Vini, Suiv Mwen
2–8 Novanm. Mòmon 7–9: “M ap pale avèk nou kòmsi nou te prezan”


“2-8 Novanm. Mòmon 7–9: ‘M ap pale avèk ou kòmsi w te prezan,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Liv Mòmon 2020 (2020)

“2-8 Novanm. Mozya 7–9,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2020

Imaj
Nefi ap ekri sou plak lò yo

Mowoni k ap ekri sou plak lò yo, pa Dale Kilborn

2–8 Novanm

Mòmon 7-9

“M ap pale avèk nou kòmsi nou te prezan”

Mòmon ak Mowoni te gen lafwa ke anal yo t ap enspire moun ki ta pral viv nan dènye jou yo. Pandan w ap li Mòmon 7–9 la, ekri enpresyon ou resevwa sou fason pou w aplike sa w ap aprann yo.

Ekri enpresyon ou

Mòmon ak Mowoni te konn kisa sa te vle di pou yon moun te poukont li nan yon mond mechan. Pou Mowoni, solitid la siman te espesyalman penib apre papa l te mouri nan batay la epi Nefit yo te detwi a. Li te ekri: “M rete poukont mwen.” “M pa gen zanmi ni kote pou m ale” (Mòmon 8:3, 5). Bagay yo siman te sanble sanzewpwa, men Mowoni te jwenn espwa nan temwayaj Sovè a ak nan konesans li ke “bi etènèl Senyè a ap mache” (Mòmon 8:22). Epi li te konnen ke Liv Mòmon an t ap gen pou l jwe yon wòl enpòtan nan objektif etènèl sa yo—anal ke l t ap konplete avèk dilijans la nan moman an, anal sa a ki yon jou ta pral “briye soti nan tenèb” la epi ki ta pral fè anpil moun “vin gen konesans sou Kris la” (Mòmon 8:16; 9:36). Lafwa Mowoni nan pwomès sa yo te rann posib pou l te deklare pou moun ki t ap gen pou li liv sa a nan lefiti yo: “M ap pale avèk nou kòmsi nou te la kounea” epi “M konnen nou pral resevwa pawòl mwen yo” (Mòmon 8:35; 9:30). Kounyeya nou gen pawòl li yo, epi travay Senyè a ap dewoule, anpati paske Mòmon ak Mowoni te rete fidèl a misyon yo, menm lè yo te poukont yo.

Imaj
senbòl etid pèsonèl

Ide pou etid ekriti pèsonèl

Mòmon 7

Mwen kwè nan Jezikri epi m “kenbe” levanjil li a.

Dènye pawòl Mòmon te ekri yo, ke nou jwenn nan Mòmon 7, adrese a desandan Lamanit yo nan dènye jou yo, men yo gen verite ki destine pou nou tout tou. Kisa mesaj Mòmon an anseye w sou Jezikri ak levanjil li a? Poukisa Mòmon te chwazi mesaj sa a pou l te fini ekri l yo?

Mòmon 7:8–10; 8:12–22; 9:31–37

Liv Mòmon an gen gwo valè.

Prezidan Russell M. Nelson te mande: “Si yo ta ofri w dyaman oswa ribi oubyen Liv Mòmon an, kiyès ou t ap chwazi? Onètman, kiyès ki gen plis valè pou ou?” (“Liv Mòmon an: Kisa lavi ou t ap ye san limenm? Ensign oswa Liahona,Nov. 2010,129).

Mòmon ak Mowoni te konnen ke anal yo te kenbe yo t ap gen gwo valè nan epòk nou an, konsa, yo te fè gwo sakrifis pou yo te prepare l ak pwoteje li. Pandan w ap li Mòmon 7:8–10; 8:12–22; ak 9:31–37 la, reflechi sou rezon k fè yo si gen valè konsa nan epòk nou an. Ou ka jwenn ide adisyonèl nan 1 Nefi 13:38–41; 2 Nefi 3:11–12; ak Doktrin ak Alyans 33:16; 42:12–13. Ki eksperyans ki te ede w konnen ke Liv Mòmon an gen gwo valè?

Imaj
Liv Mòmon an nan plizyè lang diferan

Ekri pwofèt yo ki nan Liv Mòmon an aplike pou nou.

Mòmon 8:26–41; 9:1–30

Liv Mòmon an te ekri pou epòk pa nou an.

Jezikri te montre Mowoni sa k t ap rive lè Liv Mòmon an t ap parèt (gade Mòmon 8:34–35), epi sa Mowoni te wè yo te pouse l bay avètisman pou epòk pa nou an. Pandan w ap li Mòmon 8:26–41 ak 9:1–30 la, mande tèt ou si gen nenpòt siy atitid ak aksyon sa yo nan lavi ou. Kisa w ta ka fè diferaman?

Paregzanp, Mòmon 9:1–30 gen mesaj Mowoni bay kòm repons pou mank kwayans nan Jezikri li te wè nan epòk nou an. Panse pou w ekri sa w aprann nan pawòl li sou bagay sa yo:

Kisa w aprann nan Mowoni ki ka ede w rapwoche w de Pè Selès la ak Jezikri?

Imaj
senbòl etid familyal

Ide pou etid ekriti familyal ak sware familyal

Pandan w ap li ekriti yo avèk fanmi ou, Lespri a ka ede w konn ki prensip pou w souliyen ak diskite pou ka reponn bezwen manm fanmi w yo. Men kèk ide.

Mòmon 7:5–7, 10; 9:11–14

Kisa vèsè sa yo anseye nou sou plan Pè Selès la ak sou rezon k fè nou bezwen yon Sovè?

Mòmon 7:8–10

Kisa nou te aprann nan etid nou sou Liv Mòmon an ane sa a ki ede fòtifye kwayans nou nan Bib la? Pou kòmanse yon diskisyon, nou gen dwa li ansam kèk ekriti nan Liv Mòmon ak nan Bib la ki anseye menm verite yo, tankou Alma 7:11–13 ak Ezayi 53:3–5 oubyen 3 Nefi 15:16–24 ak Jan 10:16.

Mòmon 8:1–9

Kijan yon moun ta santi l si l ta sèl jan Mowoni te sèl la? Kisa k enpresyone nou nan travay li te akonpli a?

Mòmon 8:12, 17–21; 9:31

Panse pou w li vèsè sa yo avèk fanmi ou epi apresa li deklarasyon sa a Èldè Jeffrey R. Holland te fè: “Eksepte nan ka sèl Pitit Gason Literal pafè l la, moun ki enpafè se tout sa Bondye janm genyen pou fè travay li. … Lè nou wè enpèfeksyon, sonje ke limitasyon an se pa nan divinite travay la l ye” (“Senyè, mwen kwè,” Ensign oswa Liahona, Me 2013, 94). Poukisa li danjere pou nou konsantre n sou enpèfeksyon nan lòt moun, enkli moun ki te ekri Liv Mòmon yo?

Mòmon 8:36-38

Kisa sa vledi pou nou pran non Jezikri sou tèt nou? Poukisa yon moun ka wont pou l pran non Jezikri sou tèt li? Kijan nou ka brav nan temwayaj nou konsènan Jezikri?

Mòmon 9:16-24

Gen kèk engredyan ki nesesè pou nou ka reyisi yon eksperyans syantifik oubyen yon resèt. Panse pou w fè yon eksperyans syantifik oubyen prepare yon resèt favori ansanm an fanmi anvan nou li Mòmon 9:16–24 la. Pandan w ap li vèsè sa yo (espesyalman vèsè 20–21) yo, chèche ki “engredyan” ki nesesè pou rann mirak posib yo. Ki mirak nou ka wè nan mond ki antoure nou an ak nan fanmi nou?

Pou plis ide pou anseye timoun yo, gade plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primè a.

Amelyore etid pèsonèl nou

Fè referans ak resous ofisyèl Legliz la pibliye yo. Si w gen kesyon sou levanjil la, pi bon sous pou w jwenn repons yo se lapriyè, ekriti yo, pawòl pwofèt vivan yo, ak lòt piblikasyon ofisyèl Legliz la fè yo (gade Anseye nan fason Sovè a, 17–18, 23–24).

Imaj
Mòmon ap fè rezime plak yo

Mòmon k ap fè rezime plak yo, pa Jon McNaughton

Enprime