Vini, Suiv Mwen
9–15 Novanm. Etè 1–5: “Dechire vwal enkredilite a”


“9–15 Novanm. Etè 1–5: ‘Dechire vwal enkredilite a,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Liv Mòmon 2020 (2020)

“9–15 Novanm. Etè 1–5,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2020

Imaj
Jaredit yo ka p vwayaje nan dezè a

Jaredit yo kap kite Babèl, pa Albin Veselka

9–15 Novanm.

Etè 1–5

“Dechire vwal enkredilite a”

Liv Etè a se anal Jaredit yo, ki te rive nan tè pwomiz la dè santèn ane anvan Nefit yo. Bondye te enspire Mowoni pou l te enkli anal Etè yo nan Liv Mòmon an paske li apwopriye pou epòk pa nou an. Kijan w santi ke l apwporiye pou lavi ou?

Ekri enpresyon ou

Pandan ke se vre chemen Bondye yo pi elve pase chemen pa nou, epi nou dwe toujou soumèt nou anba volonte li, li ankouraje nou pou nou panse ak aji pou tèt pa nou tou. Sa se youn nan leson Jarèd ak frè l la te aprann. Pareganp, ide pou yo te vwayaje al nan yon nouvo peyi ki te “pi bon pase tout peyi sou tè a” te sanble l te kòmanse jèmen nan lespri Jarèd, epi Senyè a “te gen konpasyon” epi l te pwomèt li ke l t ap akòde l sa l te mande a, li te di l “Se sa m ap fè pou ou poutèt ou te kriye nan pye m tèlman lontan.” (gade Etè 1:38–43). Epi lè frè Jarèd la te reyalize kijan l te fènwa nan bato yo ki ta pral mennen yo nan tè pwomiz la, Senyè a te envite l pou l te sigjere yon solisyon, kote l te poze l yon kesyon ke nou abityèlman poze li: “Kisa w vle m fè pou ou” (Etè 2:23). Mesaj la sèke nou pa ta dwe tann pou Bondye kòmande nou nan tout bagay. Nou ka pataje pwòp panse nou ak ide nou avèk li, epi l ap koute epi l ap ba nou konfimasyon oubyen l ap konseye nou diferamman. Pafwa, sèl bagay ki separe nou avèk benediksyon n ap chèche yo se pwòp “vwal enkredilite” nou, epi, si nou ka “dechire vwal sa a” (Etè 4:15), nou ta etone pou sa Senyè a dispoze pou l fè pou nou.

Imaj
senbòl etid pèsonèl

Ide pou etid ekriti pèsonèl

Etè 1:33-43

Si m enplore Senyè a, l ap gen konpasyon pou mwen.

Etè 1:33–43 a pale de twa priyè frè Jarèd la te fè. Kisa w aprann nan repons Senyè a te bay pou chak nan priyè sa yo? Panse a yon moman kote ou te santi konpasyon Senyè a lè w te enplore li. Ou gen dwa ekri eksperyans sa a epi pataje l avèk yon moun ki ka bezwen tande temwayaj ou.

Etè 2; 3:1–6; 4:7–15

Mwen ka resevwa revelasyon pou lavi m.

Prezidan Russell M. Nelson te di: “Mwen priye nou ogmante kapasite espirityèl nou pou n resevwa revelasyon an. … Chwazi pou nou fè efò espirityèl sa mande pou nou ka benefisye don Sentespri a ak tande vwa Lespri a pi souvan ak pi klèman an” (“Revelasyon pou Legliz la, Revelasyon pou lavi nou,” Ensign oswar Liahona, Me 2018, 96).

Pandan w ap etidye Etè 2; 3:1–6; ak 4:7–15 la, ki verite w jwenn ki ede w konprann kijan pou w chèche revelasyon pèsonèl? Ou gen dwa make kesyon oubyen preyokipasyon frè Jarèd la te genyen yo ak sa l te fè pou sa yo nan yon koulè, epi, nan yon lòt koulè, ou ka make kijan Senyè a te ede li epi l te fè l konn volonte li. Kisa ki enpresyone w nan fason frè Jarèd la te pale avèk Senyè a, epi, kisa w aprann nan sa sou fason pou ogmante flo revelasyon an nan lavi ou?

Etè 2:16-25

Senyè a ap prepare m pou m travèse “gwo pwofondè” a.

Pou yo te rive nan tè pwomiz la, Jaredit yo te fè fas ak yon gwo obstak: travèse “gwo pwofondè” a (Etè 2:25). Ekspresyon “gwo pwofondè” a ka yon bon fason pou dekri a kisa eprèv ak difikilte nou yo pafwa sanble. Epi pafwa, jan sa te ye nan ka Jaredit yo, travèse pwòp “gwo pwofondè” pa nou se sèl mwayen pou nou akonpli volonte Bondye pou nou. Èske w wè bagay ki sanble ak lavi ou nan Etè 2:16–25 la? Kijan Senyè a prepare w pou pwoblèm ou yo? Kisa l ta mande w pou w fè kounyeya pou prepare w pou sa l bezwen w fè alavni?

Etè 3

Mwen te kreye dapre imaj Bondye.

Sou mòn Chelèm nan, frè Jarèd la te aprann anpil bagay sou Bondye ak sou tèt li. Kisa w aprann nan Etè 3 a sou nati spirityèl ak fizik Bondye? Kijan verite sa yo ede w konprann idantite ak potansyèl divin pa ou?

Imaj
yon fi ak de timoun k ap jwe sou yon plaj

Nou tout se pitit Bondye.

Etè 3:6–16

Èske frè Jarèd la sete premye moun ki te wè Senyè a?

Bondye te konn parèt devan lòt pwofèt anvan l te fè frè Jarèd la wè l la, (paregzanp, gade Moyiz 7:4, 59), konsa, poukisa Senyè a te di li: “M pa janm fè lèzòm wè mwen”? (Etè 3:15). Èldè Jeffery R. Holland te ofri eksplikasyon sa a: “Kris la t ap eseye di frè Jarèd la: ‘M pa janm fè lèzòm wè m nan fason sa a, san ke m pa vle, pouse sèlman pa lafwa moun k ap mande a’” (Kris la ak Nouvèl Alyans la [1997], 23).

Imaj
senbòl etid familyal

Ide pou etid ekriti familyal ak sware familyal

Pandan w ap li ekriti yo avèk fanmi ou, Lespri a ka ede w konn ki prensip pou w souliyen ak diskite pou ka reponn bezwen manm fanmi w yo. Men kèk ide.

Etè 1:34-37

Kisa nou aprann nan vèsè sa yo konsènan priye pou lòt moun? Ki lòt verite osijè lapriyè vèsè sa yo ilistre?

Etè 2:16-3: 6

Kisa egzanp frè Jarèd la anseye nou sou fason pou nou jwenn repons pou pwoblèm nou ak kesyon nou yo? Petèt manm fanmi w yo ta ka pataje eksperyans kote yo konn chèche e resevwa repons nan men Senyè a.

Etè 4:11-12

Lè yo fin li vèsè sa yo, manm fanmi w yo gen dwa ekri kèk bagay nan lavi kotidyèn nan ki enfliyanse fanmi ou (tankou fim, chan, jwèt, oubyen moun) sou kèk moso papye epi mete yo nan yon bòl. Apresa, yo chak ka pran tou pa yo pou chwazi youn epi di si l “pèsyade [yo] pou yo fè byen” (Etè 4:12). Ki chanjman fanmi w santi yo enspire pou yo fè?

Etè 5

Ou gen dwa kache yon objè oubyen yon sirèt nan yon bwat epi envite yon manm nan fanmi an pou l gade andedan bwat la epi bay rès fanmi an endis pou ede yo devine kisa l ye. Pandan n ap li Etè 5 l ansanm, diskite sou rezon k fè l enpòtan pou Senyè a itilize temwen nan travay li a. Kijan nou ka pataje temwayaj nou konsènan Liv Mòmon an avèk lòt moun?

Pou plis ide pou anseye timoun yo, gade plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primè a.

Amelyore ansèyman nou

Se pou w toujou pare. “Moman sanzatann pou anseye yo pase vit, konsa, li enpòtan pou w pwofite de yo lè yo prezante. … Paregzanp, yon tinedjè ki gen yon desizyon difisil pou l pran kapab pare pou l aprann sou fason pou l resevwa revelasyon” (Anseye nan fason Sovè a, 16).

Imaj
Jezi k ap touche sèz tiwòch yo nan prezans frè Jarèd la.

Èske w wè plis pase sa? pa Marcus Alan Vincent

Enprime