Vini, Suiv Mwen
19—25 Oktòb. 3 Nefi 27—4 Nefi: “Pa t gen yon pèp ki te pi kontan nan pami tout pèp yo”


“19—25 Oktòb. 3 Nefi 27—4 Nefi: ‘Pa t gen yon pèp ki te pi kontan nan pami tout pèp,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Liv Mòmon 2020 (2020)

“19–25 Oktòb. 3 Nefi 27–4 Nefi,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2020

Imaj
Jezi k ap priye avèk Nefit yo

Priyè Kris la, pa Derek Hegsted

19-25 Oktòb.

3 Nefi 274 Nefi

“Pa t gen yon pèp ki te pi kontan nan pami tout pèp”

Pandan w ap li 3 Nefi 274 Nefi a, panse ak eksperyans, panse, ekriti, ak istwa ki ap ede timoun yo konprann konsèp ki nan chapit sa yo.

Ekri enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Ede timoun yo sonje sa yo te aprann nan dènye semèn yo osijè Jezi k t ap anseye moun yo nan peyi Abondans lan. Eksplike yo ke Liv Mòmon an di nou kijan moun yo te beni lè yo te obeyi sa Jezi te anseye yo.

Imaj
senbòl pataj

Anseye doktrin nan: timoun ki pi piti yo

3 Nefi 27:1–22

Mwen se manm Legliz Jezikri a.

Kijan pawòl Sovè a di disip li yo ka ede timoun yo konprann enpòtans apatenans yo nan Legliz Jezikri a?

Aktivite posib

  • Mande chak timoun pou l di non li. Poukisa nou nou enpòtan? Di yo ke disip Jezi yo te vle konn kijan pou yo te rele Legliz Kris la. Li repons Sovè a ki nan 3 Nefi 27:7 a pou yo. Non kiyès Jezi te di Legliz li a dwe pote?

  • Fè yon badj ki di: “Mwen se manm Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo” pou chak timoun pote lakay yo. Fè yo kolore badj yo. Chante L‘église de Jésus Christ”Chants pour les enfants, 48) avèk yo. Di yo poukisa ou rekonesan dèske w se manm Legliz la, epi mande yo poukisa yo rekonesan pou Legliz la.

  • Ede yo rasanble pyès kastèt yo ki nan paj aktivite semèn sa a. Eksplike yo ke Jezi vle pou Legliz li a bati sou levanjil li a, epi itilize paj aktivite a pou pale yo de kisa sa vledi.

4 Nefi 1:2 -3,-3,15–17

Viv levanjil la pote lajwa pou mwen.

Bonè pèp la yo dekri nan 4 Nefi a ka ede timoun yo aprann sou lajwa ki vini nan viv levanjil la.

Aktivite posib

  • Mande yo pou yo pale de sa k fè yo gen kè kontan. Pou w pale yo de bonè pèp la ki nan 4 Nefi a, li kèk fraz nan vèsè 2–3 ak 15–17 yo. Ou gen dwa fè referans ak “Chapit 48: Lapè nan Amerik la” nan (Istwa Liv Mòmon yo, 136–37, oubyen videyo korespondan an nan ChurchofJesusChrist.org). Eksplike yo ke moun yo te gen kè kontan paske yo te konvèti nan Senyè a, yo te kenbe kòmandman yo, epi youn te renmen lòt.

  • Montre foto moun ki gen kè kontan. Eksplike yo ke moun nan 4 Nefi yo te pase prèske 200 zan nan bonè paske yo tout te fè tout sa yo te kapab pou yo te viv levanjil la. Ede yo panse ak kèk kòmandman yo ta ka obeyi. Paregzanp, ou gen dwa li 4 Nefi 1:15 pou anseye yo ke moun yo pa t gounem youn ak lòt ankò. Envite yo pou yo mime obeyi kòmandman yo pande yo. Chante yon kantik sou lajwa ki vini nan viv levanjil la ansanm avèk yo, tankou “Nous aidons tous avec joie” (Chants pour les enfants, 108).

  • Li kèk fraz nan 4 Nefi 1:24–29, 34–35, ak 43 yo ki dekri sa k te rive lè kèk nan Nefit yo te sispann kenbe kòmandman yo. Pandan w ap fè sa, envite timoun yo pou yo mime yon figi tris lè yo tande yon bagay ki parèt tris. Temwaye ke kenbe kòmandman yo mennen nan bonè.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye doktrin nan: timoun ki pi gran yo

3 Nefi 27:3–8

Mwen se manm Legliz Jezikri a.

Reflechi sou fason w pral ede timoun w ap anseye yo rekonèt gwo benediksyon ki vini paske yo se manm Legliz Jezikri a.

Aktivite posib

  • Ede yo li 3 Nefi 27:3, pandan y ap chèche kesyon disip Jezi yo te poze l yo. Apresa envite yo pou yo gade nan 3 Nefi 27:5–8 pou yo jwen repons la. Selon vèsè sa yo, poukisa non Legliz la enpòtan?

  • Mande yo pou yo panse avèk diferan gwoup yo fè pati, tankou fanmi yo oubyen klas Primè a. Mande yo pou yo di w kisa yo renmen apatenans yo nan chak gwoup. Mande yo pou yo ede w ekri chak mo nan non Legliz la sou yon moso papye diferan. Apresa melanje papye yo, epi envite yo pou yo ranje mo sa yo nan bon lòd la. Ki benediksyon nou resevwa paske nou se manm Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo?

3 Nefi 27:13–22

Legliz Jezikri a bati sou levanjil li a.

Sovè a te rezime levanjil li a nan 3 Nefi 27. Kijan pawòl li yo ka ede timoun yo konprann kisa levanjil la ye?

Aktivite posib

  • Eksplike yo ke mo levanjil la vledi “bòn nouvèl” (gade Diksyonè Bib la, “Levanjil”). Ede yo gade nan 3 Nefi 27:13–15 pou yo jwenn yon bagay ki sonnen tankou bòn nouvèl pou yo. Poukisa nou rekonesan dèske n konn levanjil Jezikri a?

  • Ekri kèk prensip levanjil sou tablo a, tankou lafwa, repantans, batèm, Sentespri a, ak pèsevere jiska lafen. Mande yo pou yo gade nan 3 Nefi 27:19–21, pou yo chèche mo sa yo oubyen lòt moun menmjan avèk yo nan deskripsyon Jezi bay sou levanjil li a.

  • Mande yo pou yo imajine yo gen yon zanmi ki mande yo nan kisa yo kwè antanke manm Legliz la. Ede yo jwenn verite ki nan 3 Nefi 27:13–21 yo ke yo ta ka pataje pou rezime kwayans yo.

  • Mande yo pou yo chwazi youn nan verite levanjil Sovè a te anseye nan 3 Nefi 27:13–21 yo ke yo ta renmen aprann plis sou li. Ede yo itilize referans yo, Gid pa sijè a, oubyen Gid Ekriti yo pou yo ka jwenn yon ekriti oubyen de ki anrapò avèk verite sa a. Envite yo pou yo pataje ekriti yo jwenn yo ak sa yo aprann yo youn ak lòt. Poukisa nou rekonesan dèske nou konnen levanjil Jezikri a?

4 Nefi

Viv levanjil la pote lajwa pou mwen.

Paske yo te konvèti nan Jezikri ak nan levanjil li a, moun yo dekri nan 4 Nefi yo te kapab etabli yon sosyete lapè ak inite. Kisa timoun yo ka aprann nan men yo?

Aktivite posib

  • Prepare kèk moso papye ki gen kèk fraz nan 4 Nefi 1:2–3, 5, ak 15–17 yo ki dekri benediksyon moun yo te resevwa yo (tankou “pa t gen chirepit nan peyi a”). Mete papye yo nan yon veso, epi fè chak timoun pran youn epi li li. Ankouraje yo pou yo chèche fraz ki nan vèsè sa yo nan 4 Nefi. Kisa nou aprann nan fraz sa yo? Ki resanblans nou wè ant vèsè sa yo ak definisyon Siyon an nan Moyiz 7:18 la?

  • Pou ede yo mete an pratik sa yo anseye nan 4 Nefi 1:15–16 yo, pwopoze yo kèk sitiyasyon kote moun fache youn kont lòt. Envite yo pou yo jwe wòl sou sa sitiyasyon sa yo t ap sanble si yo te eseye viv “san kontansyon.” Poukisa li pi fasil pou nou evite kontansyon lè nou gen “amou Bondye” nan kè nou?

  • Li vèsè sa yo avèk yo, epi mande yo pou yo chèche wè pou ki rezon Nefit yo ak Lamanit yo pa t gen lapè ak bonè ankò: 4 Nefi 1:20, 24–29, 34–35, ak 43. Kijan nou ka evite danje sa yo? Ede yo dekouvri ki fason nou ka evite lògèy nan repase Enseignements des présidents de l’église: Ezra Taft Benson (2014), 257–2599.

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje aprantisaj lakay

Ankouraje timoun yo pou yo deside sou yon bagay yo pral fè pou pote plis lapè ak bonè nan fwaye yo epi pataje l avèk fanmi yo.

Amelyore ansèyman nou

Sipòte paran timoun yo. “Paran yo se enstriktè levanjil ki pi enpòtan pou pitit yo—yo gen responsablite prensipal ak pi gwo pouvwa pou enfliyanse pitit yo (gade Detewonòm 6:6–7). Lè w ap anseye timoun yo nan legliz la, chèche nan lapriyè pou w konn ki fason pou soutni paran yo nan wòl esansyèl yo a.” (Anseye nan fason Sovè a,25)

Enprime