Vini, Suiv Mwen
2–8 Novanm. Mòmon 7–9: “M ap pale avèk nou kòmsi nou te prezan”


“2–8 Novanm. Mòmon 7–9: ‘M ap pale avèk nou kòmsi nou te prezan,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Liv Mòmon 2020 (2020)

“2–8 Novanm. Mòmon 7–9,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2020

Imaj
Mowoni k ap ekri sou plak lò yo

Mowoni k ap ekri sou plak lò yo, pa Dale Kilborn

2–8 Novanm.

Mòmon 7-9

“M ap pale avèk nou kòmsi nou te prezan”

Pandan w ap li Mòmon 7–9 la, panse ak sa w ta pi renmen pou timoun w ap anseye yo konnen. Planifye pou w anseye yo verite w santi k pral beni lavi yo.

Ekri enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Pase yon Liv Mòmon ba yo. Mande yo, lè se tou pa yo pou kenbe liv la, pou yo pataje yon bagay yo aprann ladan li. Si yo bezwen èd, raple yo sa yo te aprann resamman nan klas la.

Imaj
senbòl pataj

Anseye doktrin nan: timoun ki pi piti yo

Mòmon 7:8–10

Liv Mòmon an ak Bib la temwaye de Jezikri.

Mòmon te anseye ke Liv Mòmon an te ekri pou ede nou kwè nan Bib la epi moun ki kwè nan Bib la, y ap kwè nan Liv Mòmon an tou.

Aktivite posib

  • Montre timoun yo paj tit Liv Mòmon an, epi fè yo wè mo ki nan tit la pandan y ap li yo, pandan w ap mete aksan sou mo yon lòt la. Ede yo panse ak lòt liv ekriti ki anseye nou sou Jezi. Montre yo ke Bib la gen Ansyen Testaman an ak Nouvo Testaman an. Ede yo repete “Ansyen Testaman, Nouvo Testaman” lè w montre Bib la ak “Yon lòt temwayaj” lè w montre Liv Mòmon an.

  • Montre yo yon kat mond lan oubyen paj aktivite pou plan leson semèn sa a, ansanm avèk yon Bib ak Liv Mòmon an. Itilize bagay sa yo pou anseye yo ke Bib la se yon anal sou ansèyman Jezi nan Jerizalèm ak alantou l epi Liv Mòmon an se yon anal ansèyman li nan Amerik yo.

  • Chwazi plizyè evenman ak verite ke Bib la ak Liv Mòmon an temwaye, tankou nesans Jezi, lanmò li, ak Rezirèksyon li. Montre yo foto nan Liv Ilistrasyon Levanjil la ki dekri evenman ak verite sa yo. Mande yo pou yo dekri sa yo wè nan foto yo, epi di yo ke Bib la ak Liv Mòmon an anseye sou bagay sa yo.

Mòmon 8:3

M ka chwazi sa ki byen, menmsi m kanpe poukont mwen.

Mowoni sete dènye Nefit jis ki te genyen, men li te rete vrè nan temwayaj li. Ede timoun yo aprann nan egzanp li.

Aktivite posib

  • Li Mòmon 8:3, pandan w ap mete aksan pou di ke Mowoni te rete poukont li, men li te toujou kenbe kòmandman yo, enkli kòmandman pou l te fini Liv Mòmon an. Rakonte yon okazyon kote w te ret fidèl menm lè w te poukont ou.

  • Lè w fin diskite sou egzanp Mowoni an, pataje kèk senaryo kote yon timoun dwe deside si l ap chwazi sa ki byen ou pa, menm si okenn moun p ap gade. Kisa Mowoni t ap fè?

  • Chante avèk yo yon chan sou chwazi bon bagay, tankou Défends le bien” (Chants pour les enfants, 81). Poukisa li enpòtan pou n chwazi sa ki byen tout tan, menm lè nou poukont nou?

Mòmon 9:7–21

Bondye se “yon Bondye mirak.”

Ede timoun yo konprann ke mirak enpòtan nan travay Bondye a epi Bondye ap fè mirak lè pèp li a gen lafwa.

Aktivite posib

  • Eksplike ke yon mirak se yon bagay Bondye fè pou montre pouvwa li ak pou beni lavi nou (gade Diksyonè Bib la, “Mirak”). Li mo ak fraz nan Mòmon 9:11–13, 17 ki dekri kèk nan mirak Bondye yo. Ede timoun yo panse a lòt mirak nan ekriti yo (foto nan Liv Ilistrasyon Levanjil la, tankou nos. 26, 40, 41, and 83 yo ka ede). Temwaye ke Bondye te fè mirak nan ansyen tan yo epi li toujou fè mirak jodia.

  • Pataje yon eksperyans kote w wè mirak nan Legliz la jodia oubyen nan lavi ou. Temwaye ke Bondye se “yon Bondye mirak” (Mòmon 9:11).

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye doktrin nan: timoun ki pi gran yo

Mòmon 7:8–10

Liv Mòmon an ak Bib la temwaye de Jezikri.

Mòmon te anseye ke “levanjil Kris la … ap devan [nou]” nan Bib la ak nan Liv Mòmon an. Reflechi sou fason w pral anseye timoun yo ke toulède liv sakre sa yo enpòtan pou nou.

Aktivite posib

  • Ekri Mòmon 7:9 sou tablo a, men kite espas blan nan plas mo sa a ak sa a Epi, ekri sou tablo a sa a = liv Mòmon an ak sa a = Bib la. Envite yo pou yo li Mòmon 7:9 fò epi itilize fraz sou tablo yo pou ranpli espas blanch yo. Kisa nou aprann sou Bib la ak Liv Mòmon an nan vèsè sa a?

  • Montre yon Liv Mòmon ak yon Bib. Rakonte kèk istwa nan chak nan liv yo, pandan w ap montre foto si genyen k disponib (gade Liv Ilistrasyon Levanjil la). Mande timoun yo pou yo lonje dwèt sou liv istwa a soti a. Poukisa nou bezwen toulède liv sa yo?

  • Ekri chak mo nan yuityèm atik lafwa a sou papye speare. Ba chak timoun youn oubyen de mo, epi envite yo pou yo tavay ansanm pou mete mo yo nan lòd kòrèk la. Apresa mande yo pou yo repete atik lafwa a plizyè fwa. Kisa l anseye nou?

    Imaj
    Liv Mòmon an nan plizyè lang diferan

    Liv Mòmon an temwaye konsènan Jezikri

Mòmon 8:1–7

M ka defann sa ki byen, menmsi m kanpe poukont mwen.

Detèminasyon Mowoni pou l te “obeyi kòmandman papa [l] te ba li a,” menm lè papa l te fin mouri a, ka enspire timoun yo pou yo obeyi kòmandman Bondye yo.

Aktivite posib

  • Li Mòmon 8:1–7 avèk yo, epi envite yo pou yo di kisa yo t ap fè si yo te Mowoni. Mande yo pou yo gade nan vèsè 1, 3, ak 4 yo ankò pou yo wè kisa yo te kòmande Mowoni pou l te fè. Kijan Mowoni te “obeyi kòmandman papa [l] la”? Kijan nou ka plis tankou Mowoni?

  • Envite timoun yo pou yo chak ekri yon sitiyasyon kote yo te gen pou yo te chwazi ant sa ki byen ak sa ki mal lè okenn moun pa t ap gade. Mete ide yo nan yon veso, epi fè yo chak pran tou pa yo pou chwazi yon sitiyasyon epi di kisa yo t ap fè si yo te Mowoni.

Mòmon 8:24–26; 9:7–26

Bondye se “yon Bondye mirak.”

Gen anpil moun jodia ki pa kwè ke mirak toujou fèt. Itilize ansèyman Mowoni yo nan vèsè sa yo pou anseye timoun yo ke lè nou gen lafwa, nou ka wè Bondye fè mirak nan lavi nou.

Aktivite posib

  • Montre yo yon resèt. Kia k t ap rive si w ta bliye yon engredyan esansyèl nan resèt la? Envite yo pou yo chèche nan Mòmon 8:24 ak 9:20–21 pou yo ka jwenn “engredyan” nesesè nou dwe genyen anvan pou Bondye fè mirak yo. Pataje kèk egzanp sou mirak—gwo oubyen piti—ke w konn wè nan Legliz la oubyen nan lavi w. Envite timoun yo pou pataje pwòp egzanp pa yo.

  • Divize yo an de gwoup. Envite chak gwoup pou chèche egzanp mirak nan kèk nan ekriti sa yo oubyen nan tou: Mòmon 8:24; 9:11–13, 16–18, 21–25. Kisa nou ka di yon moun ki panse ke mirak pa fèt ankò? (gade Mòmon 9:9, 15–21).

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje aprantisaj lakay

Envite timoun yo pou yo mande yon manm fanmi yo pou dekri yon mirak ki te fòtifye temwayaj li.

Amelyore ansèyman nou

Timoun yo ka rekonèt enfliyans Lespri a. Anseye yo ke santiman lapè, lanmou, ak chalè yo santi lè y ap pale oubyen chante sou Jezikri yo ak sou levanjil li a soti nan Sentespri a (gade Anseye nan Fason Sovè a, 11).

Enprime