Vini, Suiv Mwen
21–27 Desanm. Nwèl: “Li pral vini nan mond lan pou l rachte pèp li a”


“ 21–27 Desanm. Nwèl: ‘Li pral vini nan mond lan pou l rachte pèp li a’” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Liv Mòmon 2020 (2020)

“ 21–27 Desanm. Nwèl,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2020

Imaj
Joseph, Mari, ak tibebe Jezi nan yon etab

Men Mouton Bondye a, pa Walter Rane

21–27 Desanm.

Nwèl

“Epi li pral vini nan mond lan pou l rachte pèp li a”

Sezon Nwèl la se yon tan pou nou reflechi ak eksprime rekonesans nou pou nesans Sovè nou an, Jezikri. Pandan w ap li ak medite semèn sa a sou nesans ak lavi li, panse sou fason etid ou nan Liv Mòmon an ane sa a te fòtiye temwayaj ou ke li se Sovè mond lan. Ekri enpresyon w resevwa yo.

Ekri enpresyon ou

Soti nan Nefi rive nan Mowoni, chak pwofèt nan Liv Mòmon an te konsakre yo ak yon bi sakre ki rezime nan paj tit liv la: “Pou konvenk [tout] moun ke Jezi se Kris la.” Yon pwofèt te wè l pandan l te yon espri premòtèl, epi yon lòt te wè nesans li ak ministè li nan yon vizyon. Youn te kanpe sou yon mi pou anonse siy nesans li ak siy lanmò li, epi yon lòt te mete ajenou devan kò resisite li, li te touche mak klo nan men l, nan pye l ak bò kote l yo. Yo tout te konnen verite esansyèl sa a: “Pa gen okenn lòt chemen ni mwayen pou lèzòm sove, eksepte nan san ekspyatwa Jezikri ki … gen pou l vini pou rachte mond lan” (Elaman 5:9).

Konsa, pandan sezon Nwèl sa a, pandan ke kwayan toupatou nan mond lan ap selebre bonte ak amou Bondye nan voye Pitit Gason l la, medite sou fason Liv Mòmon an fòtifye lafwa w nan Kris la. Pandan w ap panse sou nesans li a, medite sou rezon k fè l te vini an ak kijan vini l lan chanje lavi ou. Lè sa a, w ap ka fè eksperyans vrè lajwa Nwèl la—don Jezikri bay pou ou a.

Imaj
senbòl etid pèsonèl

Ide pou etid ekriti pèsonèl

1 Nefi 11:13–36; Mozya 3:5–10; Elaman 14:1–13; 3 Nefi 1:4–22

Jezikri te vin sou tè a pou l te Sovè mwen.

Tradisyonèlman, yo li resi sou nesans Sovè a nan Nouvo Testaman an pou Nwèl, men ou ka jwenn kèk pwofesi emouvan sou evenman sakre sa a nan Liv Mòmon an tou. Paregzanp, pwofesi sou nesans ak ministè Sovè a nan 1 Nefi 11:13–36; Mozya 3:5–10; Elaman 14:1–13; ak 3 Nefi 1:4–22. Ki enpresyon w genyen sou Jezikri pandan w ap li mesaj sa yo ak kontanple siyifikasyon posib siy nesans li yo? Kijan temwayaj konsènan pwofèt sa yo nan Ansyen Amerik la fòtifye temwayaj ou konsènan Kris la ak misyon li?

Gade Matye 1:18–252; Lik 2 tou.

2 Nefi 2:6; Alma 7:7–13; 11:40; Elaman 5:9; 14:16–17

Jezikri se Redanmtè tout limanite.

Nou pa t ap gen okenn rezon pou nou ta selebre nesans Jezikri si se pa t pou sakrifis ekspyatwa l la, atravè ki l sove nou anba peche ak lanmò, rekonfòte nou nan afliksyon nou, e ede nou “pèfeksyone nou nan li” (Mowoni 10:32). Kisa w aprann nan Liv Mòmon an ane sa a sou pouvwa Sovè a pou rache ou? Èske gen yon istwa oubyen yon ansèyman ki atire atansyon ou? Panse a sa egzanp sa yo anseye ou sou misyon redanmtè Sovè a: 2 Nefi 2:6; Alma 7:7–13; 11:40; ak Elaman 5:9; 14:16–17. Kisa w santi w enspire pou w fè pou w ka montre l rekonesans ou? (Christmas.ComeUntoChrist.org gen kèk ide ki ka ede w kòmanse.)

1 Nefi 6:4; 19:18; 2 Nefi 25:23, 26; 33:4, 10

Liv Mòmon an temwaye konsènan Jezikri.

“Yon lòt temwayaj konsènan Jezikri” a se plis pase jis yon tit pou Liv Mòmon an; li se yon deklarasyon sou objektif divin ni. Medite sou sa w aprann nan ekriti sa yo sou misyon Liv Mòmon an pou temwaye konsènan Kris la: 1 Nefi 6:4; 19:18; ak 2 Nefi 25:23, 26; 33:4, 10.

Panse pou w ekri nan yon jounal kijan etidye Liv Mòmon an ane sa a rapwoche w de Kris la. Sigjesyon sa yo kapab ede:

  • “Yon bagay nouvo m te aprann sou Sovè a ane sa a sete …”

  • “Lekti [vèsè sou Sovè a] te chanje fason m …”

  • “Moun [oubyen istwa] m pi renmen nan Liv Mòmon an te anseye m ke Sovè a …”

Imaj
senbòl etid familyal

Ide pou etid ekriti familyal ak sware familyal

Pandan w ap li ekriti yo avèk fanmi ou, Lespri a ka ede w konn ki prensip pou w souliyen ak diskite pou ka reponn bezwen manm fanmi w yo. Men kèk ide.

1 Nefi 11:13–23; Mozya 3:5–10; Elaman 14:1–13; 3 Nefi 1:4–22

Timoun yo gen dwa ta renmen fè desen sou sa yo te tande pandan w t ap li istwa sou nesan ak ministè Kris yo nan 1 Nefi 11:13–23; Mozya 3:5–10; Elaman 14:1–13; ak 3 Nefi 1:4–22 a. Apresa yo ka rakonte istwa yo pandan y ap itilize sa yo te desine yo.

“Li se Kado a”

Pou ede fanmi w konsantre sou kado Pè Selès la ba nou nan voye Pitit Gason la lan, ou ka vlope yon foto Jezikri tankou yon kado Nwèl. Manm fanmi yo ka pale de kado Nwèl favori yo te resevwa oubyen yo espere resevwa. Apresa yo ka devlope foto Kris la epi diskite sou fason l se yon kado presye pou nou. Videyo ki rele “Li se Kado a” nan (ChurchofJesusChrist.org) ta ka ede w diskite sou fason w ka dekouvri, anbrase, ak pataje kado Sovè a avèk fanmi ou pou Nwèl sa a.

Fanmi w ta ka benefisye nan panse sou yon “kado” yo ta renmen bay Sovè a tou, tankou fè yon efò pou yo pi janti avèk lòt moun oubyen travay pou yo simonte yon move abitid. Panse pou w envite manm fanmi yo ekri ide yo, vlope yo tankou yon kado, epi mete kado yo bò kot foto Sovè a.

Espri Nwèl la

Li ta enteresan pou w ta planifye aktivite fanmi w kapab fè nan jou k ap mennen nan Nwèl yo pou yo ka santi Lespri Kris la, tankou sèvi yon moun oubyen chante kantik Nwèl ansanm. (Pou plis ide, gade christmas.ComeUntoChrist.org.)

Pou plis ide pou anseye timoun yo, gade plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primè a.

Amelyore ansèyman nou

Fè suivi sou envitasyon pou aji yo. “Lè w fè suivi sou yon envitasyon pou w aji, ou montre manm klas yo ke w sousye pou yo epi ou montre yo kijan levanjil la se benediksyon nan lavi yo. Epitou ou ba yo opòtinite pou yo pataje eksperyans yo, sa k ap fòtifye angajman yo e pèmèt yo youn soutni lòt nan viv levanjil la (Anseye nan fason Sovè a,35).

Imaj
yon zanj k ap montre Nefi Lavyèj Mari nan yon vizyon

Vizyon Nefi sou Lavyèj Mari, pa Judith A. Mehr

Enprime