Vini, Suiv Mwen
14–20 Desanm. Mowoni 10: “Vin jwenn Kris la epi pèfeksyone nou nan li”


“ 14–20 Desanm. Mowoni 10: ‘Vin jwenn Kris la epi pèfeksyone nou nan li,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Liv Mòmon 2020 (2020)

“ 14–20 Desanm. Mowoni 10,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2020

Imaj
Jezi ki parèt devan Nefit yo

Pou nou ka konnen, pa Gary L. Kapp

14–20 Desanm.

Mowoni 10

“Vin jwenn Kris la, epi pèfeksyone nou nan li”

Lè w fin li Liv Mòmon an, panse pou w chèche yon temwayaj renouvle nan men Sentespri a ke l se verite. Pandan w ap fè sa a, ekri enpresyon w resevwa yo.

Ekri enpresyon ou

Liv Mòmon an kòmanse avèk pwomès Nefi pou montre nou ke “mizèrikòd byenveyan Senyè a sou tout moun li te chwazi, poutèt lafwa yo” (1 Nefi 1:20). Liv la fini avèk yon mesaj menmjan an Mowoni bay pandan l t ap prepare l pou l te “sele” anal yo: li envite nou pou nou “sonje kijan Bondye te plen mizèrikòd” (Mowoni 10: 2–3). Menmsi nou ta sèlman panse a pil mizèrikòd yo ki ekri nan Liv Mòmon an, sa ba nou anpil pou n panse. Ki egzanp ki vin nan lespri ou? Ou gen dwa medite sou fason plen mizèrikòd Bondye te kondui fanmi Leyi atravè dezè a ak sou gwo dlo yo, tand mizèrikòd li te montre pou Enòs lè nanm ni te swaf pou padon an, oubyen mizèrikòd li te montre pou Alma, yon gwo enmi Legliz la ki te vin youn nan defansè ki pi brav li te genyen. Oubyen panse nou ka tounen vè mizèrikòd Sovè resisite a te montre pou moun yo lè l te geri malad yo ak beni timoun piti yo. Petèt pi enpòtan toujou, tout sa ka raple w “konbyen Senyè a te gen mizèrikòd” pou ou, paske youn nan bi Liv Mòmon an se pou envite nou chak pou n resevwa mizèrikòd Bondye—yon envitasyon ki eksprime senpleman nan pawòl orevwa Mowoni yo, “Vin jwenn Kris la, epi pèfeksyone nou nan li” (Mowoni 10:32).

Imaj
senbòl etid pèsonèl

Ide pou etid ekriti pèsonèl

Mowoni 10:3–7

M ka konnen verite a pa pouvwa Sentespri a.

Pwomès ki nan Mowoni 10:3–7 la chanje lavi dè milyon moun nan mod lan. Èske l chanje lavi pa w? Keseswa w ap chèche akeri yon temwayaj oubyen fòtifye temwayaj ou konsènan Liv Mòmon an, envitasyon Mowoni an aplike pou ou. Pandan w ap li Mowoni 10:3–7 la, panse pou w li l pi atantivman pase w te konn fè nan lepase. Ou gen dwa egzamine chak fraz, pandan w ap poze tèt ou kesyon tankou sa yo: Kisa sa vledi? Kijan m ka fè sa pi byen? Ki eksperyans m te fè avèk sa? Kijan Sentespri a te manifeste m verasite Liv Mòmon an?

Epi tou panse a yon moun ki bezwen tande temwayaj ou konsènan Liv Mòmon an. Kijan w pral ede moun sa a chèche pwòp temwayaj pa l?

Mowoni 10:8–25

“Renye don Bondye yo.”

Gen anpil fason yon moun ka “renye… don Bondye yo” (Mowoni 10:8). Gen kèk moun ki di ke don sa yo pa menm egziste. Gen lòt ki renye ke yo gen don espirityèl men ki rekonèt yo nan lòt moun. Gen lòt toujou ki nye don yo nan senpleman rejte yo oubyen pa devlope yo.

Pandan w ap li Mowoni 10:8–25 la, chèche verite k ap ede w dekouvri don spirityèl ou yo, epi itlilize yo avèk pi gwo pouvwa pou beni oumenm ak lòt moun. Chèche ide sou don Bondye ba ou yo oubyen sou don li vle w chèche genyen. Poukisa li enpòtan pou w “sonje ke tout bon don soti nan Kris la”? (Mowoni 10:18).

Panse a konsèy sa a Èldè John C. Pingree Jr te bay la: “Konsa, kijan nou ka dekouvri don nou yo? Nou ka al nan benediksyon patriyakal nou, mande moun ki pi byen konnen nou, e pèsonèlman idantifye sa nou ka byen fè oubyen renmen fè tou natirèlman. Pi enpòtan toujou, nou ka mande Bondye (gade Jak 1:5; DA 112:10). Li konn don nou, paske se li k ba nou yo” (“Mwen gen yon travay pou ou,” Ensign oswa Liahona, Nov. 2017, 33).

Gade Gid Ekriti yo,“Don Lespri yo,” scriptures.ChurchofJesusChrist.org.

Mowoni 10:30–33

Kijan m ka pèfeksyone m atravè lagras Jezikri?

Egzòtasyon Mowoni an pou n “vin jwenn Kris la” mande plis pase aprann konsènan li oubyen panse avèk li pi souvan oubyen menm eseye pi byen kenbe kòmandman l yo, osi enpòtan bagay sa yo ka ye. Men, se yon envitasyon pou nou vin jwenn Kris la nan sans ki pi total mo a—pou n vin jan l ye a. Pandan w ap li Mowoni 10:30–33 la, pote atansyon a fraz ki ka ede w konprann kisa sa vledi pou nou vin jwenn Kris la totalman, tankou “kenbe tout bon don,” “debarase kò w anba tout endiyite,” ak, natirèlman, “vin pèfeksyone nan li” (italik ajoute).

Kijan sa fè posib? Chèche repons yo nan Mowoni 10:30–33. Kisa Lespri a di w ke w ta dwe fè pou w ka pi totalman “vin jwenn Kris la, epi pèfeksyone w nan li”?

Gade Omni 1:26; Gid ekriti yo, “Pafè,” scriptures.ChurchofJesusChrist.org.

Imaj
senbòl etid familyal

Ide pou etid ekriti familyal ak sware familyal

Pandan w ap li ekriti yo avèk fanmi ou, Lespri a ka ede w konn ki prensip pou w souliyen ak diskite pou ka reponn bezwen manm fanmi w yo. Men kèk ide.

Mowoni 10

Li chapit sa a ansanm, pandan w ap chèche wè chak fwa Mowoni itilize mo egzòte a. Fè yon lis oubyen make sa Mowoni ap egzòte nou—oubyen grandman ankouraje nou—pou nou fè a. Kisa nou ka fè pou nou suiv egzòtasyon l yo?

Mowoni 10:3 .

Kisa nou aprann sou mizèrikòd Senyè a pandan nou t ap li Liv Mòmon an ane sa a? Kijan Senyè a te gen mizèrikòd pou fanmi nou?

Mowoni 10:3–5

Lè w fin li vèsè sa yo, ou gen dwa mande manm fanmi ou pou yo pataje kijan yo vin fè konnen ke Liv Mòmon an vrè. Panse pou nou chante ansanm yon chan sou chèche laverite, tankou “Search, Ponder, and Pray” (Children’s Songbook, 109). Ou gen dwa envite manm fanmi ou pou yo ekri temwyaj yo nan yon jounal familyal.

Mowoni 10:8–18

Nwèl se yon sezon tou natirèl pou nou panse sou resevwa kado. Petèt manm fanmi w ta ka vlope kado youn pou lòt ki reprezante “kado Bondye” yo mansyone nan Mowoni 10:9–16 yo. Kado sa yo ka reprezante lòt bon don ki soti nan Kris la tou ke youn wè nan lòt.

Mowoni 10:27 -29,34

Manm fanmi ou gen dwa di kisa yo ta renmen di Mowoni lè yo “rankontre l devan ba jijman gran Jewova a.”

Pou plis ide pou anseye timoun yo, gade plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primè a.

Amelyore etid pèsonèl nou

Chèche Jezikri. Objektif Liv Mòmon an—ak tout ekriti yo—se pou temwaye konsènan Jezikri. Kisa w aprann sou Jezikri nan Mowoni 10 la? Kisa w santi w enspire pou w fè pou w ka vin jwenn Kris la?

Imaj
Mowoni k ap antere plak lò yo

Mowoni k ap antere plak yo, pa Jon McNaughton

Enprime