Vini, Suiv Mwen
Apendiks A: Kijan Lespri a temwaye m ke Liv Mòmon an vrè?


“Apendiks A: Kijan Lespri a temwaye m ke Liv Mòmon an vrè?” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Liv Mòmon 2020 (2020)

Apendiks A,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2020

Apendiks A

Kijan Lespri a temwaye m ke Liv Mòmon an vrè?

Ou gen dwa petèt konn tande pwomès Mowoni fè tout moun ki li Liv Mòmon yo: “Si nou mande avèk yon kè sensè, avèk yon entansyon reyèl, si nou gen lafwa nan Kris la, l ap montre nou se verite, avèk pouvwa Sentespri a.” (Mowroni 10:4). Men kisa savle di pou n konnen “pa pouvwa Sentespri a”? Kijan nou ka konn lè Sentespri a ap pale avèk nou?

Li ta bon pou w ta sonje ke Sentespri a kominike avèk nou nan fason ki trè diferan de fason nou itilize pou youn kominike avèk lòt yo. Men Pè Selès la vle ede w aprann rekonèt Lespri a. Li ba w Liv Mòmon an, kote plizyè sèvitè fidèl dekri eksperyans yo avèk vwa Senyè a.

Paregzanp, Nefi te di frè l yo ke Senyè a te pale avèk yo “nan yon ti vwa dous piti,” malgre li pa nesesèman yon vwa yo ta ka tande ak zòrèy yo. Anfèt, Nefi te di frè l yo ke yo te “san sansiblite” epi yo pa t kapab “santi pawòl li yo” (1 Nefi 17:45, italik ajoute). Enòs te dekri repons pou priyè l yo kòm “vwa Senyè a” ki te vin “nan panse [li]” (Enòs 1:10). Epi konsidere pawòl sa yo ki dekri vwa ki te soti nan syèl la lè Sovè resisite a te parèt nan peyi Abondans lan: “Se pa t yon vwa wòk, ni tou li pa t yon vwa fò; men, … li te penetre jouk nan nanm yo, epi li te chofe kè yo” (3 Nefi 11:3).

Petèt ou konn fè eksperyans menmjan ak sa yo, oubyen petèt eksperyans ou yo konn diferan. Sentespri a kominike nan yon varyete fason, epi revelasyon ka vini diferan pou nou chak. Epi, lè Lespri a nan lavi nou, n ap wè enfliyans li sou nou nan plizyè fason. Apot Pòl te pale de “fwi Lespri yo”—santiman “lanmou, lajwa, lapè, bonte, jantiyès, fidelite, dousè, lafwa, tanperans,” pami anpil lòt (Galat 5:22–23).

Men kèk lòt ansèyman ak egzanp nan Liv Mòmon an sou Sentespri a. Pandan w ap li yo, ou gen dwa ka wè Sentespri a k ap pale avèk ou plis pase w reyalize, pou rann temwayaj ba ou ke Liv Mòmon an se pawòl Bondye.

Rekonesans ak lajwa

Liv Mòmon an kòmanse avèk pwofèt Leyi ki fè yon vizyon mèveye. Nan visyon sa a, yo te ba l yon liv epi yo te envite l pou l te li li. Resi a di “pandan l t ap li,” “li te ranpli avèk pouvwa Lespri Senyè a.” Eksperyans sa a te fè Leyi louwe Bondye pou “pouvwa li, bonte li, ak mizèrikòd li,” epi “nanm ni te rejwi, epi tout kè l te ranpli” (1 Nefi 1:12, 14–15).

Èske w janm konn fè yon eksperyans konsa? Èske lekti Liv Mòmon an konn ranpli kè a ak rekonesans pou bonte ak mizèrikòd Bondye? Eske pasaj nan Liv Mòmon yo konn lakoz nanm ou rejwi? Santiman sa yo se enfliyans Lespri a, k ap temwaye w ke pawòl w ap li yo soti nan Bondye epi yo anseye laverite.

Yon kè chanje

Apre l te fin preche yon diskou remakab sou Ekspyasyon Jezikri a a (gade Mozya 2–4), Wa Benjamen te vle konn si pèp li a “te kwè nan pawòl li te di yo.” Yo te reponn ke yo te kwè mesaj li a. Poukisa? “Paske Lespri Senyè Toupisan an, ki te opere yon gwo chanjman nan nou, oubyen nan kè nou, ki fè nou pa gen okenn dispozisyon pou nou fè mal ankò, men okontrè pou nou kontinye fè byen nètalkole” (Mozya 5:1–2).

Petèt ou ka remake menm bagay la nan kè ou lè w ap li Liv Mòmon an. Pareganp, ou gen dwa santi w enspire pou w vin yon pi bon moun, pou w abandone peche, oubyen pou w fè yon bagay janti pou yon mou. Sa se temwayaj espirityèl w ap chèche a, ki temwaye ke liv la se Bondye ki enspire li. Paske Mòmon te anseye: tout bagay ki envite e pouse moun fè byen, ak renmen Bondye, ak sèvi l, se enspirasyon Bondye” (Mowoni 7:13; gade tou 2 Nefi 33:4, 10; Alma 19:33; Etè 4:11–12).

Yon espri eklere

Lè Alma te vle ede Zoramit yo “teste pawòl li yo” pou yo te ka konnen poutèt pa yo si temwayaj li a te vrè, li te konpare pawòl Bondye a ak yon semans: “Si nou fè plas pou yon semans plante nan kè nou, reyèlman si se yon semans reyèl oubyen yon bon semans, si nou pa chase l avèk enkredilite nou, pou nou pouse Lespri Senyè a, reyèlman, l ap kòmanse grandi nan kè nou—se kapab yon bon semans oubyen pawòl la bon, paske li kòmanse devlope nanm mwen; wi li kòmanse eklèsi konpreyansyon m, wi, li kòmanse gen bon gou pou mwen.” (Alma 32:27–28).

Ou “fè plas” nan kè w pou pawòl Liv Mòmon yo lè w pèmèt yo enfliyanse lavi w ak gide chwa ou. Epi, kijan pawòl sa yo ap “agrandi nanm ou” epi “eklere konpreyansyon ou”? Ou gen dwa santi ke w ap vin spirityèlman pi solid. Ou gen dwa santi w pi eman ak pi ouvè pou lòt moun. Ou gen dwa remake tou ke w konprann bagay yo pi byen, espesyalman bagay spirityèl yo—prèske kòmsi yon limyè ap briye nan lespri ou. Epi, ou gen dwa dakò ke doktrin yo anseye nan Liv Mòmon an “delisye.” Kalite santiman sa yo ka ede w konprann ke w vrèman resevwa yon temwayaj sou laverite, jan Alma te deklare a: “O, enben, èske sa pa reyèl? M di nou, wi, paske se limyè; epi nenpòt sa ki limyè, li bon, paske ou kapab distenge l, se poutèt sa nou dwe konnen li bon” (Alma 32:35).

Ou pa bezwwen ap mande tèt ou

Sa yo se jis kèk nan fason Lespri a kominike. Gen anpil lòt toujou. Kontinye chèche okazyon pou w koute vwa Lespri a, epi w ap resevwa pwòp temwayaj ou k ap konfime temwayaj sou verasite Liv Mòmon an.

Prezidan Russell M. Nelson pwomèt: “Nou pa bezwen ap mande si l se vre.” Nou pa bezwen ap mande tèt nou kimoun nou ka vrèman fè konfyans. Atravè revelasyon pèsonèl, nou ka resevwa pwòp temwayaj pa nou ke Liv Mòmon an se pawòl Bondye, ke Joseph Smith se yon pwofèt, epi legliz sa a se Legliz Senyè a. Kèlkeswa sa lòt moun ka di oubyen fè, okenn moun pa p ka janm retire yon temwayaj yo rann kè ou ak espri ou sou sa ki vrè” (“Revelasyon pou Legliz la, Revalasyon pou lavi nou,” Ensign oswLiahona, Me 2018, 95).

Enprime