Vini, Suiv Mwen
Apendiks C: Twa Temwen yo


Apendiks C: Temwayaj Twa Temwen yo,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Liv Mòmon 2020 (2020)

Apendiks C,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2020

Apendiks C

Twa Temwen yo

Pandan plis pase senkan—soti nan lè premye vizit anj Mowoni te fè Jospeh Simth la rive jiska 1829—Joseph sete sèl moun yo te pèmèt wè plak lò yo. Sa te mennen anpil kritik ak pèsekisyon nan men moun ki te panse ke l t ap bay moun yo manti. Konsa, imajine lajwa Joseph te santi lè, pandan l t ap tradui Liv Mòmon an, li te aprann ke Senyè a ta pral pèmèt lòt moun wè plak yo epi yo ta pral gen pou yo “temwaye de verasite verite liv la ak bagay ki ladan l yo” (2 Nefi 27:12–14; gade tou 2 Nefi 11:3; Etè 5:2–4).

Nan mwa Jen 1829, Oliver Cowdery, David Whitmer, ak Martin Harris te mande pèmisyon pou yo te twa temwen Liv Mòmon an yo te pwofetize a. Senyè te akòde yo sa (gade DA 17) epi l te voye yon zanj, ki te montre yo plak yo. Yo te vin rekonèt mesye sa yo kòm Twa Temwen yo, epi, temwayaj ekri yo enkli nan chak kopi Liv Mòmon an.1

Prezidan Dallin H. Oaks te eksplike poukisa temwayaj Twa Temwen sa yo si konvenkan konsa: Temwayaj Twa Temwen Liv Mòmon yo kanpe avèk gwo pwa. Yo chak nan pami twa yo te gen bon rezon ak opòtinite pou yo te rejte temwayaj yo a si l pat vre, oubyen pou yo te chanje detay yo si yo pat byen presize. Jan tout moun konnen, poutèt dezagreman oubyen jalouzi ki te asosye avèk lòt dirijan nan Legliz la, chak Twa Temwen sa yo te ekskominye nan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo nan anviwon yuitan apre piblikasyon temwayaj yo a. Chak Twa Temwen yo t al fè wout pa yo, san okenn enterè komen ki ta ka fè moun akize yo de konnivans pou desizyon an. Men, nen fen lavi yo—kèk peryòd ant 12 a 50 ane apre ekskominikasyon an—yo yonn nan temwen yo pat renye temwayaj yo te pibliye a, yo pat di okenn bagay ki te montre okenn dout sou verite a.”2

Jiskalafen lavi yo, Twa Temwen sa yo te rete inebranlab nan fidelite yo anvè temwayaj Liv Mòmon an.

Oliver Cowdery

Apre l te fin batize nan Legliz la epi yon ti tan anvan lanmò li, Oliver t al lakay yon misyonè, Èldè Jacob Gates, ki t ap pase pa Richmond, nan Missouri, sou wout pou l t al sèvi an Angletè. Èldè Gates te poze Oliver kesyon sou temwayaj li konsènan Liv Mòmon an. Pitit Èldè Gates la te rakonte reyaksyon Oliver:

“Kesyon an te sanble l te touche Oliver anpil. Li pa t di yon mo, men li te leve sou chèz la, li t al nan bibliyotèk la, li te pran yon premye edisyon Liv Mòmon an, li te vire l nan paj Temwayaj Twa Temwen yo, epi nan yon fason trè solanèl, li te li pawòl ke l te poze siyati l anba l yo, sa te gen prèske ventan an. Li te gade papa m anfas, epi l te di: ‘Jacob, mwen vle pou w sonje sa m ap di w la a. M se yon moun ki pral mouri, e ki enterè m ta genyen pou m ta ba w manti? Mwen konnen Liv Mòmon an te tradui pa don ak pouvwa Bondye. Je m te wè, zòrèy mwen te tande, epi konpreyansyon m te touche, epi m konnen ke sa m te temwaye a se verite. Se pa t yon rèv, ni pwodui imajinasyon mwen—li te reyèl.’”3

David Whitmer

Nan fen lavi li, David Whitmer te vin tande rimè ke l te renye temwayaj li konsènan Liv Mòmon an. Kòm repons pou akizasyon sa yo, David te reyafime temwayaj li nan yon lèt ke l te pibliye nan yon jounal lokal, Richmond Conservator:

“Pou mond lan ka konn laverite, mwen swete, kounyeya ke m ka di m nan aswè lavi mwen, epi nan krent pou Bondye, yon fwa pou tout, m vle fè deklarasyon piblik sa a:

“Ke jamè, nan okenn moman, m pa t renye temwayaj sa a, ni yon pati kèlkonk nan temwayaj sa a ki te pibliye sa gen si lontan an avèk Liv Mòmon an, antanke youn nan twa temwen yo. Moun ki pi byen konnen m yo, konnen ke m toujou kenbe temwayaj sa a. Epi, pou okenn moun pa twonpe yo ni doute de pozisyon aktyèl mwen sou sijè sa a, mwen afime verasite tout deklarasyon m yo ankò, jan yo te fèt epi janyo te pibliye a.

“Ke moun ki gen zòrèy pou tande yo tande, se pa alisinasyon! Sa k ekri a ekri—epi moun ki li l, se pou l konprann.”4

Martin Harris

Tankou Oliver Cowdery, Martin Harris te kite legliz la pandan yon sèten tan men li te finalman vin rebatize. Nan fen lavi li, li te gen repitasyon yon moun ki t ap mache avèk Liv Mòmon an anba bra li e temwaye de verasite l bay tout moun ki te vle koute: “Mwen konnen Liv Mòmon an reyèlman vrè. Epi, menmsi tout moun ta renye verasite liv sa a, mwen pa ka oze fè sa. Kè m sèten. O Bondye, kè m sèten! Mwen pa t ap ka pi sèten pase jan m sèten jodia.”5

George Godfrey, yon zanmi Martin te ekri: “Kèlke èdtan anvan l te mouri … m te mande [Martin] si l pa t gen enpresyon ke te gen omwen yon ti frod oubyen twonpri pami sa k te ekri oubyen sa k te di sou parisyon Liv Mòmon an, epi l te reponn jan l te toujou fè … epi l te di: ‘Liv Mòmon an pa fo. Mwen konnen sa m konnen an. M te wè sa m te wè a e m te tande sa m te tande a. Mwen te wè plak lò yo kote Liv Mòmon an soti a. Yon zanj te parèt devan mmwen menm ak lòt moun epi l te temwaye de verasite anal la, epi si m te dispoze pou m renye tèt mwen oubyen kontredi temwayaj m ap rann kounyeya, m ta ka yon moun rich, men m pa t ka temwaye diferaman de sa m te fè ak de sa m ap fè la a kounyea, paske bagay sa yo se verite.’”6

“Otan temwen ke l panse k bon”

Temwayj Twa Temwen yo espesyalman enpresyonan konsidere eksperyans yo andedan ak deyò legliz la. 7 Pandan tout tan sa yo, Oliver, David, ak Martin pa t janm sispann temwaye de sa yo te viv la epi yo rann temwayaj ke Liv Mòmon an te tradui pa don ak pouvwa Bondye. Epi se pa t yomenm sèlman.

Nan tan ansyen an, Nefi te deklare: “ Senyè Bondye a pral pibliye pawòl liv la; e li pral tabli pawòl li nan bouch kantite moun ki nan lide l; e malè pou moun ki rejte pawòl li” (2 Nefi 27:14). Anplis Pwofèt Joseph Smith ak Twa Temwen yo, Senyè a te chwazi yuit lòt temwen pou te wè plak yo. Temwayaj yo ekri nan chak kopi Liv Mòmon an tou. Tankou Oliver, David, ak Martin, Yuit Temwen sa yo te rete fidèl nan temwayaj yo konsènan Liv Mòmon an ak temwayaj yo konsènan plak lò yo.

William E. McLellin sete yon konvèti nan Legliz la ki te pèsonèlman konnen anpil nan temwen Liv Mòmon yo. Li te finalman kite Legliz la, men li te kontinye enfliyanse pwofondeman pa temwayaj konvenkan l te tande nan men temwen yo.

McLellin te ekri nan fen lavi li: “Kounyeya, m ap poze tèt mwen kesyon, kisa m t ap fè avèk yon pil temwen fidèl konsa, k ap rann kalite temwayaj si rasyonèl e poutan solanèl sa a? Mesye sa yo, pandan yo te nan fòs laj yo, te fè vizyon yon zanj, epi yo te rann temwayaj la bay tout moun. Epi, yuit mesye yo te wè plak yo, epi yo te kenbe yo nan men yo. Konsa, tout mesye sa yo te konnen ke sa yo t ap deklare a te pozitivman vrè. E sa, pandan ke yo te jèn, e kounyeya yo granmoun, yo kontinye deklare menm bagay yo.”8

Menmsi nou pa wè plak lò yo jan Twa Temwen sa yo te wè yo a, nou ka tire fòs nan temwayaj yo. Menmlè yo te mete repitasyon yo an dout epi sekirite yo ak lavi yo te menase akoz temwayaj yo a, mesye plen entegrite sa yo te kourajezman rete lwayal anvè temwayaj yo a jiskalafen.

  1. Li sou eksperyans yo nan Sen: Istwa Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo, vol. 1, The Standard of Truth, 1815–1846 (2018), 73–75.

  2. Dallin H. Oaks, “Temwwen: Martin Harris,” Ensign, Me 1999, 36.

  3. Jacob F. Gates, “Testimony of Jacob Gates,” Improvement Era, Mar. 1912, 418–19.

  4. Nan Lyndon W. Cook, ed., David Whitmer Interviews: A Restoration Witness (1991), 79.

  5. Nan Mitchell K. Schaefer, “The Testimony of Men: William E. McLellin and the Book of Mormon Witnesses,” BYU Studies, vol. 50, no. 1 (2011), 108; lèt kapital nòmalize.

  6. George Godfrey, “Testimony of Martin Harris” (unpublished manuscript), quoted in Eldin Ricks, The Case of the Book of Mormon Witnesses (1961), 65–66.

  7. Paregzanp, gade Saints, 1:182–83.

  8. Nan Schaefer, “Testimony of Men,”110

Enprime