Vini, Suiv Mwen
30 Novanm–6 Desanm Mowoni 1–6: “Kenbe yo nan wout dwat la”


30 Novanm–6 Desanm Mowoni 1–6: ‘Kenbe yo nan wout dwat la,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Liv Mòmon 2020 (2020)

30 Novanm–6 Desanm Mowoni 1–6,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2020

Imaj
Alma k ap batize moun nan Dlo Mòmon yo

Minerva Teichert (1888–1976), Alma ap batize moun nan Dlo Mòmon yo, 1949–1951, peti aluil sou masonite, 35⅞ x 48 pous. Mize atistik Inivèsite Brigham Young, 1969

30 Novanm–6 Desanm

Mowoni 1-6

“Kenbe yo nan wout dwa la”

Mowoni te ekri sa l te espere k t ap “gen valè … nan jou k ap vini yo” (Mowoni 1:4). Kisa w wè nan Mowoni 1–6 la ki gen valè pou ou? Ekri sa w dekouvri a, epi panse pou w pataje l avèk yon moun ki ka twouve l valab tou.

Ekri enpresyon ou

Lè l te fini anal papa l yo konsènan Nefit yo, epi l te fè rezime anal Jaredit yo, Mowoni te panse toudablò ke travay kenbe anal sa a te fini (gade Mowoni 1:1). Kisa k te rete pou di sou de nasyon sa yo ki te totalman detwi yo? Men, Mowoni te wè epòk nou an (gade Mòmon 8:35), epi l te santi l enspire pou l te “ekri kèk lòt bagay, ki t ap petèt gen valè … nan jou k ap vini yo” (Mowoni 1:4). Li te konnen ke apostazi jeneral la t ap rive, ki t ap pote avèk li konfizyon sou òdonans prètriz yo ak sou relijyon an jeneral. Se petèt pou sa li te bay detay klarifyan sa yo sou sentsèn, batèm, konfere don Sentespri a, ak benediksyon ki genyen nan reyini ansanm avèk kwayan yo pou “kenbe [youn lòt] sou bon chemen an, … pou yo depann sèlman sou merit Kris la, ki se kòmansman ak finisman lafwa [nou]” (Mowoni 6:4). Ide presye tankou sa yo ba nou rezon pou nou rekonesan dèske Senyè a te prezève lavi Mowoni pou l te ka “ekri lòt bagay toujou” (Mowoni 1:4).

Imaj
senbòl etid pèsonèl

Ide pou etid ekriti pèsonèl

Mowoni 1

Disip Jezikri yo rete fidèl malgre lopozisyon.

Pou kèk moun, li fasil pou yo fidèl nan tan ezans ak konfò. Men antanke disip Jezikri, nou dwe rete fidèl menm lè n ap fè fas ak eprèv ak opozisyon. Pandan w ap li Mowoni 1 an, kisa fidelite Mowoni anvè Senyè a ak anvè apèl li anseye ou? Kijan w ka suiv egzanp li?

Mowoni 2-6

Òdonans Prètriz yo dwe administre jan Senyè a kòmande a.

Pandan ministè l nan mòtalite a, Sovè a te resevwa ak administre òdonans sakre, tankou batèm (gade Matye 3:13–17; Joseph Smith Tradiksyon, Jan 4:1–3 [nan apendiks Bib la]), òdinasyon nan prètriz la (gade Mak 3:13–19), ak sentsèn (gade Matye 26:26–28). Sepandan, akoz Gran Apostazi a, anpil moun gen konfizyon jodia sou fason pou akonpli òdonans sa yo—e ap menm mande si yo nesesè. Nan Mowoni 2–6, Mowoni bay detay enpòtan sou kèk òdonans prètriz ki ka ede nou klarifye kèk nan konfizyon sa a. Ki enpresyon w resevwa lè w ap etidye òdonans yo ki nan chapit sa yo? Men kèk kesyon ou gen dwa poze pou ede w aprann:

Konfimasyon (Mowoni 2; 6:4).Ki enstriksyon Sovè a bay nan Mowoni 2:2 ki anseye w sou òdonans konfimasyon an? Kisa w panse sa vledi pou nou “touche e lave pa pouvwa Sentespri a”? (Mowroni 6:4).

Òdinasyon nan Prètriz la (Mowoni 3).Kisa w jwenn nan chapit sa a ki ka ede yon moun prepare l pou l òdone nan prètriz la? Kisa w jwenn ki ka ede yon moun akonpli yon òdinasyon?

Sentsèn (Mowoni 4–5; 6:6).Note pwomès ki nan priyè sentsèn yo (gade Mowoni 4:3; 5:2), epi medite sou sa w ap fè pou w kenbe pwomès ou yo. Kisa w ka fè pou w envite enfliyans Lespri a pi plis lè w ap patisipe nan sentsèn?

Batèm (Mowoni 6:1–3).Kisa w ka fè pou w kontinye reponn a kalifikasyon pou batèm yo ki nan vèsè sa yo, menm apre w fin batize? Kisa vèsè sa yo sigjere w sou kisa savle di pou w se yon manm Legliz Jezikri a?

Baze sou sa w aprann yo, kijan w pral chanje fason w panse de òdonans yo, fason w patisipe nan yo, oubyen fason w prepare w pou òdonans sa yo? Poukisa l enpòtan pou òdonans sa yo “administre … selon kòmandman Kris yo”? (Mowoni 4:1).

Gade “Òdonans,”, Sujets de l’évangile, topics.ChurchofJesusChrist.org tou.

Imaj
yon jènfi k ap resevwa yon benediksyon

Jezi te anseye kijan pou yo akonpli òdonans yo.

Mowoni 6:4–9

Disip Jezikri yo chèche byennèt nanm youn lòt.

Pandan ke se vre nou tout bezwen “travay pou pwòp sali [nou]” (Mòmon 9:27), Mowoni anseye tou ke “reyini ansanm souvan” avèk kwayan parèy nou yo ka ede nou rete “nan bon chemen an” (Mowoni 6:4–5). Pandan w ap li Mowoni 6:4–9, medite sou benediksyon ki vini dèske nou “konte pami pèp Legliz Kris la” (Mowoni 6:4). Kijan w ka asire w ke eksperyans oumenm ak lòt moun ap fè nan legliz la pi sanble avèk sa Mowoni dekri a, keseswa w se yon dirijan oubyen yon patisipan.

Imaj
senbòl etid familyal

Ide pou etid ekriti familyal ak sware familyal

Pandan w ap li ekriti yo avèk fanmi ou, Lespri a ka ede w konn ki prensip pou w souliyen ak diskite pou ka reponn bezwen manm fanmi w yo. Men kèk ide.

Mowoni 1; Mowoni 6:3

Kisa savle di pou n “renye Kris la”? Mowoni 1:2–3 Kijan nou ka montre “detèminasyon nou pou n sèvi l jiskalafen” ? (Mowoni 6:3). Pataje kèk egzanp sou moun ou konnen ki gen detèminasyon pou sèvi li.

Mowoni 4:3; Mowoni 5:2

Li priyè sentsèn yo ak fanmi ou ta ka mennen nan yon diskisyon sou fason pou n trete sentsèn nan avèk plis reverans. Petèt yo ta ka diskite sou kèk fraz nan priyè sa yo ki espesyalman siyifikan pou yo. Yo gen dwa ekri sa yo panse de fraz sa yo tou oubyen desine yon bagay ki ede yo panse a Sovè a. Yo ka pote sa yo te ekri oubyen desine yo nan reyinyon sentsèn nan pou ede yo konsantre panse yo sou l. Di fanmi w kijan w santi w apwopo sentsèn nan ak sakrifis Sovè a.

Mowoni 6:1-4

Kisa sa vledi pou n gen yon “kè brize ak yon lespri kontri”? Mowoni 6:2 Kijan sa ede nou prepare pou batèm? Kijan l ka ede nou apre nou fin batize?

Mowoni 6:4–9

Selon vèsè sa yo, ki kèk benediksyon ki vini paske nou “konte pami pèp Legliz Kris la”? (Mowoni 6:4). Poukisa nou bezwen Legliz la?

Mowoni 6:8

Kisa vèsè sa a anseye sou repantans? Kisa sa vle di pou n chèche padon avèk “yon entansyon reyèl”? (Mowoni 6:8). Panse pou w chante yon kantik sou padon, tankou “Aide-moi, Père” (Chants pour les enfants, 99).

Pou plis ide pou anseye timoun yo, gade plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primè a.

Amelyore etid pèsonèl nou

Chèche prèv sou amou Bondye. Èldè M.Russell Ballard te anseye: “Levanjil la se yon levanjil lanmou—lanmou Bondye ak lanmou youn pou lòt” (L’amour de Dieu pour ses enfants,”Ensign, Me 1988,59). Pandan w ap li ekriti yo, panse pou w note oubyen make prèv lanmou Bondye pou you ak pou tout piti li yo.

Imaj
Mowoni k ap kache nan yon gwòt

Mowoni nan gwòt la, pa Jorge Cocco

Enprime