Vini, Suiv Mwen
9–15 Novanm. Etè 1–5: “Dechire vwal enkredilite sa a”


“9–15 Novanm. Etè 1–5: ‘Dechire vwal enkredilite sa a,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Liv Mòmon 2020 (2020)

“9–15 Novanm. Etè 1–5,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2020

Imaj
Jaredit yo k ap vwayaje nan dezè a

Jaredit yo k ap kite Babel, pa Albin Veselka

9–15 Novanm.

Etè 1–5

“Dechire vwal enkredilite sa a”

Pandan w ap repase sa w te aprann pandan w t ap etidye Etè 1–5 la, ki verite w santi enspire pou ede timoun yo dekouvri? Petèt gen ide nan plan leson sa a ki ta ka ede.

Ekri enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Montre foto frè Jarèd la (gade plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yoa.) Mande timoun yo pou yo pataje sa yo konnen konsènan li.

Imaj
senbòl pataj

Anseye doktrin nan: timoun ki pi piti yo

Etè 1:33–43; 2:16–25; 3:1–6

Pè Selès la tande priyè mwen epi l reponn yo.

Istwa frè Jarèd la ilistre plizyè fason Bondye ka ede nou lè nou priye.

Aktivite posib

  • Envite kèk manm nan pawas la ki konn yon lòt lang pou yo di kèlke fraz nan lang sa a pou klas la (oubyen pase yon kasèt yon lòt lang). Fè timoun yo pretann ke yo pale yon lòt lang, epi montre yo kijan l difisil pou youn konprann lòt lè nou pa pale menm lang nan. Itilize sa pou w entwodui istwa Tou Babel la nan Jenèz 11:1–9 ak Etè 1:33 a. Li Etè 3:13 ak 15, epi eksplike kijan frè Jarèd la te priye pou limenm ak zanmi l yo ak fanmi yo te kapab youn konprann lòt (gade Etè 1:34–37). Li epi ede timoun yo konprann repons Senyè a te bay pou priyèl la nan Etè 1:35. Ou gen dwa itilize “Chapit 10: Jaredit yo kite BabelIstwa Liv Mòmon yo 143–44, oubyen videyo korespondan an nan ChurchofJesusChrist.org

  • Envite timoun yo pou yo pretann y ap konstwi yon bato, jan yo dekri nan Etè 2:16–17 la. Eksplike yo pwoblèm Jaredit yo te genyen avèk bato yo (gade Etè 2:19), epi mande yo kisa yo t ap fè osijè pwoblèm sa yo. Li Etè 2:18–19 pou anseye yo kijan frè Jarèd la te pote pwoblèm li yo bay Senyè a nan lapriyè. Temwaye ke nou ka toujou priye lè nou gen kesyon oubyen pwoblèm.

  • Brèfman rezime Etè 2:19–3:6 a pou eksplike kijan Senyè a te reponn kesyon frè Jarèd yo konsènan bato yo. Mete 16 ti wòch nan tout klas la, epi envite timoun yo pou yo konte yo lè yo jwenn yo. Montre foto ki nan plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo a, epi mande timoun yo pou yo rakonte istwa a ankò (gade paj aktivite semèn sa a tou).

Etè 3:13,15

M te kreye dapre imaj Bondye.

Lè frè Jarèd la te wè Senyè a, li te aprann ke “tout moun te kreye nan kòmansman an dapre pwòp imaj [li]” (Etè 3:15).

Aktivite posib

  • Monte yon foto Sovè a, epi envite timoun yo pou yo montre kèk pati nan kò li. Eksplike yo ke lè frè Jarèd la te wè Jezikri, li te aprann ke nou tout sanble avèk li. Pandan w ap montre pati nan kò a nan foto a, mande yo pou yo lonje dwèt yo sou pwòp pati kò pa yo. Temwaye ke nou te kreye dapre imaj Pè Selès la ak Jezikri.

  • Chante ansanm yon kantik anrapò ak kò nou, tankou “La tête, les épaules, les genoux, les pieds” (Chants pour les enfants, 129). Ede yo di poukisa yo rekonesan pou kèk pati nan kò yo.

Imaj
timoun k ap kouri nan yon jaden

Nou te kreye dapre imaj Bondye.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye doktrin nan: timoun ki pi gran yo

Etè 1:33–43; 2; 3:1–17

Mwen ka resevwa revelasyon pou ede m.

Kijan w ka ede timoun yo aprann osijè revelasyon nan egzanp frè Jarèd la? Ki eksperyans ou ka pataje kote Senyè a te ede w jwenn solisyon pou pwoblèm ou oubyen kesyon ou?

Aktivite posib

  • Anvan klas la, ekri fraz “Kanpe, vire, epi chita” a nan diferan lang sou plizyè moso papye (ou gen dwa itilize tradiksyon sou entènèt oubyen èd yon moun ki konn yon lòt lang). Bay chak timoun yon moso papye, epi envite yo pou yo eseye suiv enstriksyon yo. Itilize sa pou ede w eksplike kisa k te motive priyè frè Jarèd la nan Etè 1:33–37 la. Li vèsè sa yo ansanm, epi mande timoun yo pou yo pote atansyon a sa Senyè a te santi pou Jarèd ak fanmi l ak zanmi l yo. Kisa nou aprann nan istwa sa a konsènan lapriyè?

  • Bay chak timoun tach pou li youn nan pasaj sa yo, epi ede yo chèche yon kesyon oubyen yon pwoblèm frè Jarèd la te genyen: Etè 1:33–35; Etè 1:36–37; ak Etè 2:18–20. Kisa frè Jarèd la te fè pou pwoblèm oubyen kesyon sa yo? Kijan Senyè a te ede l nan chak ka? Envite timoun yo pou yo panse ak pwoblèm yo bezwen èd pou rezoud. Kijan yo ka suiv egzanp frè Jarèd la pou jwenn solisyon pou pwoblèm yo? Pataje yon eksperyans kote w te priye pou w te jwenn èd epi Senyè a te ede ou.

Etè 3:4–17

Mwen te kreye dapre imaj Bondye.

Timoun w ap anseye yo ap gen pou yo rakontre fo mesaj sou Bondye, sou yomenm, sou kò fizik yo. Vèsè sa yo se yon opòtinite pou w anseye yo verite etènèl konsènan sijè sa yo.

Aktivite posib

  • Li Etè 3:6–16 avèk yo, epi ede yo fè yon lis bagay frè Jarèd la te aprann sou Senyè a nan eksperyans li a. Poukisa l enpòtan pou nou konnen bagay sa yo? Paregzanp, kijan sa afekte fason nou konsidere kò nou lè nou konnen ke nou kreye dapre imaj Bondye?

  • Ekri kò fizik ak kò spirityèl sou tablo a. Envite timoun yo pou yo pataje karakteristik yon kò fizik (nou gen po, san, eksetera), epi ekri repons yo sou tablo a. Li Etè 3:4–17 ansanm, epi envite yo pou yo chèche kisa yo aprann sou kò spirityèl nou. Temwaye ke kò nou ak lespri nou te “kreye dapre pwòp imaj [Jezi]” (Etè 3:15).

Etè 5:2-4

Twa temwen yo temwaye konsènan Liv Mòmon an;

Mowoni te pwofetize ke Twa Temwen t ap ede etabli verasite Liv Mòmon an. Ou ka itilize pwofesi sa a pou ranfòse temwayaj timoun yo ak enspire yo pou yo ka temwen Liv Mòmon an nan fason pa yo.

Aktivite posib

  • Ekri sou tablo a kèk mo enpòtan nan Etè 5:2–4 la, tankou plak, pouvwa, vrè, temwen, ak temwayaj. Li vèsè sa yo avèk timoun yo, epi envite yo pou yo kanpe lè w rive nan youn nan mo ki sou tablo yo epi di pouki rezon mo sa yo enpòtan. Pou anseye yo sou Twa Temwen yo, ou gen dwa fè referans ak “Chapit 7: Temwen yo wè plak lò yo” (Istwa Doktrin ak Alyans, 31–33) ak “Temwayaj Twa Temwen yo” nan Liv Mòmon an. Poukisa Bondye te vle twa moun wò plak lò yo?

  • Di timoun yo kijan w fè konnen Liv Mòmon an vrè. Envie yo pou yo di poukisa yo konnen ke l vrè. Ede yo panse a kèk fason yo ka temwen Liv Mòmon an, epi ankouraje yo pou yo pataje temwayaj yo avèk yon moun semèn sa a.

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje aprantisaj lakay

Envite yo pou yo panse ak yon bagay yo ta ka mande Pè Selès la pou l ede yo, jan frè Jarèd la te fè a. Ankouraje yo pou yo chèche èd li atravè lapriyè.

Amelyore ansèyman nou

Anseye pandan aktivite yo. Pandan timoun yo ap fè aktivite tankou desine oubyen travay sou yon paj aktivite, ou ka itilize tan an pou mete aksan sou verite y ap anseye atravè aktivite sa yo.

Enprime