Vini, Suiv Mwen
23–29 Novanm. Etè 12–15: “Se pa lafwa tout bagay akonpli”


“23–29 Novanm. Etè 12–15: ‘Se pa lafwa tout bagay akonpli,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Liv Mòmon 2020 (2020)

“23–29 Novanm. Etè 5–7,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2020

Imaj
Etè antre nan yon gwòt

Etè ki kache andedan yon gwòt, pa Gary Ernest Smith

23–29 Novanm.

Etè 12–15

“Tout bagay akonpli pa lafwa”

Ekri enpresyon ou ka envite plis revelasyon ak fòtifye temwayaj ou. Li toujou bon pou w sonje enpresyon w yo epi pataje yo avèk lòt moun alavni.

Ekri enpresyon ou

Pwofesi Etè te bay Jaredit yo te “gran ak mèveye” (Etè 12:5). Li “pale yo konsènan tout bagay, depi nan kòmansman lèzòm” (Etè 13:2). Li te predi “jou Kris la” ak Nouvèl Jerizalèm nan dènye jou a (Etè 13:4). Epi li te pale de “espere yon mond ki pi bon, wi, menm yon plas adwat Bondye” (Etè 12:4). Men, Jaredit yo te rejte pawòl li yo, pou menm rezon k fè moun yo rejte pwofesi sèvitè Bondye yo jodia—“paske yo pa [wè] yo” (Etè 12:5). Sa mande lafwa pou n kwè nan pwomès oubyen avètisman sou sa nou pa ka wè, menmjan sa te mande lafwa pou Etè te pwofetize “gwo bagay mèveye” yo bay yon pèp enkwayan. Sa te mande Mowoni lafwa pou l te ka kwè ke Senyè a t ap fè “feblès li yo vin tounen fòs (gade Etè 12:23–27). Se kalite lafwa sa a ki fè nou “gen asirans epi rete fèm, ap fè bon zèv tout tan, pou fè nou bay Bondye laglwa” (Etè 12:4). Epi se kalite lafwa sa a ki fè “tout bagay akonpli” (Etè 12:3).

Imaj
senbòl etid pèsonèl

Ide pou etid ekriti pèsonèl

Etè 12

Lafwa nan Jezikri ka mennen nan gwo mirak puisan.

Anpil moun jodia, menmjan ak Jaredit yo nan epòk Etè a, vle wè prèv anvan pou yo kwè nan Bondye ak nan pouvwa li. Men, Mowoni te anseye ke “lafwa se bagay moun espere san yo pa wè” epi nou p ap “resevwa temwayaj jiskaske lafwa nou pa fin teste” (Etè 12:6).

Note chak fwa w jwenn mo “lafwa” a nan Etè 12, epi ekri sa w aprann sou lafwa. Chèche repons pou kesyon tankou sa yo: Kisa lafwa ye? Ki fwi yon lavi ranpli ak lafwa? Ou gen dwa ekri panse w apwopo temwayaj ou akeri “apre eprèv lafwa w” yo tou (Etè 12:6).

Gade Ebre 11; Alma 32 tou.

Etè 12:1-9, 28,32

Jezikri ba nou “yon esperans pi ekselan.”

Anplis ide pwofon sou lafwa yo, Etè 12 la gen anpil bagay sou esperans tou—petèt ou ta ka note chak fwa mo “esperans” la parèt. Kisa esperans vle di pou ou? Ki rezon k te fè Etè te “espere yon mond ki pi bon”? (gade Etè 12:2–5). Kijan levanjil Jezikri a ba w “yon esperans pi ekselan”? (Etè 12:32).

Gade Mowoni 7:40–41; Dieter F. Uchtdorf, “Pouvwa enfini esperans,” Ensign oswa Liahona, Nov. 2008, 21–24; Preche levanjil mwen an, 117.

Etè 12:23-29

Jezikri ka fè bagay fèb yo vin fò.

Lè nou li ekri puisan Mowoni yo, li fasil pou nou bliye ke l te enkyè pou “feblès li nan ekri” epi l te pè pou moun yo pa t moke pawòl li yo (gade Etè 12:23–25). Men Bondye te pwomèt li ke l t ap “fè bagay ki fèb yo vin fò” pou moun ki enb yo (vèsè 27), epi pouvwa espirityèl ekri Mowoni yo se prèv toutbon ke Senyè a kenbe pwomès sa a.

Lè w fin li Etè 12:23–29 la, panse a moman kote Bondye te ede w rekonèt feblès ou epi l te rann ou fò malgre feblès sa yo. Petèt se yon bon okazyon pou w reflechi sou feblès ou genyen aktyèlman yo. Kisa w santi w bezwen fè pou w imilye w devan Senyè a epi montre lafwa nan li pou w ka resevwa pwomès li “pou fè bagay fèb yo vin fò” a? (Etè 12:27).

Pandan w ap medite sou vèsè sa yo, ide sa yo Eldè Neal A. Maxwell te bay yo ta ka ede w: “Lè nou li nan ekriti yo sou ‘feblès’ lòm, tèm sa a enkli … feblès ki fè pati kondisyon imèn nan anjeneral kote lachè gen yon enfliyans san rete sou lespri a (gade Etè 12:28–29). Sepandan, feblès enkli defo pèsonèl espesifik, ke nou espere simonte (gade Doktrin ak Alyans 66:3; Jakòb 4:7)” (Senyè, ogmante lafwa nou [1994], 84).

Gade Padon,”Sujets de l’évangile, topics.ChurchofJesusChrist.org tou.

Etè 13:13–22; 14–15

Rejte pwofèt yo mennen nan danje espirityèl.

Istorikman, sete yon pozisyon danjere pou yon moun te wa Jaredit yo. Sa te espesyalman vrè pou Koryantoumr, paske anpil “gason puisan … t ap chèche detwi li” (Etè 13:15–16). Nan Etè 13:15–22, remake sa Koryantoumr te fè pou l te pwoteje tèt li ak sa pwofèt Etè te konseye l pou l te fè olyesa. Pandan w ap li rès liv Etè a, medite sou konsekans ki genyen nan rejte pwofèt yo. Kisa k rive moun yo lè “Lespri Senyè a [sispann] lite avèk yo”? (Etè 15:19).

Imaj
senbòl etid familyal

Ide pou etid ekriti familyal ak sware familyal

Pandan w ap li ekriti yo avèk fanmi ou, Lespri a ka ede w konn ki prensip pou w souliyen ak diskite pou ka reponn bezwen manm fanmi w yo. Men kèk ide.

Etè 12:7–22

Pandan w ap li vèsè sa yo ansanm, ou gen dwa repase egzanp enspiran sou lafwa yo ke w te li nan Liv Mòmon an. Sa ka mennen yon diskisyon sou egzanp lafwa nan istwa fanmi ou oubyen nan pwòp lavi ou—panse pou w ekri eksperyans sa yo si w potko fè sa.

Etè 12:27

Poukisa Senyè a ba nou feblès? Ki wòl nou nan rann “fè feblès yo vin fò”? Kisa wòl Sovè a ye?

Etè 12:41

Èske gen yon fason amizan pou w anseye timoun yo pou yo “chèche … Jezi”? Ou ta gen dwa kache yon foto Jezi epi envite manm fanmi an pou yo “chèche” jwenn foto a. Kijan nou chèche Jezi, epi, kijan nou beni lè nou jwenn ni?

Etè 13:13–14; 15:19, 33–34

Sa ta ka enteresan pou manm fanmi w ta konpare eksperyans Etè yo avèk eksperyans Mòmon ak Mowoni yo (gade Mòmon 6; 8:1–10). Nan kisa yo sanble? Kijan chemen Nefit yo ki te mennen yo nan destriksyon an sanble avèk chemen Jaredit yo? (konpare Etè 15:19 avèk Mowoni 8:28). Ki verite nou aprann ki ka ede nou evite sa k te rive yo a?

Pou plis ide pou anseye timoun yo, gade plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primè a.

Amelyore ansèyman nou

Ankouraje kesyon. Timoun yo plen kiryozite tou natirèlman. Pafwa ou ka wè kesyon yo genyen yo kòm yon distraksyon pou detounen w de sa w ap eseye anseye a. Men, olyesa, gade kesyon yo kòm opòtinite. Yo se yon endikasyon ke timoun yo pare pou yo aprann—y ap ba w ide sou sa k preyokipe yo ak ki fason yo santi yo osijè sa y ap aprann yo (gade Anseye nan Fason Sovè a, 25–26).

Imaj
Etè ki ajenou nan antre yon gwòt

Pwofesi Etè yo te mèveye, pa Walter Rane

Enprime