte chwa nou? Kisa nou ka fè antanke fanmi pou asire ke nou dezire bagay Bondye yo?

Etè 11:8

Pou w aprann plis sou mizèrikòd Senyè a anfavè moun ki repanti, ou gen dwa li Mozya 26:29–30; 29:18–20; Alma 34:14–16; oswa Mowoni 6:8. Petèt manm fanmi w ta ka pataje egzanp sou mizèrikòd Bondye ki soti nan ekriti yo oubyen nan pwòp lavi pa yo.

Pou plis ide pou anseye timoun yo, gade plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primè a.

Amelyore etid pèsonèl nou

Aplike sa nou aprann yo. Aprantisaj levanjil la mande plis pase li ak medite. Nou souvan aprann pi plis lè nou mete verite nou aprann nan ekriti yo an pratik (gade Jan 7:17). Kisa w ap fè pou w ka aplike sa w ap li nan Etè 6–11 yo?

Imaj
bato Jaredit yo sou lanmè a

Bato Jaredit yo, pa Gary Ernest Smith

Enprime