Vini, Suiv Mwen
7–13 Desanm. Mowoni 7–9: “Se pou Kris la konsole ou”


“7–13 Desanm. Mowoni 7–9: ‘Se pou Kris la konsole ou,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Liv Mòmon 2020 (2020)

“7–13 Desanm. Mowoni 7–9,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2020

Imaj
Nefi ap ekri sou plak lò yo

Minerva Teichert (1888–1976), Mowoni: dènye Nefit la, 1949–1951, penti aluil sou masonit, 34¾ x 47 pous. Mize Atistik Inivèsite Brigham Young, 1969

7–13 Desanm.

Mowoni 7–9

“Se pou Kris la konsole ou“

Pandan w ap etidye Mowoni 7–9 la, koute enspirasyon Sentespri yo, epi ekri mesaj li genyen pou ou yo. Li ka anseye w sa bezwen konnen ak sa ou bezwen fè.

Ekri enpresyon ou

Anvan Mowoni te fini anal nou rekonèt jodia kòm Liv Mòmon an avèk pwòp pawòl final pa li, li te pataje twa mesaj papa l, Mòmon te bay: youn pou “disip pezib Kris yo” (Mowoni 7:3) ak de lèt Mòmon te ekri pou Mowoni. Petèt Mowoni te enkli mesaj sa yo nan Liv Mòmon an paske li te predi resanblans ant peril epòk li yo ak sa epòk pa nou yo. Lè l te ekri pawòl sa yo, pèp Nefit la toutantye t ap plonje nan apostazi. Anpil ladan yo te “pèdi lanmou yo youn pou lòt” epi yo te rejwi nan “tout bagay sof sa k te bon”Mowoni 9:5, 19). E poutan, Mòmon te jwenn rezon pou l te espere kanmèm—sa anseye nou ke esperans pa vle di inyore pwoblèm mond lan ni konsidere yo avèk nayivte; sa vledi gen lafwa nan Pè Selès la ak nan Jezikri, paske pouvwa yo pi gran e pi siperyè pase pwoblèm sa yo. Sa vle di “aksepte tout bagay ki bon” (Mowoni 7:19). Sa vledi kite Ekspyasyon Jezikri a ak espwa laglwa li ak lavi etènèl la repoze sou lespri nou” (Mowoni 9:25). Epi jiskaske jou gloriye Dezyèm Vini Kris la rive, sa vledi pa janm sispann “travay [nou gen] pou n akonpli a … [pou] konkeri enmi tout lajistis la” (Mowoni 9:6).

Imaj
senbòl etid pèsonèl

Ide pou etid ekriti pèsonèl

Mowoni 7:12–20

Limyè Kris la ede m jije ant byen ak mal.

Mond lan jodia ranpli ak mesaj enfliyan; kijan nou ka di kiyès ki bon ak kiyès ki pa bon? Pawòl Mòmon yo nan Mowoni 7 yo ba nou plizyè prensip nou ka itilize pou n evite “mal jije” (Mowoni 7:18). Pandan w ap etidye Mowoni 7:12–20 an, chèche verite ki ka ede w konnen kisa k ap rapwoche w de Bondye yo ak sa ki pa fè sa yo. Ou gen dwa itilize verite sa yo pou ede w evalye mesaj w ap resevwa yo ak eksperyans w ap fè semèn sa a pou w detèmine si wi ou non yo envite w ak pouse w pou w fè byen (gade Mowoni 7:13).

Gade “Judging Others,” Gospel Topics, topics.ChurchofJesusChrist.org; Bible Dictionary, “Light of Christ.”

Mowoni 7:20–48

Atravè lafwa nan Kris la, m ka “aksepte tout bagay ki bon.”

Lè l te fin anseye sou fason pou nou distenge ant byen ak mal la, Mòmon te poze yon kesyon ki parèt adapte a epòk jodia: “Kijan n ap fè aksepte tout bon bagay?”—espesyalman lè tantasyon advèsè a si atiran konsa (Mowoni 7:20). Repons Mòmon an, nou ka jwenn ni nan tout rès chapit 7 la. Pandan w ap li vèsè 20–48 yo, chèche verite ki ka ede w rekonèt “tout bon bagay” ou genyen gras ak Jezikri yo. Kijan lafwa w nan li ede w chèche sa ki bon? Kijan w ka “sezi” plis nan bagay ki bon yo?

Gade Atik Lafwa 1:13 tou.

Mowoni 7:44–48

“Se amou pi Kris la.”

Prezidan Dallin H. Oaks te di: “Rezon k fè charite pa janm peri a e rezon k fè charite pi gran pase zak bonte ki pi siyifikan yo … se paske charite, ‘amou pur Kris la’ (Mowo. 7:47), se pa yon aksyon men l se yon kondisyon oswa yon eta despri. … Charite se yon bagay yon moun vin genyen” (“The Challenge to Become,” Ensign, Nov. 2000, 34). Pandan w ap li Mowoni 7:44–48 la, panse a deskripsyon Mòmon sou charite a, epi koute enpresyon w resevwa nan men Sentespri a;. Li ka ede w jwenn fason w ka amelyore. Poukisa nou bezwen lafwa ak esperans pou n ka resevwa don charite a?

Mowoni 9:9

Èske yo ka pran chastete m ak vèti m nan men mwen?

Deskripsyon Mòmon an sou peche orib Nefit yo te fè yo fè kèk moun fosman panse ke viktim abi oswa agresyon seksyèl yo kraze lwa chastete a. Men, Èldè Richard G. Scott te klarifye pou nou ke se pa sa l ye. Li te anseye: “Mwen solanèlman temwaye ke lè zak vyolans, pèvèsyon, oswa ensès yon lòt moun komèt sou ou, kont volonte ou, blese w teribleman, ou pa responsab e ou pa dwe santi w koupab” (“Healing the Tragic Scars of Abuse,” Ensign, Me 1992, 32).

Mowoni 9:25–26

M ka jwenn esperans nan Kris la, kèlkeswa sikonstans mwen.

Lè l te fin dekri mechanste l te wè yo, Mòmon te di pitit gason l lan pou l pa t chagren. Kisa k enpresyone w nan mesaj Mòmon an sou esperans lan? Kisa sa vle di pou ou pou Kris la “leve w”? Ki kalite Kris la ak ki prensip nan levanjil li a ki “repoze nan lespri w” e ki ba w espwa? (Mowoni 9:25).

Gade Dieter F. Uchtdorf, “Esperans limyè Bondye a,” tou nan Ensign oswa Liahona, Me 2013, 70, 75–77.

Imaj
senbòl etid familyal

Ide pou etid ekriti familyal ak sware familyal

Pandan w ap li ekriti yo avèk fanmi ou, Lespri a ka ede w konn ki prensip pou w souliyen ak diskite pou ka reponn bezwen manm fanmi w yo. Men kèk ide.

Mowoni 7:5-11

Selon Mowoni 7:5–11, poukisa li enpòtan pou nou fè bon bagay yo pou bon rezon yo? Kijan w ka konnen si w ap priye ak si w ap obeyi kòmandman Bondye yo avèk “entansyon reyèl”? (vèsè 6).

Mowoni 7:12–19

Kijan konsèy Mowoni an ka ede nou fè bon chwa sou fason n ap itilize tan nou epi avèk kimoun n ap pase tan nou? Ou gen dwa envite manm fanmi w yo pou yo fouye kay la epi “kenbe” (Mowoni 7:19), oubyen kenbe fèm, tout bagay ki envite yo “pou yo fè byen, pou yo renmen Bondye ak sèvi li” (Mowoni 7:13). Felisite yo pou bon bagay yo jwenn yo.

Mowoni 7:29

Lè w fin li vèsè sa a, manm fanmi yo ka pale de mirak yo konn wè oubyen de lòt fason yo konn wè men Bondye nan lavi yo.

Mowoni 8:5–26

Kisa Nefit ki t ap batize timoun piti yo pa t byen konprann sou Ekspyasyon Jezikri a? Kisa nou aprann sou Ekspyasyon an nan ansèyman Mòmon yo?

Mowoni 8:16–17

Kisa sa vledi pou n gen “amou pafè”? Kijan sa ede nou chase lakrent? Kijan sa ede nou anseye laverite avèk bravou. Kijan nou devlope li?

Pou plis ide pou anseye timoun yo, gade plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primè a.

Amelyore ansèyman nou

Itilize mizik pou envite Lespri a ak pou anseye doktrin nan. “Mizik gen pouvwa imans pou l soulve pi gwo espirityalite nan [nou]” (Lèt Premye Prezidans lan”Hymns,x). Yon kantik sou lanmou, tankou “Aimez vos frères” (Cantiques, no. 200), ta ka ankouraje yon diskisyon familyal sou charite nan Mowoni 7:44–48 la.

Imaj
Jezikri

Foto Kris, Sovè a pa Heinrich Hofman

Enprime